Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

TEMWANYAJ RODRIGUES DE ANGOLA


Anvan ou li temwayaj sa a, nou ankouraje’w li yon avètisman enpòtan nou te fè konsènan temwayaj yo. Avètisman sa a ki gen tit "Avètisman Temwayaj" li trouve sou sit www.mcreveil.org.


Chè frè ak chè zanmi, nou kontan pataje avèk nou temwayaj Rodrigues sa a nan peyi Angola, ki te pase plizyè ane ap sèvi satan, e ki te gen favè pou li sove vivan, bay Kris la lavi li. Temwayaj sa a byen kout, men trè rich. Li konfime ansèyman yo sou "Konba Espirityèl la" ak "Disèneman an" ke nou te mete disponib pou nou kèk ane de sa. Nou ankouraje nou pou nou li’l ak anpil atansyon, epi pou nou tire tout leson posib nan li. Epitou pran tan pou nou li oswa reli ansèyman nou yo sou Konba Espirityèl la ak Disèneman an. Yo rich anpil. N’ap jwenn yo sou sit la mcreveil.org.


Anvan’m te vin jwenn Jezi Kris, mwen te yon moun ki te renmen gason. Mwen te vle ke plis gason renmen ak koutize’m plis pase lòt yo. Se sa ki te mennen m' non sèlman konsilte yon ajan dyab, men mwen te vin youn tou mwen menm. Pou reyalize objektif mwen yo, mwen te chwazi konsilte fanm lougawou sa yo ki vann pòsyon lanmou (yon bwason ki prepare daprè règ bagay dyab oswa maji pou atire gason). Mwen te achte yon poud. Mwen te oblije fwote kò mwen ak poud sa a pandan de semèn san benyen. Apre de semèn sa yo, mwen te jwenn bon rezilta. Apre efè poud lan te bese, mwen te retounen jwenn dam nan ak kèk zanmi. Men, dam nan pat gen anyen ankò. Lè sa a, li ofri pou nou akonpaye’l kay yon mesye. Mesye sa a esplike nou ke li pral fè nou moulen yon fèy epi apre sa, nou pa ka tounen dèyè. Nou tout moulen fèy la. Li mande nou pou nou tounen nan douvanjou.


Yon fwa lakay mwen, mwen te di manman’m ke yon zanmi ap selebre anivèsè nesans li, li te ban m' pèmisyon ale. An reyalite mwen te pati al tann deyò pòt lekòl la kote nou te gen yon randevou. Lè sa a, nan lè yo te dakò, nonm lan te rive ak yon bale. Okòmansman nou te pè men li te mande nou monte sou bale li a. Bagay dwòl, nou te pran plas sou bale sa a a 6, paske nou te 5 fi. Bale a leve, li depoze nou nan yon simetyè. Yon fwa nan simityè a, mesye a te kòmanse limen bouji ak rele lespri anlè yon kavo. Menm lè a, yon gwo bwat soti nan kavo sa a. Nan bwat sa a ki te reyèlman yon sèkèy, te gen yon kò. Nou chak te oblije kouche ak kò sa a. Apre sa, mesye a te fè kèk degre maji epi sèkèy la te antre nan kavo a pou kont li, ki li menm tou fèmen pou kont li devan je nou. Lè sa a, li kontinye kèk envokasyon, bouji yo te etenn pou kont yo.


Apre sa, nou kite simityè a pou’n rive nan yon kay ki te toupre simityè a. Te gen yon ti bebe la, mesye a touye timoun nan li mande nou bwè san li. Apati de la, nou te vin lòt moun, nou pa gen menm lespri a ankò. Kounye a nou te vrè lougawou e nou te travay ak lespri dyabolik. Lè’m rive lakay mwen, m’ pat gen respè ankò pou papa’m ak manman’m e m’ te manke respè pou vwazen yo. Sa ki mal la te nan mwen. An napre, lespri yo mande’m pou’m mennen de timoun. Matant mwen te gen marasa. Mwen te ale kay matant mwen an. Mwen te fè labouyi pou timoun yo nan ajoute yon poud yo te ban mwen nan simityè a. Mwen te bay matant mwen labouyi sa a ke li te bay pitit li yo manje. Men, anvan, mwen te glise ale mwen di li ke mwen te gen yon pwoblèm pou rezoud nan kay la. M’ te oblije ale pou’m pa wè’m t’ap touye timoun sa yo. Apre 2 oswa 3 jou, timoun yo mouri.


Apre sa, lespri yo mande’m pou’m ba yo 1500 moun, wi nou tande byen, 1500 nanm! An reyalite, li fasil pou bay 1500 nanm nan yon sèl jou, lè w’ap itilize maji. Mwen te oblije obeyi, mwen te rive jwenn moun sa yo, nan plizyè fason nan yon sèl jou: Sou wout, nan lari, nan travay, nan lekòl, mwen deziyen zanmi, elatriye. Sou wout yo, li te ase pou vide yon ti poud nou jwenn pandan seremoni an nan simityè a. Li travay jis tankou yon filè lapèch, nou te oblije lapèch moun jiskaske nou rive nan 1,500 nanm nan yon jou. Poud sa a gen efè pou deranje chofè a, tout machin ki te travèse poud sa a te gen aksidan sou plas oswa pi lwen. Sa te fè li posib pou touye 5 a 10 moun ak yon sèl kou pou chak machin.


Nan lari yo, nou chache nanm a travè batay. Mwen te kapab lakòz diskisyon nan deranje lespri moun. Lè sa a, mwen jere pa pouvwa maji mwen fè di youn nan moun ki t'ap goumen nan lari a: "Mwen pral touye ou." Fraz sa a ta antre nan kò moun nan epi lè li voye yon kout kouto pita, li ta touye moun li t’ap goumen avè’l la. Apre sa, mwen te glise kite moun ki te frape a nan men foul moun yo ak polis. E mwen te gentan al chache lòt nanm ak 4 lòt fi ki t’ap travay avè’m yo. Mwen te ale nan moun ki te konn bwè byè oswa alkòl. Si mwen te konnen non moun nan, mwen te pran yon boutèy vid, mwen te ekri non moun ke mwen prezante nan boutèy la. Lè sa a, mwen ta antere boutèy sa a, ak degre maji, e moun sa yo ta mouri. Nan fen jounen an, nou te rive nan kantite nanm yo te mande a.


Lè sa a, nou te oblije ale nan lanmè a a 10 ze. Mwen jete ze sa yo youn pa youn nan lanmè a, epi answit yon larenn soti. Li te pale ak nou: "Èske nou pare?" "Wi nou pare pou tou sa ki ka rive." "Oke. Èske nou pare pou ba li tout nou menm?" "Wi!" Li mande nou fè sèman, nou fè sèman e fè pak a 6, 5 fi ak larenn lan. Apre sa, li mennen nou anba dlo kote nou te etone reyalize ke te gen yon gwo vil. Plizyè moun nan chenn la nan yon eta esklavaj, yo travay pou bezwen maji nan kè lanmè a. Apre sa nou rankontre yon wa la. Li te ankouraje nou pou nou kontinye sa n’ap fè a. Yo te ban nou yon rad, yo eksplike nou ke li te dwe itilize pandan plizyè misyon. Si nou ta vole ale oswa touye yon moun sa te dwe fèt ak yon rad gri yo te ban nou. Yo ban nou yon ti rad nwa. Lè’m te mete’l, li te vin tounen yon rad long nwa. Se te pou misyon ki pi enpòtan yo. Tout misyon yo ta dwe ranpli ak rad sa yo.


Epi, yo te ban nou medikaman. Mwen te oblije mare yon dantèl nan ren mwen kòm yon senti ki gen degre maji ak li mwen pat kapab sispann. Yon kòd te pèmèt mwen touye twa moun alafwa. Mwen te itilize yon bwat pou rele lespri yo. Lè mwen te vle yo parèt, mwen mete yon kwa twa fwa. Yo te ban nou yon sèl ki pwodwi a baz kò imen (zo ak san moun), yon poud yon ti kras koulè oranj ke nou vide sou wout yo pou lakòz aksidan. Nou te gen ekòs ki te soti nan simityè a, yo te itilize pou geri plizyè maladi (an reyalite yo pa geri); ak yon lòt ekòs lespri yo bay, ki itilize pou plizyè bagay: Envoke lespri yo, mare lavi yon moun (anpeche moun nan fleri, jwenn yon travay, renmen e tou senpleman avanse nan lavi). Mwen te gen yon bijou ki te sèvi kòm pwoteksyon iltim mwen, menm lè yo te kenbe mwen, mwen te lage kòm si mwen te inosan.


Mwen gaye fèy yo nan kay yo. Le pli vit ke yon moun te mache sou yo, li te kontinye malad. Sa ka rive tou ke yon moun ki te pile fèy sa yo pa janm fè pitit. Nou te itilize tou klou, chak klou reprezante yon moun ki mare. Nou tap kloure klou sa yo nan mi yo, toupatou nan vil la. Si yon moun rale youn nan klou sa yo, moun ki mare nan klou sa a otomatikman mouri. Nou te gen yon sak ke nou te itilize kòm yon bank. Lè mwen te bezwen lajan, mwen te mete sak sa a anba zòrye mwen epi lè mwen leve li te plen ak lajan ki te dwe depanse menm jou a; paske nan demen lajan an te disparèt. Nou te ale nan Muxima epi yon fwa la, nou envoke lespri yo. Sèkèy yo louvri. Yon estati te tounen yon moun. Li te eksplike nou ke anpil moun konnen li sèlman nan fòm estati li (estati Vyèj Mari), men ke li te reyèl (reyèlman yon move lespri). Donk, prèske tout moun ki adore’l yo se pou li, yo fè pati wayòm nou an.


Lakay mwen m’ te anvoute manman’m. Mwen te mete bagay nan dlo epi li pat refize anyen mwen te mande menm lajan. Kòm mwen pat kapab byen sèvi ak lajan lespri a, mwen te pran kèk nan men manman m'. Lajan lespri te itilize sèlman pou bwè nan ba. Mwen te mechan, e mwen pat kapab sipòte pèsonn. Mwen te agresif nan lari, nan katye a. Nan mond fènwa a, non mwen pat itilize Fernanda, yo te di ke siyifikasyon non sa a pat konfòm ak yo, se konsa mwen te vin Bruna. Yo mande’m yon lòt fwa ankò pou sakrifis plizyè nanm. Lè sa a, yo te elve m' nan ran apre yo te fin lave m', wen, beni ak konsakre’m bay larenn lan. Nan sèvis larenn lan, nou te oblije genyen nanm e netralize e konbat lavi lapriyè kretyen yo. Nou te gen yon asenal move bagay pou fanm yo. Nenpòt bagay ki gen rapò ak mòd: Fa, rad modèn, fo cheve, elatriye. Tout fanm ki te sèvi ak kado sa yo oswa bagay sa yo ke nou te vann yo, yo pat kapab priye oswa konsantre nan lapriyè ankò. Moun nan te kapab menm jene epi priye anpil, san sa pa ale okenn kote, paske li te aksepte yon kado nan men lènmi an ke li volontèman te pote sou li. 1Timote 2:9.


Nou te antre tou nan plizyè legliz kote nou te idantifye vrè travayè Bondye yo. Piske nou pat kapab jwenn yo dirèkteman gras a Lespri Bondye a, nou idantifye moun ki fèb nan gwoup li a. Pa egzanp, si yon moun nan gwoup lapriyè li ap viv nan peche, anjeneral, peche seksyèl (sa yo k’ap fè sèks andeyò maryaj yo anpil nan legliz), nou aji atravè sa yo ki totalman aksesib a akòz peche a, jiskaske jou yo ap pase. Gwoup ak kominote yo eklate diskisyon ak kerèl. Nou te toujou ap chache brèch pou fè pitit Bondye yo tonbe. Nou te voye lajan bay pastè, kado apre ankèt sou sa yo renmen. Le pli vit ke pastè a aksepte youn nan kado nou yo, li otomatikman vin yon lòt moun, li pèdi onksyon li. Nou ta ka aji tou atravè madanm li si pastè a te refize. Men, si madanm li refize kado yo, nou te kapab antre nan pitit yo. Nou te toujou ap chache pòt nan sa ki pi fèb yo pou rive jwenn ak desann sa ki pi fò yo.


An deyò de aksyon nou antanke ajan imen, mwen wè demon antre nan legliz ki pa gen dife Bondye e chita sou zepòl fidèl yo pou yo ka lakòz somèy, yon parès pou koute. Lè gen timoun nan legliz la, yo eksite yo fè bri. Moun k’ap preche a yo pa koute li ankò. Mwen te toujou yon adolesan nan epòk sa a. Mwen te gen plizyè gason nan lavi mwen e mwen te vin ansent plizyè fwa. Mwen fè avòtman 3 fwa. 4yèm fwa a, lè mwen te vle mete fen nan gwosès sa a ankò, lespri yo te di’m ke yo te bezwen timoun sa a nan mond yo a. Lè timoun nan te fèt, mwen wè yon moun rive nan aparans kouzin mwen. Mwen te konnen se pa li, men yon lespri degize te vin pran timoun nan, lespri a te ale nan lanmè a ak timoun sa a, e mwen pa konnen ki sa yo te fè ak li. Pou di nou laverite, mwen menm mwen te sakrifye plizyè moun, enkli yon majorite timoun. Mwen te bezwen espesyalman san timoun piti yo, paske espirityèlman se san fre. Nou t’ap atake plis ti bebe ki fenk fèt. Gen bagay ki difisil pou eksplike, men jis pou nou konprann, yon ti bebe ki gen 2 mwa isit la sou tè a, nan mond espirityèl fènwa a li gen 15-20 ane. Se konsa, yo bezwen timoun trè, trè jèn pou sakrifis yo.


Yon jou nou te al kote yon kretyen ki te priye anpil. Li deranje mond nou an anpil, li kraze lapè nan aktivite nou yo lè mwen leve nan douvanjou pou vole ale. Moun sa a tap priye nan moman nou te sipoze soti. Petèt li te deranje plizyè santèn ak dè milye ajan dyab san li pa konnen ki ta pral soti nan domèn espirityèl. Yon jou nou te ale lakay li pou nou atake li. A 10 p.m. li te deja priye. Nou pat kapab fè anyen avè l'. Lè sa a, nou te ale nan simityè a pou atake li a distans, nou pat kapab fè anyen la tou. Dyab la vrèman san fòs kont moun tankou li, sa vle di vrè kretyen. Dyab la pa ka menm manyen sèkèy yon moun ki te mouri ki se yon vrè kretyen paske Bondye pwoteje kadav li. Pa ka gen aktivite espirityèl sou kò sa a menm jan ak lòt kadav kote le pli vit ke moun nan antere, gen yon aktivite trè dans sou yon kò konsa.


Mwen te souse anpil san, ni vivan ni mò. Mwen te renmen li paske li te ogmante pouvwa mwen. Pafwa mwen te mennen timoun lakay mwen pou yo jwe, men an reyalite se te yon riz pou souse san yo, enèji lavi yo. Anpil moun t’ap mouri akoz mwen. Lè mwen te gen yon afè lanmou, jenn gason an te fini mouri. Mwen te ede lespri yo tou nan fèt yo ak bwat lan nwit yo. Anpil nan lespri sa yo enkane, epi yo te mete rad trè long, paske yo pa gen janm. Yo se lespri ki soti nan yon lòt mond. Gen anpil nan yo nan mond fènwa a. Mwen te rive eksite moun, lakòz batay epi fè yo rale kouto pou yo touye tèt yo. Tout relasyon amoure mwen te toujou fini konsa pou gason an: Swa li rantre nan mond fènwa a tankou mwen; oswa li te mouri. Mwen te gen, reyèlman anpil gason.


Gen yon bagay ki rele Maiombola, se yon bagay reyèl e vre. [Maiombola se kapasite pou touye yon moun san li pa mouri reyèlman. Pa gen okenn vokabilè pou deziyen sa, petèt yon konparezon byen lwen. Lè ou tande pasyan yo ap pale sou fason yo tap vole sou kabann yo oswa ozalantou lopital la pandan operasyon medikal yo oswa lè yo te nan koma, sa sanble ak sa. Li posib pa mwayen maji, fann yon moun epi fè’l prizonye ak esklav (travay) nan mond fènwa a san kò fizik li. Nan ka trè ra li posib pou moun nan retounen, men anjeneral moun sa a pral mouri kòm esklav nan yon monn envizib. Ou pa bezwen yon kò fizik pou mouri. Sa se Maoimbola.] Moun sa yo mare ak gwo chenn. Mwen te wè anpil moun la, viktim Maiombola.


Pou touye, mwen te rive travay ak vwayaj yo. Menm si moun nan pat vle vwayaje, mwen te rive enfliyanse’l espirityèlman, lè sa a, lè moun nan te pran yon transpò, li te mouri nan yon aksidan. Machin li te ye a frape yon lòt machin ak vyolans. Lè sa a, ak degre maji, nou pran san moun nan ak nanm nan. Lè kliyan vin konsilte nou, kwense pa pwoblèm yo epi yo di fraz tankou: Mwen gen anpil enkyetid ke mwen vle mouri! Kidonk pita mwen te antre nan kò moun sa a, epi mwen te vale medikaman, pafwa mwen te trangle’l ak yon kòd epi mwen te mare’l byen sere epi lè moun nan te sou wout lanmò, mwen te soti nan kò li. Mwen te rive remake ke moun nan pa vle mouri e li te regrèt pawòl li yo, men li te twò ta. Le pli vit ke nou tande moun di kalite bagay sa yo, li te fini, nanm sa a se pou nou epi nou ofri li kòm yon sakrifis.


Yo te pwomèt nou, nou menm ajan yo nan sa ki konsène lòt monn sa a, ke apre lanmò tout bagay pral bèl pou nou. Anplis de sa, nou te wè monn sa a kache, nou te asire nou ke nou ale la etènèlman apre lanmò. Nan lojik nou an, obeyi lespri yo e pa gen okenn remò se te nòmal. Nan je nou, tout bagay te bon, nou pat move. Nou te travayè, bon sèvitè lespri yo, larenn lan ak dyab la. Mwen te pwogrese e mwen te monte. Koulye a, mwen te gen tout sa mwen te vle. Si mwen te vle yon telefòn ke pèsonn nan katye a te genyen, mwen jis te oblije mande pou li epi telefòn nan te parèt. Jodi pou demen mwen te gen tout sa mwen te vle. Lè yo te ofri’m pou’m vin rich anpil, mwen pat santi bezwen an, tout sa mwen te vle se touye. Mwen te renmen touye e pa gen anyen lòt bagay. Mwen te kolabore ak yon lespri ki rele Tranca Rua, yon lespri Exugadeira, yon lespri ki ni gason ni fi.


Dènye lespri sa a te pèmèt mwen fè bagay tèrib. Lè yon koup te sou fè sèks, mwen te plase’m ant yo. Swa mwen te posede fi a oswa gason an e se avè’m youn oswa lòt te gen relasyon seksyèl. Likid yo te ale nan mond fènwa a. [Fè sèks andeyò maryaj ekspoze ou a tout bagay sa yo]. Mwen te kapab tou transfòme tèt mwen an mari oswa madanm nan nwit, nan bi pou eksite moun pandan dòmi yo epi kenbe relasyon seksyèl ak gason ak fanm ki souvan kwè ke yo ap reve. Sa te mare yo nan mond fènwa a. Mwen te rive jwenn mwen nan yon kay, kote mwen wè yon manman ap rele sou pitit li: "Ou pa vo anyen, ou sanble ou pa soti nan vant mwen!" Lè sa a, nou te gen dwa sèvi ak madichon sa yo epi nou rapòte fraz sa yo bay mèt nou an. Depi jou sa a, timoun sa a anba madichon paran li e li fè pati nou. Swa timoun sa a pral vin youn nan nou, oswa li pral enstriman enplakab bò kote nou, pandan lavi li.


Mwen te vle monte nan ran ankò, mwen te vle vin yon rèn. Mwen te vle plis pase zumbies yo. Zumbies se ti lespri. Mwen te vle ti espri sa yo viv nan mwen pou’m gen pouvwa. Plis mwen te gen lespri nan mwen, se plis mwen te itilize pouvwa yo. Lè’m te gen lespri sa yo, bagay yo pat mache jan’m te panse a, paske’m te konvèti. Youn nan fi nou te fè sèks avèk yo nan simityè a te konvèti. Lè li te konvèti, anyen pat rive li. Li tap pale de Lespri Bondye a, men mwen te di tèt mwen ke li pa egziste. Li te di’m ke Jezi egziste e ke nou ka viv lib, men sa pa entèrese’m. Kanta dyab la, menm nan nivo mwen mwen pat janm wè’l de prè. Nan reyinyon trè enpòtan, li te kapab wè men nan yon distans trè long. Li sitou itilize minis li yo. Jou’m te fè yon kontra avè’l, mesye’l yo te pran bagay ak mak tou de men’m yo, e m’ pa konn sa yo te fè ak yo. Nan lòt mond lan, mwen te marye ak tonton mwen. Mwen te wè papa’m la tou. Mwen te fè yon timoun ak tonton mwen e mwen te kouche ak pwòp papa mwen nan mond fènwa a. Sa a te nesesè an relasyon ak sèten rityèl. (...)


Konsènan sikatris mwen genyen sou mwen yo, sa te rive mwen yon jou nou ta pral pwovoke yon kretyen lakay li. Men, li t'ap fè jèn ak legliz li a. Mwen pa konnen nan ki legliz li te ale, men mwen ka di nou ke lè nou te rive lakay li nan absans li, nou te boule epi nou apèn te gen tan kouri. Yon jou manman'm mande'm pou'm akonpanye'l legliz, mwen pa konnen poukisa jou sa mwen aksepte. Yon fwa mwen te nan legliz la, yo t’ap preche repantans. Mwen te pouse pou’m batize, mwen te fè sa an Novanm 2015. Anyen pat rive. Mwen te pran sen kominyon yon fwa epi toujou pa gen anyen. Pou mwen se rityèl tout te ye. Dezyèm fwa mwen te pran Sentsèn nan, yon sèten konfizyon te kòmanse leve nan mwen. Yon bagay trè fò pouse m' pale, konfese. Mwen te reziste. Yon batay entans t’ap fèt nan mwen: "Konfese tèt ou!" "Non, mwen p'ap di anyen!" "Ou pa ka pran kominyon san konfesyon." "Ki sa sa ap sèvi mwen pou rakonte istwa lavi mwen?" Men, mwen pat kapab reziste sa; se te yon pouvwa fò: "Konfese tèt ou!" "Non, tout moun pral konnen ke mwen se yon lougawou, sa mwen fè epi li pral gaye nan katye a, nan vil la, " "Ou pral pale!" Vwa sa a te vivan, li te vyolamman kòmanse pouse’m fizikman. "Ou pral pale!”


Se konsa, mwen pwoche bò kote moun yo nan legliz la ... mwen pat menm konnen ki kote pou kòmanse. Poutan mwen te kòmanse, mwen te kòmanse nan eksplike ke mwen te gen plizyè konpayon an menm tan, kat oswa senk. Lè sa a, mwen dechaje tout lavi mwen, tout sa mwen te fè. Mwen te di tout bagay ak pastè ki te nan legliz sa a, epi pastè sa a te priye e li te priye avè’m pandan yon jou. Depi jou sa a tout bagay chanje. Sa fè de mwa sèlman depi’m te konvèti nan moman temwayaj sa a. Okòmansman lespri yo te deranje’m anpil, jiska prezan priyè pastè a ap mache. Mwen kwè ke Senyè Jezi pwoteje’m kont bagay sa yo jodi a. Pafwa bagay yo disparèt lakay mwen. Espri’m te kolabore ak yo a te menase’m dirèkteman. Mwen te bay 6 ane nan lavi mwen nan dyab ak maji. Mwen pa ka estime kantite moun ki touye ak detwi akòz mwen. Pa gen moun ki te fòse nou, nou te ale la pou kont nou. Nan nou senk, twa te konvèti, de lòt toujou la. Menm jan ak mwen, lòt yo te konfese piblikman nan legliz yo tout sa nou te fè.


Plizyè legliz te enplike nan mond fènwa a. Se nan relasyon ak legliz sa yo ke mwen pat kwè ke Kris la te reyèl e ke Lespri Bondye a te reyèl, paske mwen pat wè yo nenpòt kote nan kote sa yo ki te sipoze fè pati yo. Tout sa ke pastè yo nan fo legliz sa yo "devine" se reyèlman maji e se pa Lespri Bondye a. Yo an kolaborasyon ak lespri yo. Lespri yo kanpe dèyè yo epi yo di tout sa yo bezwen konnen sou moun sa a oswa sa a. Lespri yo se enfòmatè yo. Nan maji nou te itilize Bib la. Kidonk, lefèt ke’w kenbe yon Bib nan men’w, pa nan okenn fason pwouve ke’w vrèman soti nan Bondye.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF