Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

MANTI COVID-19 LA DEVWALE


1- Entwodiksyon


Chè frè ak chè zanmi, Bondye kòmanse deklanntche kouraj plizyè lòt medsen, chèchè, ak moun politik onèt pou denonse ak ekspoze gran manti syèk ki rele pandemi Covid-19 la. Kòm nou pral li’l an ba a, gason ak fanm onèt sa yo yo leve yo avèk fòs kont grosè montaj ajan Lanfè yo k’ap dirije mond sa a. Yo konfime tout sa ke Konferansye Britanik la David Icke te ekspoze dènyèman an nan yon atik ki trè entèresan ke nou te mete a dispozisyon nou genyen kèk mwa de sa, e ki te rele "David Icke: Konspirasyon Covid-19 la". Nou menm nan nou ki poko li’l ankò n’ap jwenn li sou sit www.mcreveil.org a nan ribrik Sante a.


Tèks ke n’ap propoze nou an an ba a se transkripsyon videyo (disponib sou sit mcreveil.org a) de yon ti konferans ke Gason ak Fanm onèt sa yo regroupe anba mouvman Alyans Mondyal Medsen yo, te bay nan Bèlen 10 oktòb 2020 an. Tout rekonèt ke Covid-19 la chanje an pandemi, se yon maskarad. Nou konseye nou pou li tèks sa a, menm jan ak lòt atik yo ki ekspoze plan satanik reptilyen sa yo k’ap dirije mond sa a. N’ap jwenn atik sa yo, menm jan ak lòt videyo yo sou sit www.mcreveil.org a. Bon lekti!


2- Heiko Schöning


Bonjou, isi Berlen. Nou 10 oktob 2020. Nou isi a pou anonse Alyans Mondyal Medsen yo an ba abri ACU2020.ORG. Non’m se Heiko Schöning, mwen se yon medsen Almagn. Mwen se youn nan fondatè "Ärzte für Aufklärung" e Komisyon Ankèt Ekstra Palmantè sou Covid-19 la.


Nou se medsen, syantifik ak bann aktivis lapè e nou pral deklare nou tout ansanm: Afè Covid-19 sa a li jis fo. E nou gen devwa, pi plis ankò paske nou se medsen, pou di laverite a. E donk mwen kontan pou genyen tout profesyonèl entènasyonal sa yo jodi a, isi a nan Bèlen, e nou pral gen anpil bann aksyon pou moun yo jodi a.


3- Dr. Mohammad Adil


Bonjou tout moun, mwen se Dr. Mohammad Adil. Mwen soti nan Wayòm-Ini yè ak konfrè’m yo pou patisipe a manyifik Alyans Mondyal Medsen sa a. Mwen se Chirijyen Konsiltan ak 30 tan eksperyans san fot nan travay pou Sèvis Nasyonal sante nan Wayòm-Ini. Mwen se manm Royal College Chirijyen yo nan Wayòm-Ini, ak yon kontribisyon sinyifikatif nan syans medikal yo, nan ansèyman, nan travay rechèch, nan charite ak solitid imen.


Mwen prezide Alyans Mondyal Medsen yo, e sou platfòm sa a, nou eseye pou pote verite a bay piblik la konsènan virilans okestre kowona viris la ak danjerozite’l ak mòtalite reyèl li a, nou pote verite a bay piblik la. Se pa Kowonaviris la, se pa danjere tou ke li te okestre, e nou dwe viv ak sa. Mèsi anpil.


4- Elke de Klerk


Bonjou, mwen se Elke de Klerk nan Peyi-Ba, m’ap travay tou nan Bèljik antan ke Medsen Jeneralis. Mwen te fonde "Doctors for Truth" nan Peyi-Ba e mwen te òganize yon rankont, yon kongrè entènasyonal sou etik. Se te deliberasyon ijans medikal ak etik.


Nou la pou pale ak moun yo de lasyans ki egziste jodi a, ak bann fè konsènan done yo, konsènan moun malad yo. Se pa tèrib tou ke medya yo rakonte nou’l. Nou nan relasyon ak tout medsen sa yo nan Peyi-Ba, bann santèn medsen nan Peyi-Ba. Nou kenbe bann rejis e lopital yo pa plen, moun yo pa malad, yo te teste, men tès yo ki te bay yo pa fonksyone tankou jan yo ta dwe a. Alò, nou fè konnen’l a piblik la e la tou pou ke kòlèg nou yo, ka gen yon deba ouvè a sijè sa a. Mèsi anpil.


5- Dr. Mikael Nordfors:


Non’m se Mikael Nordfors, mwen se medsen, otè, mizisyen ak refòmis politik sedwa, e mwen te kreye yon òganizasyon ki rele "People’s court". Bi nou se pou soutni tout moun ki opoze yo ak tirani an, tirani medikal la k’ap enstale’l tout kote nan mond lan, an sot ke moun yo pa gen lapèrèz. Nou pral ede yo pou jwenn yon nouvo travay, pou genyen lajan, soutyen, pou rasanble lajan pou soutni moun ki leve kanpe yo. E nou pral mete an plas yon nouvo prosè Nuremberg, pral espere a Nuremberg menm, pou atake tout kriminèl ki dèyè mistifikasyon sa a.


6- Dr. Zac Cox


Bonjou, non’m se Zac Cox, mwen se dantis olistik. Mwen se Sekretè Jeneral Alyans Mondyal Medsen yo. Rete lakay la fè plis dega ke viris la e nou la pou mete fen ak sa, e pou restore libète nan mond lan.


7- Boris Dragin


Bonjou tout moun, non’m se Boris Dragin. Mwen se medsen, natiropat nan Syèd e mwen reprezante "People’s court" tankou rès pati sedwa a isi a. Sa ke mwen vle fè, se pote verite a ak fè endispansab yo a tout moun ki inyore ankò a kisa popilasyon an ekspoze. Kontribisyon pa’m se kominikasyon. Mèsi.


8- Martin Byrne


Bonjou tout moun, mwen rele Martin Byrne, mwen se avoka pou dwa moun nan Iland. Mwen te vwayaje jis isi a pou pale nan non pròp mwen, e non nan non yon òganizasyon patikilye. Bi pa’m se proteje, defann ak prezève dwa fondamantal yo ak libète fondamantal yo pou moun an Eròp ak mond lan. Mwen enkrete’m pou kontròl flagran ak bann vyolasyon ak enfraksyon dwa moun yo pandan ane pase a, e mwen sousye pou proteje yo. Mèsi anpil.


9- Monica Helleberg


Bonjou, non’m se Monica Helleberg, mwen se sedwaz. Mwen se Prezidan "People’s court". Mwen se youn nan manm fondatè projè "New Earth" la e yon aktivis pou libète, profesè e vizyonè. Mwen propoze ke yo devwale tout nwasè sa a k’ap pase a, tout frod sou planèt la, paske se trè trè movè, e ke nou te ini nou, donk ansanm nou fò e nou tout gen fè ekspoze yo. E dènye bagay la se pou aji: nan pran bann mezi konsyan ak nan kreye vrèman sa ke nou vle genyen nan mond lan. Mèsi.


10- Mads Palsvig


Non’m se Mads Palsvig, mwen soti Dànmak. Mwen se yon ansyen bankye envestisman yo. Mwen prezide e mwen se fondatè Pati Popilè JFK21, l’ap defann Latè, Libète ak Konnen. Sa ke mwen pral patikilyèman pote pou nou, eksepte evidamman yon bon politik sante ki ta rezime tèt li "kò’m, chwa’m", se yon trè solid platfòm ekonomik ki baze sou eksperyans mwen nan konsèy nan Rezèv Federal la ak sou travay koutye nan obligasyon pou kont gouvènman an pou Morgan Stanley, Kredi Swis, Barclay. Se yon platfòm ekonomik ki pral detwi senpleman povrete a e ki pral kreye yon gran klas mwayen. Donk olye pou gen sa ke nou gen kounye a, ak yon nonm kwasan teknokrat, ak bann moun k’ap viv nan povrete ak yon destriksyon klas mwayen an, nou pral fè egzat opoze a. Donk, pa egzanp, nou pral pran enpo sou revni an e nou pral gen yon taksasyon, yon enpo Toben, yon taksasyon sou tranzaksyon dijital lajan yo. Nou pral efase TVA e mete ladann yon taks sou modèl "Frosti Sigurjónsson" Island. Li te fè yon program, yon program nan yon santèn paj, se te yon manm Palman an. E si nou gen yon Bank Nasyonal ki kreye lajan pou sitwayen yo o lye de sa k’ap fèt kounye a, nou gen bann bank nan prete prive ki kreye lajan pou kliyan yo a. Sa pral kreye richès ak prosperite pou pèp la. Gran mèsi paske’m la, mèsi a tout moun.


11- David Kurten


Bonjou, non’m se David Kurten, mwen soti Grand Bretay. Mwen se manm Asanble Lond lan e mwen prezante tèt mwen pou Majistra pou prochen eleksyon yo nan Me 2021. Mwen diplome nan chimi, e mwen te konstate ke politik yo ak medya yo te gen konesans trè trè pòv nan lasyans ak nan matematik, e yo te kontinye pou aksantye ke Covid-19 la te pi plis danjere ke li pa reyèlman ye. Reyalite a se ke se pa pi mal ke yon grip sezonye. Men yo te ogmante lapèrèz la, yo te retire libète sivil yo, yo te redwi bann antrepriz e politik yo a te ekstrèmman nwizib pou sante mantal moun yo, men tou pou sante fizik moun yo ki pat ka gen randevou nan lopital yo e ke yo ta nòmalman te dwe genyen. Nan Grand Bretay, mwen te kreye yon nouvo pati politik ki rele "The Heritage Party" k’ap fè promosyon libète ekspresyon e ki pral restore bon sans la ba a. Paske prensipal pati yo se sèlman men yon menm maryonèt e ki kenbe menm diskou destriktè a, e sa dwe pran fen nan Wayòm-Ini, e tout kote nan mond lan.


12- Monique Janssen


Bonjou a tout moun, mwen se Monique Janssen, mwen soti nan Peyi-Ba. Mwen se sikològ, mwen se tou fondatris yon group fanm pou libète an Oland kote nou òganize bann mach ak bann podyòm. Mwen la pou ede moun yo pou yo raple tèt yo ke yo se bann mirak, pou ede timoun nou yo raple tèt yo ke yo se bann mirak, e mwen vle montre moun yo ke yo te programme pou ke yo ka soti nan program nan e kreye pròp program pa yo. E nan manyè sa a, nou kapab kreye yon mond ki vrèman pi bon ke jamè anvan. Donk mwen pa vle revini nan ansyen nòmalite a men mwen ta vle kreye yon nouvo nòmalite ak nou tout. Mèsi paske’n isi a.


13- Wendy Ekels


Bonjou, mwen se Wendy, mwen soti nan Peyi-Ba. E nou te kreye yon group "Humanity Unite". Mwen egalman prè pou kreye yon nouvo mond, yon nouvo sante ak yon mond pi onèt ansanm. Mèsi.


14- Agathe Dorado


Bonjou, mwen se Agathe Dorado nan Dànmak e mwen se medsen olistik. M’ap egzèse depi 20 tan e mwen te reyalize genyen 1 nan ke 5G a te kòmanse mete an plas tout kote sou planèt la. Mwen te fè anpil rechèch e mwen te kòmanse yon prosè kont gouvènman Danwa a pou tèt li te mete an plas 5G a, paske 5G a fè pati nan tout anak kowona sa a. Li ban nou sentom grip yo e sa pral ak kèlke sot fè dire resi sa a ankò e ankò. E se poutèt sa mwen jwenn sa ekstrèmman enpòtan e mwen isi a jodi a paske mwen ta renmen vrèman antre an kontak ak pil bann moun yo e fè òganizasyon sa a yon gran òganizasyon, pou nou ka ale nan manifestasyon yo nou youn ak lòt e ede nou youn lòt pou fè tonbe gouvènman fou sa yo. Mèsi anpil pou tout.


15- Fiona Hine


Bonjou, mwen rele Fiona Hine, mwen soti nan Lond, nan Wayòm-Ini. Mwen te fonde Covileaks.co.uk pou jwenn verite a ak ekspoze verite a. Mwen se egalman militan pou libète e mwen te mete an plas mouvman pou libète "Reziste ak Aji" nan Wayòm-Ini e mwen òganize bann rasanbleman nan Wayòm-Ini e kounye a nan nivo entènasyonal, ak enkwayab kolektif moun sa yo pou lite ansanm pou libète a. Mèsi.


16- Dr. Margareta Griesz-Brisson


Mwen rele Margareta Griesz-Brisson, mwen se nerològ konsiltan nan Almagn e mwen ta vle mande ak Ärztekammer nou an ak Gesundheitsämter nou an ki sinyifi Konsèy Medikal Alman ak Sant Kontròl bann Maladi nou an: Kote prèv ou yo ke nou toujou gen yon maladi enfektye motèl an kous ki ta ka jistifye tout restriksyon yo ke ou te enpoze nou an pandan lane pase a? Ou mèt fè nou wè prèv sa a e mwen ka garanti’w si’w antre nan diskisyon ak nou, n’ap dèyè’w.


17- Dr. Heinrich Fiechtner


Bonjou, mwen rele Heinrich Fiechtner, mwen se ankològ, ematològ, medsen nan swen palyatif, mwen se yon politisyen, manm Palman nan Bade-Wurtemberg, e mwen panse se devwa’m pou’m leve pou defann laverite a ak libète a. Kòm yon kretyen, yon politisyen, yon medsen, se devwa’m pou brandi drapo verite a e pou’m leve’m kont represyon moun yo, kont panik la, kont yon kontròl etranje pou revini a valè etènèl kreyasyon an, kote moun te kreye lib pou yo devlope libman, sa ki se yon gran danje a koz panik sa a, a koz teyori satanik sa a ki enpoze’l a pèp tout mond lan nèt. E mwen wè obligasyon’m pou di ak moun yo, men tou, e sitou, pou di kòlèg mwen yo, kòlèg medsen’m yo pou yo leve, pou yo kouraje, pou yo sonje poukisa yo te oblije, poukisa yo te fè sèman, pou yo leve yo pou moun malad yo a, pou yo leve yo pou sante yo, pou libète yo e kont tout opresyon. Se devwa nou antan ke medsen, e mwen envite tout medsen nan Almagn yo ak tout mond lan nèt pou FÈ travay yo. Leve nou kont opresyon sa a.


18- Prof. Dolores Cahill


Nonm se Profesè Dolores Cahill, fòmasyon’m se byoloji molekilè ak iminoloji, mwen egalman isi a antanke Prezidan Alyans Mondyal Medsen yo ak pou soutni ACU2020.ORG. Se yon plezi pou mwen pou’m ak kòlèg mwen yo, kidonk Dr. Heiko Schöning, Dr. Mohammad Adil, e nou isi a pou di ke gen bon nouvèl: Kowonaviris la se yon viris sezonye ki provoke bann maladi ak bann sentom nan desanm a avril, e ke pou moun yo ki prezante bann sentom, egziste bann tretman tankou inalasyon esteroyid yo, hydroxychloroquine ak Zen an. Donk nou pa bezwen rete lakay, nou pa bezwen pè, nou pa bezwen mas, ni kanpe lwen moun ni mete moun yo an karantèn. Yo fèmen moun yo lakay yo pou grip la lane pase alò egziste yon tretman efikas.


Nou vle donk kominike mesaj sa a ak moun yo: Pa gen rezon pou pè. E mwen enplike nan plizyè òganizasyon. Mwen leve’m pou libète akademik la ak libète ekspresyon an, mwen se prezidan Pati Iland nan Libète, e a nou tout k’ap koute sa, mwen ankouraje nou chak pou nou angaje nou nan anpil bann mouvman demokratik ak pasifik nan peyi nou, pou prezante nou nan eleksyon yo ak pou elimine moun politik yo k’ap fè plis mal ke byen.


E pou libète ekspresyon an li menm, m’ap soutni BrandNewTube (yon altenativ a Youtube) ak medsen tankou Dr. Vernon Coleman, ak nan Iland ak nan tout mond lan nèt, nou mete an plas yon nouvo mouvman siveyans, siveye sante nou, patrimwàn nou an ak libète nou. E sa ke nou vle fè, nou vle soutni Dr. Heiko Schöning ak mouvman’l lan tou Wirkraft, pou soutni reyèlman antrepriz yo ak nouvo teknoloji k’ap inove yo k’ap soutni reyèlman valè libète ekspresyon an ak libète sante a. Donk nou pral anvizaje yon nouvo mouvman pou alimantasyon an, yon nouvo mouvman pou sante a, e pou bay yon mak ak restoran yo, otèl yo e ak konpanyi ayeryen yo ki respekte dwa nou yo an matyè libète sikilasyon, libète ekspresyon, e ke nou gen dwa pou nou enfòme sou sante reyèl la ak estatistik kòrèk yo sou maladi yo ak pou di ak tout moun regilatè yo, medsen yo ak konseye gouvènman an ke si yo di bann bagay ki prive moun yo de libète yo ak sante yo, yo dwe sipòte pa bann prèv. Donk antan ke Prezidan Asosiyasyon Mondyal Medsen yo, mwen trè ere pou’m akote medsen sa yo jodi a e pou mennen mach la nan Bèlen ki, pral espere’l, pral rasanble bann milyon moun nan tout mond lan nèt, reyalize: Nou ka retire mas yo e nou ka vin jwen nou pou libète a! Mèsi anpil.


19- Heiko Schöning:


Wi, donk se deklarasyon bann ekspè yo sa, bann medsen ak bann lòt syantifik ak aktivis nan tout mond lan nèt. E nou gen bon mesaj sa a pou moun yo: Nou pa wè OKENN prèv de yon pandemi medikal. Donk li sanble se yon "Plandemi". E nou tout ansanm di: Nou pa vle "nouvo nòmalite" sa a, sètènman. E nou pa vle retounen ak ansyen nòmalite a paske ansyen nòmalite a te kreye sitiyasyon "nouvo nòmalite" sa a. Nou vle yon meyè nòmalite e nou vle’l ansanm ak nou! Mèsi anpil!


Remarque: Abrevyasyon "JFK" an danwa sinyifi "Jorden Frihed Kundskab".


20- Konklizyon


Tout medsen konpetan yo, onèt ak kouraje yo inanim ke komedi ki rele Covid-19 la se yon gwo manti. Donk konnen se sèlman medsen kòronpi yo ak malonèt yo k’ap kontinye an depi de tout prèv ki anpile yo, pou soutni ke mond lan ta anba menas yon pandemi. Li pa anyen. Se dayè pou sa ke medsen Alman an Heiko Schöning te kalifye sa de Plandemi. Donk pa kite yo pran nou pou idyo ankò menm. Kouri pou vaksen an ke demon sa yo kòmanse vle enpoze tout mond lan nèt nan mwa k’ap vini yo.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF