Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

DELIVRANS LAN


1- Entrodiksyon


Frè’m yo ak zanmi’m yo, nou wè li itil e bon pou nou mete a dispozisyon nou ansèyman sa a pou leve zèl nou e pou pouse lafwa nou, pou delivrans lan ka vin yon reyalite nan lavi nou, e nan lavi tout moun ki konte sou matirite espirityèl nou genyen an pou yo delivre.


Pou pèdi limanite e kenbe’l lwen Bondye, satan nan fen tan sa a, voye nan mond lan anpil milyon demon an lespri pou posede moun, e anpil milyon demon sou fòm moun pou simen konfizyon total nan travay delivrans lan. Se konsa nan non delivrans lan, anpil Pratik satanik e ki trè lèd ap fèt nan mitan kretyen yo Jodi a. Estrateji dyab sa a gen 2 prensipal bi: Yon kote, li pèmèt satan fè moun ki poko bay Jezi Kris lavi yo vin gen kè di, pou moun sa yo ka konbat e jete vrè levanjil Jezi a, pou fini pita nan lanfè. Yon lòt kote, li pèmèt satan toujou kenbe nan defèt moun ki te bay Jezi lavi yo, pou moun sa yo ka pèdi Sali yo.


Ansèyman sa a vize plizyè objektif: Premyèman, li vize pou’l ouvè je pitit Bondye ki inyoran yo sou sa Bib la di de delivrans lan; pou yo ka delivre tèt yo, yo menm, pou yo pa pran nan pyèj pastè demon yo tann pou yo, men pou yo delivre tout moun ki vle bay Jezi Kris lavi yo. Dezyèmman, li vize pou’l fè yo wè ajan dyab yo ak tout zèv yo e ak tout Pratik yo, pou moun pa swiv yo ankò nan inyorans. Twazyèmman, li vize pou li mete disèneman nesesè nan pitit Bondye yo pou yo pa janm viktim anba men ajan satan yo k’ap itilize Bib la e Non Jezi pou inisye moun nan dyab, e detwi yo espirityèlman, finansyèman e materyèlman. Katriyèmman, ansèyman sa a vize revele vrè sèvitè Bondye yo tout ajan satan ki te tann pyèj pou yo, ki te fè tèt yo pase pou moun ki te vle delivre. Kounye a n’ap ka konnen yo byen.


Pou ran ansèyman sa a konplè, nou pra’l poze avèk nou anpil kesyon enpòtan ke nou souvan poze sou delivrans lan, e nou pral Mennen nou nan Bib la, pou ban nou repons Bondye yo. Nou ankouraje nou li tout, e avèk atansyon pou pwòp Sali nou, e pataje li anpil bò kote nou, pou sove plis moun. Kòm gen yon pati nan ansèyman sou delivrans lan ki trete deja nan ansèyman ki rele “disèneman an” e “konba espirityèl la”, nou trouve li initil pou’n devlope pwen ki deja devlope nan ansèyman sa yo. Ki donk nou rekòmande nou pou nou li 2 ansèyman sa yo ki konplete ansèyman sa a. N’ap jwenn yo sou sit la www.mcreveil.org.


2- Kisa delivrans lan ye?


Kòm ansèyman sa se pou pitit Bondye ak tout lòt moun ki vle vin pitit Bondye, nou p’ap pèdi tan nan definisyon mo delivrans lan, e nan esplikasyon konbyen diferan tip delivrans ki genyen. Nou menm pitit Bondye yo, kidonk pa pèdi tan al nan diksyonè al chache mo delivrans. Sa pa itil. Delivrans n’ap pale nan ansèyman sa a, konsène moun ki posede ak yon lespri demon. E sa Bib la rele delivrans lan se chase tout demon ki nan kò moun, ki posede yo, ki kontwole yo nan fason pou fè yo abi nan vi yo.


Ann di tou posesyon demonyak la se lè yon moun gen yonn ou plizyè demon ki rete nan li. Yon moun ki nan eta sa a li pa toujou, se li menm ki mèt aksyon’l yo ak desizyon li yo. Li trè souvan enfliyanse, kontwole e manipile pa lespri sal sa yo ki abite nan li yo. Bib la ban nou plizyè egzanp de kèk moun, kòm egzanp sa nan Matye 9:32-33 32kòm yo ta prale, men, yo te Mennen yon demonyak bèbè bay Jezi. 33demon an te chase bèbè a te pale. E foul la te etone yo te di nou pa janm wè yon bagay konsa an izrayèl.”


3- Èske’l posib pou’w konnen si’w posede?


Erezman repons lan se WI. Chak moun posede ka byen konnen ke’l posede. Ou ka byen konnen si lavi’w manipile pa lespri sal yo ou si’w sou kontwòl satan e demon’l yo. Gen plizyè eleman pou disène pou ede’w konnen’w posede. Si’w bay manti san rete, menm si pa gen yon vrè rezon, si w’ap vòlè san rete, menm si pa gen yon vrè rezon, si’w toujou nan relasyon seksyèl nan sonj ou yo; si’w toujou atake pandan w’ap dòmi, si’w toujou malad, si’w toujou remake’w frèt nan bagay Bondye, si’w gen parès pou travay Bondye si’w toujou gen dezi pou’w opoze ak Bondye, si’w gen panse pou’w touye tèt ou, si’w toujou anvi modi Bondye, si’w toujou anvi blasfème, si’w toujou gen panse sal, si’w toujou ap fè nenpòt peche san rete, menm ke’w te ka evite fè peche sa a, elatriye. Ou te mèt si ke’w posede.


Nan ansèyman sou “disèneman an”, gen yon gran tit ki pale sou fri yo, sa vle di plizyè eleman sa yo ap ede’w konnen si lavi’w kontwole e manipile pa demon yo. Li ansèyman sa a, l’ap rann ou lib. W’ap jwenn li sou sit mcreveil.org.


4- Tanp Sentespri ou tanp demon


Konnen byen antanke moun ke’w vle’l, ke’w pa vle’l, ou se yon tanp, yon abitasyon. Swa’w se tanp Sentespri, Swa’w se tanp lespri sal yo. Se ou menm ki pou chwazi kiyès ki pou abite nan ou. Pawòl Bondye di nan 1Ko 6:19. “Nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri ki abite nan nou an, ke nou te resevwa nan men Bondye e nou pa pou pwòp tèt nou?”


Kidonk li evidan, frè’m yo ak zanmi’m yo, si nou pa tanp Sentespri, nou se tanp demon. Ke’w se payen ou byen moun ki rele tèt yo kretyen, depi se pa Sentespri ki abite nan ou se demon k’ap abite nan ou. Tanp vid pa egziste. Akoz pil peche moun ap komèt, yo toujou ouvè pòt bay satan epi atire demon nan lavi yo. Se Jezi Kris sèl ki ka vin mete deyò nan lavi yon moun tout lespri sal ki te vin abite nan li pou li ka abite li menm. Jezi Kris pa kapab abite ak lespri sal yo nan nou.


5- Èske’n ka delivre de tout bagay?


Si mo tout bagay la vle di demon ou lespri sal, repons lan, byen si se WI. Nou ka delivre de tout demon e de tout lespri sal. Epi tou, tout kretyen ou tout moun ki vle antre nan syèl la, dwe delivre de tout demon e de tout lespri sal. Syèl la pa pou moun ki posede, e se pa lè’w mouri w’ap jwenn delivrans lan.


Anplis Bondye di kò pitit li yo se tanp Sentespri. Se sa nou li nan 1Ko 6:19 menm Bondye sa di moun ki pa gen lespri Bondye pa pitit Bondye, jan nou li’l nan Romen 8:9-11 9pou nou, nou p’ap viv selon lachè men selon lespri, si sèlman lespri Bondye abite nan nou. Si yon moun pa gen lespri Kris la, li pa pou Kris. 10E si Kris nan nou, kò a vrèman vre, mouri akoz de peche a men lespri a vivan akoz de jistis la. 11E si lespri moun ki resisite Jezi pami mò yo abite nan nou, moun ki te resisite Kris pami mò yo ap bay kò mouri nou an lavi pa lespri ki abite nan nou an.”


Ki donk si vrè pitit Bondye yo se sila ki gen lespri Bondye abite nan yo, nou konprann fasilman, tout moun ki gen demon ak lespri sal yo pa pitit Bondye, yo pa ta ap tann pou yo monte nan syèl si lanmò ta pran yo. Sa di, swa’w se tanp Sentespri, swa’w se tanp demon. Piske dezi Senyè a se pa pou pitit li yo vin tanp demon, li delivre tout sa yo k’ap chache delivrans lan ak tout kè yo, yon fason ki onèt e sensè. Konsa, kesyon sa a “kiyès ki ka delivre de lespri sal yo?”  Repons lan vin pi senp: Tout moun ki desire delivrans lan ak yon kè onèt e sensè ka delivre.


Men si tout bagay la vle di maladi, la a respons lan p’ap otomatikman wi. Repons lan kapab non. Bondye pou anpil rezon ke nou pa ka toujou eksplike, chwazi kèk fwa kite pitit li yo soufri de kèk maladi. Nou gen plizyè egzanp konsa nan pawòl Bondye a. N’ap ban nou 2 ladan yo. Ka Pòl la ak ka Timote a.


Nan 2ko 12, apot Pòl eksplike nou kòman Bondye te ki te’l soufri avèk echad li a, donk sa pa t’ap koute Bondye anyen s’il te delivre’l. Poutan Pòl te priye plizyè fwa pou sa.” 7E pou’m te ka pa’t ògeye akoz de gwo revelasyon yo, li te mete yon echad nan kò mwen, e yon zanj satan pou souflete’m e anpeche’m ògeye. 8Twa fwa mwen priye Senyè a pou’l elwanye’l de mwen, e li di mwen: gras mwen sifi pou ou, donk pisans mwen akonpli nan feblès la. …” 2ko 12:7-9.


Nan Galat 4:13-14 Pòl pale de yon enfimite kite fè’l soufri. Ou kapab mande tèt ou kote Bondye te ye pou pa’t delivre’l. Pisans Bondye a te disparèt? Bondye te bliye delivre Pòl? 13Nou konnen se akoz yon enfimite nan kòm kite fè’m anonse nou levanjil pou premye fwa a. 14E kòm te fè’m soufri anpil, nou pa’t montre’m ni nou meprize’m, ni nou degoute’m; okontrè, nou te resevwa’m tankou yon zanj Bondye tankou Jezi Kris.”


Nan 1Timote 5:23, Apot Pòl rekòmande Timote: “pa kontinye bwè dlo sèlman; men pran yon ti diven, a koz de vant ou e pwoblèm dijesyonw nan.” Nou ta kapab tante mande tèt nou kote Bondye te ye, ou byen pou kisa Bondye pa’t delivre Timote. E se a tit sa a ke yo ka etone wè Timote, poutan ki se te yon pastè, soufri ak yon maladi ke lapriyè pa rive konbat, ni pwòp priyè pa’l ni priyè apot Pòl, kote Pòl pwopoze’l pito li pran yon ti diven kòm soulajman.


Si nan jou pa nou yo nou ta wè yon pastè soufri ak yon maladi ki pa ko ka geri, chak moun ap di avèk konviksyon pastè sa a ap viv nan peche, sa vle di l’ap viv nan adiltè ou nan fònikasyon. Nou konnen selon levanjil jenerasyon sa a, depi’w tande yon kretyen di yon lòt kretyen ou sèvitè Bondye peche, fò’w pa mande’l kisa kretyen sa a ou sèvitè Bondye sa a fè. Fò’w konprann ke yo tonbe nan yon peche seksyèl.


E si nan jou nou yo, yo wè yon apot soufri ak yon maladi ki pran tan pou geri, ou si apot sa a priye pou yon pastè ou pou yon pitit Bondye ki pa rive geri, moun k’ap travay pou lanfè yo pral konkli ke Bondye te deja abandone apot sa a. poutan kòm nou wè avèk ka sa yo ke nou sot site yo, ni apot Pòl, ni pastè Timote pa’t viv nan pyès peche, e Bondye pa’t abandone ni youn ni lòt. Nou menm pitit Bondye, pa fè menm jan ak demon yo k’ap blasfème; si Bondye pèmèt sa m’ap devlope pwen sa a plis andetay nan ansèyman sou gerizon divin nan.


6- Kiyès ki ka fè delivrans lan?


Sila yo ki vle angaje yo nan yon operasyon delivrans dwe asire yo ke yo fonde sou wòk la, sa vle di yo genyen Jezi Kris, e y’ap viv nan verite a. Satan ak demon’l yo se gran advèsè yo ye. Advèsè sa yo fò’w ta ensanse pou’w ta souzestime pisans yo. Sèlman moun ki resevwa onksyon Bondye a ki gen dwa lanse nan fè delivrans, e ki kwè yo kapab chase lespri sal yo san yo pa sibi pyès konsekans. Nan okenn ka delivrans lan pa dwe yon sijè ògèy ni pou fè moun wè pisans ou.


7- Plas lapriyè a e/ ou jèn lan nan delivrans lan


7.1- Kisa Bib la di?


Youn nan kesyon kretyen yo poze trè souvan se kesyon pou konnen si jèn nan nesesè nan delivrans lan. Pasaj Matye ki anba a ap ede nou reponn a kesyon sa.


Mat 17: 15-21 15Senyè gen pitye pou pitit gason’m nan ki gen malkadi e ki soufri anpil, li tonbe souvan nan dife, e souvan nan dlo. 16E mwen te mennen’l bay disip ou yo, e yo pa’t ka geri’l. 17Bann moun san lafwa e pèvès, Jezi te reponn, konbyen tan m’ap avè nou ankò? Konbyen tan m’ap sipòte nou ankò? Mennen’l ban mwen isi. 18Jezi pale di a demon an ki sòti nan li, e pitit la te geri menm moman an. 19Konsa disip yo aproche bò kote Jezi, e yo di’l sou kote: poukisa nou pa’t ka chase demon sa a? 20Se paske nou pa gen lafwa Jezi di yo. Mwen di nous sa anverite, si nou te gen lafwa tankou yon ti grenn montad, nou t’ap di a montay sa a: deplase la a, e li t’ap deplase; anyen pa t’ap enposib pou nou. 21Men jan de demon sa a se pa lapriyè e pa jèn li ka sòti.”


Sa Jezi vle fè nou konprann la a sè ke gen demon se pa lapriyè e se pa jèn sèlman yo ka sòti. Sa so’t konfime kalite enpòtans lapriyè a e / ou jèn nan genyen nan delivrans lan. Li enpòtan lè’w dwe lanse nan delivrans lan pou pran yon tan pou priye e/ ou pou jene, sitou lè’w pa konnen davans a ki sòt de demon ou an nafè.


Men avan nou dakò konklizyon sa a, mwen ta vle poze nou yon kesyon? Piske gen kèk demon se lapriyè ak jèn sèlman ki ka fè yo sòti, piske demon malkadi n’ap pale de li la a fè pati demon sa yo, konbyen jou jèn Jezi te pran pou’l chase’l? Yo ban nou repons kesyon sa a nan menm pasaj la, nan vèsè 18: “Jezi te pale trè di ak demon an, ki te sòti nan li, e pitit la te geri menm moman an.” Jezi pa’t pran pyès tan pou lapriyè ou okenn jou jèn pou chase demon malkadi sa a, ki te fè pati demon se pa lapriyè a jèn sèlman yo ka chase.


Sa’k pase? Sa’k te pase, sè ke Jezi te genyen ase lafwa pou enpoze otorite’l a demon sa a san pase pa lapriyè ni pa jèn. Sa vle di an reyalite nou pa bezwen ni la priyè ni jèn pou’n chase yon demon, nenpòt demon li ye. Poukisa disip yo pa’t ka chase demon sa a? Se paske yo pa’t gen lafwa, kòm Jezi deklare sa nan vèsè 20 an.


Toujou pou nou pa dakò san reflechi konklizyon sa a ki parèt pou soutni e jistifye mank lafwa nou, mwen ta vle poze nou yon lòt kesyon: lè Senyè Jezi fin ale, apot yo te lanse totalman nan ministè; e prèske chak jou, anpil mirak, delivrans, e gerizon te opere pa yo menm. Konbyen tan lapriyè e konbyen jou jèn yo te pran avan chak ka delivrans?


Ann egzamine vèsè sa yo:


Travay 3:1-8 “Pyè ak Jan te monte ansanm nan tanp lan, nan lè lapriyè a: se te nan nevyèm è a te gen yon nonm ki te fèt tou bwate, 2yo te pote’l mete nan pòt tanp lan yo te rele bèl pòt la chak jou, pou’l te mande kichòy ak moun k’ap antre nan tanp la. 3Nonm sa a, te wè Pyè ak Jan ki pral antre nan tanp lan, li te mande yo kichòy. 4Pyè menm jan ak Jan te gade’l fiks, e di: Gade nou. 5Li te gade yo avèk atansyon, li t’ap tann pou’l resevwa yon bagay. 6Konsa Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan, ni lò, men sa’m genyen an, mwen bò’w li. Nan Non Jezi Kris de Nazarèt, leve mache. 7e yo pran’l nan men dwat li, yo te fè’l leve. Nan menm moman an pye’l yo ak chevi’l te vin fèm; 8yon sèl kou li kanpe, e li kòmanse mache. Li te antre avèk yo nan tanp lan, li t’ap mache, li t’ap louwe Bondye.”


Kesyon: Konbyen tan lapriyè ak konbyen jou jèn Pyè e Jan te pran avan yo te delivre nonm bwate sa a?


Travay 5:12-16 12Anpil mirak ak pwodij te fèt nan mitan pèp la pa men apot yo. Yo tout te rete ansanm nan pòtay Salomon an, 13Pyès nan lòt moun yo pa’t oze al nan mitan yo; men pèp la t’ap pale byen anpil de yo. 14Kantite nan sa yo ki te kwè nan Senyè a, gason ak fanm, te ogmante pi plis, 15e yo menm te pote malad yo nan ri yo, e yo te plase yo sou kabann ak lòt bagay pou yo te kouche, pou lè Pyè t’ap pase, lonbraj li omwens te kouvri kèk ladan yo. 16foul moun yo te kouri nan vil ki antoure Jerizalèm yo, yo Mennen malad yo ak moun ki te toumante pa lespri sal yo, e yo tout te geri.”


Kesyon: Konbyen tan lapriyè e konbyen jou jèn lonbraj Pyè te pran avan geri e delivre tout moun sa yo?


Travay 9:32-34 32kòm Pyè t’ap vizite tout sen yo, li te desann tou kote sa yo ki te rete Lid yo. 33Li te jwenn yon nonm ki rele Ene, kouche sou yon kabann depi 8 tan, e li te paralize. 34Pyè di li: Ene, Jezi Kris geri’w, leve, e ranje kabann ou. E tou swit li te leve.”


Kesyon: Konbyen tan lapriyè e konbyen jou jèn Pyè te pran avan’l te delivre Ene?


Travay 16:16-1816kòm nou ta prale nan lye lapriyè a, yon sèvant ki te gen yon lespri piton, e ki, nan devinèt te fè mèt li yo fè anpil pwofi, te vin devan nou, 17e li mete swiv nou, Pòl avèk nou, e li t’ap di: Moun sa yo se sèvitè Bondye trè wo a, e y’ap anonse nou chemen Sali a. 18Li te fè sa pandan plizyè jou. Pòl fatige te retounen, e di lespri a: Mwen òdone’w, nan Non Jezi Kris, sòti nan li. E li te sòti menm lè a.”


Kesyon: Konbyen tan lapriyè e konbyen jou jèn Pòl te pran avan’l te delivre sèvant sa a?


Travay 19:11-12 E Bondye te fè anpil gwo mirak ak men Pòl, 12kote yo te menm rive mete sou malad yo ti twal ak mouchwa ki te touche kò’l, e maladi yo te kite moun yo, e lespri malen yo te sòti.”


Moun mwen renmen, fò nou ta ase ensanse pou’n di e pou’n kwè ti twal ak mouchwa ki te touche kò Pòl yo te pase kèk tan lapriyè ak plizyè jou jèn pou yo te reyisi geri e delivre tout malad sa yo.


7.2- Leson pou kapte


Tout sa nou so’t li a mennen’m pou’m poze nou yon lòt kesyon: kòman fè menm apot yo ke Jezi te rekòmande pou priye e jene avan pou chase fòm demon sa yo vin ap chase menm fòm demon sa yo, san lapriyè e san jèn?


Si apot yo ka chase tou menm fòm demon sa yo tankou Jezi san lapriyè e san jèn, sè ke pwoblèm apot yo pa’t sèlman pwoblèm mank lafwa. Sa fè nou vin konprann diferans ki te genyen ant Jezi e apot yo sè ke Jezi te ranpli ak Sentespri alòske apot yo pa’t ankò ranpli ak Sentespri. Lè Jezi Kris te ranpli apot yo ak Sentespri lè’l te fin ale, yo te vin genyen tou onksyon Sentespri a ki te dwe elimine mank lafwa ki te nan yo a. Kounye a, yo te kapab chase tout sòt demon, san lapriyè e san jèn, tankou Mèt yo Jezi Kris.


Pa bliye pwomès Senyè a te fè nou an nan Jan 14:12. “Anverite, anverite, mwen di nou sa, moun ki kwè nan mwen ap fè menm bagay mwen fè yo tou, e l’ap fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a.” yon fwa Jezi te ale jwenn Papa a, e li te voye onksyon Sentespri a sou apot yo, e alò apot yo te kapab fè tout sa Jezi Mèt yo te fè, e menm fè plis ke sa Jezi te fè. Dayè se sa’k te pase. San yo pa’t janm kouri al lapriyè e al jene. A pati Kounye a, yo pa ka itilize mank lafwa a pou jistifye nenpòt echèk nan egzèsis delivrans lan.


Moun mwen renmen anpil yo konnen, menm Jezi Kris ki te sèvi ak premye apot yo pou fè travay li, se menm li menm nan k’ap sèvi ak nou tout, vrè sèvitè Bondye nan jenerasyon sa a. Onksyon Sentespri ke Mèt nou Jezi Kris te lage sou premye apot yo, se menm onksyon sa a li lage sou nou tou. Ki donk nou pa ka chak fwa fè kè nou di, rete volontèman nan mank lafwa, e resite tankou jako sa Jezi te di sou apot yo, lè apot sa yo pot ko resevwa onksyon Sentespri a.


Avan nou kite sijè sa a, m’ap atire atansyon nou sou yon bagay enpòtan. Ann li ansanm pasaj sa a ki nan Mak 9: 15-29. “… 28Lè Jezi fin antre nan kay la, disip li yo te mande’l sou kote: Poukisa nou pa’t ka chase lespri sa a? 29Li di yo: Sèl lapriyè ki ka fè espès sa yo sòti.”


Nan kèk vèsyon Bib, tankou sa ki site pi wo a, Mak di espès demon sa yo, sèl lapriyè ki ka fè yo sòti. Li pa mansyone mo jèn nan. Sa a so’t anile lide jèn nan ki mansyone nan Matye 17 ki Mennen pitit Bondye yo Jodi a kwè san jèn nan yo pa ka delivre moun posede, ni yo menm delivre tèt yo. Movèz konpreyansyon sa nan pawòl Bondye a fè pitit Bondye yo rete nan manke lafwa a e kanpe egzèsis delivrans lan.


Poukisa Matye pale de lapriyè e de jèn e Mak menm pale sèlman de lapriyè? Se paske lè onksyon Sentespri a an aksyon, ni lapriyè ni jèn nan pa nesesè pou delivrans lan. Esi chak jou pitit Bondye yo ap poze tèt yo kesyon sou enpòtans jèn nan genyen ou pa genyen nan delivrans lan, se paske yo dakò nan inyorans yo, delivrans lan fèt pa lapriyè. Li pa anyen. M’ap eksplike nou li nan chapit k’ap vini an.


8- Kòman chase demon yo?


Pa gen 10 mil fason pou chase demon. Pou’w chase demon yo fò’w jis mande yo avèk otorite e nan Non Jezi Kris, pou yo ale. Nou pa bezwen ni lapriyè, ni jèn, ni entèsesyon. Nou bezwen jis òdone nan Non Jezi Kris lespri sal yo pou yo libere kò yo okipe ilegalman an.


Anpil nan nou pral mande tèt nou kòman m’fè di yo pa bezwen lapriyè pou chase demon yo. Kòm m’te eksplike nou sa nan ansèyman “konba espirityèl la” gen yon diferans ant lapriyè a ak konba a. Priyè se sipliye Senyè a pou’l entèveni e aji nan plas nou, alòske konba a se nou menm k’ap aji nan Non Jezi Kris, se egzèse otorite ke Senyè a ban nou.


Si nou li tout pasaj yo ke nou te li anwo a ki pale de Jezi ak apot yo lè yo t’ap chase demon yo, n’ap konstate yo youn pa’t fè yon ti kras lapriyè. Yo te senpleman òdone demon yo pou yo ale, e libere kò yo te kenbe kaptif yo.


9- Ministè delivrans lan


Avègleman an fè kretyen yo kwè nan tout bagay jounen Jodi a, menm nan bagay ki pa janmen egziste. Inyorans lan fè pitit Bondye yo kwè nan yon ministè delivrans, kote menm nan kèk legliz genyen menm swadizan “reskonsab delivrans lan”. Se yon gwo egareman konnen ke moun sa yo ki pretann yo reskonsab delivrans lan anpil ladan yo se gwo lougawou malveyan ki sòti depi nan mond fènwa a pou inisye pi fò moun nan dyab.


Tout foli sa yo, yo rele “ministè delivrans” “group delivrans”, “reskonsab delivrans”, fè pati riz satan pou detwi Legliz Jezi Kris la. Tout envansyon satanik sa yo sòti nan ajan satan yo voye nan misyon nan legliz la. E yo si tèlman anpwazonnen legliz la avèk pwazon yo a, li vin trè difisil Jodi a, pou konvenk kretyen yo ke Bondye pa nan pratik sal sa yo ke yo gentan mete kòm prensip nan legliz yo.


Pou nou tout ki kwè ke Jezi Kris se sèl vrè Bondye a, e Bib la se laverite, konnen nan tout istwa legliz la, pa janm gen yon bagay ki te egziste ki te rele “ministè yo di ki rele ministè delivrans lan” Delivrans lan se chase tout demon e tout lespri sal ki posede tout moun ki pa anba pwoteksyon Jezi Kris. E travay delivrans sa a se vrè sèvitè Bondye yo, yo te konfye’l, kòm nou te li’l nan Matye 10:7-8. E chase demon ki posede moun, pa’t janm yon ministè. E nan tout istwa legliz la, yo pa’t janm chwazi yon moun pou okipe yon bagay konsa.


Sèl ministè Jezi te konfye ak minis li yo, kit li te apot, pwofèt, doktè, pastè ou evanjelis, se ministè predikasyon wayòm syèl yo. “7Ale, preche, e di: wayòm syèl yo tou prè. 8geri malad yo, fè mò yo leve, geri moun ki gen lèp yo, chase demon yo…” Matye 10:7-8.


E chak minis Bondye nan egzèsis ministè li rankontre anpil moun posede, e gen pou devwa delivre yo. Ki donk kouri pou tout ajan satan sa yo k’ap travay sou tit sèvitè Bondye, e avèk tout Pratik satanik adopte depi nan mond fènwa a, ap inisye nou nan dyab chak jou, e k’ap mennen nou tout bon vre nan lanfè.


Mwen konnen kòm dabitid kèk sèpan pral tante fè nou wè ansèyman sa mwen ban nou an pa bon. Mande yo pou yo montre nou nan Bib la yon ministè ke yo te di se yon ministè delivrans, mande yo non moun ki te reskonsab ministè sa a. Egzije yo pou yo sèvi avèk sent Bib la pou yo reponn nou. Ak pawòl sa yo mwen rekòmande nou ansèyman ki rele “preyalab etid Biblik yo”, n’ap jwenn li sou sit la. www.mcreveil.org.


10- Gen moun posede nan legliz yo?


Kite’m pran okazyon sa a pou’m enfòme nou si Senyè a pa manifeste yon gran mizerikòd e yon gran konpasyon pou’l pèmèt yon gran revèy avan anlèvman Legliz la, aprè anlèvman an mond lan p’ap menm konnen te gen yon bagay kite pase. Legliz Jezi Kris la si tèlman pouri nan tout istwa legliz la li pa’t janm konsa. Si tèlman gen bagay dyab k’ap fèt nan legliz la prèske tout relijye yo fin kwè Bib la se manti, ou Bondye si li egziste vrèman li chanje.


Satan fè legliz la tounen nich li. Li chita ladann trankilman avèk lespri sal li yo e lòt demon sou fòm moun li yo. Si tèlman gen lougawou nan legliz jounen Jodi a ou rankontre legliz ki genyen plizyè santèn fidèl san yon sèl pitit Bondye. Dayè se pou rezon sa a legliz sa yo pase tout tan yo ap fè delivrans, e se poutèt sa pastè dyab yo kreye sa yo rele ministè delivrans lan. Pa gen yon sèl jou ki pase nan legliz sa yo san pa gen seyans delivrans.


Kidonk, olye pou’n mande si gen moun posede nan legliz yo, li pi jis pou nou mande pito si pa aza nou ka jwenn toujou kèk moun ki pa posede nan legliz yo. Nou tout ki kwè nou fè pati pèp Bondye a, nou gen enterè pou’n sipliye Bondye pou li akonpli pwomès Malachi 4:6 li a, pou li akòde nou yon dènye gran revèy espirityèl. Sinon, l’ap frape tout jenerasyon sa pa entèdiksyon.


Malachi 4:6 4sonje lwa Moyiz la, sèvitè’m nan ke m’te preskri’l nan Orèb pou tout Izrayèl presèp ak òdonans. 5vwasi, m’ap voye Eli pou nou, Pwofèt la, avan jou Letènèl la rive, gran jou ki fè pè a. 6L’ap Mennen kè papa yo bay pitit yo, e kè pitit yo bay papa yo, pou’m ka pa vin frape peyi a pa entèdiksyon.”


11- Èske’l nòmal pou’n jwenn moun ki posede nan legliz?


Si pou’n pale nan tèm nòmal, repons lan se NON. Yo pa ta dwe jamè jwenn moun ki posede nan Legliz Jezi Kris la. Legliz la sipoze fèt ak moun ki sove. Legliz la pa sipoze yon kote pou moun ki gen demon vin kache. Tout moun ki gen demon ki vle antre Legliz la dwe jwenn delivrans nan pòt Legliz la, e pou antre nan Legliz la yon fwa delivre. Si fò’n ta pale de yon ministè delivrans, se an reyalite nan pòt antre Legliz la yo te egzèse ministè sa a, se pa anndan Legliz la.


12- Delivrans kretyen yo


Kòm nou konprann li Kounye a, ekspresyon “delivrans kretyen yo” se yon gwo betiz. E kòm nou te li’l nan ansèyman sou “batèm dlo a” ki sou sit la www.mcreveil.org, konfòmeman a pawòl Bondye a, kretyen an, se disip Jezi Kris. Se sa nou li nan Travay 11:26 “… Se te Antyòch, pou premye fwa, yo te rele disip yo kretyen.” E disip Jezi a, se sila ki fè Jezi Kris Mèt li, se sila ki resevwa Jezi Kris, e ki aksepte’l kòm Senyè’l e Sovè pèsonèl li, ki konfese peche li yo, ki fè yo batize’l nan dlo, sa vle di plonje, pou jwenn padon peche’l yo, e dezòmè k’ap viv pou Jezi Kris. Men sa Bondye konsidere kòm kretyen. Tout moun ki aksepte Senyè a konsa, e ki konfese peche’l yo nan yon fason ki sensè jwenn delivrans li jou li batize a, e al jwenn legliz la tou delivre.


13- Demon kapab posede yon pitit Bondye


Nou so’t di gen moun ki posede nan legliz yo, e moun sa yo anpil. Nou so’t kalifye egalman delivrans kretyen yo kòm yon gwo betiz. Kounye a nou mande tèt nou si demon ka posede yon pitit Bondye. Mwen ta vle relve pou nou diferans kesyon sa genyen avèk lòt ki deja reponn yo.


An reyalite, nou pa dwe konsidere moun posede sa yo ki ranpli legliz yo tankou yo se kretyen, paske yo poko ankò kretyen. Nou espere yon jou y’a vin kretyen. Kesyon nou an konsène pito yon pitit Bondye, ki aksepte Jezi Kris nan lavi’l, ki konfese peche’l yo tout bon vre, e ki fè yon vrè sèvitè Bondye batize’l nan dlo, e jwenn delivrans li avan’l fè pati legliz la. Ki donk yon pitit Bondye konsa antre nan legliz la totalman delivre. Yon pitit Bondye konsa demon ka posede’l yon lòt jou ankò?


Malerezman repons lan se WI. Yon vrè pitit Bondye ki aksepte Jezi Kris tout bon vre e ki vin kretyen ki fèt yon lòt fwa konfòmeman ak pawòl Bondye a, e ki vin jwenn Legliz la tou sove e delivre de tout lespri sal yo, demon ka posede’l ankò. Si antan ke pitit Bondye ki fèt yon lòt fwa nou ouvè pòt bay demon yo, yo pral antre nan nou. Dayè se pou jan de pitit Bondye sa yo delivrans pèsonèl la itil, sa depan de peche yo komèt la, e jan de pòt yo ouvè bay demon yo.


14- Konbyen tan ki nesesè pou yon delivrans?


Nou tounen nouvo testaman an nan tout sans, nou pa wè yon sèl ka delivrans ki te pran plizyè minit. Vrè delivrans lan pran kèk segond, ou kèk minit dè fwa. Delivrans lan pa ni yon seremoni festivite, ni yon jwèt lwazi, ni yon sèn teyat pou divètisman, yo pa bezwen etale nan plizyè minit e menm plizyè lè. Delivrans lan pa yon komedi. Delivrans lan fèt pou bay yon lòd ki dwe egzekite nan segond aprè yo. Pou evite site tout nouvo testaman an, n’ap ban nou vèsè sa yo ki site pi ba a. Nou te mèt pakouri tout nouvo testaman an, e nou pa’p wè yon sèl ka delivrans diferan de sa n’ap li pi ba a.


Matye 17:14-1814Lòske yo te prèske rive prè foul la, yon nonm te vin me’t ajenou nan pye Jezi, li di: 15Senyè, gen pitye pou pitit gason’m nan, ki gen malkadi e ki soufri anpil; li te tonbe souvan nan dife e souvan nan dlo. 16Mwen te mennen’l bay disip ou yo e yo pa’t ka geri’l. 17Bann moun san lafwa e pèvès, Jezi te reponn, konbyen tan m’ap avèk nou ankò? Konbyen tan m’ap sipòte nou ankò? Mennen’l ban mwen isi. 18Jezi te pale trè di a demon an, ki sòti nan li, e pitit la te geri menm moman an.”


Lik 13:11-16 “Men te gen la yon fanm yon lespri te posede’l ki te ran li enfim depi 18 tan, li te koube, e pa’t ditou ka redrese tèt li, 12lè li te wè’l, Jezi te adrese’l pawòl, e li di’l: fanm, ou delivre de enfimite’w la. 13E li te enpoze’l lamen. Menm moman an li te redrese li, e li te bay Bondye glwa.14Men chèf sinagòg la, te fache dèske Jezi te opera gerizon sa a yon jou saba, li di foul la gen 6 jou pou travay; donk vin fè yo geri nou nan jou sa yo, e pa jou saba a. 15Ipokrit! Senyè te reponn li, èske chak nan nou, jou saba a, pa detache bèf li ou bourik li, pou li mennen’l bwè? 16E fanm sa a, ki se pitit fi Abraam, e satan te kenbe’l mare depi 18 tan, fòk yo pa’t delivre’l de chèn sa a jou saba a?”


Travay 16:16-18Kòm nou ta prale nan lye lapriyè a, yon sèvant ki te genyen yon lespri piton, e ki, nan devinèt, te fè mèt li yo fè anpil pwofi, te vin devan nou, 17e li t’ap swiv nou, Pòl e nou. Li t’ap di: Moun sa yo se sèvitè Bondye trè wo a, e y’ap anonse nou chemen Sali a. 18Li te fè sa pandan plizyè jou. Pòl te fatige e te retounen, e di lespri a: Mwen òdone’w nan Non Jezi Kris sòti nan li, e li te sòti menm lè a.”


Kounye a li rete pou al mande ak moun k’ap fè delivrans pa etap yo, ou delivrans bout pa bout yo, ou delivrans ki pa janm fini pou menm moun posede yo, pou di nou ki kote Pratik sa yo sòti pou yo. Sipliye tout komedyen sa yo ke nou rele pa abi pastè, pou montre nou nan Bib la, yon sèl egzanp nan tip delivrans sa yo.


Pa fwa se avèk fyète kèk nan parese mizerab sa yo ki angaje tèt yo nan travay Bondye pou jwenn kichòy pou manje, yo di yon delivrans pran anpil tan, e kèk delivrans ka menm dire anpil ane. E nou tande yo kòmanse sonnen bagay sa yo san yo pa jennen, avèk yon gran asirans.


Kounye a moun mwen renmen anpil yo, konnen trè byen delivrans ki pa janm fini yo ki fèt sou menm moun yo nan legliz yo, se yon pratik dyab. Se yon komedi ki òganize depi nan mond fènwa a pou distrè pèp Bondye a. konnen yon fwa pou tout, ke ekspresyon “delivrans pa bout la” ou “delivrans pa eta la”, elatriye. Se Pratik satanik yo ye, òganize pa ajan dyab lougawou yo pou yo pran plezi yo. Kouri pou tout pastè ajan dyab lougawou sa yo k’ap pratike delivrans sa yo, e kouri pou tout legliz satanik sa yo ki gen bagay sal sa yo k’ap pratike ladan yo.


E pou nou menm pastè ki krenn Bondye, fè atansyon a swadizan kretyen sa yo ki toujou ap chache delivrans, e ki pa janm delivre. Majorite ladan yo se fanm. Aprè lekti ansèyman sa a, nou dwe pran tan egzamine e retounen egzamine tout ka moun sa yo ki pa janm delivre malgre tout priyè ke nou fè.


15- Fò yo priye pou moun ki pa onèt?


Sèvitè Bondye mwen renmen anpil yo, si Bondye akòde nou gras pou idantifye moun ki pretann yo vle delivrans lan men ki bay manti nan konfesyon zèv dyab yo, pa priye pou yo. N’ap retrouve nou nan pèdi tan pou gremèsi. Moun sa yo pap delivre, nenpòt sa nou ta fè. Kòm eleman disèneman, konnen ke tout moun sa yo ki chwazi volontèman manti pou bloke pwòp delivrans yo, se demon yo ye.


Okenn vrè pitit Bondye pa ka manti pou bloke pwòp delivrans li. Okenn vrè pitit Bondye pa ka santi li alèz avèk lespri sal nan kò’l. Okenn vrè pitit Bondye pa ka, lè Bondye ba li okazyon delivre, li pito pèmèt li jwe ak delivrans li an. Okenn vrè pitit Bondye pa ka kontakte yon sèvitè Bondye swadizan pou chache delivrans e kan yo mande’l konfese zèv dyab li yo, li chwazi konsyamman e volontèman manti. Jan de vrè pitit Bondye sa a pa egziste. Tout vrè pitit Bondye, semans Jezi Kris, kouri toujou sou nenpòt ti okazyon yo ofri’l pou delivre tèt li ou pou fè delivre’l, kan’l posede.


Konsa, a kesyon “Èske gen moun pou yo pa priye pou li?” Repons lan vin pi senp: pa janm aksepte priye pou mantè yo, e pou tout ajan satan ki vin tante nou pito, men ke Senyè a nan gras li revele nou.


16- Ou ka delivre yon moun san volonte’l?


Repons lan se byen evidamman NON. Se chak moun ki dwe chwazi volontèman si li vle sove ou non, si li vle delivre ou non, si li vle geri ou non. Bondye pat mande nou pou nou enpoze moun anyen. Bondye kite nou tout lib, e tout moun dwe jwi libète yo nèt. Sèvitè Bondye yo pa dwe kouri dèyè moun pou geri yo oswa pou delivre yo, kòmsi yo te renmen moun ki konsène yo plis pase moun ki konsène yo.


17- Kisa ki ka bloke delivrans lan?


Kisa ki ka jistifye ki fè pa fwa vrè sèvitè Bondye yo priye pou kèk moun posede, e moun sa yo pa jwenn delivrans yo? Gen sèlman 2 rezon valab ki ka jistifye sa. Yon kote se mank disèneman vrè sèvitè Bondye k’ap fè delivrans lan genyen, e yon lòt kote se kè rebèl e andisi ke swadizan moun k’ap chache delivrans lan genyen.


17.1- Mank disèneman vrè sèvitè Bondye yo


Generalman, devan tout echèk nan yon delivrans, nan yon priyè ou nan nenpòt kèl konba espirityèl, li toujou pi fasil pou pale de manke lafwa a, lè nou refere nou nan repwòch Senyè Jezi te fè apot yo, anfas ka timoun ki te posede a nan Matye 17:14-21 ou nan Mak 9: 14-29, ou nan Lik 9: 37-43. Men kòm nou te etidye’l pi wo a, pandan ke Senyè a pale de mank lafwa apot yo, sila sa yo pa’t ko resevwa onksyon Sentespri a. Donk se atò yo kontinye atribye echèk yo nan delivrans lan, a mank lafwa vrè sèvitè Bondye yo. Pwoblèm vrè sèvitè Bondye yo nan ka echèk pandan delivrans yo, se pa yon pwoblèm manke lafwa, men pito yon pwoblèm de mank disèneman. Yo tonbe souvan nan pyèj priye pou moun ke yo pa’t janmen dwe priye pou yo.


Konnen yon fwa pou tout, ke apot yo Senyè a te reprimande pou mank lafwa a fas a echèk yo te pran an pou chase demon ki te posede timoun malkadi a, se pa menm apot sa yo ankò ke nou retrouve nan travay apot yo. Apot yo nan Matye ou nan Mak ou nan Lik, pa’t ankò batize nan Sentespri a, yo pot ko resevwa ankò onksyon Sentespri a. Alòske apot yo nan travay apot yo te deja revèti ak pisans Sentespri a. Vrè apot Jezi Kris yo k’ap sèvi Senyè a Kounye a yo tout te deja batize nan Sentespri a, e yo tout te resevwa onksyon Sentespri a. Pwoblèm manke lafwa a pa janm poze ankò.


Pa bliye nan operasyon delivrans ou mirak, lafwa ki plis konte a se lafwa pou moun w’ap priye pou yo a, e se pa lafwa moun k’ap priye a. Nou te wè Senyè Jezi li menm te regrèt mank lafwa moun Nazarèt yo. Mank lafwa sa a te anpeche Jezi fè anpil mirak sou tèritwa yo, kote ke Senyè a te ka geri sèlman kèk malad.


Mak 6: 1-6 “Jezi kite kote’l te a, e li te rann li nan patri’l. Disip li yo te swiv li. 2Lè saba a te rive, li te mete ansenye nan sinagòg la. Tout moun ki t’ap tande’l yo te etone e te di: ki kote li jwenn bagay sa yo? Sajès sa a yo ba li a ki sajès li ye, e kòman mirak sa yo fè fèt pa men li? 3Se pa bòs chapant lan, pitit Mari a frè Jak, Joz, Jid e Simon an? E sè’l yo, yo pa la a pami nou? E li te pou yo yon okazyon pou chite. 4Men Jezi di yo: Yon pwofèt meprize sèlman nan patri li, pami paran’l yo e nan kay li. 5Li pa’t ka fè pyès mirak la, si sèlman enpoze men a kèk malad e geri yo. E li te regrèt mank lafwa yo. …”


Konsta sa a pèmèt nou konprann se pa anpil pisans yon sèvitè Bondye, ki detèmine siksè kèk mirak ou kèk delivrans. Se lafwa pou moun mirak sa yo ou delivrans sa yo destine a. Nan nivo sa a, tout fwa mwen ta vle lanse yon apèl a sèvitè Bondye yo. Nou menm tout vrè sèvitè Jezi Kris yo, si nou trouve nou devan kèk echèk nan konba yo ou ka delivrans yo, si aprè egzamen nou reyalize se onksyon Bondye nan lavi nou ki an feblès, e se mank lafwa a ki blame nan echèk sa yo, nou dwe rapidman pran yon moman retrèt nan plizyè jou jèn, pou resouse e sipliye Senyè a pou’l restore nou, e renouvle onksyon’l sou lavi nou.


Li tan pou nou reveye nou. Pou relve nou, rekipere tout viktwa satan vòlè pou nou e bann ajan’l yo ki dakò dezòmè pi pisan ke Jezi Kris sèl vrè Bondye a. Leve e reklame sa ki pou nou, sa vle di promès Jezi Kris yo, sèl Bondye ki an mezi pou akonpli promès li fè yo a pitit li yo.


17.2- Kè rebèl e andisi de moun ki mande delivrans lan


Generalman echèk nan ka delivrans yo, yo sòti nan kè rebèl e kè di moun ki bay lenpresyon yo vle delivrans lan. Nou trouve souvan ka fanm yo ki pretann yo vle delivrans lan, men ki pa prè pou renonse a pak yo te siyen avèk mond fènwa a. E sèvitè Bondye yo, nan mank disèneman, tonbe priye pou yo, yo epwize tèt yo e oprese tèt yo an ven, pafwa yo kwè se Senyè a ki pa vle egzose yo, e yo kòmanse egzamine lavi yo pou konprann sa Bondye ta repwoche yo.


Pwoblèm nan pa la sèvitè Bondye yo. Fanm sa yo ki siyen anpil pak avèk mond fènwa a nan makiyaj, nan bagay satanik yo, e sèpan sa yo ke yo kòde sou tèt yo a, e yo kwè yo pote alonj a grèf, pa’p janm delivre tout otan yo pa renonse a pak satanik sa yo ke yo siyen a travè objè mond anba dlo sa yo. Nou pa’p jwenn anyen, e menm si nou pran anpil tan jèn, nou pa’p jwenn anyen. Nou pa ka jwenn anyen nan jèn pou moun ki siyen pak e ki pa vle kase pak sa yo.


Mwen lanse yon apèl ak tout fanm vanitèz e kè di yo ki pretann yo vle syèl la men ki pa prè pou depouye yo, e renonse a lavi vanite a. konnen si nou akwoche nou a bagay satan yo, nou pa’p janm delivre, e se lanfè k’ap tann nou. Delivrans nou depann de ki jan de estil de vi nou adopte. Si nou vle viv tankou fanm penda yo, n’ap pase letènite nou kote fanm penda ki pa repanti yo ap pase letènite yo, sa vle di nan lak dife a.


Alonj ak grèf nou pote sou tèt nou yo, se sèpan ki posede nou, ki kontwole nou, e ki mare nou toujou nan mond fènwa yo. Perik yo e lòt cheve moun mouri yo ke nou pote sou tèt nou an, yo se gwo malediksyon k’ap swiv nou tout kote, e detwi lavi nou chak jou. Nou pap janm jwenn delivrans lan tout otan ke nou pa renonse a bagay satan sa yo.


San moun yo e lòt abominasyon ke nou mete sou lèv nou, sou zong nou, e nan figi nou pou parèt bèl, se tout objè sa yo ki mare nou a mond satan an, e ki bay yon aksè dirèk a demon yo nan lavi nou. Nou priye byen e jene, nou pa’p janm jwenn delivrans, tout otan nou pa renonse a bagay sa yo.


1Jan 2: 15-16 “Pa renmen mond lan menm, ni bagay ki nan mond lan. Si yon moun renmen mond lan lanmou Papa a pa’p janm nan li, 16donk tout sa ki nan mond lan, bagay ki atire kò a, bagay ki atire je, e ògèy lavi a, pa sòti nan Papa a, men yo sòti nan mond lan.”


Pantalon yo e pakèt lòt bagay abominab yo ki ekspoze kò nou ke nou rele abiman seksi yo. Se nan lanfè a n’ap konprann ko’t bagay seksi sa yo te sòti. Pa janm tann pou nou delivre tout otan ke nou akwoche nou a bagay vanite sa yo. Bijou yo a tou lòt objè vanite sa yo ke nou atache ak yo a, bloke delivrans nou, e demon yo kontinye detwi lavi nou jiskaske pou kondwi nou nan lanfè si nou pa renonse avèk abominasyon sa yo, konnen trè byen pèsonn moun posede pa’p antre nan syèl la. Plas moun posede yo se nan lanfè.


Sèvitè Bondye yo, pa janm pèdi tan nou priye pou delivrans fanm movèz vi sa yo, ki fè kè yo di, ki pa prè pou abandone objè satanik yo, tankou fo zong, fo sousi, makiyaj, pafen, alonj ak grèf yo, perik yo, bijou yo, Pantalon yo, pakèt lòt bagay satanik yo rele seksi yo, moun sa yo pa’p janm delivre. Se la lè nou manke disèneman fè nou pèdi tan nou. Nou genyen byen onksyon Sentespri a, nou pa’p janm rive delivre moun sa yo. Kondisyon pou nou priye pou lougawou sa yo, se pou yo jete dabò tout bagay sa yo e pou yo angaje yo pou pa janm repran yo.


Anfen m’ap lanse yon apèl a tout fidèl Bondye yo ki ankò ap sibi anba men satan e demon’l yo, e ki vle libere tèt yo. Nou tout pitit Bondye ke satan mare ankò nan tout bagay, nou tout k’ap sibi ankò anba men satan e demon’l yo, nou menm ke satan e demon’l yo ap manipile, nou menm ke lespri sal yo toujou ap toumante, nou menm k’ap soufri ak bagay nou pa rive konprann, nou menm ki poko libere kèk bagay ki mare nou alòske nou priye plizyè fwa a tout kè nou, leve kounye a e di NON a satan e a demon’l yo. Pran yon moman retrèt nan plizyè jou pou nou jene, pou reegzamine lavi nou devan Senyè a, pou remete lòd nan vi espirityèl nou, e pou repran tout bagay nan men nou. Noun dwe rekipere viktwa nou. Satan e ajan’l yo pa pi pisan ke Jezi Kris Bondye nou an e Mèt nou.


Men anvan pou nou lanse nou nan konba sa a pou delivrans nou, e anvan pou ale kote vrè Sèvitè Bondye yo pou ke yo priye pou delivrans nou, rasire nou dabò ke nou pa genyen oken ka restitisyon pou regle nan vi nou. Donk si nou anba bann malediksyon ki mare ak yon ka restitisyon ki pa regle, nou pap delivre tan ke nou pa restitiye tout sa ke nou dwe restitiye. Pou pi byen konprann sijè sa a, se pou nou li ansèyman sou "Restitisyon an", ke n’ap jwenn sou sit https://www.mcreveil.org.


17.3- Eleman pou disèneman


Mwen ta vle ban nou kèlke eleman pou disèneman pa rapò a bagay satan yo ki antre nan legliz yo; konnen ke misyon ajan satan yo nan Legliz la se fè tout bagay pou mennen mond lan nan Legliz la. Majorite ajan satan sa yo se fanm yo ye. Se yo menm ki antre nan legliz yo pantalon yo di ki se pantalon fanm, bann bagay satanik yo di ki seksi yo, tout sòt bijou, makiyaj, alonj ak grèf, perik, fo zong, e tout objè vanite sa yo ki finalman transfome legliz yo an kafe, sa vle di kote pou gason al chache fanm penda nan nwit.


Gen lougawou ke nou rele pa inyorans kretyèn, ki pa vle ki te alonj ak grèf yo, yo kreye pretèks satanik yo pou jistifye bagay dyab yo a. Kèk di nou ke alonj ak grèf yo natirèl, lòt di nou ke alonj ak grèf yo a yo atifisyèl, e se moun ki fè yo. Vipè ki di ke alonj ak grèf yo a natirèl, konsa yo tante pou fè nou kwè ke cheve mò yo e moun posede yo, ki rasanble nan diferan peyi nan mond lan avèk anpil rityèl seremoni ki vrèman dwòl, ta vini cheve natirèl. Kèl bagay dwòl! Pa kisa nou panse ke yo ka transfome cheve moun mouri yo e cheve yo dedye yo a divinite satanik, pou yo ka natirèl? Natirèl nan ki sans? Natirèl pa rapò a kisa? Kisa nou konprann natirèl la ye? Malerezman, nou gen moun ki ase ensanse pou kwè a bagay sòt egare sa a.


Lougawou ki di ke alonj a grèf yo atifisyèl, yo tante konsa pou fè nou kwè ke pawòl Bondye a fo. Se yon fason rize pou kontredi Bib la. Ann wè sa Bondye di li menm: 1Timote 2:9-10“Mwen vle tou ke tout fanm yo, abiye yon fason pou kouvri kò yo byen pou fòm kò yo pa parèt, tou senp, pa mete très, ni lò, ni pèl, ni bèl rad koute chè, 10men ke’l fè wè bèl zèv li yo, kòm se konsa pou fanm ke travay yo se sèvi Bondye.” 1Pyè 3: 3-4.3se pa bagay sou deyò yo pou nou genyen, tankou nan cheve trese yo, ònman lò yo, ou rad yo mete yo, 4men bagay anndan e kache nan kè a, pwòpte ki pa ka gate nan yon lespri dou e pezib, ki gen yon gran pri devan Bondye”.


Vipè sa yo di nou ke yo pote alonj ak grèf atifisyèl paske yo gen cheve kout. Nou genyen pastè demon yo menm k’ap soutni jan de foli sa yo. Genyen kèk ki menm pran defans madanm lougawou yo a, e yo mete yo menm pou jistifye poukisa sirèn fanm yo pote alonj a grèf, bijou e lòt makiyaj.


Pale de cheve kout yo, kisa Bib la di?1Korentyen 11:1-16 “… 3Tout fwa mwen vle nou konnen ke Kris se chèf tout gason, ke gason se chèf fanm, e ke Bondye se chèf Kris. 4Tout gason k’ap priye ou k’ap profetize, a tèt yo kouvri, derespekte chèf li. 5Tout fanm, okontrè, k’ap priye ou k’ap profetize, a tèt yo san vwale, derespekte chèf li: se kòm si tèt li te kale. 6Donk si yon fanm pa vwale, ke’l koupe cheve’l tou. Kidonk, si se yon wont pou yon fanm genyen cheve koupe ou kale tèt li, ke’l vwale…”


Kòm nou so’t li li, fanm ki pou Bondye a, dwe non sèlman evite kale tèt li, men anplis, li dwe vwale tèt li. Kidonk, yon fanm ki vwale, pa gen pyès problèm avèk cheve long ou cheve kout, piske pyès moun pa ka wè cheve’l ke mari’l, ou pitit li, ou moun lakay li. Sèl yon moun ki pataje menm chanm ak yon fanm ki ka wè cheve’l, ou k’ap viv nan kay li. Pa imite sediktris sa yo ki fè Sablan yo vwale, men ki mete pito sou tèt yo, yon ti mouchwa tou piti ki prèske pa kouvri anyen nan cheve yo. Se yon bann fanm ki posede pa demon sediksyon, ki fè lachè yo mache ak vanite.


Yon vrè fanm Bondye dwe toujou a tèt li totalman kouvri. Kote bagay sa a sòti fò’w kouri al nan alonj ak grèf ki pretann natirèl ou atifisyèl, pou rezoud problèm cheve kout yo ou manke cheve yo? Kounye a nou konprann byen, ke tout swadizan pastè sa yo k’ap jistifye prostitisyon fanm nan legliz avèk pote bijou yo, alonj ak grèf yo, makiyaj yo, pantalon pou fanm yo, e lòt bagay demonyak yo di ki seksi yo, se demon. Tout pastè sa yo sòti nan mond fènwa a. kèk pou sedwi tèt yo pandan y’ap sedwi nou, di nou ke fanm yo ka itilize tou senpleman yon ti kras makiyaj, pa tròp, ou ke fanm yo ka mete yon ti bijou, elatriye.


Mwen te di nou li deja, e m’ap repete’l, okenn vrè sèvitè Bondye pa ka pouse fanm yo siyen pak avèk satan, alòske nou tout konnen ke pak sa yo ap kondwi yo nan lanfè pou letènite. Sèlman ajan lanfè yo ki vin sou latè avèk pou misyon angaje plis moun pou lanfè, ki fè sa. Kidonk konnen tout pastè sa yo k’ap ankouraje fanm yo pou pote bijou, alonj ak grèf yo swadizan atifisyèl ou natirèl, makiyaj, pantalon pou fanm, e lòt bagay demonyak yo di ki seksi yo, se ajan lanfè. Kouri pou yo si nou pa vle pase letènite nou nan lanfè. Si noun vle byen konprann esplikasyon 1Korentyen 11:1-16 la, li ansèyman ki rele “Disèneman an”, ki sou sit la www.mcreveil.org.


Konnen misyon vipè sa yo se inisye pitit Bondye yo a mond satan an. Si nou koute yo, e si nou imite yo, n’ap inisye nan mond yo, e n’ap pase letènite nou nan lanfè. Pa janm bliye. Konnen tou tout swadizan kretyen ki fèt yon lòt fwa sa yo, ki konnen ke Bondye pa vle alonj a grèf, e ki vle pote yo, di nou alonj ak grèf yo ta espesyal, donk natirèl e atifisyèl, yo se lougawou. Se ajan rèn de la kot ki an misyon nan legliz pou inisye nan dyab e nan rebelyon sè ki gen lespri fèb yo. E si nou wè yon swadizan pastè k’ap soutni Jezabèl sa yo, konnen pastè sa a se yon sediktè, yon vrè ajan dyab lougawou. Tout pastè vrè sèvitè Jezi Kris, konnen sa yo rele alonj ak grèf natirèl ou atifisyèl yo se bagay ki siyen pak a satan. Nenpòt kèl kretyen ki gen yon ti kal espirityalite konprann sa fasilman.


Pastè k’ap soutni jan de abominasyon sa yo laplipa ladan yo gen madanm ki lougawou e ki rebèl, ki pote alonj ak grèf e ki pa prè obeyi a Bondye pou abandone bagay sa yo. E la, pastè ajan dyab lougawou yo ki prefere respekte madanm lougawou yo a pase yo respekte Bondye, yo mete eksplike e jistifye malman, genyen alonj ak grèf natirèl. Se yon gwo manti. Pa’t janm genyen alonj ak grèf natirèl. Bondye pa’t janm kreye alonj ak grèf natirèl. Alonj ak grèf yo se satan ki kreye yo. Konnen se Bagay Bondye kreye ki natirèl. Bondye te kreye cheve, men li pa’t kreye alonj ak grèk. E cheve moun mouri ou byen moun vivan ke’w ka etire nan yon tèt e mete nan yon lòt tèt, pa natirèl ankò. Cheve ki natirèl pou chak moun se pwòp cheve pa li ke’l te sòti nan vant manman’l lan, sa vle di cheve ki pouse sou pwòp tèt pa li. Cheve moun pa yon chapo ou yon foula ke moun ka chanje antre yo, e menm vann ou achte.


Kidonk pa’t janm genyen alonj ak grèf natirèl, e sa yo pretann ki alonj ak grèf atifisyèl la se objè sediksyon fabrike depi nan mond fènwa a. Mwen espere ke’m mete fen nan manti satanik sa a. Nou pitit Bondye, kouri pou tout vipè ki fè yo pase pou sè nan Kris, e ki akroche yo a bagay satan yo, menm lè ansèyman Bondye yo klè. Konnen ke tout swadizan sè sa yo, se misyonè rèn de la kot yo ye nan legliz yo. Se pa paske ansèyman an difisil a konprann ki fè yo pa vle kite. Yo pa vle kite paske yo nan misyon. Fòk yo sedwi pifò pitit Bondye yo, e inisye pifò sè yo nan dyab e nan rebelyon pou legliz la ka vin sal nan je Bondye, pou Bondye ka vomi legliz la.


Konnen tou swadizan pastè legliz yo rele legliz reveye yo ki chanje mesaj senntete a pou soutni rebelyon madanm lougawou yo a, se ajan dyab lougawou. Se volontèman e konsyamman ke yo delye mesaj Bondye a, pou pa anbarase madanm yo, se yon bann idolat, sa vle di moun ki bay madanm yo plis enpòtans ke Bondye. Sof si yo ta repanti rapidman, se nan lanfè y’ap pase letènite a. Kouri pou tout ajan dyab lougawou konsa yo, si nou vle sove tèt nou. Generalman se bon sediktè yo ye, ki gen pawòl sikre, e ki renmen byen demontre yo renmen Senyè a e sèvi’l a tout kè yo. Konnen trè byen sèl bagay Bondye ap tann de vrè sèvitè’l yo, se obeyisans absoli a Bondye.Moun sa yo ki prè pou meprize Bondye pou respekte madanm yo, ou pitit yo, ou paran yo, se idolat yo ye. Bondye pa sipòte idolatri. Bondye pa janm tolere yon moun meprize’l pou nenpòt moun ou nenpòt bagay la. Li di nou nan pawòl li: li respekte sila ki respekte’l, e meprize sa yo ki meprize’l. 1Samyèl 2: 30. “Se pou tèt sa a men sa Letènèl di, Bondye Izrayèl la: Mwen te deklare ke kay ou e kay papa’w t’ap mache devanm pou tout tan. E kounye a, Letènèl di, Mwen pa nan sa! Donk mwen respekte sila ki respekte’m, men sila yo ki meprize’m yo ap meprize tou.”


Mwen lanse yon apèl a tout pastè ajan dyab lougawou yo k’ap ansenye volonte Jezabèl yo a, pou detwi volonte Bondye a; nou tout swadizan pastè yo k’ap ansenye mansonj yo pou soutni rebelyon madanm nou yo, Senyè a ban nou isi an yon dènye okazyon repantans. Renonse a maji a, repanti rapidman, e sispann fè kouri mansonj lan; sispann detounen pitit Bondye yo nan chemen sanntifikasyon an.


18- Prekosyon pou pran lè delivrans lan ap fèt


Delivrans lan pa yon espektak, nou dwe evite kan n’ap delivre yon moun posede, pou’n pa fè’l kote ki gen moun, sof si nou ta nan kanpay evanjelizasyon, ou byen nan reyinyon piblik. Nan tout ka yo, lòske nou planifye e òganize davans pou’n fè yon delivrans, veye pou’n pa fè espektak.


Kòm nou te wè ka lespri sal sa yo ki te sipliye Jezi pou’l te lèse yo antre nan kochon yo, konnen demon yo gen posiblite yon fwa yo chase yo nan yon moun, antre nan lòt moun ke yo jwenn aksè. Donk nou dwe evite chase demon yo e lèse yo antre nan kò lòt moun ki fèb espirityèlman e ki pa pwoteje.


19- Pyèj pastè ajan dyab?


Plizyè nan ajan satan yo ke nou rele pa inyorans sèvitè Bondye, yo ansenye ke yon delivrans ka bon si konfesyon peche yo fèt “devan temwen”. E pou soutni foli yo a, yo site Travay 19: 18-19. Ki di: 18Plizyè nan sila yo ki te kwè yo te vin konfese e deklare sa yo te fè. 19E kèk nan sa ki te konn egzèse bagay majik yo, yo te pote liv yo, e brile yo devan tout moun: Yo te estime valè lajan liv sa yo a 50 mil pyès lajan.”


Premyèman, pasaj sa a pa menm di chak peche a chak fwa konfese devan tout moun. Pou prèv, tout lòt moun ki te kwè yo, nesesèman pa’t pase pa Pratik sa a ou pa metòd sa a.


Dezyèmman, pasaj sa a di byen: Plizyè nan sila ki te kwè yo”. Li pa di tout sa ki te kwè yo.


Twazyèmman, pasaj sa a pa mete ni yon prensip ni yon lwa sa kèk disip yo te fè a.


Katriyèmman, pasaj sa a pa di disip yo te konfese peche yo yon fason konsa, paske se te sèlman kondisyon pou delivre.


Kidonk, pa janm tonbe nan pyèj satanik sa yo ki fè tèt yo pase pou ansyen satanis. Yo pa ansyen satanis nan anyen. Yo tou senpleman satanis. Kan y’ap polye mond lan ak ansèyman satanik sa yo, yo pretann y’ap rakonte sa ke Bondye te fè pou yo. Pa swiv yo ankò menm. Demon sa yo pa riz, tann pyèj pou nou pa fo ansèyman yo ki fabrike nan mond satan an. Bondye pa’t janm mande a pitit li yo pou yo mete yo nan espektak chak yo komèt yon peche, e Bondye pa’t janm mande a vrè sèvitè’l yo pou imilye ak ekspoze pitit Bondye yo devan tout moun chak fwa yo komèt yon peche.


Satanis sa yo k’ap anseye pratik abominab sa yo, fè sa pou de rezon prensipal. Premyèman pou imilye ak fristre pitit Bondye yo chak fwa yo rive fè yon peche; answit pou sal panse tout moun ki gen malè pou yo la lè komedyen tris sa a ap pase, epi inisye yo nan maji.


Nou dwe konnen ke trè souvan, pi fò nan moun ki fè sa yo rele konfesyon piblik sa yo, se pa moun ki senp ki te vrèman komèt peche, epi ki vle konfese yo nan lòd pou yo padone e / oswa delivre. Moun sa yo se pito ajan satan ki nan yon misyon. Yo voye yo soti nan mond fènwa a, konfese abominasyon yo jis nan lòd pou yo avili anpil moun ke posib, ak inisye yo nan maji. Pafwa abominasyon sa yo ke yo konfese yo pa menm peche ke yo reyèlman komèt.


Se trè souvan pandan kalite konfesyon piblik sa a ke anpil moun inisye nan maji. Epi se apre yo fin swiv abominasyon sa yo ki prezante kòm konfesyon yo, ke anpil kretyen kòmanse soufri atak seksyèl irezistib nan panse yo, epi finalman fini nan peche seksyèl fizik. Se tou apre reyinyon satanik konfesyon piblik yo, sèten kretyen ki pat gen okenn pwoblèm espirityèl, kòmanse atake nan rèv yo. Se poutèt sa li danjere e trè riske pou swiv pastè majisyen yo. Si nou cheri delivrans nou, kouri kite tout sa yo rele ansyen satanis sa yo ki fè yo pase kòm satanis repanti, jis pou fè ravaj nan mitan pèp Bondye a. Konnen trè byen kounye a, ke tout pastè sa yo ak lòt sa yo rele sèvitè Bondye ki fè pratik sa a konfesyon peche an piblik, se ajan satan. Kouri lwen yo byen vit, si nou pa vle fini nan lanfè pou letènite. Nou avèti!


20- Kòman konfese peche yo?


Konnen kijan pou konfese peche jwe yon wòl esansyèl nan jwenn delivrans. Se poutèt sa li enpòtan, lè ou vle delivre, byen konfese tout peche ki nan orijin sa w’ap soufri yo.


20.1- Kòman konfese maji?


Lè’m konsidere enpòtans sijè sa a, mwen te jije pi bon pou’m trete’l yon fason konplè nan yon ansèyman apa, ki gen tit "Kijan pou’w Kite Kan satan an", n’ap jwenn li sou sit www.mcreveil.org a. Mwen rekòmande nou li.


20.2- Kòman konfese lòt peche yo?


Moun mwen renmen yo, konnen ke konfese peche yo nan yon ka delivrans diferan lòske n’ap konfese peche nou chak jou nan lavi nou. Se pa tout peche nou komèt ki ouvri pòt bay demon nan lavi nou. Plizyè nan peche ke nou komèt chak jou yo, se peche ki Erezman pou nou, se ofanse yo ofanse Bondye, ou pa fwa yon ofanse nan je moun, san toutfwa ouvri pòt bay demon nan lavi nou.


Avantaj ke nou genyen a jan de peche sa yo ke nou ka nan kad ansèyman sa a rele “peche nòmal yo”, yo sifi pou konfese yo yon fason ki sensè, swa a Bondye sèlman e moun si se moun ou te ofanse. E lè Bondye e moun ki konsène yo padone’w, pwoblèm nan regle. Pou jan de peche sa yo ki “peche nòmal yo”, nou ka konfese yo chak fwa nou komèt yo. Pa janm kite peche yo san konfese. Pa janm ki te peche yo pou konfese yo pita.


Konnen trè byen ke tout peche bay aksè a satan e a demon’l yo nan lavi nou. Menm si demon yo pa ka posede nou nan kèk ka, yo genyen menm okazyon pou atake nou a koz aksè peche sa yo ofri yo ke nou chwazi rele “peche nòmal yo” Kidonk nou konprann ke nou pa dwe janm pèmèt nou komèt kèk peche paske yo pa ouvè pòt bay demon yo nan lavi nou. Tèm “peche nòmal” ke nou itilize a pa vle di gen peche ki pa gen enpòtans ou san gravite.


Lòt peche ki pa fè pati peche nou kalifye kòm “peche nòmal yo” nan kad etid sa a, ki ouvè pòt bay demon nan lavi nou dwe konfese jan nou eksplike’l nan tit “kòman konfese zèv dyab yo”. E si nou vle konnen peche sa yo, ki ouvè pòt bay demon yo, ale nan ansèyman ki rele “Konba Espirityèl la”, ki sou sit la www.mcreveil.org.


Le nou vle konfese peche nou, nou dwe site non peche yo, e mande padon a Bondye pou chak peche yo. Pa fè tankou fòmil yo renmen fè a “Senyè, padone tout peche’m yo nan Non Jezi Kris”. Pran tan pou site peche yo ke’w vle konfese yo, e konfese yo yonn aprè lòt, e pa groupe yo. Evite tou fòmil yo: “Senyè, si’m ofanse’w padone’m. Senyè si’m komèt peche sa a, mwen mande’w padon”.  Ke se a Bondye ou mande padon ou a moun, ou dwe rekonèt fot ou yo yon fason sensè, e mande padon a tout kè’w.


Lè’w kanpe devan yon moun ou te ofanse, e w’ap mande’l padon, e’w di: “si’m te ofanse’w, padone’m. Si’m te fè’w mal, mwen mande’w padon”, la a ou sanble, pa rekonèt fot ke’w vin mande padon pou li a. Jan de repantans ipokrit e san anyen sa yo, se yon mouvman mètdam. Ou pa’p janm jwenn padon lè’w byen konnen sa’w fè a e w’ap pran pòz ou pa konnen. Si nou onèt nan konfesyon peche nou yo, Bondye ap padone nou. Li te fè yon pwomès pou sa, kòm nou ka li’l nan pasaj sa a. 1Jan 1:9 “Si nou konfese peche nou yo, li fidèl e jis pou padone peche nou yo, e pou pirifye nou de tout inikite nou yo.


20.3- Pou ki peche ou dwe kontakte sèvitè Bondye yo?


Pou tout peche ki ouvè pòt bay demon yo, n’ap jwenn yon lis ki pa konplè de peche sa yo nan ansèyman ki rele “Konba Espirityèl la”, ki sou sit la mcreveil.org.


21- Kòman n’ap konnen nou konplètman delivre?


Li ap fasil pou konnen si nou delivre totalman. Lòske demon ki te kenbe lavi nou kaptif yo chase, nou libere, e n’ap santi delivrans sa a e libète espirityèl sa a. N’ap santi yon gran chay sòti sou nou. E lòt bagay nou pral wè de delivrans nou an se nouvo fri nou pra’l kòmanse pote. N’ap santi chanjman an k’ap fèt nan lavi nou an. Bagay nou pa’t ka rive fè pou lagwa Bondye, n’ap fè yo fasilman e avèk lajwa.


Opresyon nou konn santi yo ap sispann; bann atak nou toujou genyen nan tout nwit yo pra’l sispann, echèk nou toujou ap pran chak fwa yo pra’l sispann, e nou pra’l kòmanse eksperimante viktwa e siksè nan lavi nou. Malediksyon yo ki fè nou soufri nan lavi nou e detwi totalman lajwa nou chak fwa, y’ap brize, e n’ap vin konnen yon bèl lavi espirityèl. Si demon ki te nan nou yo, te kenbe nou malad, sa’k t’ap fè nou mal la ap disparèt, doulè nou yo ap disparèt, n’ap geri e libere totalman.


Nou pa bezwen ale trè lwen chache prèv delivrans nou. Prèv yo ap nan nou, e avèk nou. Si nou mande ak yon fanm ki te ansent pou’l ban nou prèv li akouche, li pa prale trè lwen chache prèv yo, l’ap montre nou vant li ki repran fòm nòmal li, l’ap montre nou bebe a, e si pa malè li ta rive pèdi bebe a kòm sa rive pafwa, l’ap pale nou de malè ki te rive’l la e kòman bebe a mouri. Kidonk nou ka wè kounye a, se bagay ki trè klè mwen montre nou la a. Kounye a, tanpri pitit Bondye mwen yo, sispann pètibe sèvitè Bondye yo nan mande chak fwa si nou vrèman delivre. Donk, si nou delivre, nou se premye moun k’ap konnen’l; e si nou doute de sa, nou pa delivre. Medite ka fanm sa ki dekri nan Mak 5: 22-33:


22Konsa te gen youn nan chèf sinagòg la, ki te rele Jayiris, ki , te apèsi Jezi, te lage kò’l nan pye Jezi, 23e li te priye’l anpil: Ti pitit fi’m nan prèske mouri, vini, enpoze’l lamen, pou’l ka sove e pou’l viv. 24Jezi te ale avèk li. E yon gran foul t’ap swiv li e te sere li. 25e te gen yon fanm ki gen yon san k’ap koule sou li depi 12 zan. 26Li te soufri anpil nan men anpil medsen, li te depanse tout sa’l te posede, e li pa’t janm jwenn okenn soulajman, men se pi mal li t’ap vin pi mal pi to. 27Li te tande pale de Jezi, li vin dèyè foul la, e li te touche rad Jezi. 28Donk li te di: Si’m te ka sèlman touche rad li, mwen ap geri. 29Nan menm moman an san an sispann koule, e li santi nan kò’l ke li te geri de maladi’l la. 30Jezi te konnen nan li menm yon fòs te sòti nan li, e li te retounen nan mitan foul la. Li di: kiyès ki touche rad mwen? 31Disip li yo di’l: Ou wè foul la ki sere’w, e ou di: kiyès ki touche’m? 32E li te gade tout otou li, pou wè sila ki te fè sa a. 33Fanm nan te pè t’ap tranble, konnen sa ki te pase nan li a, te vin lage kò’l nan pye Jezi, e li te di’l tout laverite.”


22- Ton e otorite nan delivrans lan


Ton an gen yon enpòtans nan fason’w òdone demon yo pou yo fè sa’w mande yo fè a? Ton pou anplwaye a lè n’ap fè delivrans lan li jwe yon wòl nan delivrans lan? Si’n ta di pito, ton nou itilize nan fason pou òdone demon yo pou ale li gen yon enfliyanse nan delivrans lan? Repons lan se WI. Delivrans se yon gwo konba espirityèl. Se yon gè seryez. Pa gen yon gè, menm yon ti gè ki pa seryez, pa mennen kouche nan kabann. Li pa mennen tou pou chita konfotableman nan yon kanape dous. Okenn vrè konba pa mennen avèk yon ti vwa fèb, ou san fòs ou deprime. Li mennen e pale avèk fòs, vigè e otorite.


Medite egzanp sa yo:


Matye 17:14-2114Lòske tout te prèske rive prè foul la, yon nonm te vin met ajenou nan pye Jezi, li di: 15Senyè, gen pitye pou pitit gason’m nan, ki gen malkadi e ki soufri anpil…18Jezi te pale trè di a demon an, ki sòti nan li, e pitit la te geri menm moman an. …


Mak 1:23-27. “23Te trouve nan sinagòg yo a yon nonm ki te genyen yon lespri sal, e ki t’ap di: 24ki sa ki genyen ant nou menm avè’w, Jezi de Nazarèt? Ou vini pou fè nou pèdi. Mwen konnen kiyès ou ye: Sen Bondye a. 25Jezi te menase’l te di: fèmen bouch ou, e sòti nan nonm nan….”


Mak 9:17-26 “17E yon nonm nan foul la te reponn li: Mèt, mwen te mennen pitit gason’m nan ba ou, ki gen yon lespri bèbè ki posede’l…25Jezi, wè foul la k’ap vini, menase lespri sal la, e li di’l: lespri bèbè e soud, mwen òdone’w, sòti nan pitit la, e pa janm antre ankò. 26E li sòti, pandan l’ap pouse gwo kri…”


Lik 4:33-36 33Te trouve nan sinagòg la yon nonm ki te genyen yon lespri demon sal, e ki t’ap di ak yon vwa fò: 34A!  ki sa ki genyen ant nou menm avè’w, Jezi de Nazarèt? Ou vini pou fè nou pèdi. Mwen konnen kiyès ou ye: Sen Bondye a. 35Jezi te menase’l te di: fèmen bouch ou, e sòti nan nonm nan… 36Tout te sezi e etone, e youn t’ap di a lòt: ki sa pawòl sa a ye? Li kòmande avèk otorite e pisans lespri sal yo, e yo sòti!”


Lik 4: 38-39. “38Pandan l’ap sòti nan sinagòg la, li te ale lakay Simon. Bèlmè Simon an te genyen yon gwo lafyèv, e yo te priye’l pou li. Li panche sou li, li te menase fyèv la, e fyèv la te kite’l: Menm moman an li te leve li te sèvi yo.”


Jan 11:1-45 “Te gen yon nonm malad, Laza moun Betani, vilaj Mari e Mat la, sè li. 2Se te Mari sa a ki te vide pafen sou Senyè a e ki te siye pye’l yo avèk cheve’l, e se te frè li Laza ki te malad la. 3Sè’l yo te voye di Jezi: Senyè, men, sila’w renmen an malad. 4Lè’l te tande sa, Jezi di: Maladi sa a pa pou lanmò; men li pou glwa Bondye, pou pitit Bondye a glworifye pa li….14Alòs Jezi di yo ouvètman: Laza mouri. 15A koz de nou menm, pou nou ka kwè, mwen rejwi paske’m pa’t la. Men an ale kote’l…21Mat di Jezi: Senyè, si’w te isi an, frè’m nan pa t’ap mouri… Lè Mari te rive la kote Jezi te ye a, e li wè’l, li te tonbe nan pye’l, e li di’l: Senyè, si’w te isi an, frè’m nan pa t’ap mouri. 33Jezi, te wè l’ap kriye, li menm e tout jwif ki te vin avè’l yo, Jezi te fremi nan lespri’l, e sa te fè’l trouble anpil. 34E li di: kote nou mete’l? Senyè, yo te reponn li, vin wè. 35Jezi te kriye…38Jezi te fremi ankò nan li menm, te ale kote yo te antere’l la. Se te yon gwòt, e te gen yon wòch ki te plase devan’l. 39Jezi di: retire wòch la…41Kidonk yo te etire wòch la. E Jezi te leve je’l an lè, e di: Papa, mwen rann ou gras deske’w egzose’m. 42pou mwen, mwen konnen’w toujou egzose’m; men mwen pale a koz de foul la ki antoure’m nan; pou yo ka kwè se ou ki voye’m. 43Lè’l fin di sa, li di ak yon gwo vwa: Laza, sòti! 44E mò a te sòti. …”


23- Enpozisyon men yo


Pou kalite enpòtans sijè sa a genyen, nou trove’l pi bon pou trete’l pou kont li, nan yon ansèyman ki rele “Enpozisyon Men yo” ke n’ap jwenn sou sit la www.mcreveil.org.


24- Kiyès ki pa ka delivre?


Kesyon sa a reponn nèt nan ansèyman sou “Disèneman an”: n’ap jwenn li sou sit la www.mcreveil.org. Nan ribrik Ansèyman an.


25- Kiyès ki pa gen dwa fè delivrans lan?


Aprè nou fin byen etidye danje ki genyen nan egzèsis delivrans lan, yo konprann fasilman ke delivrans lan se pa yon ak banal, se pa yon jwèt tout moun ka kouri antre la dan san’w pa pini. Delivrans lan se pou pran otorite sou demon yo, ti demon kou gwo demon, e chase yo nan tèritwa yo, yo te konsidere kòm tèritwa yo. Delivrans lan pa lòt bagay ke yon gran konba espirityèl. Se yon bagay trè riske, si tèlman lespri mechan yo pa’p janm aksepte soumèt yo san yo pa batay, e yo soumèt lè yo pa gen chwa.


Si pou delivrans pèsonèl la chak pitit Bondye ka fè’l jan nou eksplike’l nan ansèyman “Delivrans Pèsonèl la” se pa menm bagay pou delivrans an jeneral. Gen yon kategori de moun ki pa gen dwa janm antre nan fè delivrans. Moun sa yo, se payen yo, nouvo konvèti yo, kretyen ki inyoran e ki mal kanpe yo, kretyen posede, kretyen ki pran plezi yo nan fo levanjil la, kretyen rebèl yo, sa vle di sila yo ki pa prè pou mete Pawòl Bondye yo an pratik, e fanm yo.


25.1- Payen yo


Satan pi fò ke tout moun. Se Jezi Kris ki nan nou an ki pi fò ke satan, e se li ki ban nou viktwa sou satan ak lespri sal yo. Kòm payen yo pa gen Jezi nan yo, li difisil pou yo gen viktwa sou demon yo.


25.2- Nouvo konvèti yo


Nouvo konvèti yo nan zèl yo genyen kan yo fenk konvèti yo trè souvan souzestime pisans satan ak demon yo. Sa fè yo kouri nan fè konba delivrans lan san pridans e yo inyore prensip yo. Se pou tèt sa Senyè a pa vle yo bay nouvo konvèti yo nenpòt reskonsablite nan Legliz la. “fòk li pa yon nouvo konvèti, pou’l pa anfle ak ògèy, pou’l pa tonbe anba jijman dyab la.” 1Timote 3:6.


25.3- Kretyen ki inyoran yo ou mal kanpe yo


Konnen pou yon demon egzekite lòd ou fòk ou nan yon pozisyon otorite sou li. Ou dwe espirityèlman pi fò ke yon demon pou ka chase’l. Sa vle di, pou sila yo k’ap viv nan inyorans, ou nan nenpòt fòm konpromisyon, kouri al fè yon delivrans ki se pa delivrans pèsonèl la, li trè riske.


25.4- Kretyen posede yo e kretyen rebèl yo


Mwen te di nou deja ke tèm “kretyen posede a” se yon gwo betiz li ye. Yon kretyen posede pa diferan ke yon payen. Se menm jan an pou yon kretyen rebèl. Se yon pakèt moun ki ankò nan kan satan, ki sou chemen lanfè. E moun ki ankò nan kan satan pa gen okenn otorite sou satan ak demon’l yo.


25.5- Sila yo ki pran plezi yo nan fo levanjil la


Sou sèl tèren pou kanpe pou konbat satan e venk li, se la verite a, sa vle di bon doktrin Jezi Kris la. Kontan nan fo levanjil la, se ankò bò kote satan, e li enposib pou konbat satan tout otan’w nan kan li.


25.6- Fanm yo


Senyè a te defann yon fason fòmèl a fanm pou pa ansenye, ou pou pa pran otorite sou gason, e te mande’l pou’l soumèt li nan Legliz. “11se pou fanm nan koute enstriksyon an silans, pou li soumèt tèt li nèt. 12 Mwen pa pèmèt fanm ansenye, ni pou pran otorite sou gason; men li dwe demere nan silans. 13Donk se Adan ki te fòme an premye, Èv a prè, 14e se pa’t Adan ki te sedwi, se fanm nan ki te sedwi, li rann li koupab kan’l te dezobeyi.” 1Timote 2:11-14.


Fanm yo pa dwe kite plas ke Bondye rezève pou yo nan Legliz la. Egzèsis delivrans lan pa konsène yo. Yo dwe sèlman rete nan delivrans pèsonèl la. Sijè ki konsène ministè fanm nan te trete bout pa bout nan plizyè ansèyman ke n’ap jwenn sou sit mcreveil.org. E nan yon fason ki konplè nan ansèyman ki rele “ministè fanm nan”, ke n’ap jwenn sou menm sit la.


An atandan, konnen ke tout gason sa yo ki nome fanm pastè, se demon yo ye. Si nou swiv yo, n’ap boule avèk yo nan lanfè a. Konnen tou yon fwa pou tout, ke tout Jezabèl sa yo ke nou rele “fanm pastè”, “fanm evanjelis”, “fanm doktè”, fanm profetès ki gen pròp ministè yo, “fanm apot”, “ou senpleman fanm ansyen”, se lougawou yo ye. Se yon bann demon ki sòti depi nan mond fènwa a pou sedwi e egare plis moun. Si nou vle sove, kouri pou tout legliz ki kondi pa lougawou sa yo, e kouri pou tout legliz kote yo nome fanm pastè la dan yo. Si nou vle pase letènite nou nan lanfè, kontinye swiv yo. Nou avèti!


Si se lougawou ajan satan sa yo ki te batize nou, si yonn nan lougawou ajan dyab sa yo te priye pou delivrans nou, konnen se nan dyab nou te inisye, e nou posede.


26-Danje ki genyen nan delivrans lan


Danje ki genyen nan delivrans lan yo anpil, li konsène, moun ki kouri ap fè delivrans san yo pa’t kalifye pou sa, e answit sila k’ap swiv pastè ajan dyab yo, e anfen sèvitè Bondye ki inyoran e san disèneman.


26.1- Danje pou sila ki pa kalifye yo


Fè yon delivrans se bay lespri mechan yo yon lòd avèk otorite, lòd ke yo dwe soumèt avèk yo. Yo ban nou yon egzanp nan Mak. 23Te trouve nan sinagòg yo a yon nonm ki te genyen yon lespri sal, e ki t’ap di: 24ki sa ki genyen ant nou menm avè’w, Jezi de Nazarèt? Ou vini pou fè nou pèdi. Mwen konnen kiyès ou ye: Sen Bondye a. 25Jezi te menase’l te di: fèmen bouch ou, e sòti nan nonm nan, 26e lespri sal la sòti nan nonm nan, li te souke’l anpil anpil, e li pouse yon gran kri. 27Yo tout te trè etone, o pwen ke yo t’ap mande youn lòt: ki sa sa a ye? Yon lòt doktrin! Menm lespri sal yo li kòmande avèk otorite, e yo obeyi’l.” Mak 1:23-27.


Fè delivrans se pa yon bagay piti ke tout moun ka kouri antre la dan pou yo panse yo gen sekirite. Konsekans ki genyen nan egzèsis delivrans lan san disèneman yo anpil. Moun ki vin antre fè delivrans lan demon ka posede’l e menm touye’l, s’il pat kalifye pou sa. A pawòl sa a nou genyen yon egzanp ki trè edifyan nan Travay 19: 13-16 13Kèlke majisyen jwif ki t’ap mache tout kote te eseye envoke sou sila yo ki te gen lespri sal sou yo Non Senyè Jezi, yo te di: Mwen mande pa Jezi ke Pòl ap preche a! 14si la yo ki te fè sa a, se 7 pitit gason Seva, jwif, yonn nan prensipo sakrifikatè yo. 15Lespri malen an te reponn yo: Mwen konnen Jezi, e mwen konnen kiyès Pòl ye, men nou menm, kiyès nou ye? 16Nonm ki te gen lespri malen yo te lanse sou yo, li te domine yo tout, e li te maltrete yo, kote yo te menm rive kouri ki te kay la toutouni e blese. Nou wè nan pasaj sa a, sò ki tris ke demon yo rezève pou moun ki antre nan fè delivrans san kalifye.


26.2- Danje pou pastè inyoran yo e san disèneman yo


Sèvitè Bondye yo dwe konprann priye san disèneman pou moun, se yon gran pyèj, e kouri nan fè delivrans je fèmen se yon danje, ankò, danje ki gen nan fè delivrans lan san disèneman, nou ka site distraksyon ajan satan yo ploje pastè inyoran yo, e nan salte lougawou ajan dyab sa yo antre tout sèvitè Bondye ki manke disèneman. Kèk nan lougawou sa yo, si tou fanm yo, yo toujou bezwen delivrans, e yo pa janm delivre. Lè yo vin jwenn nou mande nou delivrans, se pou yo ka distrè nou, pou fè nou pèdi tan nou, pou anpeche nou konsantre nou sou travay Bondye a; an swit se pou tann pyèj pou nou, pou aneyanti pisans Bondye a ki nan lavi nou an, e pou toufe onksyon Bondye a ki sou nou an. Pa janm tonbe ban pyèj vanpi sa yo.


Ajan dyab lougawou sa yo toujou eksplwate mank disèneman pastè inyoran yo. Chak fwa yo vini yo fè yo pase pou moun ki vle delivrans. E pastè inyoran yo tonbe nan pyèj. Lòt lougawou vini avèk konplisite plizyè lòt demon, kreye espektak, pou fatige pastè yo, distrè yo, fè yo pèdi tan, e detwi pisans espirityèl yo. Kòm yo konnen degre nayivte plizyè pastè Jodi a, yo vini tou prepare ak yon pakèt bagay ki sòti depi nan mond fènwa, yo vini san kilòt. Depi’w tonbe nan pyèj priye pou yo, yo lage kò yo a tè e yo kòmanse woule, e yo aranje yo pou kichòy yo parèt ki te deja san kilòt, pou yo sal panse’w, e fè aji pawòl malefik yo a sou ou.


26.3- Danje pou sila yo k’ap swiv pastè ajan dyab lougawou yo


Tout moun ki al lakay pastè ajan dyab lougawou yo, e kay tout lougawou ke yo rele fanm pastè, pou chache delivrans, se nan dyab yo tou inisye. E olye yo delivre, se posede yo posede pi to. Konnen ke chak fwa ajan dyab lougawou yo priye pou nou, se pawòl malefik y’ap di sou nou, paske yo konnen se pa Bondye Papa Jezi Kris y’ap priye vre, se satan y’ap priye, se sa ki vrè madichon an. Yo inisye nou nan dyab. Pastè ajan dyab lougawou yo, se okazyon sa yo y’ap tann pou inisye plis moun nan dyab. Se dayè yon bèl okazyon pou mare anpil pak ant viktim nan e mond satan an. Pa janm aksepte pastè dyab lougawou sa yo priye pou nou. Si nou fè sa, n’ap regrèt li.


Mwen mete kretyen ki gen tèt di yo an gad ki prefere sediksyon ke laverite. Nou tout ki kouri pou laverite a pou al Jwenn fo pisans lan, fo mirak yo, fo ansèyman yo, e fo temwanyaj yo ki fabrike de pi nan mond fènwa a, konnen ke lanfè ap tann nou. Repanti rapid e retounen nan ansèyman Jezi yo, ki baze sou sa ki ekri nan Bib la. Pa kouri dèyè temwanyaj yo. Pyès temwanyaj pa ka ranplase pawòl Bondye a.


Konnen plizyè temwanyaj se depi nan mond fènwa a yo fabrike, pou yo inisye nou nan dyab pito. Malè a tout moun ki kite vrè ansèyman Senyè a pou sèlman li temwanyaj yo, se nan li Bib la nou vin pwòp, e se pa nan li temwanyaj yo. Si nou plis renmen li temwanyaj yo ke Bib nou konnen nou posede. Si nou pi renmen swiv fim relijye yo pase pou nou li e pou medite Bib nou, konnen ke nou posede, Si nou plis alèz pou koute ansèyman sediksyon ki promèt nou benediksyon, prosperite, maryaj, e lòt bagay ki atire lachè nou, e ki atire je nou, ke pou’n swiv ansèyman bon doktrin nan, konnen nou posede. Chache delivrans. Tout vrè pitit Bondye ki pa posede mete tout plezi li pou li e pou medite pawòl Bondye a e ansèyman ki vrè e ki reyèl yo. Baze sou bon doktrin nan.


Gen plizyè kretyen k’ap sedwi tèt yo, e ki bay Senyè a lenpresyon ke yo renmen Bondye e yo renmen la verite a. Kan Senyè a montre yo la verite a, yo egzamine la verite a, e yo rann yo kont ke yo pa prè pou peye pri la verite a. Ki donk yo fè sanblan yo pa wè la verite a, e yo kontinye ap chache. Yo kouri dèyè satanis yo, pou chache glwa, pisans, e chache gen konesans sou bagay satan yo. Yo prefere tande bagay ki agreyab. Senyè a wè yo e li ki te yo fè sa.


Kan satanis yo pran yo, inisye yo nan dyab, detwi yo espirityèlman, finansyèman e materyèlman, yo tonbe kriye san rete, yo plenyen ke satanis yo devore yo, e yo retounen vin rele nan pye Senyè a. Pou nou ki nan ka sa a, konnen kriye nou yo pa’p atire konpasyon Bondye sou nou, piske Bondye konnen se pa’t inyorans ki te mennen nou nan pyèj satanis yo, men pito dezi nou te genyen pou nou te swiv bèl ti pawòl agreyab. Bondye konnen se a pwòp volonte nou ke nou te kouri pou la verite a. Pou nou akonpli pawòl 2Timote 4:3-4. “Donk l’ap vini yon tan kote moun pa’p sipòte bon doktrin nan; men, y’ap anvi tande bagay ki agreyab, y’ap mete foul doktè yo selon pwòp dezi yo,4yo pa’p vle tande la verite a, e y’ap retounen vè bagay ki pa vrè.”


Nou pa genyen pyès rezon pou n’ap plenyen. Repanti ak tout kè nou, e si nou vle antre nan syèl la, abandone sediksyon an e retounen nan bon doktrin nan pandan li ankò tan. Nou gen prèv nou menm ke satanis sa a yo pran nou. Konnen ke yo te inisye nou nan dyab, e satanis sa yo siyen anpil pak ant nou menm avèk mond satan an. Ki donk nou bezwen delivrans. E kòm nou dekouvri’l atravè ansèyman sa a, si nou pa delivre, nou pa’p antre nan syèl la. Nou avèti!


Konnen tou tout lajan e tout sa nou envesti nan ajan dyab lougawou sa yo, yo pèdi. Bondye pa’p klase yo pami bon zèv l’ap tann nan men pitit li yo. Nou antre tèt nou nan tout vye bagay sa yo aprè nou fin meprize gras Bondye te fè nou kan li revele nou la verite a. Tout sa nou te bay a ajan dyab lougawou sa yo kòm dim, afrann, don, elatriye yo pèdi pou tout bon. Nou pa’p gen ni benediksyon, ni kouronn nan syèl la pou fo sakrifis sa yo ke nou te fè yo. Okontrè menm, se malediksyon ke nou atire sou nou kan nou pa vle kite bagay sa yo.


Satanis yo, swa dizan ansyen satanis yo, e tout pastè lougawou yo, yo se gwo danje pou nou. Nou dwe kouri pou yo si nou vle sove. Kèk nan nou pra’l mande kòman pou rekonèt pastè ajan dyab lougawou yo. Si Senyè a pèmèt sa. M’ap fè yon ansèyman espesyal k’ap rele “kòman pou rekonèt pastè ajan dyab lougawou yo.” Men pandan n’ap tann ansèyman sa a, yon lòt ansèyman ekspoze bout pa bout pastè ajan dyab lougawou yo, ke yo te ban nou deja, li rele “disèneman an” n’ap jwenn li sou sit la mcreveil.org nan ribrik ansèyman.


27- Bagay yo itilize pou delivrans lan


Pastè ajan dyab lougawou yo mete nan legliz yo anpil pratik dyab ke yo enpoze pou yo fè depi nan mound satan an. Chak fwa y’ap òganize komedi yo a ke yo rele seyans delivrans lan, yo sèvi avèk anpil bagay satanik pou yo lage pawòl malefik sou moun ki nayiv k’ap swiv yo. Men sou kèk vèsè ajan dyab lougawou yo apiye pou yo inisye fidèl yo nan dyab.


Mak 7:33-34. 33Li te pran’l sou kote lwen foul la, li te mete dwèt li nan zòrèy li, e li te touche lang li avèk pwòp saliv li. 34Epi li leve je’l nan syèl la, li te fè yon soupi e li di: Ephphatha, sa vle di ouvè.” Mak 8:23 “Li pran avèg la nan men, e li mennen’l deyò vilaj la. E li mete saliv li sou je li yo, li te enpoze’l la men e li te mande’l si’l wè kèk bagay.”


Travay 19:11-12 E Bondye te fè anpil gwo mirak ak men Pòl, 12kote yo te menm rive aplike sou malad yo ti twal ak mouchwa ki te touche kò’l, e maladi yo te kite moun yo, e lespri malen yo te sòti.” Travay 5: 14 16 “…15e yo menm te pote malad yo nan ri yo, e yo te plase yo sou kabann ak lòt bagay pou yo te kouche, pou lè Pyè t’ap pase, lonbraj li omwens te kouvri kèk ladan yo. 16foul moun yo te kouri nan vil ki antoure Jerizalèm yo, yo Mennen malad yo ak moun ki te toumante pa lespri sal yo, e yo tout te geri.”


Ajan dyab lougawou sa yo sèvi a pasaj sa yo pou yo jistifye pwodwi y’ap itilize yo tankou lwil, yo di ki se lwil onksyon, sèl, mouchwa pa yo, ti bout twal yo, e lòt bagay ankò, nan moman yo pretann ki moman delivrans lan. E bann demon kipid sa yo vann fidèl yo tout ti bagay dyab sa yo. Mande ajan dyab lougawou sa yo si yo te wè yon jou swa Jezi, swa apot Jezi yo te vann yon sèl bagay delivrans. Piske yo pretann y’ap imite Jezi ou apot li yo kan y’ap itilize saliv ou mouchwa e lòt bagay, mande yo pou konbyen Jezi te vann moun li te delivre yo saliv li a, pou konbyen apot Pyè te vann lonbraj li ki te kouvri malad yo, konbyen apot Pòl te vann ti bout twal ou mouchwa yo te mete sou malad yo pou yo te geri yo.


Pandan ke Jezi e disip li yo fè delivrans gratis, ajan dyab lougawou sa yo ki pretann y’ap imite Jezi yo se espesyalis nan vann swadizan pwodwi delivrans. Poutan enstriksyon Bondye yo klè: “Geri malad yo, resisite mò yo, geri moun ki gen lèp yo, chase demon yo.  Nou resevwa gratis, bay gratis. Matye 10:8.


An nou raple demon sa yo ke apot Pòl pa’t janm mete yon mouchwa ou yon ti bout twal sou pyès moun pou yon delivrans ou pou yon gerizon. Se frè yo, ki te konnen onksyon ke Bondye te bay Pòl, ki te gen la fwa ki te mete san Pòl pa’t konnen bagay ki te touche kò’l, sou moun yo, e moun yo te kapab delivre e geri.


Nou konnen trè byen Bondye trè gran nan fason li aji, kòm nou ka li sa nan pasaj sa a, Sòm 135:6 “Tout sa Letènèl vle, li fè’l, nan syèl yo e sou tè a, nan lanmè yo e nan tout abim yo.” Men fò’w pa kache dèyè grandè Bondye pou jistifye foli yo ke ajan dyab lougawou yo ap fè jounen jodi a. Konsa, byen ke Bondye glorifye nan geri malad yo pa objè sa yo tankou mouchwa, lwil, twal e lòt bagay, sèl sa yo te rekòmande nou pou itilize nan konba espirityèl la, se lwil: Mak 6:13yo te chase anpil demon, e yo te fote lwil sou anpil malad e geri yo.Jak 5:14 “Kèk nan nou malad? Ke’l rele ansyen Legliz yo, e ansyen yo ap priye pou li, e fote lwil sou li nan Non Senyè a.”


Kidonk konnen tout swadizan pastè sa yo k’ap sèvi avèk bagay pou pratike afè dyab yo, ke yo rele delivrans, yo se ajan lanfè. Se yon bann demon ki sòti depi nan mond fènwa a pou inisye moun yo nan dyab, e mare yo pou toujou nan satan. Si nou vle sove, kouri pou sèpan sa yo. E si nou prefere lanfè, kontinye swiv yo. Nou avèti. San nou pral tonbe sou tèt nou.


28- Komedi demonyak


Gen plizyè satanis ki espesyalize nan komedi demonyak. Yo òganize a chak moman nan tabènak satanik yo a anpil seyans komedi ant yo menm e kèk lougawou yo fòme pou fè komedi a. Chak fwa lougawou sa yo kouche a tè, e yo fè yo pase pou fanm ki posede, ke lespri demon ap ajite. Lòske yo kòmanse, pastè demon an kòmanse sèn nan e mande yo: “kiyès ou yo?” E chak lougawou yo site non yon òm politik ou yon pèsonalite ke yo te peye pastè demon an pou konbat.


Yon fwa yo site non pèsonalite a, lougawou swadizan posede a, pastè demon an antre avè’l nan yon dyalòg ki pa ka fini, e sèn ki bay anvi vomi sa a vin tèm kil la jou sa a. E fidèl yo ke yo deja pran lespri yo pa menm rann kont ke sa y’ap swiv la se yon bagay ki te prepare, òganize e planifye de pi nan mond fènwa yo.


Sa ki tris, moun mwen renmen anpil yo, se chak jou menm sèn sa yo repwodwi, avèk menm lougawou yo ki pa janm delivre. Lèse’m revele nou kòman pastè demon sa yo ap fè moun ri yo san yo pa rann kont. Mwen pral analize avèk nou youn nan egzanp vye bagay komedi yo a ant youn nan sèpan pastè yo e youn nan vipè ke yo pretann ki gen lespri sal la. Mwen pral dekòyike pou nou yon ti videyo de youn nan foli yo a ke yo poste sou YouTube.


28.1- Egzanp vye bagay komedi yo a


Pastè demon an: Kanpe! Kiyès ou ye? Lougawou posede a: Mwen te kouche deja. Pastè demon an: Kiyès ou ye? Eey! Kiyès ou ye? Ki kote’w te kouche? Lougawou posede a: Lakay mwen. Pastè demon an: Ki bò? Lougawou posede a: Kòman ki bò a? Pastè demon an: Lakay ou ki bò’l ye? Lougawou posede a: Ou konn a kiyès ou an afè la a? Pastè demon an: Dife sou ou. Lougawou posede a: Sa dife a ye? Pastè demon an: Dife sou ou depi nan tèt ou rive nan pye’w. (Li kriye pi fò). Lougawou posede a: Ou vle’m voye’l retounen sou ou Pastè demon an: Kiyès ou ye?  Lougawou posede a: Mwen se ekselans lan. Pastè demon an: Kiyès? Lougawou posede a: (lougawou posede a site non yon minis repiblik la, ke yo te peye pastè demon an pou dyabolize’l.) Pastè demon an: Ki sa? Kiyès? Kiyès sa a? Eee!


Nan nivo sa a moun nan sal yo reponn e yo di a pastè sèpan an, se yon non minis wi. E magwouyè a fè kòm si li pa konnen de kiyès yo t’ap pale a. Poutan se minis yo plis konnen an e ki pi selèb nan peyi’l a koz de kondwit sal li yo. Aprè sa, pastè demon an di: Eee! “Ou byen vini!” E bann idyo yo bat bravo nan sal la. E aprè pastè demon an prezante lougawou a bay asistans lan kòmsi se gran minis la ki parèt. E yo kontinye konvezasyon yo a ki pa ka fini an.


28.2- Analiz


Moun mwen renmen anpil yo, jan de komedi sa yo pran plizyè lè chak fwa. Pandan tan sa a swadizan pastè pisan sa a bay lòd a lougawou posede’l la ki reziste avè’l e ki pa soumèt a pyès lòd pastè ajan dyab lougawou a. Byen okontrè li menase ajan dyab lougawou a e ba’l defi pandan anpil lè. Si ajan dyab lougawou a te gen yon ti grenn entèlijans, li t’ap konprann se kò’l ki toutouni an li t’ap kontinye fè wè nan je tout moun nan mond lan; donk se devan anpil kamera ke tout teyat sal sa a t’ap pase. Ki òm Bondye reyèlman pisan ki ka pase anpil lè ap bay lòd a yon lespri sal san siksè? Kòm moun satan sa yo sève’l yo gen tou ladan, sèpan an fè filme sèn kè plen sa yo, pou mete yo a dispozisyon tout moun nan mond lan, li kwè li montre li pisan, men elas!


Moun mwen renmen anpil yo konnen, tout swadizan pastè sa yo ki mete nan espektak avèk lougawou posede yo a pou montre pisans yo, yo se ajan satan. Se yon bann demon ki sòti depi nan mond fè nwa a pou detounen moun ki inyoran yo nan chemen Bondye a. Nou pa’p jamè trouve nan Bib la yon sèl sèvitè Bondye ki fè teyat avèk lespri sal yo.


Karaktè twoublan nan sitiyasyon etranj sa a, sèke menm lespri sal yo, yo nan menm legliz yo chak jou, e jwe menm komedi yo, san yo pa janm chase. E menm lougawou yo swadizan posede yo nan menm legliz yo, e a chak kil, yo jwe menm komedi yo, san yo pa janm delivre. E ajan dyab lougawou yo ki fè tèt yo pase pou òm Bondye pisan, chak jou yo y’ap bay lòd a menm lespri sal yo, ki pa janm obeyi yo. Kouri pou tout pastè demon sa yo, e legliz satanik sa yo, si nou vle sove, si nou kontinye swiv pastè demon sa yo, n’ap boule avèk yo nan lanfè a. Nou avèti.


29- Delivrans peye


Yon pratik satanik ki enstale nan milye relijye yo k’ap avanse. Ajan satan yo ki sòti nan mond lanfè a yo mete yon seyans mafia ke yo rele “konsiltasyon” e “delivrans”. Pou rankontre pastè demon sa yo, mizerab moun ki posede yo ou moun malad yo dwe peye yon lajan kòm “frè konsiltasyon”. E aprè sa yo pretann ki konsiltasyon an, pastè lougawou yo fikse yon montan pou peye, selon gravite chak ka.


Frè’m yo e zanmi’m yo, men yon eleman k’ap pèmèt nou rekonèt plizyè ajan lanfè ke n’ap rele pa inyorans sèvitè Bondye. Konnen tout pastè, profèt, apot, bishop e lòt ki pretann yo se sèvitè Bondye k’ap mande lajan swa pou yon “konsiltasyon” ou pou yon delivrans, yo se demon, se yon bann ajan lanfè. Renmen lajan anpil yo a toujou la, pou trayi yo. Demon sa yo pa’t janm sèvitè Bondye e yo pa’p janm kapab obeyi a Jezi Kris. Satan voye yo pou eksplwate mizè pòv inosan yo e detwi yo finansyèman, e answit inisye yo nan dyab.


Konnen ke ekspresyon “demon yo” e “ajan lanfè” ke mwen itilize pou mwen rele ajan dyab lougawou sa yo, se pa ensil yo ye. Sèpan sa yo se ajan satan ki sòti depi nan mond fènwa a pou detounen nan chemen Bondye a, tout moun ki vle swiv Jezi Kris vrè Bondye a. Kan nou tonbe nan pyèj ba yo lajan, nou ouvè pòt aksè bay satan nan vi nou avèk tranzaksyon sa a nou fè a. Ajan dyab lougawou sa yo profite pòt ouvè sa a pou siyen anpil pak ant nou menm ak mond satan a. Kidonk se nan men satan nou livre nou, men ak pye nou mare.


Non sèlman y’ap detwi nou finansyèman, men Anplis yo inisye nou nan dyab kan yo priye pou nou. Priyè nou pretann pitit malen sa yo fè sou nou an se pa priyè yo ye, se pawòl malefik yo ye. Atravè pawòl malefik sa yo, yo inisye nou nan dyab, e mare nou avèk mond fènwa a. E fòk se gras Bondye ki ka fè yon jou pou nou jwenn vrè delivrans lan.


Nou tout ki te wè ajan dyab lougawou sa yo yon jou pou “konsiltasyon” ou delivrans, konnen ke nou siyen anpil pak avèk satan; konnen ke kontrèman a sa nou panse a, pito nou delivre, nou fè yo inisye nou. Nou sòti lakay pastè demon sa yo pito posede ke lè nou te vin lakay yo a. Kidonk konnen, zanmi’m yo, ke nou posede, nou bezwen delivrans, chache rapidman vrè delivrans lan pandan gen tan toujou.


Konnen ke Jezi Kris vrè Bondye a pa’t janm vann Sali a, li pa’t janm vann gerizon; e li pa’t janm vann delivrans. Li te fòmèlman entèdi a vrè sèvitè’l yo pou pa vann gerizon an ou delivrans lan. Men lòd fèm li te bay a tout vrè sèvitè’l yo: “Ale, preche, e di: wayòm syèl yo pa lwen. 8 Geri malad yo, resisite mò yo, geri moun ki gen lèp yo, chase demon yo. Nou resevwa gratis, bay gratis.” Matye 10:7-8.


Okenn vrè sèvitè Bondye pa ka vyole kòmandman Jezi Kris sa a. Kidonk konnen, tout swadizan sèvitè Bondye k’ap mande lajan pou priye pou malad yo ou pou delivre moun, yo se demon. Konnen tou ke menm sa yo ki pa mande lajan avan lapriyè ou avan delivrans lan, men ki aksepte lajan aprè gerizon an ou aprè delivrans lan, se moun ki renmen lajan. Jezi pa’t mande geri ou delivre moun dabò, e aprè pran lajan an. Li te pito mande pa pran anyen, ni avan delivrans ou gerizon an, ni aprè. Nou te resevwa gratis, bay gratis. Mesaj sa a klè, e li fèm.


E kòm nou menm nou ka konstate’l, se byen bèl pou ka presi sa yo lapriyè, gerizon, e delivrans lan, ke Senyè a te chwazi ensiste sou bay gratis la. Senyè a vle pou Sali a, gerizon an, delivrans lan. E mirak li fè yo atravè vrè sèvitè’l yo, pou yo totalman e absoliman gratis. Se ajan satan demon yo ki fè lapriyè a, gerizon an, delivrans lan, ou mirak yo tounen bagay komès.


Nou tout ki kwè nou se vrè sèvitè Bondye, pa janm tonbe nan pyèj pran lajan nan men nenpòt moun li ye a pou lapriyè, gerizon, delivrans, ou mirak. E si sa te rive nou deja nou te tonbe nan tantasyon renmen lajan e pran lajan nan men moun pou lapriyè, ou gerizon, ou delivrans, ou mirak, nou dwe repanti e remèt tout moun lajan yo. E menm nan ka se moun sa yo ki aprè yo fin geri, fin delivre ou mirak te fèt pou yo ki vini yo menm ban nou lajan e nou te pran, repanti e remèt moun sa yo lajan yo, si nou pa fè sa, n’ap rann kont a Bondye. Ki te pitit Gerazi yo fè travay papa yo Gerazi. Pa imite yo. Mwen envite nou li istwa Gerazi a nan 2 Wa 5 pou rafrechi memwa nou.


30- Delivrans espektak


Frè’m yo ak zanmi’m yo, men yon lòt eleman disèneman k’ap pèmèt nou rekonèt ajan lanfè yo ke n’ap rele pa inyorans sèvitè Bondye. Plizyè transfome delivrans lan nan yon sòt espektak ridikil ki fèt chak jou kil yo. Nou wè yo pouse moun yo a tè, swa yo bouskile yo, o swa yo soufle sou yo, swa yo touche yo avèk objè malefik tankou moso twal, elatriye. E pandan y’ap fè espektak la, lòt ajan lougawou ap mache dèyè yo pou kenbe tout moun ki pral tonbe yo.


Si nou deja li nouvo testaman nou an menm yon sèl fwa, nou p’ap janm wè Jezi te fè delivrans espektak, e okenn vrè apot Jezi yo pa’t fè jan delivrans espektak sa yo. Nou pa’p janm wè jan de foli sa yo pyès kote nan Bib la. Konnen ke tout pastè ajan dyab lougawou sa yo ki fè espektak sa yo, se ajan lanfè yo ye ki sòti depi nan mond fènwa a avèk misyon pou egare inyoran yo. Si nou vle sove, kouri pou tout demon sa yo.


31- Delivrans e piblisite


Ajan satan yo ke nou rele pa inyorans sèvitè Bondye, ban nou chak fwa lenpresyon ke yo se imitatè Kris. An’n al wè sa vrè Kris la te fè:


Matye 9:27-30 27Lè li kite kote’l te ye a, 2 avèg t’ap swiv Jezi, ki t’ap di: gen pitye pou nou, pitit David la! 28Lòske’l te rive nan kay la, avèg yo te aproche yo sou li, e Jezi di yo: Nou krè’m ka fè sa? Wi, Senyè, yo te reponn li. 29Alò li te touche je yo, pandan’l te di yo: ke sa fèt pou nou selon lafwa nou. 30E je yo te ouvri. Jezi te fè yo rekòmandasyon sevè sa a: Fè atansyon pou pyès moun pa konn sa.”


Mak 5: 35-43. “Kòm li t’ap pale ankò, te gen moun ki te sòti kay chèf si nagòg la ki te di: Pitit fi’w la mouri; pou kisa w’ap deranje Mèt la ankò? 36Men Jezi, san li pa okipe pawòl sa yo, di a chèf sinagòg la: Pa krenn, kwè sèlman. 37E li pa’t pèmèt pèsonn akonpanye’l, sèlman Pyè, Jak e Jan frè Jak la. 38Yo te rive nan kay chèf sinagòg la, kote Jezi te wè yon gwo foul, e moun ki t’ap rele e ki t’ap pouse gwo rèl. 39Li te antre, e li te di yo: poukisa n’ap fè bri, e poukisa n’ap rele? Pitit la pa mouri, men l’ap dòmi. 40E yo t’ap moke’l. Alò, li te fè tout moun sòti, li te pran avèk li papa e manman pitit la, e sila yo ki te akonpanye’l yo, e li te antre kote pitit la te ye a. 41Li te pran li nan men, e li di’l: talitha koumi, sa ki sinyifi: jèn fi, leve’w, mwen di’w. 42Menm moman an jèn fi a te leve, e te kòmanse mache, donk li te genyen 12 zan. E yo te nan yon gran etonnman. 43Jezi te adrese yo anpil gwo rekòmandasyon, pou pyès moun pa’t konn bagay la; e li di yo pou bay jèn fi a manje.”


Kòm nou so’t li’l, Jezi pa’t fè piblisite aprè mirak li yo, delivrans li yo, ou gerizon’l yo. Kisa demon yo fè ke nou rele pa inyorans sèvitè Bondye yo? Dèske yo fè kèk mirak ke yo fabrike depi nan mond satan an, yo fè piblisite tout kote avè’l. Trè souvan yo menm envite kamera pou filme mirak yo; yon fason pou di nou yo konnen davans yo pral fè mirak. Sa se yon prèv manipilasyon ajan satan yo. Vrè sèvitè Bondye pa konnen davans ke yo pra’l fè mirak sa a, ou delivrans sa a, piske se pa yo menm k’ap fè’l, se Jezi Kris Mèt yo ki fè’l. E tout sa Senyè a fè, li fè’l kan li vle e jan li vle. Satanis yo, yo menm, pase tan yo ap fè piblisite pou zèv yo. Yo prezante yo e fè prezante yo patou avèk diferan mirak ke yo pretann yo te fè; avèk foto beki, chèz woulant e lòt objè ke Yo di yo te kolekte aprè seyans mirak yo; elatriye.


Pou nou menm pitit Bondye yo, veye pou nou pa janm tonbe nan pyèj satanis sa yo. Senyè a chwazi ekspoze yo e ouvri je nou. Si nou tonbe ankò nan pyèj swiv yon sèl ajan lanfè yo rele pa abi pastè ou sèvitè Bondye, nou pa’p gen ekskiz. Konnen ke tout moun ki promèt mirak a moun se demon. Mirak yo promèt nou yo fabrike depi nan mond satan an. Okenn vrè sèvitè Bondye pa ka promèt mirak a moun, piske vrè sèvitè Bondye yo konnen raman davans diferan mirak ke Mèt yo Jezi Kris pral fè. Si nou vle sove, kouri pou tout demon sa yo.


32- Pale anpil avèk demon yo


Plizyè pastè inyoran pandan y’ap fè delivrans lan, pase tan yo ap diskite avèk lespri sal yo. Kèk pase anpil lè e menm anpil jou ap pale anpil e ap babye avèk lespri sal yo. Inyoran sa yo soutni foli a pa egzanp Jezi Kris la fas a nonm posede a nan peyi Gadarenyen yo nan Mak 5. Yo kwè ap imite Jezi, swadizan pastè sa yo pase tout tan yo, devan chak ka delivrans, ap diskite avèk lespri sal yo. Trè souvan yo menm goumen. Ann egzaminen ansanm pasaj levanjil Mak sa a:


Mak 5: 1-13. Yo te rive lòt bò lanmè a, nan peyi Gadarenyen yo. 2Menm moman an Jezi te sòti nan bak la, yon nonm te vin devan’l, ki te sòti nan tonm yo, e yon lespri sal te posede’l, …6li te wè Jezi byen lwen, li te kouri prostène’l devan li, 7e li te di avèk yon gwo vwa: Kisa’t genyen ant mwen menm avè’w, Jezi pitit Bondye trè wo a? Mwen sipliye’w anpil nan Non Bondye, pa toumante’m. 8Donk Jezi te di’l: Sòti nan nonm nan lespri sal! 9E li te mande’l: Ki non’w? Mwen rele lejyon, li te reponn li: donk nou se plizyè. 10E li te priye’l avèk enstans pa voye’l deyò peyi a. 11Te genyen la a, nan montay la, yon gran twoupo kochon ki t’ap manje. 12E demon yo te priye’l, yo t’ap di: Voye nou nan kochon sa yo, pou nou ka antre nan yo. 13Li te pèmèt yo sa. E lespri sal yo te sòti, te antre nan kochon yo, e twoupo yo te kouri nan pant lan lage kò yo nan lanmè; te genyen anviwon 2 mil, e yo te nwaye nan lanmè a.”


Men pasaj plizyè pastè inyoran menm jan avèk anpil pastè ajan dyab lougawou, eksplwate pou jistifye foli sa a ki fè yo ap pede pale anpil avèk lespri sal yo chak fwa y’ap fè komedi yo kalifye souvan delivrans lan. Kisa nou dwe kenbe nan pasaj sa a?


Premyèman, se pa sèlman delivrans sa a Jezi te fè. Poutan nou pa wè pyès lòt kote pou Jezi Kris fè yon delivrans te antre nan yon konvèzasyon avèk lespri sal yo.


Dezyèmman, Jezi pa’t pase anpil lè ap diskite avèk lespri sal sa a. Fas ak siplikasyon lespri sal la t’ap enplore gras Jezi pou’l pa’t toumante’l selon sa yo menm yo di, Jezi te mande’l non’l, e answit te bay aksè a rekèt li ya, li òdone’l pou libere kò nonm posede a, e ale nan kochon yo.


Twazyèmman, lespri sal la pa’t konteste avèk Jezi, reyaksyon rankont li avèk Jezi temwanye sa nan vèsè 6 la. “Li wè Jezi byen lwen, li te kouri; li prostène’l devan’l.” Anplis, lè Jezi fin mande’l non’l, li pa’t kontinye konvèzasyon an; e kan Jezi te òdone a demon yo pou yo sòti, yo te sòti imedyatman.


Kounye a mande a pastè inyoran sa yo, e a tout ajan dyab lougawou yo ki fè tèt yo apse pou pastè, pou yo montre nou ki kote Jezi te pase anpil lè ap diskite a lespri sal sa a. Sèlman non demon an Jezi te mande’l, aprè sa li pa’t gen pyès konvèzasyon avè’l ankò. Mande a pastè ensanse sa yo k’ap konvèse avèk demon yo sou pretèks y’ap imite Jezi, pou yo montre nou yon lòt konvezasyon Jezi te genyen avèk lespri sal sa a, ou nenpòt lòt lespri sal. Tout tan Jezi te pran pou mande non demon an e chase’l, te dire kèlke segond. Tout ajan dyab lougawou ki pase tan yo ap mande demon non yo swadizan pou imite Jezi, ke yo imite Jezi nèt ale. Ke yo aranje yo pou konvèzasyon yo avèk demon yo jiskaske yo chase yo, dire kèlke segond.


Pou nou tout pastè ki kwè nou pou Jezi Kris, si sa te rive nou deja nou te tonbe nan jan de pyèj sa yo pa inyorans, repanti e kanpe pratik sa a. Pa imite ajan dyab yo ankò. Pa kopye pratik ajan dyab lougawou k’ap pase anpil lè e menm anpil jou ap koze ak zanmi tay yo demon yo. Konnen apati kounye a nou pa dwe diskite a lespri sal yo. Delivrans lan pa fèt pou koze avèk demon yo, ni diskite avèk yo, ni pou n’ap goumen avèk demon yo, men pito chase yo. Delivrans lan fèt pou chase demon yo nan kò yo okipe a.


E pou chase lespri sal sa yo, nou pa bezwen konnen tit yo nan mond yo, ou wòl yo e ki ran yo nan lame satan an. Pa tonbe ankò nan pyèj satanis sa yo k’ap ansenye sa yo pretann ki non demon yo, tit yo, wòl yo, ran yo, jou operasyon, elatriye. Yo pa fè’l pou ekspoze demon yo, yo fè’l pou distrè nou e devye nou de vrè konba espirityèl la, pou yo ka inisye nou pi byen nan dyab. Konnen yon fwa pou tout bon, nou pa gen okenn negosyasyon pou’n fè avèk demon yo. Yo pa zanmi nou.


33- Ansyen satanis yo


Lese’m ouvri yon parantèz isi an e raple nou yon eleman enpòtan. Nan ansèyman sou “Avètisman Temwanyaj yo”, mwen te revele nou plizyè moun n’ap rele souvan “Ansyen Satanis”, yo tou senpleman satanis. Poutan kan n’ap li temwanyaj yo, nou wè kèk nan yo te pase pa vrè delivrans. Te menm gen ladan yo se Senyè Jezi menm ki te delivre yo, e yo te reyèlman delivre. Men kòman yo fè ankò vrè satanis kòm mwen deklare nou sa? Se paske yo pa rive viv nouvèl vi ki nan Kris la, e yo retrouve yo prèske yo menm, ouvri kèk pòt bay demon yo aprè kèlke tan sèlman nan Senyè a.


Kòm moun sa yo nan satan te abitye yo menm itilize pisans e manipile pisans jan yo te vle, yo pa rive ka viv souvan nan jan de vi nou an. Nou konnen ke nou menm pitit Bondye yo, nou pa gen pyès pisans; nou pa manipile pyès pisans; nou pa gen posiblite sa a. N’ap tann chak fwa nan men Senyè a. Se Jezi Kris ki pisans nou, e li aji kan li vle, e se pa kan nou vle. Satanis yo menm, yo gen posiblite manipile pisans yo a, e itilize’l kan yo vle. Se pou tèt sa yo toujou ap fè degre sou nou, chak fwa yo vle. Se yo menm ki kenbe pisans yo a, kontrèman avèk nou menm pitit Bondye yo.


Kidonk kan ansyen satanis sa yo vin jwenn Jezi, e yo rann yo kont yo pa ka itilize pisans yo a ankò Libreman, volontèman, e jan sa bon pou yo, sa vin yon bagay trè difisil pou yo aksepte. Men poukisa yo toujou fini, prèske yo tout, retounen nan mond yo a. fòk se yon gras patikilye Bondye, mwen te vle di yon mirak, pou yon ansyen satanis soumèt li a verite a, a bon doktrin Kris la, e rete fidèl a Jezi jiskaske sa fini.


33.1-Ka ajan dyab lougawou Simon an


Egzanp kòlèg yo a ajan dyab lougawou Simon an nan Travay 8, pèmèt nou byen konprann sa m’ap revele nou an.


Travay 8:5-23 5Filip, te desann nan lavil Samari, la li te preche Kris. 6Foul yo, yo tout nèt te atantiv a sa Filip t’ap di a, lòske yo te aprann e te wè mirak li t’ap fè yo. 7Donk anpil lespri sal te sòti nan plizyè moun ki te gen demon, yo pouse gwo rèl, e anpil moun ki te paralize e ki te bwate te geri. 8E te gen yon gran lajwa nan vil sa a. 9te genyen nan vil la deja yon nonm ki te rele Simon, ki te bay li pou yon pèsonaj enpòtan, ki t’ap egzèse maji e ki t’ap provoke etonnman pèp Samari a. 10Tout depi nan pipiti a rive nan pi gran an, t’ap koute’l atantivman, e t’ap di: sa a se pisans Bondye sa ki rele gran an. 11Yo t’ap koute’l atantivman, paske’l t’ap etone yo lontan pa ak maji’l yo. 12Men, kan yo te kwè a Filip, ki te anonse yo bòn nouvèl wayòm Bondye a e Non Jezi Kris, gason ak fanm te fè yo batize yo. 13Simon li menm te kwè, e, aprè li te fin batize, li pa’t janm kite Filip, e li te wè avèk etonnman mirak e gwo pwodij ki t’ap opere. 14Apot yo, ki te Jerizalèm, te aprann ke Samari te resevwa pawòl Bondye, yo te voye Pyè e Jan Samari. 15Yo te rive kay Samariten yo, yo te priye pou yo, pou yo te ka resevwa Sentespri a. 16Donk li potko desann sou pyès ladan yo. Yo te sèlman batize nan Non Senyè Jezi. 17Alò Pyè e Jan te enpoze yo lamen, e yo te resevwa Sentespri a. 18Lòske Simon te wè Sentespri a te bay pa enpozisyon men apot yo, li te ofri yo lajan, 19li di: akòde’m pouvwa sa tou pou nenpòt moun mwen enpoze lamen resevwa Sentespri. 20Men Pyè di li: ke lajan’w lan peri avè’w, piske’w kwè ou ka jwenn kado Bondye a pou pri lajan! 21Pa gen anyen pou wè avè’w nan bagay sa a, donk ke’w pa dwat devan Bondye. 22Ki donk repanti de mechanste’w la, e priye Senyè a pou padone’w; pou panse ki nan kè’w la, si’l posib; 23Donk mwen wè ou nan yon mechanste tèrib e nan yon enjistis grav.”


Ajan dyab lougawou sa yo ou swadizan ansyen ajan dyab lougawou se difisilman pou yo sipòte viv san pisans. Yo pa prè pou tann Jezi aji nan yo selon volonte’l. Swaf pou yo pisan an ou dezi pou yo demere pisan an retounen yo nan kan satan. Yo relouvri pòt bay demon yo, ki vin posede yo ankò, e eta yo vin pi mal kounye a. Ansyen satanis yo se yon bann chen ki retounen nan bagay yo te vomi an, se yon bann manman kochon ki fin lave e ka’l benyen nan labou. “ Sa provèb la di a se sa ki rive yo vre: Chen an retounen nan sa’l te vomi an, e manman kochon an fin lave e retounen al benyen nan labou a.” 2Pyè 2:22


33.2- Fè atansyon a swadizan ansyen satanis yo


Kidonk fè atansyon a swadizan ansyen satanis” sa yo ki ranpli tout chèn televizyon yo di ki televizyon kretyen yo nan jou nou yo, e k’ap sedwi moun yo avèk temwanyaj yo. Pa swiv yo tankou n’ap swiv sèvitè Bondye; pa pran yo pou sèvitè Bondye ansyen Legliz yo. Konsidere yo tou senpleman tankou nenpòt kretyen ke Senyè a akòde yo gras pou sove. Kidonk, pandan n’ap tann yo pou yo retounen nan mond yo a kòm yo toujou prèske fè sa, yo senpleman senp kretyen e yo dwe konsidere yo konsa. Konnen trè byen le fèt ke moun sa yo te konnen profondè satan yo sa fè yo toujou retounen. Ke moun ki gen zòrèy pou tande, tande.


Dayè mwen pran tan pou mete nou an gad kont tout tit swadizan ansyen satanis sa a yo pote a. Se sa n’ap li nan ansèyman sou “Ansyen Legliz yo” ke n’ap jwenn sou sit la mcreveil.org. Moun sa yo ponpe yon bann tit sèvitè Bondye bay tèt yo, e chak nan yo fè tèt yo pase pou yon ansyen legliz. Yo chak bay tèt yo tit ki fè yo plezi. Kèk ladan yo bay tèt yo tit evanjelis, lòt pastè, lòt doktè, lòt profèt, e lòt ankò apot. Genyen menm ki kòmanse avèk yon tit, e chanje tit la nan kèk semèn ou kèk mwa nan pita, selon yo menm. Kèk ki te deja leve yo jiskaske nan tit apot, yo menm ankò chanje tit, e yo vini “Bishop”, piske yo ta di yo tit “Bishop la” pi gran toujou.


Men, moun mwen renmen yo, kòman n’ap konnen moun satan yo. Yo sèlman ap chache laglwa e pisans. Yo renmen pou yo wè yo, yo renmen pou yo respekte yo, yo renmen pou yo rekonèt yo kòm pisan, yo renmen pou yo rekonèt yo kòm gran. Kòm nou konstate’l lè n’ap li temwanyaj yo, yo chak prezante avèk Kantite afeksyon yo gen pou tit yo te okipe nan mond fènwa a, e anjeneralman se toujou avèk anpil fyète yo pale de tit yo te pote a. Kan nou tande yo ap pale de tit yo, n’ap konprann avèk yon ti disèneman, yo kontinye anvi plas yo te okipe a nan kan satan an. Yo wè yo tou piti nan kay Bondye a. Se pou konble fristrasyon yo e pou konpanse  ansyen ran yo pèdi a, ke yo bay tèt yo rapidman, yo chak, yon tit, e yo fè efò pou chwazi yon tit ki vrèman gran. Se pou sa yo toujou ap chanje tit.


Yo fin banalize tit ansyen Legliz la. Kòm tan Jeroboam, chak nan yo vin prèt jan yo vle, yo konfonn kay Bondye a avèk wo lye yo. Wi, Legliz Jezi Kris la vini yon wo lye pou yo, yo ka vin prèt selon dezi yo. 1Wa 13:33 “Aprè evenman sa a, Jeroboam pa’t detounen menm nan move chemen’l lan. Li kreye prèt ankò pou wo lye yo pami moun li te pran nan tout pèp la; nenpòt moun ki te gen dezi prèt li te konsakre’l prèt wo lye yo.


M’ap raple nou yon fwa pi plis, ke yon ansyen satanis pa yon ansyen Legliz, e yon ansyen satanis ka pa menm vini yon ansyen Legliz. Nou gen eksplikasyon pwen sa a nan ansèyman sou “Ansyen Legliz yo” ke n’ap trouve sou sit la www.mcreveil.Org. Se yon ansyen satanis pa kalifye pyès moun pou vin ansyen Legliz. Se Kontrè a ki vrè e byen bèl. Se yon ansyen satanis fè’w pito pa ka vin yon ansyen Legliz. Sèvi satan pa ka vin yon chemen dekoupe pou vini ansyen Legliz. Tit ansyen Legliz la li merite, e kritè pou vini ansyen Legliz etabli klèman pa Senyè a nan pawòl Li.


Pitit Bondye, li tan pou nou reveye nou, e pou retounen nan pawòl Bondye a jan li ekri a. Bib la pa chanje, e Bondye pa gen entansyon chanje pawòl li, Pa janm bliye sa: Bondye ap jije nou sèlman sou sa ki ekri nwa sou blan nan Bib la. Kounye a, an nou fèmen parantèz sou ansyen satanis yo, e retounen a ansèyman delivrans lan.


34- Kòman viv aprè delivrans lan?


Konnen trè byen, moun mwen renmen yo, ke delivrans lan se pa yon ak ki pa ka refèt. Se pa yon vwayaj ale senp. Delivrans lan se pa yon ze ki kase. Nou tout konnen lè yon ze kase, nou pa ka ranmase’l ankò, pou rekole’l e retounen’l jan’l te ye a. Se pa konsa delivrans lan ye. Nou ka a nenpòt kèl moman refè delivrans nou an, e menm trè fasilman. Li sifi pou nou relouvri pòt nou te fèmen yo, e menm demon yo ap vini, e pi plis toujou. Dayè se sa Senyè Jezi revele nou nan pasaj sa yo:


Lik 11:24-2624Lòske lespri sal la sòti nan yon nonm, li ale nan lye sèk yo pou chache repo. Lè’l pa jwenn menm, li di: M’ap retounen nan kay mwen kote’m te sòti a, 25e kan li rive li jwenn li bale e byen bèl. 26Alòs li ale, e li pran 7 lòt lespri pi mechan pase’l; li antre nan kay li, yo etabli yo, e dènye kondisyon moun sa a vin pi mal ke premye a.


Jan 5:14 “Depi, Jezi te trove’l nan tanp lan, e di’l: Men, ou te geri pa peche ankò, pou yon bagay pi mal pa rive’w.


2Pyè 2: 20-22 20Kidonk, si apre’w fin sòti nan salte mond lan, pa konesans Senyè e Sovè Jezi Kris, Yo angaje e tonbe ladan ankò, dènye kondisyon yo a pimal ke premye a. 21Donk li te pi bon pou yo pa’t konnen chemen lajistis la, ke yo retounen, aprè yo fin konnen’l, sen kòmandman ke yo te ba yo a. 22Sa provèb la di a se sa ki rive vre: Chen an retounen nan sa’l te vomi an, e manman kochon an fin lave e retounen al benyen nan labou a.”


Konnen byen se a nou menm pou byen konsève delivrans nou an. Kan Senyè a akòde nou gras delivre, nou dwe chouchoute delivrans nou an. Nou dwe veye sou la vi nou yon fason pou pa ouvè pòt bay satan. A nouvèl vi nou an, nou dwe ap chache sanntifikasyon. Nou dwe fè efò pou nou mache an venkè. Mache an venkè se mennen yon vi obeyisans a Bondye, yon vi konba espirityèl, entèsesyon, jèn, renonsman, lafwa, pirifikasyon, elatriye. Reli volim anseyman ki rele “Konba Espirityèl la”, pi presizeman tit “Kòman Viv an Venkè?” N’ap jwenn ansèyman sa a sou sit la www.mcreveil.org nan ribrik ansèyman an.


Nou pa ka viv an venkè pou n’ap swiv pastè dyab lougawou yo. Se pa a lòt bagay y’ap posede nou, se a mesaj fabrike depi nan mond fènwa a. Se egzanp demon sa yo ki ajite ki fè yo rele yo “general bondye”, e ki pase tout tan yo ap ansenye nou bagay ki fè lèd, degoutan pou moral moun. Tout mesaj yo se toujou sèks. Demon sa yo pou sal nou e pou inisye nou nan dyab pa mesaj satanik yo a, di nou sèks lan pa entèdi, e li enpòtan pou yo ansenye a pitit Bondye, tout bagay sou sèks. Malerezman, nou genyen moun ki posede, k’ap koute yo e rive menm apresye yo. Yo ka montre nou yon sèl kote nan Bib la kote Senyè Jezi ou disip li yo te ansenye bagay ki sal nan sèks yo a pèp Bondye a?


Konnen ke fè koute tou senpleman mesaj pouri demon sa yo, yo posede nou. Lè n’ap koute ajan lanfè sa yo. Kèk nan nou pral rann kont aprè yo fin koute mesaj sal demon sa yo ke nou rele general bondye yo e ansyen satanis, yo retrouve yo nan peche seksyèl ke yo pa’t janm konn komèt, e nan pratik sal ki trè dwòl ke yo pa’t janm konn retrouve yo.


Ajan satan sa yo trè rize. Plizyè nan redoutab satanis sa yo pou inisye nou nan bagay lèd seksyèl yo, montre nou imaj e videyo nan sèn seksyèl ki trè dwòl e trè sal sou pretèks yo vle ekspoze e mete toutouni pratik biza ke moun yo ap fè. Demon sa yo sal lespri nou avèk pòno grafik, nan bay lenpresyon ekspoze zèv satan yo. Anreyalite, se yon Estrateji byen monte depi nan mond fènwa a, pou inisye nou nan peche seksyèl. Kan nou tonbe nan pyèj gade bagay sal sa yo, imedyatman nou posede.


E kòm nou nan epòk televizyon e bagay nimerik, chak nan demon sa yo kreye pwòp chèn pa yo pou propaje andirèk tout bagay sal sa yo e bann pawòl malefik yo. Moun mwen renmen yo, si nou pa vle retrouve nou nan lanfè pou letènite, kouri pou tout ajan lanfè sa yo. Senyè a avèti nou.


Tout swadizan sèvitè Bondye sa yo ki fè delivrans lan yon espektak, se demon. Si nou konnen nenpòt sa ki pretann ki pastè ki fè sa yo rele delivrans an dirèk sou chèn televizyon, konnen se yon ajan satan. Kouri pou yo! Mechan sa yo imilye pòv moun posede yo, e ekspoze yo andirèk nan je lemond antye. Tout kote nan mond lan y’ap gade moun sa yo k’ap woule a tè, kèk nan yo pipi sou yo, lòt bave, e lòt ankò fè bezwen sou yo, e imaj chokan, degradan, e imilyan sa yo fè tou mond lan. Nou bezwen vrèman pou’n di nou se sèlman ajan lanfè ki ka si mechan konsa e pou pran anpil plezi pou imilye moun ki pa ka defann tèt yo e montre yo andirèk nan yon fason konsa?


Si nou mete pou nou konsève delivrans lan, kouri pou tout pastè ajan dyab lougawou yo e satanis yo ki resevwa nan men satan misyon pou kondwi nou nan lanfè. Kouri pou tout legliz satanis sa yo ke nou rele pa inyorans legliz reveye, e ki pase tan yo ap preche prosperite, e fè delivrans espektak. Mwen mande nou li ou reli ansèyman sou Disèneman an” pou konnen e pou rekonèt e idantifye tout pastè satan sa yo e tout legliz satanik yo. N’ap jwenn ansèyman sa sou sit la www.mcreveil.org.


35- Konklizyon


Mwen beni Letènèl, Bondye Abraam nan, Bondye Izarak la, e Bondye Jakòb la, paske’l akòde’m gras pou mete ansèyman sa a a dispozisyon pèp Bondye a, pou pitit Bondye yo sispann maltrete, malmennen, e tòtire pa ajan satan yo ke yo rele pa inyorans sèvitè Bondye. Kèk nan demon sa yo menm fè yo rele yo pito “general bondye”. Konnen ke kan yo pale de general bondye yo pale de general bondye yo a, e se pa Bondye pa nou an.


Konnen yon fwa pou tout, moun mwen renmen yo, tout moun fabrike sa yo ki fè yo rele yo “General Bondye”, yo tout se demon. Bondye kreyatè syèl yo e tè a, vrè e sèl Bondye a, pa’t janm bay tit sa a a pyès moun sou tè a. Se demon yo ki nan mond yo a resevwa tit sa a nan men satan mèt yo, e ki vini prezante avèk nou tit yo a. Sèl problèm, sèke yo malonèt. Yo revele nou tit yo a, men chwazi pa presize ke tit sa yo sòti nan mond fènwa a pou yo. Yo kache pou di nou ke yo se general bondye yo a, lisifè, e se pa vrè Bondye Abraam, Izarak e Jakòb la ke n’ap sèvi a.


Mwen rejwi dèske a pati ansèyman sa a chak vrè pitit Bondye ap jwenn delivrans yo t’ap chache anpil la. Chak vrè pitit Bondye ap anfen libere: libere de inyorans, libere de avègleman, libere de manke lafwa, libere de tout bagay ki mare yo, libere de tout dominasyon satanik, e de tout malediksyon. Wi, chak vrè pitit Bondye ap dezòmè delivre. Delivre de tout demon, delivre de tout lespri sal, delivre de tout pak satanik, delivre de tout distraksyon, delivre de somèy espirityèl, delivre de lanfè, delivre de tout chay initil.


Ke vrè Bondye a, kreyatè syèl yo e tè a, sila ki prezante’l li menm nan Ezayi 45: 18 kòm Sèl Bondye a, glwa pou li dèske’l aksepte voye yon rega konpasyon sou pòv pitit li yo ke nou ye, e dèske’l sonje nou, e anfen deside libere nou, e releve nou. Pou li sèl tout glwa o Non de Jezi Kris sèl Pitit li a! Amen!


Frè mwen renmen anpil yo, pa gen anyen ki pi ere pou yon moun se yon tanp espesyal Sentespri. Kan se Jezi Kris ki abite nan nou, lavi sou la tè pa twò konplike. Sèl rezon sa a sifizan pou pyès moun pa tolere yo se yon abitasyon demon. Sèl rezon sa a sifizan pou pyès moun ki gen bon sans pa aksepte pasivman bay kreyati sal abite nan kò’l, alòske sèl vrè Bondye a vle fè kò sa a tanp li.


Pou nou, moun posede, swadizan kretyen, ki sanble nou fè tèt nou plezi nan eta nou an, mesaj sa a anfen ta dwe reveye nou kounye a nou konprann okenn moun posede pa ka monte nan syèl, li pi nesesè pou nou sipliye pou chache delivrans nou. Se nan tout kè nou, ke nou dwe chache delivrans lan. Lanfè a Reyèl, e nou konn sa trè byen.


Pou nou tout vrè sèvitè Bondye, fè efò pou nou kenbe tèt nou pwòp. Evite tout otan nou kapab ouvri pa inyorans, neglijans, konpromisyon, e manke fèmte, pòt bay satan e demon’l yo. Pa tonbe nan pyèj ke lougawou yo ban nou chak fwa, kan yo ban nou lenpresyon ke ap chache delivrans. Konnen plizyè ajan satan ki vin mande delivrans, vin pito pou souse pisans Bondye a nan nou, e aneyanti onksyon Bondye a nan lavi nou. Mande Senyè a disèneman e revelasyon pou ka idantifye sa yo ki vle vrè delivrans lan e sa yo ki vin tann pyèj pou nou. Pa janm priye 2 fwa pou tout lougawou ke nou te deja priye pou yo, e premye fwa a ki te kache peche yo volontèman e kèk nan zèv dyab yo. Jan de lougawou sa yo se ajan satan ki nan misyon kont nou.


Avan nou priye pou nenpòt ajan satan, mande’l dabò pou’l asire’l ke tout zèv dyab li yo konfese. Si li asire nou li konfese tout bagay dyab li yo e ekspoze tout plan satan yo, priye pou li avèk lafwa selon disèneman ou revelasyon ke Senyè a ap ban nou. Si li te onèt, l’ap delivre. Men si menm ajan satan sa a vini pita mande nou padon pou di ke li te manti nan konfesyon’l lan li te kache kèk nan zèv dyab li yo, mande nou pou priye ankò pou li, konnen se avèk yon ajan satan nou an afè ki nan misyon dèyè nou. Pa pèdi menm yon ti segond pou priye ankò pou li. Se jeneralman travay ajan satan fanm yo. Se yon bann lougawou ki fè pè yo ye.


Pou fini, mwen trouve’l enpòtan pou mete aksan sou pwen fondamantal sa a: Menm jan an nou dwe konnen ke delivrans pèsonèl pa dwe yon mwayen pou nou kache peche nou, menm jan nou dwe konnen ke nou pa dwe ekspoze tout lavi nou chak fwa devan tout moun sou pretèks nou vle jwenn delivrans. Presizyon sa li nesesè menm jan ke plizyè ajan dyab lougawou yo rele pastè pa inyorans, yo oblije moun yo konfese tout peche yo devan tout moun, kòm kondisyon pou delivre. Pratik sa a satanik, kouri pou ajan dyab lougawou sa yo. Se yon pyèj yo tann pou nou. Bi ajan lanfè sa yo ap chache se yon kote, pou yo imilye nou e mete nou nan espektak initilman, e lòt kote, sal lespri e panse tout moun k’ap koute konfesyon nou yo. Pratik sa a sòti nan mond fènwa a.


Pitit Bondye e Sèvitè Bondye nan tout mond lan, nou tout ki genyen Jezi Kris pou Mèt, pran kounye a moman jèn e priye, pou sipliye Letènèl pou voye pou nou Eli ke’l te promèt nou an pou dènye revèy, san sa a l’ap modi jenerasyon sa a. Miltipliye jèn, priyè, ak siplikasyon!


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF