Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

YON DIRETÈ MÒG EKSPOZE MANSONJ COVID LA


1- Entwodiksyon


Chè frè ak chè zanmi, kòm nou te di nou’l nan yon resan ansèyman ki rele "Mansonj Covid-19 la Devwale", Bondye kòmanse ap sisite kouraj plizyè gason ak fanm imen e onèt, pou denonse ak ekspoze gran mansonj syèk ki rele Pandemi Civid-19 la. Tèks ke n’ap propoze nou an fwa sa a, se temwanyaj John O'Looney, yon direktè mòg nan Milton Keynes nan Wayòm-Ini, ki, apre li te fin kwè nan kòmansman ke pandemi Covid-19 la te vre, te vit rann li kont ke li pat anyen.


Kòm nou pral li’l anba a, nonm sa a a koz de fonksyon’l lan, te nan sant jesyon bann moun desede yo pandan pretandi pandemi sa a. Donk li pi byen plase ke nenpòt moun nan, pou konfime ke Covid-19 la te transfòme an pandemi, se yon mouvman blòf. Li konfime konsa, li menm tou, sa ke Otè ak Konferansye britanik la David Icke te revele nou an nan kòmansman pretandi pandemi sa a. Si nou poko li revelasyon sa a, li trouve’l sou sit www.mcreveil.org a, nan ribrik Sante a. Li rele: "David Icke: Konspirasyon Covid-19 La".


Tèks ke nou propoze nou an anba a se transkripsyon videyo (disponib sou sit www.mcreveil.org a) nan entèvyou ki te akòde a direktè mòg John O'Looney, pa Max Igan, yon Chèchè e Konferansye ostralyen. Se pou nou li’l nèt.


2- Kòmansman Entèvyou a


Max: Bonjou zanmi yo. Mwen jis soti nan konvèzasyon avèk yon direktè mòg nan Milton Keynes nan Wayòm-Ini. Mwen te gen lentansyon pou trete konvèzasyon sa a nan fason yon entèvyou, epi mwen te chanje davi e mwen te di tèt mwen ke mwen ta prale tou senpleman kite’l pale epi fè yon montaj epi pou prezante nou yon ekstrè ladann. Men aprè’m te fi retande’l, mwen te di tèt mwen fòk mwen ta fè nou koute tout konvezasyon an nèt nan tout eta li, si tèlman sa ke nonm sa a di a enpòtan. E mwen panse menm ke se ekstrèmman enpòtan zanmi yo. Nonm sa a donk genyen bann enfòmasyon konvenkan ke tout moun dwe tande.


Max: Donk ou se yon antreprenè mòg?


John: Anfèt se sa’m ye. Non’m se John, mwen se yon antreprenè mòg depi 15 zan, mwen enstale nan Wayòm-Ini, nan yon andwa ki rele Milton Keynes, ki nan anviwon 64 km…


Max: Se yon andwa chaman, mwen te ale la. …


John: A ok, très byen. Donk, mwen te direktè mòg pandan 15 zan, an fèt 10 zan pou youn nan pi gran founisè mòg yo nan sektè a, e genyen 5 kan mwen te kite navi a e mwen te enstale’m nan kont pa’m paske mwen pat ka vrèman satisfe nan fason pou fè bagay yo apre efondman sektè bankè a. Moun yo te vin tankou bèf ki gen lèt olye pou yo trete yo tankou jan yo dwe trete yo a nan avi pa’m.


Max: Alò, kisa’w wè jodi a antanke direktè mòg, kòman ou wè bagay yo nan de dènye ane sa yo? Ou te wè yon pandemi ane pase?


John: Mwen pral kòmanse pa kòmansman an: An 2019, mwen te resevwa yon fanmi ki te vin wè’m apre yo te fin pèdi yon pròch nan Northampton. Yo te mande’m pou’m ale la pou’m te ka rekipere’l. Yo t’ap plenyen ke lopital pat kite yo wè èt chè sa a. Donk mwen te rann mwen nan lopital Northampton. Yon fwa’m te rive sou plas, mwen te mande a gason mòg la poukisa yo pat kite fanmi sa a wè kò a? Alò yo te ouvè pòt chapèl la, ou sal vizit yo, e mwen te wè gwo mòg pandemik gonflab sa a. Mwen te dekouvri depi lè sa a se sa li ye, e yo te di’m ke genyen kèk bagay ki vrèman tèrib ki t’ap prepare’l e ke se te pou sa ke sal vizit yo te okipe pa gran kit sa a. Se konsa ke mwen te dekouvri Covid la. Se te nan fen mwa novanm, kòmansman desanm 2019. Epi Nowèl te rive.


Max: Donk yo te gen mòg tanporè sa a deja an sèvis e te konnen ke kèk bagay tèrib ta pral rive an novanm 2019?


John: Wi, mwen te wè avèk pròp je’m e yo te di’m sa. Se baz istwa a ke mwen sot rakonte a.


Max: Dakò.


John: Donk, enfòmasyon yo te kòmanse ap tonbe jis apre Nowèl. Yo te rele nou nan yon laboratwa chinwa ak nan yon mache nan Wuhan ki te egziste depi bann santèn ane san problèm, e tou swit, te gen yon problèm. Isteri a ta prale crescendo ak fen 2019, bann moun nan BBC lokal te kontakte’m. Yo te konnen ke mwen te yon antreprenè mòg e te mande’m pou’m patisipe nan yon repòtaj sou Covid la. Mwen dwe di ke o kòmansman prosesis la, mwen te kwè nan Covid la, egzatteman tankou tout moun. Mwen te dakò ke se te reyèl, yo te di nou ke se te reyèl. Lòske mwen te rann mwen nan yon lopital e ke yo te di’m pa egzanp ke tèl moun te seropozitif ou ke tèl lòt te gen tibèkiloz, mwen te pran evidamman sa trè o serye, e Covid la pat fè eksepsyon. Donk mwen te fè trè atansyon. Moun BBC yo te vini, yo te mennen yon kameramann ak yon fanm tou ki te pale avèk mwen. Yo te mete’m o kouran trè profondman sou sa ke yo ta pral mande’m yo e te kominike repons yo ke yo te vle yo. Yo te mande’m pou’m kouvri ak yon EPI (ekipman proteksyon endividyèl) konplè e mwen te yon ti kras retisan nan epòk la paske tout direktè mòg yo ap itilize bann tabliye e evidamman bann gan, men mas yo ak bagay konsa yo pa kèk bagay ke nou te itilize abityèlman.


Mwen te travay pou coroner pandan 7 tan e sèl fwa kote mwen te itilize yon mas, se alòske mwen te nan zòn yo kote ki te gen yon desè ou defen an te la depi yon sèten tan, yon desè ke yo pat dekouvri, e ou mete Vic sou mas la, lide a se te pou proteje bann odè yo. Sa pa pral proteje’w kont nenpòt sa’l ye a, e ankò mwens kont yon viris. Donk yo te jwenn entèvyou a ke yo te vle a nan bi pou fè reklam Isteri a. E mwen vle yon ti kal pou mwen kounye a, paske tout istwa sa a li tou senpleman pa vre, anyen nan sa pa vre.


An 2020, direktè mòg yo te kòmanse ap panike, pat gen menas lanmò, pat genyen ogmantasyon to mòtalite. Nou te wè bann defen volontèman gen etikèt "Covid", men pat genyen ogmantasyon nonb desè yo, e se nan fason jeneral, daprè sa ke mwen te ka konstate. Tout direktè mòg ke mwen te pale avèk yo a, ak tout mòg ke mwen te ale ladan yo, yo pat wè bann chif pandemi. Nou te wè bann moun ki gen etikèt "Covid", men a kèl pwen motèl sa a te ye? Mwen pa ka vrèman di’w li.


Yon fanmi te vin wè’m, yo te pèdi yon jèn timoun nan sèz an ki t’ap soufri yon kansè. Donk, okenn rapò. An fèt, yo te vle wè pitit fi yo a e sete nan yon epòk kote bann lòt antrepriz mòg t’ap pote bann sak mò ak bann sèkèy nan lopital e sele moun yo dirèkteman nan sak mò sa yo ak sèkèy sa yo. Pat gen anbalaj, pa gen vizit, anyen nan tout sa yo a koz "Covid" la. Mwen te trouve ke li pat jis pou moun sa yo ki te aprann ke yo te gen yon moun mouri pa yon apèl Zoom ou nan kanpe la nan yon konbinezon hazmat. Se pa jis. Donk mwen te lave ak abiye ti fi sa a e mwen te bay fanmi an tan pou wè pitit yo a tankou tout èt imen rezonab ta fè’l e la mwen te konkli ke travay mwen se pou okipe moun yo. E si sa sinyifi ke mwen dwe mouri pandan m’ap fè’l, ke’m mouri. Donk mwen te lave ak te abiye chak moun nan yo pandan tout "pandemi" Covid la, ke li te gen etikèt Covid ou non.


Max: Trè byen. Se maran ke ou pa mouri nan Covid la mon chè.


John: E byen, pa sèlman sa, men madanm mwen te ede’m e mwen genyen tou yon moun k’ap anbome k’ap travay pou mwen nan plen tan. Li genyen 55 kan, li te rive viv nan kriz kadyak sa gen 10 zan kounye a. E okenn nan nou pat manke yon sèl jou travay, nou tout nan bon sante. E yo te senplifye prosesis la kounye kote medsen yo pa prezan pandan yon desè, lapolis pa prezan pandan yon desè e moun ki la a rele medsen an, medsen an di: "Ok, si ou sèten ke li mouri, rele mòg yo" e nou pati dirèkteman. E la a, nou ranmase moun sa yo ki ankò cho. Se pa tankou si yo te rete nan refrijeratè ou yon chanm frèt pandan yon semèn, e ke tout viris ke yo ta kapab genyen ta disparèt. Si se te moun ki te malad nan "Covid" e si yo te enfekte, mwen sèten ke mwen t’ap trape’l, paske diran tout tan sa a, mwen pat pote mas, madanm mwen pat pote non plis, ni moun ki t’ap anbome pou mwen an.


Max: Alò kisa ke ou wè an tem chif yo kounye a?


John: E byen… ann retounen dèyè, an 2020, an mas ak avril nou te wè yon brèf pik pandan anviwon 2 semèn, 2 semèn edmi, petèt 3 semèn, nan peryòd pandan ke telefòn nan te kòmanse ap sone nan fason inabityèl. Nan sosyete sa a ke n’ap viv ladann lan li trè bon pou fè an sòt ke moun yo desede nan lopital. E mwen ta di ke sou dis ansanm defen rasanble, 8 ladan yo se lopital, youn soti nan yon kay retrèt ak yon lòt nan yon adrès rezidansyèl ou byen ke se yon moun ki te rantre lakay li pou li mouri la ou nan yon ospis kote moun yo pral pou mouri nan swen palyatif.


E tou swit, nan televizyon, gouvènman an te anonse ke li ta pral eseye pou proteje granmoun yo nan kay retrèt yo e ke moun sa yo se ta andwa ki touche pi plis yo, sa ke mwen trouve trè etranj nan epòk la, donk mwen pa konprann kòman yon viris ka atake yon batiman espesyal, ke li nan kominote a ou non. E yo te di yon bagay apre lòt la ki, antanke kòk mò sou tèren an, pat fè okenn sans. Yo te rele’m chak swa pandan 3 semèn nan bann kay retrèt, nan yon epòk kote Matt Hancock, ke gouvènman an te voye ale depi lontan, te transfere tout granmoun yo soti nan lopital ale nan kay retrèt yo. Li te pran swen pou mete etikèt sou yo tankou pozitif nan Covid ak pou plase yo nan bann kay retrèt. Depi lè sa a mwen te dekouvri, ke nan menm epòk la, kantite sédatifs Midazolam ki te achte yo te ogmante nan 100% e ke te egziste yon tras ekri trè klè a sijè sa a…


Mwen te travay pandan 10 zan pou yon gran antrepriz mòg ki genyen 60% mache a, e pandan peryòd sa a, yo pat JANM rele’m nan yon kay retrèt nan twa lan nwit konsekitif. Alò pou mwen menm, ki se yon ti antrepriz familyal mòg, te rele rapidman chak lan nwit pandan prèske twa semèn eksklizivman nan bann kay retrèt e pyès kote ankò, e probabman ra tou pou genyen nan lotri plizyè fwa nan twa semèn. Sa pa rive tou senpleman, se enposib. M’ap pouse’m pou ajoute ke tout moun sa yo te gen etikèt "Covid". Mwen pat janm wè medsen prezan. Nan konesans mwen, okenn medsen pat janm retrouve yo nan lye yo. Mwen pat janm wè yon tès Covid, mwen pat janm wè yon vantilatè. Donk li pat nesesè ke moun malad sa yo fè objè yon dòz ki depase, nou pral di, ou ke yo ta loudman andòmi pou yo kapab mete vantilatè sou yo, donk pat gen vantilatè. Mwen te soupsone donk ke yo touye bann milye moun, touye yo dousman nan kay retrèt sa yo avèk èd Midazolam nan. E nan okazyon an, mwen te wè bann ti fyòl sou tab kabann yo ou nan yon poubèl paske mwen t’ap chache yo nan moman sa a. Petèt yo pat pridan konsa tou pou bagay sa yo. Se kèk bagay ki te ban’m yon alam.


Epi, tout bagay te kanpe briskeman konsa. Answit, yon tip te rele’m, li te prezante’l tankou yon espesyalis pandemi yo ke gouvènman an te parenn li e te di’m ke travay li se te pou rele tout direktè mòg nan rejyon an ak pou rekeyi nonb moun ki desede yo. Donk li te mande’m, pa egzanp, ki kapasite salon finerè’m nan, konbyen kò mwen te kapab resevwa isi a, konbyen’m te ranmase semèn sa a, konbyen ki te mouri nan Covid e kote yo te soti. Jan de bagay sa yo. Se pat vrèman trè long, li te rele chak lendi; li te prèske kòmanse imedyatman ap pilote’m e konvezasyon an te dewoule konsa: "Mwen te rekipere yon tip nan yon kay retrèt ki te gen 90 zan, li te gen yon vi byen ranpli, pa gen medsen prezan, pa gen tès Covid, se pat yon mò "Covid", se te yon mò natirèl yon tip 95 zan. E mwen te rekipere yon moun nan ospis lokal la ki te mouri nan yon kansè, se te yon malad nan faz tèminal; tou de te rapidman etikete kòm "Covid" paske gason an te di ke yo te di’l ke se te bann ka "Covid", donk li te dwe genyen "Covid" la a anndan an, li te dwe enskri yo tankou ka "Covid". Tout nèt. Menm tip la ki te fè kraze’l. Tout desè yo te etabli tankou desè "Covid" alòske se pat ka a.


E bann te vini, bann fanmi vrèman trè boulvèse paske yo te konnen ke pròch yo te gen yon kansè nan faz tèminal e yo pè nan lide ke mwen pap lave yo e pap abiye yo paske yo te gen etikèt "Covid" e mwen te dwe asire yo, nan di yo: "Pa enkyete nou, m’ap fè’l". E mwen te fè’l, mwen te okipe’m de yo chak, mwen te lave yo tout e te abiye yo paske se sa ke yo te merite. Nan fè sa a, mwen t’ap tann pou wè si’m ta pral tonbe. Chak maten, mwen te reveye, mwen te pran yon gran enspirasyon, epi mwen te atake jounen’m nan e, sezi, mwen toujou la, menm jan tou ak madanm mwen ak anbomè’m nan. Donk ane 2020 an te progrese e pat gen anyen, apa 12 semèn abataj sa yo ki te genyen an nan kay retrèt yo, e mo ke mwen itilize yo te chwazi avèk bon sans paske mwen te konnen ke se sa ke li ye, donk estatistikman, se enposib ke sa prodwi li. Viris la pa sible eksklizivman kay retrèt yo. Kay sa yo yo ranpli ak moun ki pa konn di "non".


Max: Wi, yo te mete sa an plas senpleman pou kapab ogmante chif yo a ak pretann ke gen yon vag.


John: Absoliman, e tras yo ki ekri yo rakonte istwa a nan fason entèresan. Mwen te òganize bann fineray pou yon fanmi genyen kèk tan, e youn nan manm fanmi an t’ap travay nan famasi lopital lokal la e fanm sa a te konfime’m li, mwen pat ka anpeche’m pou mande’l: "Ou e achte anpil ladann?" e li te reponn "wi".


Max: Alò kisa ke ou wè kounye a ke vaksen yo ap sikile?


John: Ane 2020 an li te fini an novanm-desanm e yo te lanse yon gwo kanpay piblisitè nan anonse kòmansman bann vaksinasyon pou 6 janvye lokalman. Sa te deplwaye nan diferan zòn, avèk diferan moman, nan diferan pati mond lan, men yo te anonse ak tout moun ke sovè lavi a t’ap rive an janvye. Mwen pat rive pou te kwè’l. Nonm pandemi an te rele’m yon fwa pa semèn, e konvèzasyon an te nan jan sa a: "Sali John, kòman’w ye? Tout bagay byen?" "Wi, se toujou relativman kal…" E li te avwe’m: "Onètman mwen pa konn poukisa m’ap fè boulo sa a paske pa gen mò Covid e tout moun ap di menm bagay la."Mwen pran sa nan tip ki t’ap pale avèk tout direktè mòg lokal yo. Tip sa a te di’m sa pèsonèlman, li te sensè, e yon ti tan apre ke yo te kòmanse ap vaksinen, mwen te enfòme ke li pa t’ap rele menm ankò. Donk li klè ke gason sa a pat bezwen anrejistre menm ankò desè ki koze pa Covid la, donk yo te mande’l pou sispann fè’l.


Novanm ak Desanm te rive e te pase, nou t’ap fè bann fineray, men an fèt nou pat okipe, an depi de tout efò yo a nan kay retrèt yo pou ka ogmante chif yo. Globalman 2020 te pi kal ke 2019 nan sa ki konsène to mòtalite yo ak gran majorite bann fineray yo ke n’ap fè nan Wayòm-Ini yo yo se bann fineray pa brilaj. Mwen estime ke anviwon 95% nan yo se bann brilaj ak 5% se antèman. Nou pat konstate okenn ogmantasyon chif yo e se te menm bagay la tout kote. Sa yo se estatistik gouvènman an; yo montre ke pat genyen reyèl ogmantasyon e mwen te rive nan pwen kote mwen te di avèk kèk moun, ke mwen te jwenn ke sa te kòmanse ap santi movè ke yo pat di nou laverite a, e mwen te di avèk moun yo: "Mwen parye ke to mòtalite a pral anpire nan janvye, kan yo pral kòmanse ap vaksinen" e tout moun t’ap moke’m nan di’m: "Non, fò’w pa bèt, ou fou."


Nou te reprann travay le 2, e le 6, yo te kòmanse ap vaksinen e to mòtalite a t’ap anpile’l, mwen pat janm wè anyen konsa antanke direktè mòg nan 15 an, e ak moun ke mwen te pale yo te konstate menm bagay la. Tout te kòmanse egzatteman depi premye enjeksyon yo. E se sa ke yo te rele "dezyèm vag la". E sa te dire anviwon 12 semèn e li te fini briskeman dezyèm semèn avril. Mwen pa janm vle wè menm ankò yon to mòtalite tankou sa a. Se te tèrib. Tèrib. Mò yo te trè diferan fwa sa a, nou te an nafè avèk yon melanj nan tout laj nan tout kote, li pat sèlman nan bann kay retrèt yo, men lopital yo, bann adrès rezidansyèl, prensipalman bann desè nan lopital pou’m onèt avèk ou, e nou te trouve… se te jis tèrib. Se te bann chif pandemi, men sèlman yon fwa ke yo te kòmanse ap vaksinen an, jamè anvan sa.


Max: Èske yo te etikete tout moun sa yo tankou mò Covid?


John: O, wi, otanke yo te kapab. Men mwen te soupsone ke sete desè ki te fèt ak bann blese ki te koze pa vaksen an pou gran majorite a, ou bann ovèdòz Midazolam yo, ou petèt tou yon faktè ki kontribye nan fè ke yo neglije moun yo. Anpil fanmi di’m ke pròch yo te mouri nan kansè e ke yo rive nan estad 4 paske pèsonn pa vle wè yo. Yo pa pase eskanè ankò menm, yo pa ka jwenn randevou, yo voye pwomennen Gaviscon nan alòske yo te atenn yon kansè nan pankreya, elatriye. E yo pa okipe yo de sa.


Donk genyen yon chema klè ki desinen’l. Sa te dire jis an avril 2021, epi sa te kanpe tèt li briskeman e nou te asiste alò nan peryòd ki te pi kal la ke mwen pat janm konnen sètènman nan 5 an, e mwen panse ke se premye fwa, ke nan 5 an, antanke direktè mòg etabli, nou te pèdi lajan paske pat gen desè ankò menm. E se pat pròp avèk mwen menm ni avèk yon sèten bann nonm lòt direktè mòg ki fè pati group ke nou te rejwenn nan nan kòmansman pandemi Covid la nan panse ke nou te bezwen pou nou youn soutni lòt pandan pandemi Covid la si youn nan nou ta tonbe, e mwen dwe pouse’m pou di ke sa pat rive.


Gen anviwon 3 semèn, to mòtalite a te kòmanse ap ogmante e mwen wè kounye a bann moun nan tout laj, prèske eksklizivman bann moun ki te vaksinen yo, e gam bann desè se sa a: Kriz kadyak, maladi kadyak rapid e ki pa dekouvri ki te mennen yon kriz kadyak, kayo sangen, aksidan vaskilè serebral ak defayans ògàn miltip. Se 4 group sa yo ke mwen wè ou 4 tip konsta bann desè ke mwen wè e se pou tout laj.


Mwen te ale koupe cheve’m, genyen kèk semèn, e mwen te ale kay kwafè lokal mwen an e yo te sanble yo tout te frape e mwen te mande sa k’ap pase. Youn nan yo, ki gen 23 zan, mouri apre li te fin fè yo faksinen’l e te paralize prèske nan yon ti tan. Li te konsidere tankou "moun ki pi an danje" e yo te ba’l yon dezyèm vaksen twa semèn apre, e li te vin mouri lakay li nan demen. Mwen te resevwa yon mesye, mwen te okipe’m nan bann fineray manman’l ki te pèdi konesans prèske imedyatman.


Depi ke mwen te pale de enkyetid mwen yo, pèsonn pa vle pale avèk mwen, BBC… fè yon briyan silans. Yo te byen kontan ke mwen ankouraje Isteri a, men kounye a ke m’ap pale enkyetid mwen yo e ke mwen wè yon chema desè dirèkteman lye a vaksen yo, pèsonn pa vle pale de sa e se, malgre lefèt ke genyen yon sèten nonb moun vrèman trè konpetan ak bann milye medsen nan mond lan, bann enfimyè, bann konsiltan, bann profesè, bann virològ, k’ap di yo tout menm bagay la. Gouvènman an sanble vle pike devan, fè chantaj, kontrenn ak fòse moun yo ak kreye lantman yon sosyete nan tip totalitè pou yon pandemi ki pa egziste.


Varyan mòtèl la, mwen ka di’w li, lajman te rekonèt nan sen NHS (Sèvis sante piblik britanik), tankou yon efè segondè vaksen. Se pa yon viris, se yon domaj ki fèt pa vaksen an. E mwen ka di’w ke antanke direktè mòg k’ap travay sou tèren an, ke yo te rakonte ou ak kòde yon mansonj trè elabore, pou konvenk tout moun ke nou an afè avek yon viris danjere, e nou bezwen yon vaksen pou sove lavi nou.


Pou to mòtalite reyèl la li menm, li te parèt nan kay retrèt yo nan swit administrasyon Midazolam nan, epi etikèt volontèman pou tout desè nòmal tankou yon desè nan Covid. E anfen, nou te wè bann to mòtalite ekstrèm, yon fwa ke yo te kòmanse ap vaksinen. E se definitivman sèten, a 100%. Sa a mwen ka di’w li antanke direktè mòg. Kèk nan fanmi ki te vin wè’m yo yo pa absoliman okouran. Mwen te mande a chak fanmi si pròch yo a te vaksinen e yo te reponn mwen: "Wi, yo te resevwa de dòz yo a men sa pa ka fèt sa fè uit semèn." Yo tou senpleman pa wè lyen an e nan sa la a mwen la pou denonse tronpri yo a, mwen la pou okipe’m de manman yo ak papa yo. Mwen wè lyen an nan fason konstan, e mwen wè tou ke gran efò ki fèt yo pou pa rekonèt li.


Kounye a, de bagay pral prodwi talè, mwen ka di’w, avèk yon etonan klèvwayans. Yo te deja kòmanse vaksinen timoun yo. Yo te envante bann nouvo varyan. E yo te nonme yon varyan prèske chak de mwa. Lide a se ke pa gen varyan. Sa pou fè nou abitye avèk lide ke genyen yon sèten varyan. Sa ki pral pase a talè avèk tout timoun sa yo ke yo vaksinen yo, se ke timoun yo pral tonbe malad e bann timoun pral mouri a koz de enjeksyon sa yo. E yo pral kalifye yo kòm ki viktim nouvo varyan. Yo pral fè bann aktè kriz defile e yo pral envite paran yo nan televizyon nan medya gran piblik yo, ankouraje nou pou fè vaksinen ak pou proteje timoun yo. Se yon sètitid. Sa pral rive e m’ap tann ke sa rive. San okenn dout. Mwen pa gen okenn dout nan sijè sa a. E nou tout nou pral etone pou enkwayab klèvwayans ke mwen fè prèv la. Si ou gen yon ti kras dout, gade kote w’ap viv la, sa k’ap pase e ki moun ki mouri, se tout moun vaksinen yo. E nenpòt kèl direktè mòg ki gen yon ons entegrite ak onètete pral di’l. E depi ke mwen te kòmanse pou rann bagay yo piblik la, genyen anviwon 45 direktè mòg ou moun k’ap travay nan endistri finerè a, ki te kontakte’m dirèkteman. Yo byen konsyan de sa k’ap pase a. Yo tout yo konplètman efreye. Si yo prè pou touye bann moun tankou jan y’ap fè’l la, mwen panse ke yo pa pral ezite pou fè silans bann moun tankou’m yo.


Mwen konnen ke jou’m yo konte paske’m oze di laverite. Men reyalite a se ke pa gen pandemi Covid vre. E mwen se prèv vivan nan sa. Yo te fè tout sa pou ke nou ka kwè’l e pou nou ka pran yon vaksen. Ou konnen konbyen timoun ke mwen genyen pou’m okipe, ou ke mwen te tande pale pa rezo direktè mòg mwen an nan yon reyon 80 a 100 km, ki mouri nan Covid la depi sa te kòmanse a? Pa yon sèl. Pa yon sèl timoun pat mouri a koz Covid la nan konesans mwen. Mwen t’ap konnen’l paske se t’ap yon nouvèl enpòtan. Mwen pa doute ke kèk kote, yo pral jwe nou yon viwonn maji avèk yon timoun, e etikete’l "Mouri nan Covid". Donk se sa ke yo te fè avèk anpil lèt desè. Okenn timoun pat mouri nan Covid, donk pa gen okenn rezon pou administre terapi jenetik sa yo avèk timoun yo. Pa gen okenn rezon ditou. Se absoliman endefandab. E lefèt ke y’ap eseye pou kontrenn yon timoun 12 zan pou bay konsantman’l, alò ke li pa kapab konsanti avèk rapò seksyèl yo, ke li pa kapab achte yon byè, ke li pa kapab marye, e ke li pa kapab vote, sa di anpil bagay wi.


Isi a, nou an nafè avèk yon program depèpleman. E pati program depèpleman sa a li jwe sou de fron ke y’ap eseye pou atenn: Premye a se pou touye moun yo e antanke direktè mòg mwen wè’l. E dezyèm nan se pou esterilize ou pou rann timoun yo envalid pou anpeche yo fè pitit pita nan lavi. E konprann byen fòk yo pral tann anviwon 10 zan anvan ke yo dekouvri sèlman timoun 12 zan ki te resevwa enjeksyon sa a ki pral afekte enfètilite yo lòske yo pral gen laj pou yo vin paran, si yo pa mouri anvan, e si yo pa malad. E mwen ka di’w se sa k’ap pase. Mwen absoliman konvenki nan sa. 40 a 45 direktè mòg nan diferan sosyete, ke kèk nan koperativ menm jan ak bann travayè ki te kontakte’m te trè efreye, e ki te di’m ke yo te totalman dakò avèk mwen. Mwen te pale avèk bann enfimyè avèk 20 a 30 tan eksperyans, e mwen te pale tou a bann medsen, a bann profesè, e sa ki pi penib la, a yon gran nonb viktim, yon nonb ki toujou ap grandi avèk viktim ak bann moun, ki te di’m an kèlke sòt mèsi anpil, e te kontakte’m paske yo pa gen pèsonn lòt moun pou yo adrese yo avèk li. Paske pèsonn pa tande yo, yo pa entèrese avèk pèsonn, si tèlman yo okipe pou oprime yo pou fè yo chante e pou kontrenn yo pou mete yo nan ran pou yon piki k’ap touye yo.


Premye bagay la ki pral pase konsène timoun yo, dezyèm bagay ke nou pral wè a li trouve li nan NHS. Yo nan menm sèk avèk mwen, yo wè sa k’ap pase a e mwen ka di nou ke yo wè soufrans lan anvan ke moun mouri a vin lakay mwen. Donk yo konnen trè byen ke varyan Delta sa a ke yo te mansyone a genyen kèk tan, e yon lezyon ki koze avèk yon vaksen. E sa se yon bann gwo medsen espesyalis ki te konfime’m li. Mwen te okipe youn ladan yo lane dènye. Se te yon tip ki te pèdi patnè’l la e li te konfye’l avèk mwen pandan’l te di’m: "Yo ekstrèmman danjere. Silteplè John, pa touche yo". Nonm sa a gen yon fanmi e li te di ke li pa t’ap janm pran yo, janm! Paske selon li menm, yo ekstrèmman danjere. E li te kontinye nan eksplike’m ke prosedi tès yo an fèt te kanpe. Yo te eksperimante yo sou 200 makak nan laboratwa pa semèn. Se te efektivman bann tès paske yo tout te kòmanse ap mouri. Donk yo te kanpe tès yo sou zannimo yo. E se menm bagay la ke yo mete nan venn nou nan sant vaksinasyon sa yo pou yon ti vyann fri, pou yon kous taksi gratis, pou yon rediksyon pèn prizon’w lan… Se pa byen. Se pa nòmal, poukisa moun yo pa wè’l?


Men kounye a, apre 18 mwa kondisyonman total, moun tout kote yo totalman dakò. Yo kwè’l e y’ap mouri nan lapèrèz. Mwen wè bann timoun ale lekòl avèk yon mas nan plen lè, bann moun ki chita nan machin yo, ap tranble, e yo pa di yo laverite a. Laverite a se ke se enjeksyon sa yo k’ap andomaje ak touye moun yo e mwen wè’l a pròp je’m antanke direktè mòg. E mwen dwe di’l a moun yo paske si mwen pa mete tèt mwen sou bout bwa a e pa sakrifye tèt mwen, kiyès lòt ki pral fè’l? E sa pa pral sèvi a anyen pou panse a sa yon fwa ke yo pral fèmen’w nan youn nan nouvo sant detansyon masif sa yo ke yo te konstwi tout kote nan mond lan. Ou konnen ke egziste bann sant detansyon masif, bann prizon tou nèf? Sa fè bann deseni ke sosyete nou an abòde problèm sipopilasyon kaseral la. Mwen gen 53 zan kounye a e sa fè bann deseni ke mwen tande pale de sa. Donk kounye a nou nan yon moman kote ekonomi an globalman ajenou. Yo ajenou e poutan, yo jwenn lajan pou konstwi bann sipè prizon jigantèks; 30 000 kan anndan. A kisa nou panse yo sèvi mesye? Yo destine pou moun ki refize vaksen an. E yo pral rele yo bann kan karantèn, bann kan FEMA. Yo pral mete nou nan kan sa yo e mwen kapab di’w ke ou pral rapidman ekspedye e ke yo pral kalifye’w desè Covid.


Nou kòmanse ap viv egzatman sa ki te pretandiman prodwi pandan peryòd dezyèm gè mondyal la. Sa ki isi a se yon andwa ki rele "HMP Wellingborough". Se absoliman gwo. Li pral gen yon kapasite 30 000 moun. Batiman yo nan fòm gwo X ak H e mwen ankouraje tout moun nati pou ale sou Google Earth e pou jete yon kout je nan "HMP Wellingborough". Sanse gen yon lòt nan yon andwa ki rele "Glen Parva" nan Leicester. Yo gen yon krematoryòm ak yon gwo mòg konsa tou jis a kote a. Di’m a kisa sa ka byen sèvi la tout swit? Nan sitiyasyon ke nou ye kounye a, poukisa nou bezwen pou konstwi enstalasyon sa yo alòske ekonomi an ajenou? Kiyès ki pral profite de sa e a kisa sa pral sèvi? Mwen ta di ke se pou moun ki pap aksepte enjeksyon letal sa yo. Paske pandan senk prochen ane yo ou pral wè pratikman tout moun ke ou te konnen e ke ou renmen, mouri, si yo te vaksinen.


Se bann bagay ke mwen te tande nan bann eminan espesyalis yo ki pi byen kalifye ke mwen, bann moun trè respekte, inivèsèlman aklame e mwen wè kòmansman sa antanke kòk mò kounye a avèk bann moun ki soti nan karantèn yo a ou nan senkantèn yo a. Mwen te dwe okipe’m de yon gason ki te gen trantèn. Bann moun ki pa ta dwe mouri. Yo pa ta dwe genyen problèm kadyak yo. Yo pa ta dwe soufri aksidan vaskilè serebral yo. E se sa k’ap pase nan moman sa a menm. E kounye a, yo sible timoun yo. Kilè moun yo pral reveye yo. Èske se kan timoun yo pral mouri ou yo pral kwè avèk istwa nouvo varyan an reskonsab la? E mwen ka di’w ke sa ke yo pral di. "Se tou yon nouvo varyan ki sible timoun yo. Nou dwe proteje timoun yo." E Si yo ta kapab byen eseye pou rann li obligatwa sou popilasyon sa a. Epi lachas moun nan pral kòmanse, e yo pral an mezi pou ranpli gran sant karantèn sa yo, se pa vre?


Max: Wi, Yo konstwi yo tout kote, Yo konstwi yo tou isi a nan Ostrali.


John: Wi mwen te an kontak avèk yon sèten nonm pèsonn nan mond lan, globalman nan Ostrali, nan Nouvèl-Zeland, mwen avèk ou ak tout kè’m. Mwen panse sensèman ke sèl pou kapab sove ostralyen yo, se ostralyen yo ye.


Max: Pèp la dwe leve kanpe, wi. Genyen anpil rezistans men pa ase. Pa gen anpil moun ki konsyan ke se yon frod nou genyen. E se sa sa ye. Se yon frod nonbrab.


John: Wi absoliman.


Max: Ki bon konsèy ou ta ka bay moun yo k’ap koute’w yo? ...


John: Konsey mwen se pou soti ak pou fè konnen a politisyen yo a sa ke yo panse egzatteman. Fòs nou se kantite nou, linyon fè lafòs, donk nan gade fason ke y’ap detwi sosyete nou an, trè byento yo pral trennen nou nan youn nan kan sa yo. Konbyen moun nan ri nou an ki pral soti nan kay yo e anpeche ke sa prodwi? Si nou pa ede tèt nou nou menm, pèsonn lòt pa pral fè’l. Se sèten. E yo pral rasanble nou nan kan sa yo. Pral gen yon epidemi Covid nan kan sa yo e nou pral wè bann moun y’ap transpòte sou bann charyo. Kèk moun pral sede e pral aksepte yon enjeksyon mòtèl jis pou li ka libere ou pou mete’l deyò. Moman an rive pou fè kèk bagay. Donk mwen ka di nou antanke direktè mòg ke li pa pral sèvi pou gran bagay nan 12 mwa, depi anndan yon selil prizon, pou mande tèt ou kisa ke ou ka fè e pou regrèt paske nou pat sove timoun nou yo. Se kounye a fòk nou fè’l e fè tande vwa nou. Si ou nan endistri, ou dwe pale. Si w’ap travay pou NHS e ke ou sou pwen pou pèdi anplwa’w la paske ou refize vaksen an ke ou konnen ke l’ap koze bann domaj, pran san’w, pale li. Ou dwe moun yo sa.


E nan fason tout afè entèresan, sèman Hippocrate la, sèman ipokrit tankou jan’m rele’l kounye a, te revize nan lopital an 2001 pou bliye fòmilasyon an: "Nou pa pral fè okenn mal." Donk sa bay moun pèmisyon pou fè mal. Mwen te pale avèk bann enfimyè ke yo te rele nan bann chanm e ki te resevwa lòd nan men ekip medikal yo bann direksyon pou administre yon dòz 60mg Midazolam, yon dòz mòtèl a bann moun malad ki pat menm kòmanse ap mouri. Bann moun malad ki gen etikèt Covid nan yon prosesis fondamantalman defayan. Tès PCR la pa ta dwe janm efektye sou plis pase 10 sik. Kary Mullis envantè tès sa a te di’l li menm, e dayè li mouri nan sa kounye a. Ou konnen ke li mouri pa gen anpil tan? E byen, yo fè 45 sik. Fason ke sa fonksyone a se konsa: Si ou se yon moun malad ki atenn yon kansè e ke ou ospitalize pou bann swen palyatif, swen palyatif yo ou pakou Liverpool la sinyifi ke ou pral mouri grangou anba bann dròg.


Kèk moun ka gen yon problèm avèk sa. Men bann lòt wè sa tankou yon fen pi jenere. E mwen respekte sa. Men eleman klè a isi a se konsantman an. E moun sa yo make nan yon DAR (Do not Resurrect – Pa reyanime). E yo kontrenn yo ak soumèt yo nan yon chantaj pou ka siyen pakou difisil sa a pou bann moun ki pa menm kòmanse ap mouri. Bann moun ki te dezinye tankou pòtè Covid avèk yon tès ki pa fèt pou sa. Pa gen okenn syans dèyè’l. Tip ki te envite’l la te di’l. E poutan, yo pral vè lavan e touye bann moun. Kisa nou bezwen pou konnen plis toujou mesye? E kounye a yo vize timoun nou yo. Kisa ke nou pral fè? Nou pral pèmèt li? Nou pral kite yo fè nou sa e lèse yo mennen nou nan yon kan? Genyen sifizamman Bann bon moun ki vle vrèman fè diferans lan. Men sèlman kèk nan yo ap travay kolektivman pou fè’l. E mwen panse, kòm mwen deja di’l, sèl moun ki pral sove nou se nou menm.


Mwen te koute sa ke gouvènman nou an te di la ba a. Se yon blag, se sovaj, sa fè prèske eko nan Almagn nazi. Y’ap fè nou chantaj, y’ap kontrenn nou, y’ap fòse nou. Tout krim posib e inimajinab: Menas pou pèdi anplwa nou; nou pa ka wè manman nou; nou paka vwayaje; nou pa ka travay; nou pa ka soti; nou pa ka fè kous nou yo; nou pa ka ale nan pak jwèt yo pou timoun yo. Se bann dwa moun fondamantal ke nou pèdi. E sa ka fini sèlman yon sèl fason: Yon kamyonèt ki kanpe devan kay nou e k’ap mennen nou nan yon lòt sant kache anndan e se la ke sa pral fini. … Donk mwen envite nou pou regroupe nou ak pou aji ansanm. Aji. Mwen pa ankouraje nou pou komèt bann krim, men nou se viktim yon krim. Alò kisa nou pral fè? Tout sa ke’m ka fè, se rakonte nou eksperyans mwen an antanke direktè mòg. Mwen te lave ak abiye pi plis pase 100 ka Covid nan jou sa a, ke anpil te toujou cho. Yo ban nou manti.


Max: E byen mèsi John. Mwen pral poste sa.


John: Pa gen problèm. E mwen ta di avèk tout moun ki vle kontakte’m pou verifye kiyès mwen ye, non’m se John O’Looney. M’ap travay nan pròp antrepriz mòg mwen nan Milton Keynes "Family Funeral Services" nan Wayòm-Ini. Fè yon rechèch n’ap jwenn mwen. E silvouplè, kontakte’m pou verifye kiyès mwen ye paske m’ap ere pou dekroche telefòn nan donk nou pral kite yon eritaj mesye. E si eritaj mwen an se laverite ak onètete e ke mwen te sove youn nan nou, fanmi nou enpòtan tou menm jan ak fanmi pa’m, alò si se kado pa’m anvan ke yo debarase yo avèk mwen pou sa, m’ap aksepte’l.


Max: Pa gen enkyetid. Mèsi pou konvèzasyon sa a John.


John: Pa gen problèm. E mèsi paske’w pataje’l paske se yon mesaj ke mwen pa ka fè pase a moun yo san ke bann moun tankou’w yo pataje’l. Donk mwen ankouraje vivman tout moun pou pataje’l lajman. E si ou ta kapab voye yon kopi pou mwen, genyen anpil moun ki pral tann ke mwen pataje’l e mwen ta vle fè’l.


Max: Ou vle ke mwen mete adrès elektronik ou sou videyo a?


John: Wi silvouplè fè’l. Donk si ou pa verifye ke mwen se byen yon direktè mòg, sa pa gen menm kantite pwa ke si mwen idantifye antanke direktè mòg.


Max: Donk nou byen tande zanmi yo. Souch delta a se yon domaj ki koze pa vaksen an. ...


[Fen Entèvyou a]


3- Apèl pou Repantans


Si aprè nou fin li temwanyaj sa a, menm jan ak tout lòt temwanyaj yo ke nou te mete a dispozisyon nou yo, nou kontinye pou kwè nan mansonj bann ajan dyab yo k’ap dirije mond sa a, nou pap gen ekskiz menm ankò. E si malgre tout sakrifis sa yo ke gason sa yo a ak fanm sa yo fè kan yo devwale konplo satanik sa a nan peril lavi yo, nou kontinye pou pran pwazon sa a ki rele vaksen an, se sou pròp tèt nou ke san nou pral tonbe. Se nou menm sèl ki pral plenyen nan jou k’ap vini yo. Pandan n’ap tann nan, konnen ke tout pretandi nouvo varyan Covid sa yo ke idyo yo k’ap dirije mond sa a kòmanse ap prezante nou yo chak jou yo, se sèlman bann efè fatal nan pwazon ke y’ap oblije tout mond lan nèt pou pran an.


Nou tout konnen ke mo varyan an te parèt sèlman nan langaj malad mantal sa yo apre lansman pwazon sa a ki rele vaksen an. Depi ke yo te kòmanse pou anpwazonen moun yo avèk pretandi vaksen yo a, reyaksyon pwazon an pat fè tann li. Moun yo te kòmanse ap mouri nan pwazon sa a, e malad mantal yo ki dèyè projè fatal sa a, te kòmanse ap pale nou de varyan: varyan angle, varyan sid-afriken, varyan brezilyen, varyan endyen, elatriye. Kèk tan apre, pou bòne nou, idyo sa yo te chanje apelasyon an, e te chwazi pou pale nou de varyan Alfa, varyan Beta, varyan Gama, ak varyan Delta ak Kapa. Ak tout moun ki tonbe nan pyèj pou kwè avèk sa ke medya piblik yo ap di yo fonde sou mansonj, te kwè.


Konnen ke okenn varyan nan nenpòt sa’l ta ye a pa egziste. Moun yo kòmanse ap soufri e ap mouri pa bann efè fatal pwazon an ki rele vaksen an, ke yo te gen malè pran an. Pou moun ki kwè sèlman nan sa ke syantifik yo ap di yo, men sa ke Luc Montagnier, pri Nobèl franse a te di: "Varyan yo soti nan vaksinasyon yo. Se efektivman vaksinasyon an ki kreye varyan yo. Nouvo varyan yo se vrèman prodiksyon, rezilta bann vaksinasyon yo. Nou wè toujou nan peyi yo menm pou End, koub bann vaksinasyon yo ak koub bann mò yo y’ap kontinye."


Si nou poko fè anpwazonen nou ankò pa vaksen sa a, pa pran risk sa a. E si pa malè nou deja fè anpwazonen nou, sa ki rete pou nou fè se kouri kote Bondye, ki Li menm sèl ka delivre nou nan sa. Avèk pwazon yo fouye nan nou an, li kòmanse ap touye nou progresivman. Pandan n’ap tann pou nou mouri a, panse pou nou repanti. Panse a lye kote nou pral retrouve nou an apre nou fin mouri. Panse seryezman, pandan li ankò tan, a lye kote n’ap pase letènite nou. Pa bliye ke chak moun ki kite latè, li dirije vè youn nan Sèl de andwa yo ke nan yo tout èt imen ap pase letènite yo.


Si nou fè pati de moun ki te lontan kwè ke nosyon Lanfè a se te yon fab, detounen nou anvan ke li fè tro ta. Ajan satan sa yo k’ap dirije mond sa a, yo byen konsyan ke Lanfè a egziste. Yo menm ak lisifè mèt yo a, yo destine pou Lanfè. Se sa ki jistifye ekstrèm mechanste yo a pa rapò avèk imen yo. Yo pa vle ale sèl nan Lanfè a; yo vle ale ladann avèk tout moun, sinon, avèk maksimòm moun yo. Si nou tonbe nan pyèj yo a, n’ap regrèt li pou tout letènite. Se malerezman apre lanmò nou, ke nou pral reyalize ke nou te tronpe tèt nou sou tè a. Repanti nou kounye a kan sa ankò posib la.


E si nou vle repanti nou, si nou vle sove tèt nou nan pyèj satan sa a ak kouri pou Lanfè a, nou rekòmande nou ansèyman ki rele "Batèm Dlo a", ke n’ap jwenn sou sit www.mcreveil.org a, nan Ribrik Ansèyman an. Ansèyman sa a eksplike nou tout bagay sou repantans lan. Pa ezite pou kontakte nou si nou gen bann kesyon, ou si nou bezwen èd pou nou sove.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF