Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

YON MEDSEN AVÈTI KONT VAKSEN COVID LA


1- Entwodiksyon


Pandan ke medsen egare yo, medsen ipokrit yo, ak medsen kòronpi yo kòmanse pou ap soutni krim sal kont limanite a, medsen konpetan yo, serye ak onèt yo kòmanse pou denonse nan riske pròp vi yo, jenosid planetè sa a ke demon yo k’ap dirije mond lan kòmanse ap ekzekite a travè pwazon sa a ke yo bay non vaksen an.


Pou moun ki pa konnen’l, projè vaksen kont Covid-19 sa a se pa jis yon problèm medikal, se tou e sitou yon problèm espirityèl. Relijye yo konprann prèske pi byen aspè espirityèl dosye sa a, paske yo li Bib la, ki nan dènye liv li a ki rele "Revelasyon", ekspoze projè satanik sa a. Se depi plizyè santèn ane, ke plan dominasyon mond lan pa satan e avèk ajan’l yo te denonse nan Bib la. E rèy satan an jan ke li anonse nan Bib la, l’ap akonpanye de konfiskasyon libète abitan latè yo, ak yon makaj sistematik popilasyon an pa bann pis elektronik.


Se an fèt projè sa a ki te kòmanse ap materyalize li anba je nou, a travè pretandi vaksen anti Covid sa a, ki se anreyalite premye faz ipnotizasyon popilasyon an, nan kòmansman gran projè makaj total popilasyon mondyal la. Donk piga nou etone ke vaksen sa a ke tout moun ki gen yon minimòm bon sans kòmanse ap jwenn rapid, enjistifye, ak initil, swa kòmanse ap ekspoze a popilasyon an, malgre denonsiyasyon kèk nan yo. Retisans lòt yo, ak pil bann konsekans ke yo deja obsève kay kèk idyo ki te aksepte pou jwe egare nan pran pwazon sa a ke yo kalifye vaksen anti Covid-19 la.


Projè vaksen kont Covid-19 sa a kòm kòmansman nan makaj pa nano pis elektronik pou limanite a, te nan etid depi plizyè dizèn ane pa Illuminati yo ak lòt pisan ajan mond satanik la. Projè kalamite sekrè bann Illuminati-Reptilyen sa a pou pise mond lan te deja devwale an 1993 pa Serge Monast, yon jounalis envestigasyon kanadyen, ki tankou tout moun ki te ekspoze Illuminati yo, te asasinen. N’ap jwenn atik Serge Monast sa a ki rele "Plan Makaj Limanite" sou sit www.mcreveil.org a nan Ribrik Illuminati.


Donk genyen sèlman bann moun ki pa ase kiltive ki sezi pa sa k’ap pase aktyèlman nan mond lan. Depi kèk dizèn ane, plan demon sa yo pat sispann mete toutouni. Pandan ke syantifik ak jounalis envestigasyon yo t’ap ekspoze projè illuminati sa yo, yon kote, sèvitè Bondye yo t’ap ekspoze plan satan an ak profesi biblik yo, nan lòt kote. Genyen prèske yon trantèn ane ke nou menm te òganize bann seminè ak bann konferans prèske tout kote pou eksplike avèk popilasyon an sa ki kòmanse ap rive kounye a.


Donk tan an rive pou nou, pou kwè anfen ke si sa ke Bib la te anonse genyen plizyè santèn ane ap akonpli anba je nou la a, se ke Bib la vrè, kontrèman avèk sa ke plizyè moun te panse. Resi ke n’ap propoze nou an anba a, se yon entèvyou ki te akòde avek medsen ameriken an Carrie Madej, ki tankou tout lòt medsen syantifik onèt e avize yo, te chwazi pou denonse mafya satanik la ki elabore pretandi pandemi Covid19 sa a, ak pwazon makiye a an vaksen, ki kòmanse enpoze a limanite a.


Nou rekòmande nou lekti ansèyman sa a, ak lòt ansèyman trè edifyan yo ki sou sit entènèt www.mcreveil.org a.


2- Kòmansman Entèvyou a


Dr Carrie Madej, medsen nan medsin entèn ak osteopat, te dirije de klinik nan Eta Géorgie, nan Etazini, pandan 19 an. Vaksen yo te fasine’l depi nan pi jèn laj li, an patikilye vaksen antitetanik la trè medyatize. Li te sezi pou konstate ke okenn kòlèg pat janm wè yon "ka tetanòs". Sa te ensite’l pou fè bann rechèch san repo. Avèk sipriz li, li te dekouvri k e te genyen yon aditif nan vaksen ki te esterilize fanm yo. [Robert F. Kennedy Jr: "yon program vaksinasyon diktatoryal e mondyalis de Bill Gates"].


Mefyans li pa rapò avèk bann vaksen yo k’ap ogmante yo e Dr Madej te kòmanse pou eksplore pi plis toujou domèn bann vaksen yo. Rechèch aprofondi’l yo te mennen’l pou dekouvri bann nouvo teknoloji nan nouvo vaksen kont COVID-19 la yo, sa ki te fè’l tire sonèt alam nan.


Dr Madej te vin yon lansè alèt ki mete konesans li yo a dispozisyon yon laj piblik pa mwayen konfidans, bann entèvyou ak materyèl videyo. Kou reprimand li a avèk mond lan an nantye "Human 2.0: Wake Up Call To The World" ("Humanité 2.0: Réveil au monde") [toujou disponib isi a an angle sou Entènèt,:https://banned.video/watch?id=5f4d56c5838dfb0597dd8187], li te propaje rapidman sou Entènèt, jiskake’l te plen pa YouTube ak lòt platfòm sou entènèt.


Dr Madej pat pè pou ekspoze san kanpe objektif bann gouvènman yo ke moun sa yo ap pouswiv nan kolaborasyon avèk endistri famasetik la ak jeyan teknolojik yo tankou Google ak Microsoft elatriye. Pou ka vaksinen pi rapidman posib tout popilasyon mondyal la.


Korespondan Kla.TV, Dan, nou te kapab jwenn yon entèvyou avèk Dr Carrie Madej. Sa ke’l revele nan entèvyou sa a se a lafwa efreyan e enkyetan. Men gade pa nou menm kèl teknoloji ak metòd ki pral itilize avèk vaksen Covid-19 la. Ipotèz la selon li menm nan yon gwo batay fè raj e touche tout limanite a pa kapab ekate, notamman nan rezon de bann dekouvèt li yo.


Dan: Bonjou, Dr. Madej! Mèsi paske’w aksepte entèvyou sa a!


Dr. Madej: Mèsi pou envitasyon an, Danny! Se yon plezi pou kapab pale avèk ou isi a!


Dan: Ann sipoze ke mwen kwè plènman nan maladi kowonaviris la ke mwen aksepte tout règleman gouvènman yo, ke mwen pote mas mwen tout kote’m prale, ke mwen kenbe distans sosyal mwen yo e ke mwen aksepte rete lakay mwen. Men yo te depanse bann milya pou nouvo vaksen sa a, anpil bann antrepriz ap fè konkirans pou fabrike vaksen ki pi sèten an ak pi efikas la. Mwen ta di donk: ann pran vaksen an e ann retounen nan nòmal. Ki sa’w di?


Dr. Madej: Mwen ta di ak moun yo ke yo dwe vrèman kanpe e reflechi trè seryezman paske vaksen sa a li diferan ak tout lòt vaksen ou medikaman ki te fèt rapidman jiska prezan. Nou sote tès sekirite yo, nou sote tès sou zannimo yo e moun yo dwe konnen ke se pa yon vaksen sèten. Pa gen okenn prèv ke li sèten. E, tankou lòt kòlèg mwen yo, mwen yon jan sispèk e mwen mande tèt mwen poukisa eksperyans sou zannimo yo pat fèt. Rezon an se ke pandan ven dènye ane sa yo, tout tantativ anvan yo pou prodwi yon vaksen similè (paske sa a se yon vaksen konplètman diferan) te echwe pandan eksperimantasyon yo sou zannimo yo. Pandan eksperyans sou zannimo yo, pa egzanp, kote yo t’ap administre sereng vaksinal la avèk ARN mesaje ou ARN modifye sa yo, zannimo yo te sanble inisyalman trè robis nan tèm sistèm iminitè, sa te sanble yon siksè! Nouvo antikò yo nan echantiyon san an te ogmante e repons bann selil T yo yo te egalman amelyore.


Men nan kad bann tès sou zannimo yo, yo efektye yon tès ki rele "challenge test" [= Yon zannimo vaksinen li delibereman ekspoze a menm viris la e answit obsève]. Aplikasyon tès sa a kòm kontrè avèk etik kay moun yo, donk li itilize sèlman nan kad eksperyans sou zannimo yo. Sa sinyifi ke si echantiyon san yo te sanble bon nan kòmansman, pa egzanp, men ke zannimo yo te answit ekspoze a viris la ou a bakteri a, te genyen bann problèm konsiderab. An reyalite, zannimo yo te genyen a chak fwa yon reyaksyon sitokin, sa vle di yon reyaksyon anflamatwa, nan sòt ke globalman sante yo te vin agrave apre yo te fin ekspoze yo a viris la ou bakteri a. Sa sinyifi ke yo vini pi malad, ke yo te genyen plis pnemoni, plis problèm fwa, e te genyen plis desè. Si sentòm sa yo te parèt kay zannimo yo prèske a chak fwa avèk vaksen presedan yo nan tip sa a, nou kapab sipoze ke sa pral prodwi avèk vaksen sa a, e avèk vaksen sa a an patikilye ke y’ap eseye kounye a itilize sou nou an.


Ann sipoze donk ke yo bann nou vaksen sa a. Tout moun pral sanble byen nan kòmansman, non? E pi, ki sa k’ap pase si moun sa yo ekspoze avèk yon senp rim, yon grip, yon Covd-20 ou nenpòt sa’l ye a ki sanble avèk yo? Donk m’ap tann, tankou tout kòlèg mwen yo, avèk plis desè, plis anòmalite [= frekans maladi a nan yon popilasyon], plis problèm. E mwen soupsone ke yo pa pral kanpe fot yo sou vaksen an, donk fabrikasyon vaksen yo pa kapab pran pou reskonsab pou moman an, men yo pral kontante yo pou ri: se a koz de nati nouvo viris sa a menm. Yo pral akize viris la! Se poutèt sa nou dwe trè pridan, donk vaksen sa a pa sèten avèk bann done ke nou dispoze jiska prezan, e sa se enpòtan.


An plis, vaksen sa a absoliman nouvo pou limanite, e li pat janm revele. Yo jwe avèk ADN nan, ARN nan, jenòm nan, jèn yo, se bann tèm similè ki dezinye yon menm bagay. Jenòm nan se sa ki rann nou moun. Se chema òganizasyon nou, se sa ki fè nou grandi, sa ki fè nou reprodwi, sa ki fè nou grandi, sa ki geri nou, se tout sa ke kò a bezwen pou konnen sa ke’l dwe fè. Si yo manipile tout nèt nan yon nenpòt fason li ye, yon chanjman piti konsa swa ka genyen yon efè dezastre. Li ka mennen kansè, mitajenèz [= modifikasyon patrimwàn jenetik], mitajèn yo [= modifikasyon patrimwàn jenetik ki fèt pa faktè enfliyans ki egziste yo] e maladi oto-imin yo [= òganis la ap atake anndan]. Donk li posib ke efè yo ka pran tan, nou pa gen rekil.


Etid yo donk pa reyalize kòrèkteman e yo te mennen rapidman. Fòk yo anvizaje bann etid yo nan long tèm sou kesyon sa a. Tout fwa, okenn nan etid sa yo pap acheve anvan oktòb 2021. Konsa, sa vle di ke lòske vaksen sa a pral komèsyalize, nou tout pral fè pati yon gran eksperyans. Se pa enkwayab? E byen… sa remonte nan kòd Nuremberg [= direktif obligatwa depi 1947 pou eksperyans sou moun yo] nan Dezyèm Gè mondyal la: san akò nou, okenn eksperyans pa kapab efektye sou nou! Popilasyon an dwe enfòme ke n’ap patisipe nan yon eksperyans!!!


Dan: Se vre! E menm oktòb 2021, se t’ap ase rapid. Konbyen tan fòk yo pran egalman pou ke yon vaksen ka teste e prouve san danje?


Dr. Madej: Yon bon etid, bann bon etid ta dwe dire ant 10 e 15 an. Kounye a, yo di senk an. Menm senk an, se tròp, men ann sipoze ke se ka pou kounye. Nan senk an, se apèn posib e kounye a, sa ta dwe fèt nan mwens 1 an.


Dan: Mwens nan 1 an… E yo kapab sipoze ke militè yo pral sètènman itilize tankou kobay pou efektye bann lòt tès. Mwen mande tèt mwen egalman kiyès ki pral premye resevwa vaksen an e si yo pral egzije’l pou vwayaj nan avyon yo, elatriye.


Dr. Madej: Se problèm nan. Nou tout nou nan plen nan yon gran eksperyans e nou pa konnen sa ki pral pase. Mwen ta vle raple ke tip vaksen sa a itilize yon teknoloji ki rele transfeksyon [= entrodiksyon materyèl jenetik nan bann selil mamifè]. E se menm teknoloji a ke yo te itilize pou òganis jenetikman modifye yo. Tankou jan moun yo probableman konprann li depi lontan an, fwi yo ak ligim esteril yo; yo pa reprodwi menm ankò pa pròp grenn yo e menm bagay la ka rive avèk yon moun.


Ki donk, ligim sa yo pa sen tou, yo pa gen menm konpozisyon nitritif avèk fwi ak legim byolojik nòmal yo e sen yo. Si nou gade zannimo jenetikman modifye yo: Yo pa viv si lontan, yo gen yon dire vi trè kout. Sa ta modifye nou sètènman jenetikman yon fason ou yon lòt, e nou kapab tann de nou menm menm konsekans yo, sa ta kapab aplike nan moun. Nou dwe vrèman kanpe nou e egzaminen sitiyasyon an avèk atansyon!


Ekskiz yo a pou itilize tip vaksen sa a se ke yo kapab fabrike’l trè rapidman, prodwi’l an mas e dispatche’l; se sèl rezon ke yo ban nou pou prodwi jan de vaksen sa a.


Dan: Wi, yo sipoze tou ke Covid la li menm li enkwayabman danjere. Èske’w dakò avèk sa? Mwen te pale avèk yon zanmi genyen kèk tan e li te di’m: "O, se dis fwa pi motèl ke grip la!" Men mwen pa wè chif sa nan chif ofisyèl yo.


Dr. Madej: Non, tout done yo endike nou ke se pa ditou motèl. CDC a[= otorite sanitè ameriken an], Òganizasyon mondyal sante a ak tout group sa yo admèt ke viris la pa si motèl ke sa. Li envantyèlman konparab menm jan avèk grip pòsin nan, e nou pat kanpe mond lan pou sa, se pa vre?


An plis, nou konnen kounye a ke done yo trè manipile...


Dan: Se vre!


Dr. Madej: ... e ke anpil chif te parèt nan sijè a. Avèk tout erè sa yo, mwen panse ke se entansyonèl, chif yo te delibereman ogmante. Ann pran pa egzanp Eta Florid, kote plis pase 300 laboratwa te rapòte bann rezilta tès pozitif a 100%. Genyen kèk bagay k’ap pase nan koulis yo. Sa prodwi, non sèlman nan bann lòt Eta ameriken yo, men tou nan bann lòt peyi nan mond lan an nantye! Alò, tann yon minit, ki sat pase? Nou wè efè-miwa sa yo patou nan mond lan. Nou wè donk ke kèk bagay pi senp ki kòmanse ap pase.


E ou konnen, se pa sèlman nan manipilasyon bann done yo. Kan ou gade kòman kèk moun te envesti anpil lajan nan vaksen sa a, ou kapab genyen anpil avèk sa, e moun k’ap fè presyon pou vaksen sa a se byen si moun ki pral genyen lajan avèk.


An fèt moun yo dwe konnen ke nou pap jwenn okenn konpansasyon nan men fabrikan vaksen sa yo si nou sibi nenpòt domaj la. Yo pa gen responsablite e pa kapab nan okenn ka pran pou reskonsab! Si ou mouri, si yon moun mouri, si yon moun blese, si yon moun sibi bann efè segondè ou bann maladi dirab a koz vaksen an, se afèk gade’l. Pa gen anyen tou senpleman sèlman ke’w ka fè avèk sijè sa a. Yo pran lajan yo e nou menm, n’ap soufri. Kòman sa kapab petèt jis, kòman sa kapab petèt kòrèk, kòman sa kapab petèt jis? Imajine prèske: Ou nan otosifizans [= endepandans ekonomik] pou prodwi nenpòt kèl prodwi ke ou vle, ou pa oblije garanti rechèch li ak devlopman’l fèt kòrèkteman; ou pa oblije fè bann tès sekiritè. Li sifi pou mete prodwi a sou mache a e ou kapab genyen nenpòt lajan ke ou swete a e anyen pa ka rive’w. Ou rann ou kont! Nan kondisyon sa yo, ou pa ta janm achte machin! Men yo vle fè sa avèk kò nou? Kò nou byen pi presye ke nenpòt kèl machandiz!


Dan: Wi, se vre. Mwen te koute yè entèvyou ke ou te genyen avèk Dr Kaufman [Dr Andrew Kaufman: medsen e byolojis]. Ou ka di nou sa ki "luciférase" la ye tou ki sa ki brevè Bill Gates la avèk kirye nimerotasyon an?


Dr. Madej: Wi ... si kèk bagay ki deranje’m ankò pi plis ke vaksen an mwen sot pale a, se teknoloji a ki prale avèk. Konsa, lòske yo pale de vaksen sa a, yo trè detèmine pou ke globalite limanite a ka vaksinen. Bill Gates te menm deklare ke li vle ke o mwens 7 milya moun [www.kla.tv/16320] vaksinen – se prèske tout mond lan nèt – anvan ke nou kapab retounen avèk yon "nouvo nòmalite".


E pou li asire tèt li ke sa fèt reyèlman, li pa fè medsen yo konfyans ni etablisman ospitalye yo, li pa fè nou non plis konfyans lòske nou di ke nou te resevwa vaksen an. Nou dwe prouve’l. Yo vle mete nou nan poubèl, idantifye nou avèk yon "tatouyaj" envizib ki pral anba po nou e ki pral kapab li avèk yon aplikasyon espesyal sou smartphone nou oswa yon lòt aparèy, e nou pral genyen yon idantifyan inik. Mwen wè’l sanble tankou’w make yon vach avèk fè wouj, se menm bagay la.


E mak sa a ap genyen sètifika vaksinasyon nou, eta sante nou ak lòt enfòmasyon. Pou yo kapab asire yo ke kò nou pap jete’l, yo vle itilize yon idrojèl [enplante ki fèt avèk mikropis vlope nan yon twal espesyal] e nanoteknoloji a [= nouvo teknoloji matyè lòd nanomèt la]. Se yon envansyon sengilye de DARPA [DARPA = abrevasyon "Defense Advanced Research Projects Agency"]. Ministè ameriken defans lan dispoze yon sibdivizyon pou projè rechèch yo ki rele "DARPA". E kò a pap jete teknoloji a e pral fè byen bann lòt bagay.


Donk yo te deside sètifye’l, donk yo kapab byen sèten pou tire plis lajan nan sa si se sètifye. Yo te rele idantifikasyon sa a "luciférase". Se yon anzim ki limen tèt li, se donk konsa ke yo te rele’l, "luciférase". Mwen pa renmen non sa a, mwen panse li se yon non tèrib e sa pral mak ou, idantifyan pèsonèl ou.


Problèm avèk sa se egzanp, non sèlman ou pral genyen idantifikasyon sa a men tankou yon fè eksprè, 26 mas 2020, yo te prezante yon brevè entènasyonal e devine kiyès ki te fè sa? Sosyete Microsoft Bill Gates la. Ou wè menm non an ankò e ankò.


Non sèlman li kapab genyen plis avèk brevè entènasyonal la ke te mande e ke nimewo a se 060606. Nanoteknoloji sa a, idrojèl la, luciférase la, remare nou nan Klou [= nyaj done yo] avèk 5G a, sa pral nan Klou a, tout done yo pral regroupe. Konsa, Tout done byometrik ou yo pral regroupe e estoke e yo tout pral lye nan monnen kripte.


Donk, an fèt, kò’w pral vin machandiz ou, fini avèk lajan likid la, pa gen kat kredi ankò menm! Ou wè a kèl pwen se danjere! Paske tout kapab pirate, nou konnen ke smartphones nou yo genyen bann problèm, tout aparèy elektronik kapab pirate. Kiyès ki kapab di ke nou pa kapab pirate nan estad sa a?


Ki sat pase si ou fè kèk bagay ki pa fè gouvènman an plezi, pa egzanp, si ou ouvè bouch ou sou kèk bagay ou si ou se yon metè troub? Petèt yo pral retire "lajan kripte’w la"?


Dan: Sa sanble trò fou pou se vre; men lefèt ke brevè teknoloji sa a se 060606, se reyèl, se pa yon teyori konspirasyon.


Dr Madej: Wi men pa sèlman donk si ou gade an Afrik, yo te deja kòmanse pou teste adil yo ak timoun yo avèk teknoloji sa a. Mastercard ak Fondasyon Gates te dèyè tout sa. Y’ap itilize nan moman sa a menm byometri a ak idantifikasyon global la] nan vaksen an pou moun sa yo. Donk se pa yon fantas, li te deja itilize an Afrik.


Dan: Mwen sipoze ke ou konnen rezolisyon 6666 Palman ameriken an, "Tracking Act" la?


Dr. Madej: Wi, wi!


Dan: Ou konnen, ann di ke nou nan 1995, ke mwen se yon kad Hollywood, ke nou nan yon estidyo, nan yon biwo, ke n’ap reflechi a yon senaryo e ke nou pral fè yon fim fantastik sou lavni kote gen yon distopi [yon istwa k’ap dewoule nan yon sosyete imajinè ki vin envivab], kote y’ap siveye tout moun tout tan. E nou pral antre nan yon bagay ki rele Luciferase, ki konekte avèk yon nyaj avèk yon idantifyan twa 6. An plis, pou’w asire ke tout moun fè’l e kapab siveye, kat lòt sis ajoute. Se biza. Ki sat pase isi a?


Dr. Madej: Kan mwen di senaryo a, mwen di tèt mwen ke se trò fou, ke pèsonn pa pral achte fim sa a. Mwen pa ta konsidere fim sa a ou senaryo sa a menm, paske fòk ou ta rann li prèske pi vag ou prèske pi entèresan.


Dan: Pi kredib?


Dr Madej: Wi, egzatteman, Men yo fè’l anba je nou la a, e ou konnen, mwen se yon pitit Bondye, mwen kwè. Mwen kwè nan Jezi Kris, mwen kwè nan Bondye, wi, e mwen kwè tou, e mwen… nou… genyen bann prèv. Genyen bann moun k’ap adore satan, yo kwè nan satan, yo kwè nan 666, yo kwè nan senbolis. E mwen kwè ke yo panse ke yo dwe di nou sa ke yo gen lentansyon fè anvan pou fè’l. Genyen kèk bagay pi lwen ke sa, pi lwen de sa k’ap pase nan domèn vizib la. Se egalman ka nan domèn espirityèl, mwen kwè’l. E ou pral wè senbolis sa a tout kote si ou vle vrèman wè’l. Konbyen probablite ki genyen pou itilize yon tèl chif? Pèsonèlman, mwen pa panse paske se bann senp konyensidans. Poukisa sa prodwi nan mond lan an nantye e pa sèlman nan yon peyi? Kounye a, ou kapab opoze yon agiman, wi, genyen koripsyon nan yon peyi, men sa prodwi patou nan mond lan! E kan ou wè ke menm non yo ap parèt san rete, Fondasyon Gates, Bill Gates; a chak fwa. Se li menm k’ap profite de nou menm. E an Afrik, an End… Yo konnen’l pou tèt li te paralize e/ou te touye anviwon 500 000 timoun. Li te fè’l san deklarasyon konsantman, li te ba yo manti, e li te soti nan sa kan menm. Pat gen anyen ki te rive’l! Alò poukisa ou panse ke li ta fè kèk bagay ki diferan avèk nou e avèk tout lòt yo sou tè sa a? Li kwè tou nan depopilasyon an, li kwè nan ejenis, se nan liy familyal sa a li soti. Li panse ke nou tròp, li vle redwi troupo a. Reveye nou, Gason yo ak Fanm! Nonm sa a pa vle ke nou tout viv sou tè sa a! Li te di’l a plizyè repriz e nan diferan fason. Reyisit li a prouve’l, e li pa ni syantifik, ni doktè, ni epidemyolojis! Poukisa nou ba’l pouvwa sa a? L’ap genyen tout e n’ap pèdi tout.


Dan: Se vre, se vre. Genyen ankò yon bagay a propo bann tès yo ke mwen te bliye mande’w, e mwen ta renmen retounen sou li. Mwen pa konprann byen sa ki yon fo pozitif la, elatriye. Men genyen yon bagay ki frape’m, se isi a: Nou genyen koub sa yo ki te kòmanse ap desann an avril ou an me e to mòtalite a tonbe prèske a zewo; li te vwazine zewo, se pa vre? Donk, si yo admèt ke tès yo yo valab e ke ka yo yo nan ogmantasyon, sa ta vle di ke malgre yon ogmantasyon bann ka yo, to mòtalite a trè fèb. Sa sinyifi ke viris la li menm li mwen motèl chak jou e se yon bon bagay. Ou byen alò rezilta yo se bann fo pozitif, sa ki sinyifi ke nou pa gen ka. Donk eske se pa yon sitiyasyon pozitif nan de ka yo e nou pa ta dwe tounen nan nòmal?


Dr. Madej: Wi, ou itilize bon sans ou, e mwen tout afè dakò avèk ou. Pa gen aktyèlman okenn rezon pou deklare yon eta ijans. Alò poukisa nou toujou nan eta ijans, nou pale pratikman, nou toujou ladann. Poukisa sa prodwi? Non, pa gen okenn rezon pou deklare yon eta ijans. Anpil bann avoka eseye pote afè a devan tribinal yo paske nou pa ta dwe nan yon eta ijans. E mwen dwe di ke tès PCR la pat janm te destine pou dyagnostike nenpòt moun li ye a. Lè ti moso ADN sifi pou anplifye’l. An fèt, yo rekopye’l sèlman pou kapab pi byen analize’l e gade’l. Donk yo gade nan sèlman yon sèl fragman miniskil e sa sinyifi ke fragman sa a ka genyen anpil bann orijin diferan: Li kapab soti nan konsekans yon senp rim ou nan yon senp grip. E nou te wè efektivman ke konsekans sa a soti nan kromozom 8 nan kò moun. E sa sinyifi ke si yo miltipliye’l sifizamman, nou tout ta pral teste pozitif. E chak laboratwa miltipliye’l yon fason diferan. Pa genyen prosedi estanda pou sa! Se fou! Fòk ou ta yon syantifik pou konnen ou konprann sa. Si ou itilize yon tès PCR yon sèten manyè, prèske tout moun kapab teste pozitif. Men sa pa sifi vrèman ke yo genyen enfeksyon sa a, donk se sèlman yon ti fragman ki ekstrè. Se trè enkyetan! Anpil bann doktè ak bann syantifik te eksprime yo, e yo te kanpe yo ak reprimande yo. Se pa yon bon syans, se pa yon bon medsin ke n’ap pratike aktyèlman.


Dan: Ou te tande Elon Musk pale lotrejou? Mwen kwè ke se te yè.


Dr. Madej: Non, mwen pat tande’l! Kisa’l te di?


Dan: Ou konnen, mwen pa konnen kisa pou’m panse de Elon Musk. Pafwa, mwen panse ke li fè pati mouvman trans-imanis sa a. Yon kote, li di detanzantan bann bagay trè rezonab. Yo te mande’l…moun ki t’ap poze’l kesyon an te mande’l, ey… Nan kòmansman, li te di ke se te yon reyaksyon eksesif; Tout afè Covid la se yon reyaksyon eksesif. Li te di ke pa genyen okenn rezon pou kanpe ekonomi an ak pou pran bann mezi karantèn, elatriye. E pi li te rive yon moman kote moun ki t’ap poze’l kesyon an te di: "E byen, li sanble gen yon solisyon avèk tout sa: yon nouvo vaksen pral soti!" Alò Elon Musk di: "Mwen pa vle sa". Moun ki t’ap poze’l kesyon an te vrèman choke. Mwen pa panse ke moun ki t’ap poze’l kesyon an te sanse t’ap dewoule konsa. Li te repete e te di: "Non, mwen pap prann, e mwen pap bay fanmi’m li non plis!" E li mande’l "Poukisa ou pap fè’l?" e li reponn li "Ey ... paske mwen pa panse pou’m an danje, e timoun mwen yo non plis."


Dr Madej: Wi, li anbrouye’m tou, mwen dakò avèk ou. Paske, ou konnen, yon kote, li di kèk bagay konsa e, yon lòt kote, li kwè nan transimanis lan selon li menm nou ta dwe melanje nou avèk cyborgs yo (= pou nou demi moun, demi machin) e fè yon sèl avèk IA (= entèlijans atifisyèl). Mwen gen santiman ke se petèt tou pou bann rezon finansye ke li te di sa, paske l’ap pèdi lajan avèk izin li yo ki pa plènman itilize. Donk mwen gen santiman ke sa ta kapab genyen yon rapò avèk gen finansye’l la. Men mwen kwè’m konnen ke li fenk rantre li menm nan endistri bann vaksen an. Ou konnen donk ke genyen yon kontradiksyon nan propo’l yo. Mwen pa konnen kisa pou’m panse de li.


Dan: Mwen menm non plis. Men mwen te fenk sot wè yon foto’l kot a kot avèk Ghislaine Maxwell (=konpay sipoze Epstein) e sa sifi pou mwen pou prèske aboli’l nan istwa a, ou wè sa?


Dr. Madej: Wi, mwen pa fè’l konfyans.


Dan: Non, anfen… E byen, sa te trè anrichisan e enstriktif e … O, ankò yon bagay ke mwen te vle mande’w anvan pou fini: Kisa Emergency Preparedness Act [= lwa sou preparasyon nan katastròf yo ye]?


Dr. Madej: Wi, Lwa sa a te adopte, vè fevriye 2020, mwen panse. E sa te bay avèk fabrikan vaksen yo tout iminite kont tout aksyon an reskonsablite. Yo ankouraje yo pou prodwi vaksen yo a pi rapidman posib san krenn efè patojèn vaksen yo. Paske, ou konnen, si moun yo te tonbe trè malad ou te mouri, yo pat vle pèdi tout lajan yo a. E pou proteje yo, yo te kouvri yo avèk sa. Donk sa te fè pati lwa a.


Dan: Mwen te panse…si nou retounen nan 1986, a sa ke mwen te aprann de RFK Junior (Robert Francis Kennedy Junior) Mwen te tande’l di ke li te egziste deja yon iminite pou reskonsablite pou vaksen yo. Alòs, kisa sa te ye? Se te sèlman yon pa pi plis?


Dr. Madej: Avèk sa, yo vle vrèman proteje yo konplètman. Sa te pale deja yon langaj trè klè, sete tankou yon filè avèk doub fon! Paske avèti lalwa 1986… nan sen sistèm jidisyè a, yo te akòde yo ke te genyen yon problèm ki lye nan domaj ki koze pa vaksen yo, donk yo te kreye yon ti tribinal espesyal pou sa. Konsa, nan tribinal sa a, yo te kapab toujou pouswiv ak jwenn lajan an pou domaj yo ki koze pa vaksen yo. Sepandan, lwa ijans sa a te egalman te anile tribal sa a.


Dan: Hmm, hmm. Bon. Mwen kwè ke mwen gen yon dènye kesyon pou’m poze’w. Mwen panse ke mwen konnen repons lan deja, men ann sipoze ke se youn nan zanmi’w yo, ou manman’w, ou mwen pa konn kiyès, ki mande’w: "E byen, Carrie, ou pral fè yo vaksenen’w?"


Dr. Madej: Non pa kesyon. An fèt, mwen pap pran okenn vaksen ditou! Mwen pa fè yo konfyans di tou. Se pa nan epòk nou an. Nou te pèdi tout mwayen sekirite nou; kontròl nou yo ak mezi nou yo te jete nan fenèt. Non. Absoliman mwen pap pran! Mwen akòde yon trò gran valè avèk kò’m e avèk souverènte’m.


Dan: Kounye a, dezyèm vag la rive, nou konnen ke li rive. Yo pral egzajere chak ka ki pral prezante yo; yo pral eseye fè nou rete anndan kay ankò, se avi pa’m. Anfen, ou genyen yon dènye bagay pou pote pou moun yo? A kisa pou nou dwe fè atansyon pandan sezon grip la k’ap rive an otòm nan?


Dr. Madej: Mwen ta regrèt egalman vaksen antigrip òdinè a paske’l genyen bann konpozan ke sekirite a pat teste. E nan tan pase, Lòske moun yo te resevwa vaksen antigripal òdinè a e yo te antre an kontak avèk yon souch ra viris la, tankou grip pòsin H1N1 ou COVID-19 la, yo te reyaji ladann ankò pi vyolamman. Sitiyasyon yo a te pi mal pase sitiyasyon moun ki pat vaksinen yo kont grip la. Mwen pa fè vaksen sa yo ditou konfyans! E nou genyen bann etid ki konfime’l. M’ap konseye vrèman avèk moun yo pou pa fè konfyans ak vaksen sa yo jiskaske bann syantifik ak bann medsen entènasyonal yo mennen yon ankèt endepandan.


Dan: Donk ou prèske pa gen anpil konfyans nan vaksen kont grip la e ankò mwens nan prochen COVID la?


Dr. Madej: Absoliman, se egzat!


Dan: Dakò. Dr. Madej, mèsi anpil paske’w te pran tan pou pale avèk nou jodi a, e mwen espere ke nou pral kapab rekòmanse sa yon jou.


Dr Madej: Mèsi, Danny, paske’w te envite’m! Sa fè’m plezi.


[Fen Entèvyou a]
Sous: www.kla.tv/17640


3- Konklizyon


Chè frè ak chè zanmi, pou pa rann ansèyman sa a initilman long, nou jwenn li pi bon pou dirije nou vè bann lòt ansèyman yo nan yo menm pwen ke nou vle devlope isi a, yo deja byen devlope. Sou sit www.mcreveil.org a, n’ap jwenn nan Ribrik Sante a atik yo ki rele "Maladi ak Alimantasyon", "Vaksen an: Yon Pwazon Ekstrèmman Danjere", "Verite sou SIDA a", ak "Medsin K a: Yon Jenosid Òganize", pou’n site sa yo sèlman, k’ap revele nou kòman lisiferyen yo k’ap dirije mond sa a manipile medsin nan pou konble dezi satanik yo a; nan meni Illuminati a n’ap jwenn plizyè atik ki revele nou mòd operatwa bann Illuminati yo, ak nan meni Ansèyman an, ansèyman ki rele "Disèneman an", ki revele nou vrè nati swadizan gran gason ak fanm k’ap dirije mond sa a.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF