Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

DELIVRANS PÈSONÈL


1- Entwodiksyon


Si anjeneralman lè moun yo posede kouri dirèkteman vè sèvitè Bondye yo pou chache delivrans, li enpòtan pou konprann se pa pou chak ka delivrans yon sèvitè Bondye nesesè. Nou pa fòseman bezwen yon pastè ou nenpòt lòt sèvitè Bondye, pou delivre. Nou kapab nan kèk ka, jwenn delivrans nou nan Bondye dirèkteman, san pyès moun. Se sa’m rele Delivrans Pèsonèl la.


2- Nan kisa delivrans pèsonèl la konsiste?


Delivrans pèsonèl la se jwenn delivrans ou dirèkteman nan Bondye, san’w pa pase pa yon moun, e san entèvansyon pèsonn. Mwen trouve li itil pou mete a dispozisyon nou ansèyman sa a k’ap pèmèt nou yon kote, pou pa janm san volonte, tanp demon yo e move lespri yo, e yon lòt kote, pou pa janm viktim de pastè ajan dyab lougawou yo ki fè delivrans lan tounen komès, e yon lòt mwayen pou inisye moun ki inyoran nan dyab.


3- Kisa pou fè pou jwenn delivrans pèsonèl la?


Pou’w totalman libere de tout kòd satanik yo, de tout pak satanik, e de tout malediksyon; e pou delivre de tout demon ki ta ankò nan ou, ou ki ta kontwole lavi’w ankò, genyen plizyè etap pou swiv: Sanntifikasyon an, konfesyon peche yo e siplikasyon an, e konba a. Pran tout tan’w pou byen fè travay sa a, san’w pa prese. Pa bliye se pou sali’w, pou lavi’w, e pou sante espirityèl e fizik ou.


Konnen ke kèk maladi ke w’ap soufri yo pa natirèl men yo pito espirityèl. Konnen tou maladi espirityèl yo, sèl solisyon yo se espirityèl. Plizyè maladi ke moun ap soufri yo se swa konsekans peche ke moun sa yo komèt, se swa konsekans pòt ouvè bay demon nan lavi yo, se swa rezilta pawòl malefik yo fè kont yo, se swa rezilta malediksyon k’ap swiv yo toujou. Pou ka sa yo, se delivrans lan yo bezwen, e se pa gerizon an.


3.1- Sanntifikasyon


3.1.1- Depouyman


Sekrè delivrans pèsonèl la w’ap jwenn li nan onètete a, nan senserite a, e nan yon vrè dezi renonse a peche yo, e tout sa’k ka ouvri pòt bay demon yo. Tout delivrans pèsonèl dwe kòmanse dabò pa yo vrè travay depouyman. Si’w vle delivre, ou dwe dabò depouye’w de tout objè satanik yo ki fèt pou ouvri pòt bay demon nan lavi’w. Si’w ankò atache a vanite e a bagay mond lan, si’w kite sa ki atire lachè yo kondwi’w toujou, sa ki attire je yo, e ògèy lavi a, ou dwe dabò renonse a tout bagay sa yo, avan’w espere delivre. Ou dwe answit gen nan kè’w, èn pou tout peche sa yo ou vle konfese a; e’w dwe pran tan konfese a Bondye, site tout peche yo, chak peche sa yo, yon fason ki onèt e sensè, avèk angajman abandone yo.


3.1.1.1- Depouyman pou fanm


Pou ou fanm, ki ankò atache a makiyaj, a pafen, a bijou, a kout peny satanik yo tankou alonj ak grèf yo, perik yo, e tout lòt bagay lèd yo ke fanm movèz vi yo pote sou tèt yo e sou kò yo nan jou nou yo, ou dwe abandone yo tout, pou espere delivre. Si’w fè pati sa yo ki pote pantalon ankò sou pretèks se pantalon fanm yo ye, ou sou pretèks ke Bondye se nan kè li gade, konnen trè byen se Bondye pa’w la ki gade nan kè sèlman. Vrè Bondye Bib la ke m’ap sèvi a, gade tout bagay.


Se vrè Bondye sa a. Bondye Bib la, ki selon ou menm ki gade nan kè sèlman an, ki pale avèw nan 1Timote 2:9-10 “Mwen vle tou ke tout fanm yo, abiye yon fason pou kouvri kò yo byen, pou fòm kò yo pa parèt, tou senp, pa mete très nan, ni lò, ni pèl, ni bèl rad koute chè, 10men ke’l fè wè bèl zèv li yo, kòm se konsa pou fanm ke travay yo se sèvi Bondye.”


Se ankò menm Bondye sa a, ki selon ou menm ki gade nan kè sèlman, ki pale avè’w nan1Pyè 3: 1-6. “Fanm… 3se pa bagay sou deyò yo pou nou genyen, tankou nan cheve trese yo, ònman lò yo, ou rad yo mete yo, 4men bagay anndan e kache nan kè a, pwòpte ki pa ka gate nan yon lespri dou e pezib, ki gen yon gran pri devan Bondye. 5Se konsa fanm ki sen lontan yo te ye e ki te espere nan Bondye, soumiz ak mari yo, tankou Sara, ki te obeyi ak Abraam e te rele’l Senyè’l. Se nan li nou vin fi si nou fè sa ki byen …”


Se toujou menm Bondye sa a, ki selon ou menm ki gade nan kè sèlman an, ki pale avè’w nan Deteronòm 22:5. “Pinga yon fanm janm pote yon abiman gason e pou yon gason pa janm mete rad fanm sou li; donk nenpòt moun ki fè bagay sa yo, fè yon gwo mal devan Letènèl Bondye’w la.” Si’w vle delivre, ou dwe soumèt ou totalman a pawòl li a. E si’w chwazi pa obeyi, non sèlman ou pa’p janm delivre, men se nan lanfè w’ap pase letènite’w. Ki donk ou gen chwa.


3.1.1.2- Depouyman pou gason


Pou ou menm gason ki tankou yon fanm movèz vi, ki ankò atache a makiyaj, a chèn, a bag, e lòt bijou, a modèl koup yo, modèl mouchtach e bab satanik yo, ou dwe abandone yo tout, pou espere delivre. Si’w toujou pami sa yo ki pote bann bagay satanik yo pou atire moun sou yo, sou pretèks ke Bondye pa okipe bagay sa yo, paske se ti detay initil yo ye, konnen trè byen se de pwòp Bondye’w la w’ap pale. Vrè Bondye Bib la ke m’ap sèvi a li egzijan byen plis ke jan’w panse a.


Se vrè Bondye sa a, Bondye Bib la, ki selon ou menm pa okipe ti detay yo, pale avè’w nan 1Timote 4:12. “Pinga pyès moun meprize’w paske’w jenn; men se pou yon modèl pou fidèl yo, nan pawòl, nan kondwit, nan charite, nan lafwa, nan pwòpte.” Se ankò menm Bondye sa a ki pale avè’w nan Tit 2: 6-8. “Egzòte menm jan an jenn moun yo pou yo modere, 7ou menm montre’w nan tout bagay yon modèl nan bon zèv, e bay yon ansèyman ki pwòp, ki kòrèk, 8yon pawòl ki sen, san repwòch pou advèsè a ka konfi, pou pa gen okenn mal yo ka di de nou.”


3.1.1.3- Depouyman pou gason ak fanm yo


Gason e fanm, kouri pou pafen yo. Kèk ka posesyon demonyak ke nou genyen sòti nan pafen satanik yo ke n’ap itilize yo. Kouri pou vanite mond lan, si nou vle fèmen pòt pou demon pa antre nan lavi nou. Tout sila ki vle delivre, dwe soumèt yo totalman a egzijans Bondye nan pawòl li ki se Bib la. Debarase nou de tout bagay moun mete sou yo ki pa bon yo, tankou tangga ak tout lòt bagay satanik yo, ke demon yo fabrike depi nan mond fènwa a pou posede nou ak lespri penda e chanèl. Si nou vle delivre, depouye nou de tout bagay ki pa onore Bondye. E si nou chwazi kontinye avè yo, non sèlman nou pa’p janm delivre, men se nan lanfè a n’ap pase tout letènite nou. Kidonk nou gen chwa.


3.1.2- Entènèt


Yon eleman trè enpòtan nan jou nou yo, ki ouvè pòt bay demon yo nan lavi pitit Bondye yo, se entènèt. Si nou pase plis tan ke sa nou ta dwe pase sou entènèt, konnen ke nou posede. Yon vrè pitit Bondye ki pa posede e ki pa akwoche’l a entènèt, pase kèk minit pa jou dèyè entènèt, swa tan pou li evangelize, swa pou’l li enfòmasyon yo. E kan’l fini, li fèmen Entènèt la e retounen nan pwogram li yo. Entènèt la vin yon enstriman trè pisan nan men satan pou posede moun ak demon. Anpil pitit Bondye posede pa entènèt. Si’w rive pase tan initil pou fouye entènèt, konnen ke ou posede. Chache delivrans rapid, si non ou gen pou regrèt.


3.1.3- Refize padone


Yon lòt eleman kle ki ka bloke delivrans nou, se refize padone. Si kèk mechan fè nou anpil mal ke nou refize padone yo aprè yo fin mande nou padon, sa ka bloke delivrans nou, se yon obligasyon pou nou, pitit Bondye yo, pou padone a tout moun ki ofanse nou e ki vin mande nou padon yon fason ki sensè. Men pa janm kouri dèyè moun ki ofanse nou e ki pa mande nou padon pou padone yo. Se pa sa Senyè a mande nou.


Konnen tou padone mechan yo pa vle di retounen gen kontak avèk yo. Pa tonbe nan pyèj remare zanmi tay avèk lougawou malfektè ke nou te kouri pou yo deja, sou pretèks yo mande nou padon. Si nou tonbe nan jan de pyèj sa yo, n’ap fè ajan satan yo vale nou. Pa bliye plizyè nan ajan lanfè sa yo lè yo vini pou mande nou padon se pou chache fè kè nou febli, se pou sedwi nou pou nou ka bay vag, pou nou ka vin febli e pa twò vijilan, pou yo ka pwofite sa pou detwi nou. M’ap trete sijè sa a andetay nan ansèyman sou “Padon an” n’ap jwenn li sou sit la mcrevei.org.


3.2- Konfesyon peche yo ak siplikasyon an


3.2.1- Priyè ak siplikasyon pou mande padon


Ou ka konfese peche ou yo fason sa a: Senyè, mwen vin mande’w padon e mizerikòd ou. Mwen komèt tèl peche devan fas ou. (Ou site non peche a). Mwen regrèt sa a tout kè’m, e’m mande’w padon nan Non Jezi Kris. Mwen priye’w pou lave’m de peche sa a, O Non de Jezi Kris. Mwen priye’w tou Papa, pou chase nan kò’m e nan lavi’m tout demon ki antre nan mwen, e ki gen aksè ak lavi’m akoz de peche sa a, O Non de Jezi Kris. Mwen priye’w pou fèmen pou toujou tout pòt mwen te ouvè bay demon yo akoz de peche sa a (ou site non peche a), pa san presye de Jezi Kris. Mwen remèsye’w Papa, ak tout kè’m, O Non de Jezi Kris.


Ou dwe konfese fason sa a chak peche ke’w te komèt. Aprè sa, ou sipliye Bondye pou pirifye’w de tout peche sa yo, pou brize tout lyen satanik sou lavi’w, e pou anile tout pak ke’w te siyen avèk satan, ou ki te siyen kont ou nan mond fènwa a. Ou sipliye Bondye tou pou anile tou malediksyon ki peze ankò sou lavi’w, nan non Jezi.


3.2.2- Priyè ak siplikasyon pou mande delivrans


Ou ka priye fason sa a: Letènèl tout lame yo, mwen priye’w pou lave’m de tout peche’m yo, e chase nan kò’m e nan lavi’m tout demon ki te antre nan mwen, e ki gen aksè a lavi’m akoz de peche sa yo, o non de Jezi Kris. (Ou site tout peche ou konfese yo).


Mwen priye’w tou Papa pou kraze tout lyen satanik sou lavi’m, e pou anile tout pak mwen te siyen avèk satan, e tout pak ki te siyen kont mwen nan mond fènwa a, o non de Jezi Kris. Senyè detwi, mwen sipliye’w tout malediksyon ki peze sou lavi’m ankò, o non de Jezi Kris.


Si n’ap soufri a kèk maladi akoz de peche sa yo nou te komèt, nou dwe menm jan an sipliye Senyè a pou geri nou de tout maladi sa yo, e libere nou de tout konsekans maladi sa yo, o non de Jezi Kris.


3.3- Konba


Kòman konbat? Ou dwe pran ou menm otorite sou satan e demon’l yo, e chase yo nan lavi’w, e anile tout pak ou te siyen avèk satan, ou ki te siyen kont ou nan mond satanik la. Ou dwe priye a vwa wot avèk otorite.


Ou ka konbat konsa: Satan, e nou menm demon, mwen so’t konfese tout peche’m yo a Bondye o non de Jezi Kris. Mwen mande a Papa’m Bondye nan syèl la pou padone’m de tout vye bagay pase’m yo (ou site vye bagay yo), e nan fidelite’l li fè’l. Li padone’m. Mwen fèmen tout pòt pou kounye a e pou tout tan, tout pòt ki te ouvè pou nou nan lavi’m, pa san presye de Jezi Kris. Mwen chase nou nan kòm e nan vi’m o non de Jezi Kris. Mwen kòmande nou ki te’m kounye a e pa janm retounen ankò, o non de Jezi Kris.


Ou dwe mennen konba sa a pou chak peche, kont tout demon ki te kontwole lavi’w akoz peche sa a. Pou sa ki se maladi ki ta konsekans peche sa yo, ou dwe pran otorite sou yo, brize rèy li sou kò’w, e chase’l nan kò’w, o non de Jezi Kris.


Kòm nou te aprann li nan ansèyman sou Konba Espirityèl la, gen kèk demon ki pi pisan ke yon lòt. Sa depan de pòt ou te ouvè a, e tip de pak ou te siyen ak satan an, kèk demon pi pisan e ki gen tèt di enstale nan nou ka reziste avèk nou, e ki bezwen yon pi gwo pisans pou yo ale. Pou ka sa yo, ou dwe fè apèl a sèvitè Bondye yo. E kòm mwen di’l pi wo a, pa prese kan n’ap priye pou delivrans nou. Pran tan pou byen fè travay sa a. Delivrans nou pi enpòtan ke tout bagay.


3.4- Avètisman


Konnen ke se pa tout peche, ke’w ka rete nan ti kwen’w, e konfese pou kont ou, espere w’ap jwenn delivrans. Pa egzanp ka ajan dyab lougawou yo. Ou pa ka rete nan chanm ou e konfe malfektè lougawou pou kont ou e espere libète’w nan satan e demon’l yo. Pou ka konsa yo ou dwe kontakte yon vrè sèvitè Bondye.


Se tou ka touye moun. Ou pa’t ka touye yon moun, e rete nan chanm ou pou konfese’l pou kont ou, espere w’ap delivre a demon yo. Pou ka konsa yo ou dwe kontakte vrè sèvitè Bondye a. konnen tou tout moun k’ap touye tèt yo e moun k’ap jete pitit yo avèk volonte yo, se menm bagay a touye moun, menm santans yo genyen. Sa vle di si’w te tante touye tèt ou, ou touye yon moun pa pwazon ou pa nenpòt lòt bagay ou lòt fason, avan Bondye te fè echwe pwojè tèrib ou a, ou koupab tou nan je Bondye tankou vrè kriminèl yo. Se menm jan ak pwojè jete pitit la ke’w ta pral fè a e Bondye te fè’l echwe. Ou dwe kontakte yon vrè sèvitè Bondye pou jan de ka sa yo.


Kenbe nan lespri’w delivrans pèsonèl la pa dwe yon mwayen pou kache peche’w yo. Si’w chwazi kache peche’w yo, ou pa’p pwospere, kòm Bib la di nou sa nan Pwovèb 28:13. “Sila ki kache sa’l fè ki mal yo pa’p janm pwospere, men sila ki rekonèt yo e abandone yo ap jwenn mizerikòd.”


3.5- Pou kiyès delivrans pèsonèl la ye?


Kòm nou sot li’l, delivrans pèsonèl la se yon bagay ke ou menm ou ka fè, sa vle di pou yon moun ki mare ankò nan satan ou tou senpleman demon posede’l, pou priye e konbat li menm, san entèvansyon sèvitè Bondye yo. Delivrans pèsonèl la kondisyone pa sanntifikasyon, konfesyon peche yo e avèk siplikasyon an, e konba espirityèl la. Pou site sa sèlman, delivrans lan ka egzèse e fèt pa otorite Sentespri. Se konsa li vin evidan pou konprann sèl kretyen ki deja fèt yon lòt fwa, sa vle di ki deja aksepte Jezi Kris kòm Senyè e Sovè yo, e ki deja fè yo batise’l nan dlo, ki ka rive gen dwa pran otorite sou satan e demon yo avèk siksè.


4- Konklizyon


Senyè a di nou nan Mak 16:17. “Men mirak k’ap akonpanye, sila yo k’ap kwè: Nan Non’m yo, y’ap chase demon yo; y’ap pale nouvèl lang.” Se sila ki deja fè Jezi Kris sèl mèt yo, ki ka sèvi ak Non’l pou chase demon yo, kidonk ki kalifye pou fè delivrans tèt li ki rele ankò delivrans pèsonèl la. Nou pa ka chase avèk siksè demon yo nan Non Jezi Kris, san’w pa kwè nan Jezi sa a. Li enposib pou konbat nan kan satan e pou nan menm kan sa a ankò. Si nou ap konprann diferans ki genyen ankò ant tèm “katolik”, “kretyen”, “kretyen katolik”, e “kretyen ki fèt yon lòt fwa”, nou konseye nou li ansèyman ki rele Batèm Dlo a” ke n’ap trouve sou sit la mcrveil.org.


E si ka posesyon nou an ale pi lwen pase delivrans pèsonèl la e nesesite sipò yon sèvitè Bondye, refere nou nan ansèyman ki "Delivrans lan" ke n’ap jwenn sou sit www.mcreveil.org a.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF