Angaje moun pou Senyè a

 

Mesaj a tout moun ki dezire anpil benediksyon

 

A tout moun ki dezire genyen anpil benediksyon, Senyè a kòmanse angaje yon lame tradiktè pou tradwi ansèyman sit www.mcreveil.org yo nan youn nan lang yo ki liste sou sit la.

 

 Bi a se mete tout ansèyman manyifik sa yo ke Senyè a ban nou, a dispozisyon tout moun, a travè mond lan. Donk si ou metrize youn nan lang yo ki disponib sou sit la, konnen ke ou ka mete sa pou sèvis Senyè a. Li bezwen’w pou tradwi ansèyman li yo pou ka mete yo a dispozisyon chak moun nan chak pèp, nan chak tribi, nan chak ras, e nan chak kontinan.

 

Pa ezite pou mete talan nou yo pou sèvis Senyè a pou nou ka propaje mesaj li a nan tout mond lan. E si’w paka tradwi ansèyman yo, men ou konnen moun ki kapab fè’l, ankouraje yo pou yo fè’l.

 

E si ou gen talan nan lekti ansèyman yo an odyo e/ou an videyo, ou nan nenpòt kèl lòt domèn ki kapab kontribye pou avansman travay Senyè a, ou mèt lib pou kontakte nou.

 

Kontribisyon nou ap byen vini. Senyè a bezwen nou pou fè zèv li a avanse. Men moman pou nou rann nou itil a Jezi Kris Mèt nou an e anpile benediksyon nou nan syèl la. Si ou vle fè pati lame Letènèl sa a, pa ezite kontakte nou nan adrès sa a mail@mcreveil.org pandan ke w’ap endike nan ki lang ke ou vle travay.

 

Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF