Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

TEMWAYAJ ANGELICA ZAMBRANO


Anvan ou li temwayaj sa a, nou ankouraje’w li yon avètisman enpòtan nou te fè konsènan temwayaj yo. Avètisman sa a ki gen tit "Avètisman Temwayaj" li trouve sou sit www.mcreveil.org.


Chè zanmi, nou jwenn li esansyèl pou mete nan dispozisyon nou temwayaj Angelica sa a, yon ti fi 18 ane ki soti nan Ekwatè nan Amerik latin, ki te dirije pa Senyè Jezi Kris pou vizite Lanfè ak Syèl la pandan 23 èdtan. Li se yon temwayaj ki ase edifyan. Se pou nou li’l, epi tou fè efò pou pataje li alantou nou, pou ka avèti maksimòm moun. Bondye beni nou!


Angelica temwanye ke li te wè Jezi Kris plizyè fwa ap kriye devan foul nanm pèdi yo pou tout tan nan Lanfè a, yon mond ki te rejte l', yon Legliz pou laplipa ki pa prepare pou Senyè a, yon pèp ki pa temwanye ankò sou Li a nanm ki pèdi yo, ak yon endistri amizman k’ap mennen timoun yo nan Lanfè. Li te wè anpil selebrite k’ap soufri nan Lanfè a: Chantè, atis e menm Pap la. Li te wè tou ki jan Wayòm Syèl yo mèveye prepare e pare, yon kote laglwa ke nou pa ka imajine kote ke mal pa egziste. Sepandan, Jezi Kris ap vini sèlman pou yon pèp ki sen. Anpil nan pitit Bondye yo pa pral anlve nan jou sa a epi yo pral debat ak yon mond boulvèsan.


1- Lanmò


Pandan lapriyè a, mwen te kòmanse ap toufe, mwen pa t' kapab respire. Mwen te gen doulè grav nan vant mwen ak nan kè. Mwen te santi sikilasyon’m ralanti desann ak grav doulè nan tout kò m'. Tout sa mwen te kapab di se te: "Senyè ban’m fòs, ban’m fòs!" Mwen te santi ke mwen pa kapab kenbe ankò; mwen pat gen okenn fòs ankò, li te kite m'! Lè m' te gade nan Syèl la ak je espirityèl mwen, mwen te wè Syèl la louvri. Mwen te wè yon foul zanj k’ap vini ansanm e nan mitan yo mwen te wè yon limyè 10.000 fwa pi klere pase solèy la. Epi mwen te di: "Senyè, èske se Ou ki ap vini?"


Jezi te desann epi mwen te santi kò m' mouri. Kòm Jezi ak zanj yo t’ap pwoche, mwen te santi tankou mwen te pati e mwen pa t' mwen menm ankò. Mwen pa t' vivan ankò, mwen tap mouri e mwen tap agoni! Lè kò mwen te tonbe atè a, yo te deja la. Kay mwen an te plen ak zanj e nan mitan zanj yo, mwen te wè yon limyè pi klere pase solèy la! Li te penib; Mwen te gen gwo doulè; li te tankou si nanm mwen ak lespri’m tap chire soti nan kò mwen. Mwen te rele e mwen te kriye lè’m te wè kò’m sou tè a. Mwen te mande: "Senyè, ki sa k’ap pase? Ki sa k’ap pase?" Mwen te vle manyen kò’m epi retounen nan mwen men mwen pa t' kapab ankò, li te tankou ap eseye pran lè a avèk men; men mwen te pase dwat nan kò m'. Okenn nan moun ki t’ap priye yo pat ka tande mwen. Mwen t’ap kriye: "Senyè, ede m'!"


Nan moman sa a, mwen tande vwa Senyè a, yon vwa bèl, yon vwa tankou loraj, yon vwa ranpli ak lanmou ki te di m': "Pa pè paske Mwen se Jéhovah, Bondye ou la e Mwen vin montre ou sa Mwen te pwomèt ou a. Kanpe paske Mwen se Jéhovah ki kenbe ou nan men dwat la, epi ki di ou, pa pè, paske Mwen va ede ou." Toudenkou, mwen te kanpe. Tout tan sa a, mwen te sou jenou m 'ap eseye anven pou retounen nan kò’m. Lè m' tande vwa Li, perèz la te kite m' e mwen te kòmanse mache ak zanj yo t’ap netwaye wout la. Te gen yon limyè fò ki te klere. Mwen te jwenn lapè mwen lè mwen te gade limyè a. Mwen te wè yon bèl, jeyan, elegan, miskile e limyè a te soti nan Li. Limyè a te tèlman klere ke mwen pa t' kapab idantifye figi l'! Men, mwen te kapab wè bèl cheve an lò Li yo ak yon rad blan ak yon band laj an lò ki te antoure pwatrin li e sou li li te ekri: "Wa tout wa yo e Senyè tout senyè."


Mwen gade nan pye L', Li te pote sandal dore klere, ak lò briyan. Li te tèlman bèl! Li te lonje men L' ban mwen. Lè mwen te pran men L', li pat tankou lè mwen manyen kò mwen, men m' pa t' pase nan Li. Mwen te mande: "Kisa k’ap pase?" Epi Li te reponn: "Mwen pral mennen’w vizite Lanfè a pou ke ou ka enfòme limanite ke kote sa a reyèlman egziste. Menm jan an tou, Mwen pral montre’w tout bèl pouvwa Mwen pou ke ou di pèp Mwen an pou pare paske Mwen ap viv reyèlman e laglwa mwen reyèl." Li te di m': "Pitit fi mwen, pa pè". Li te repete li ankò e mwen reponn: "Senyè, mwen te vle di ou ke mwen vle vizite Syèl la, men pa Lanfè a paske li se yon kote tèrib!" Li di: "Pitit fi mwen, Mwen pral avèk ou. Mwen pa pral abandone ou, mwen pral montre’w Lanfè a paske gen anpil moun ki okouran de egzistans li men malerezman yo pa gen okenn pè, yo panse ke li se yon blag e anpil pa konnen anyen sou li. Se poutèt sa ou dwe vizite Lanfè a paske gen plis moun k’ap peri pase moun k’ap antre nan laglwa Mwen."


Lè li te fini pale, mwen te wè dlo ki t’ap koule nan je’L epi mouye rad Li. Mwen te mande: "Senyè, poukisa Ou ap kriye?" Li te reponn: "Pitit fi mwen, paske gen anpil moun k’ap peri e mwen pral montre ou pou ke ou ale e di la verite e ke ou pa retounen nan kote sa a."


2- Lanfè


Toudenkou lè Li t’ap pale a, tout bagay te kòmanse bouje. Latè t’ap tranble epi louvri. Mwen te wè yon twou nwa anba a. Nou te kanpe sou yon kalite wòch, antoure pa zanj yo. Mwen di: "Senyè, mwen pa vle ale." Li te reponn: "Pitit fi mwen, pa pè paske Mwen avèk ou." Nan yon bat je, Mwen te wè yon gwo sèk epi mwen tande dè milyon de vwa. Mwen te trè cho epi mwen te santi po mwen ap boule. Mwen te mande: "Senyè, ki sa sa ye? Mwen pa vle ale!" Senyè a eksplike m' ke li te sèlman antre nan tinèl la ki mennen nan Lanfè a. Te gen yon odè degoutan, repinyan, ki gen move sant e mwen te sipliye Senyè a pou pa ale la. Li te reponn: "Pitit fi mwen, li nesesè pou ou konnen plas sa a." Mwen t’ap kriye: "Men, poukisa Senyè?" e Li di: "Pou ke ou ka di verite a ak limanite; limanite ap peri, li te pèdi epi gen sèlman kèk moun k’ap antre nan wayòm Mwen an." (Matye 7:14). Lè Li t’ap di sa, li t’ap kriye. Pawòl li yo te konsole mwen e mwen te kapab kontinye mache.


Nou rive nan fen tinèl la, lè mwen gade atè, mwen te wè gwo twou san fon an kouvri ak flanm dife. Senyè a te di: "Pitit fi mwen, mwen ba ou sa." Se te yon klasè ak papye vid. "Pitit fi mwen an pran kreyon sa a epi ekri tout bagay mwen pral montre’w, sa ke ou pral wè ak sa ou pral tande. Ou pral ekri tout bagay jan ou pral obsève li a, menm jan ou pral viv li a." Mwen di: "Senyè, mwen pral fè li, men sa mwen te deja wè se ase, Senyè; bann nanm ki nan touman imans flanm dife a".


Mwen te di Jezi: "Mwen pral temwanye ke Lanfè a reyèl, ke Lanfè a egziste, men fè m' soti nan kote sa a!" Li te reponn: "Pitit fi mwen, nou pa menm ankò nan Lanfè a; mwen poko montre ou anyen ankò epi ou deja vle m' fè ou soti isit la?" Mwen te di: "Tanpri, Senyè, fè m' soti nan kote sa a." Lè sa a, nou te kòmanse desann nan gwo twou san fon an! Mwen te kòmanse kriye epi’m rele: "Senyè non, non, non, non, mwen pa vle ale!" Epi Li di: "Ou gen enterè pou wè kote sa a."


Mwen te wè bann demon tèrib tout kalite, piti ak gwo; yo t’ap kouri tèlman vit epi yo te kenbe yon bagay nan men yo. "Senyè poukisa y’ap kouri tèlman vit e ki sa yo gen nan men yo a?" Li te reponn: "Pitit fi mwen, y’ap kouri konsa paske yo konnen ke tan yo prèske fini, tan pou detwi limanite a, sitou pèp mwen an, li trè limite. Yo kenbe flèch nan men yo pou detwi limanite. Chak demon resevwa non yon moun pou detwi l' e mennen l' nan Lanfè; objektif yo se detwi viktim lan epi pote yo nan Lanfè." Apre sa, mwen te wè demon yo ap kouri e parèt sou latè. Li te di’m: "Yo ale sou latè a pou pran moun e jete yo nan Lanfè." Lè Li t’ap di sa, Li t’ap kriye; Li t’ap kriye profondman. Li te toujou ap kriye e mwen te kòmanse kriye tou. Sa k’ap pase nan kote sa a tèrib. Rakonte e koute se yon bagay, men ale e fè eksperyans reyalite yo se yon lòt - li te yon moman trè difisil, yon moman ineksplikab.


Senyè a te di m': "Èske’w pare pou’w wè sa mwen gen pou montre’w yo?" "Wi, Senyè," mwen te reponn. Li te mennen’m nan yon selil kote te gen yon jenn gason k’ap toumante nan dife a. Mwen remake ke selil sa a te nimewote, byenke mwen pa t' kapab konprann nimewo a, li te sanble tèt anba. Te gen yon gwo plak, e jenn gason an te gen nimewo "666" la sou fwon li. Li te gen tou yon gwo plak metal entegre nan po l'. Ni vè yo ki t' ap manje li, ni flanm dife a pat gen pouvwa pou domaje plak la. Li t’ap rele byen fò, "Senyè, gen pitye, fè m' soti isit la. Padone mwen Senyè!"


Jezi reponn li: "Li twò ta: mwen te ba ou anpil opòtinite, men ou pa t' vle repanti." Mwen te mande Jezi: "Senyè, poukisa li isit la?" Sa ki te boulvèse m' plis la se ke lè mwen te gade l', mwen reyalize ke mwen te konnen l'. Sou latè, jenn gason sa a te konnen Pawòl la, men toudenkou li te abandone lafwa, te prefere alkòl pito, dwòg e li te pran chemen pèdisyon an. Li pat vle swiv Senyè a ankò, malgre avètisman repete yo sou konsekans yon desizyon konsa. "Pitit fi m', li isit la paske nenpòt moun ki rejte Pawòl Mwen deja gen yon jij: Pawòl Mwen yo ke Mwen te pale yo ap jije l' nan jou Jijman dènye a." (Jan 12:48) lè sa a, Jezi t’ap kriye.


Fason Senyè a kriye a diferan de nou. Kriye L' yo trè byen fon e Li eksprime anpil angwas nan kè L'. Jezi te di: "Mwen pa t' kreye Lanfè pou imen". Lè sa a, mwen mande L': "Men, poukisa donk, imen ale ladann?" Li te reponn: "Pitit fi mwen, Mwen te kreye Lanfè pou satan ak zanj li yo ki se demon; (Matye 25:41) men akòz peche ak refi pou yo repanti, moun yo fini isit la epi gen plis moun ki peri konpare ak moun ki antre nan laglwa Mwen!" (Matye 7:14). Li te kontinye ap kriye e li te fè’m tris anpil pou’m wè Li ap kriye konsa. "Pitit fi mwen, Mwen te bay lavi Mwen pou limanite pou li pa peri, pou ke li pa ale nan Lanfè. Mwen te bay lavi Mwen nan tit renmen ak mizerikòd pou ke limanite repanti epi antre nan Wayòm Syèl la."


Jezi t’ap kriye tankou yon moun ki pa t' kapab ankò, men konbyen Li santi lapenn lè Li wè nanm yo ap pèdi. Mwen te mande Li: "Senyè, èske gen nenpòt manm fanmi mwen isit la?". Li gade m' kòm mwen t’ap kriye e te di: "Pitit fi mwen, Mwen avèk ou", paske mwen te trè pè. Mwen te santi’m an sekirite nan prezans Jezi Kris. Mwen te panse: "Si mwen kite Senyè a, mwen ta kole isit la". Kòm mwen t’ap mande L' kesyon sou manm fanmi mwen, Li te mennen m' nan yon lòt selil. Mwen pa t' ka janm imajine wè yon manm fanmi mwen nan selil sa a. Mwen te wè yon fanm ki t’ap toumante, te gen vètè ki t’ap manje figi l' ak demon ki t’ap pouse yon kalite epe nan kò li. Li t’ap rele byen fò: "Non Senyè a, gen pitye pou mwen, tanpri, padone m', soti’m kote sa a menm sèlman pou yon minit." (Lik 16:24).


Nan Lanfè a, moun ap toumante e y’ap sonje sa yo te fè sou latè. Demon yo ap moke yo e yo ap di yo: "Adore e bay glwa paske sa a se wayòm ou an." Epi moun yo t’ap kriye e yo t’ap sonje yo te konnen Bondye, paske yo te konnen Ekriti yo. Moun ki te konnen Senyè a te soufri de fwa plis. Senyè a te di: "Pa gen ankò okenn chans pou moun ki isit la; men gen toujou yon posiblite pou moun ki vivan yo." Mwen mande li: "Senyè, poukisa gran grann mwen isit la? Mwen pa konnen si li te konnen Ou. Poukisa li isit la Senyè?" Li te reponn: "Pitit fi mwen, li isit la paske li pat kapab padone... Pitit fi mwen, moun ki pa padone, mwen p'ap padone l' non plis." Mwen te mande: "Senyè, men Ou padone, Ou gen kè sansib." Li te reponn: "Wi pitit fi m', men li enpòtan pou padone. Anpil moun fini nan Lanfè paske yo pat padone. Ale di mond lan ke li tan pou yo padone e espesyalman nan pèp mwen an, paske anpil nan yo pa gen padon ankò. Di yo pou yo debarase yo ak rankin, resantiman, de rayi sa a ki nan kè yo. Li lè pou yo padone! Si lanmò te siprann yon moun ki pat konnen pou padone, moun sa a ta ale nan Lanfè, paske pèsonn pa ka rachte yon lavi."


Lè nou te kite selil gran grann mwen an, li te anglouti nan dife a e te pran rele: "Aaaah", li te kòmanse pale mal sou Bondye. Li madichonnen Bondye; tout moun ki nan Lanfè a ap pale mal sou Bondye. Lè nou kite kote sa a, mwen te kapab wè ke Lanfè a ranpli ak nanm ki t’ap toumante. Plizyè moun te lonje men yo, yo t’ap sipliye Jezi pou soti yo la. Men, Senyè a pa t' kapab fè anyen pou yo e yo te kòmanse pale mal sou Bondye. Lè sa a, Jezi t'ap kriye epi Li di: "Li fè’m mal pou tande yo, li fè m' lapenn pou wè sa yo ap fè, piske mwen pa ka fè anyen pou yo ankò. Ki sa mwen ka di ou se ke gen toujou yon opòtinite pou moun ki toujou sou latè yo, moun ki poko mouri yo, se poutèt sa, vivan yo; toujou gen tan pou repanti!"


Senyè a eksplike m' ke gen anpil selebrite nan Lanfè a, epi tou anpil nan moun ki te konnen Li. Li te di: "Mwen vle montre’w yon lòt pati nan gwo founo a." Nou te rive yon kote yon fanm te kouvri nan dife a. Li te nan agoni e li t’ap kriye pou li mande Senyè a pitye. Jezi pwente li epi Li di m': "Pitit fi mwen, fanm sa a ou wè a te rele Selena" (Senyè a di m' ke Selena te yon chantè Ameriken ki gen orijin Meksikèn). Lè nou pwoche bò kote’l, li t’ap rele byen fò: "Senyè, gen pitye, padone mwen, libere m' soti isit la!" Nan moman sa a li te kòmanse repanti men Senyè a gade l' e te di: "Li twò ta, twò ta. Ou pa ka repanti ankò." Li te wè m' e li di: "Tanpri ale pale moun yo sou Lanfè a, pale byen fò epi pou yo rete trankil. Di yo pou yo pa vini nan kote sa a. Ale di yo pou yo pa jwe oswa chante mizik mwen yo." (1Jan 2:15) Mwen te mande l': "Poukisa ou vle m' pote mesaj sa a nan mond lan?" Li te reponn: "Paske chak fwa moun jwe ak koute chante m' yo, touman mwen vin pi mal. Moun ki jwe ak koute mizik mwen yo ap fè wout pa li nan Lanfè a. Tanpri ale di yo pou yo pa vini isit la. Ale di ke Lanfè a reyèl". Li t’ap rele byen fò e demon yo te lanse epe nan li e li t’ap kriye: "Ede m' Senyè, gen pitye pou mwen Senyè." Men, malerezman, Senyè a di l': "Li twò ta".


Mwen gade bò kote sa a, li te plen mizisyen ak atis. Tout sa yo t’ap fè se te chante epi chante san rete. Senyè a te eksplike: "Moun nan Lanfè a kontinye ap fè sa li t’ap fè sou latè."


Kòm mwen t’ap obsève plas la, mwen remake anpil nan demon yo ki t’ap ranvèse desann sa mwen te panse ki te dlo a. Mwen te panse li t’ap fè lapli. Men, mwen te remake moun ki nan flanm dife a t’ap kouri pito pou lapli a: "Non, Senyè ede m', li pa posib" e demon yo t’ap ri epi yo t’ap di moun: "Fè lwanj epi adore paske sa a se wayòm etènèl ou!". Mwen te wè flanm dife yo entansifye e vètè yo ki te sou chak imen te miltipliye. Li pa t' dlo, men pito souf ki te agrave dife a e miltipliye soufrans viktim yo. Mwen te mande Jezi: "Ki sa k’ap pase? ... Senyè ki sa k’ap pase?" Epi Senyè a te reponn: "Sa a se salè tout moun ki pa repanti." (Sòm 11:6).


Lè sa a, Senyè a te mennen m' kote ki te gen yon nonm popilè. Anvan sa, mwen te inyoran kòm yon kretyen. Mwen te panse ke nenpòt moun ki mouri ale nan Syèl la; ke moun k’ap selebre mès yo pral nan Syèl la men mwen te tronpe. Lè Pap Jan Pòl II te mouri, zanmi’m yo ak manm fanmi mwen te di’m ke li te ale nan Syèl la. Tout medya yo (televizyon ak lòt) te di: "Pap Jan Pòl 2 te mouri, se pou nanm li repoze nan lapè. Li kòmanse kounye a ap rejwi ak kè kontan nan prezans Jezi Kris ak zanj li yo nan Paradi a." E mwen te kwè nan tout enfòmasyon sa yo. Men, mwen te twonpe paske mwen te wè l' nan Lanfè a ap toumante nan dife. Mwen gade figi l' e mwen te rekonèt li. Senyè a te di m': "Gade pitit fi mwen, nonm sa a ou wè a se Pap Jan Pòl II. Li isit la, ap soufri anpil paske li pat repanti." Men, mwen te reponn: "Senyè, poukisa li isit la? Li t’ap preche nan legliz la."


Jezi te reponn: "Pitit fi mwen, pa gen okenn fònikatè, moun idolat, egoyis, mantè ki pral eritye Wayòm Syèl la." (Efez 5:5). Mwen te di: "Mwen konnen sa a se vre, men mwen ta renmen konnen poukisa li isit la, paske li t’ap preche foul moun yo!" Epi Jezi te reponn: "Wi pitit fi m', li ka te di anpil bagay, men li pa janm te di verite a jan li ye a. Li pat janm di verite a. Byenke li te konnen verite a, li te pi pito lajan olye pou preche sou sali nanm. Li pa t' di verite a. Li pa t' di ke Syèl la ak Lanfè egziste. Pitit fi mwen, kounye a li isit la."


Lè m' gade l', te gen yon gwo koulèv avèk pikan bò kote kou li e li t’ap eseye anven pou retire li. Li t’ap sipliye Senyè a: "Senyè ede m'!" Li t’ap kriye: "Ede m' Senyè, gen pitye pou mwen, sòti’m nan kote sa a; padone m', mwen repanti Senyè; Mwen ta renmen retounen sou latè pou mwen repanti." Senyè a obsève l' e di: "Ou te konnen trè byen ke kote sa a reyèl... Li twò ta, pa gen okenn chans ankò pou ou."


Senyè a te di: "Koute pitit fi mwen, mwen pral montre’w lavi nonm sa a." Jezi te montre m' yon ekran jeyan kote mwen te kapab wè ki jan nonm sa a selebre mès anpil fwa nan foul moun yo e ki jan pèp la ki te la te trè idolat. Jezi te di: "Gade, pitit fi m', kote sa a plen moun ki idolat. Pitit fi mwen, idolatri pa sove moun. Mwen se sèl moun ki ka sove, apa de mwen, pa gen okenn sali. Pitit fi m', Mwen renmen pechè men mwen rayi peche. Ale di moun yo ke mwen renmen yo e ke yo dwe vin jwenn Mwen."


Kòm Senyè a t’ap pale, mwen te wè ki jan Pap la te resevwa anpil lajan e kenbe li pou tèt li. Li te rich anpil. Mwen te wè imaj li chita sou twòn lan, men mwen te kapab wè tou pi lwen pase sa. Malgre ke se vre ke nonm sa yo pa marye, mwen asire nou ke nonm sa yo kouche avèk relijye yo, ak anpil lòt fanm. Mwen pa envante anyen; se Senyè a ki te montre m’ li.


Senyè a te montre’m kijan moun sa yo ap viv nan fònikasyon e pawòl la di ke okenn fònikatè pa pral eritye Wayòm Syèl la. Pandan mwen t’ap gade sèn sa a, Senyè a t’ap pale avè m': "Gade, pitit fi mwen, tout sa mwen te montre ou yo se sa li te viv e sa a se sa k’ap pase kounye a sou latè lakay anpil moun, anpil prèt ak pap ki vivan." Lè sa a, Li te di m': "Pitit fi mwen, ale di mond lan ke li lè pou yo vin jwenn Mwen".


Senyè a te montre m' yon plas kote anpil moun t’ap mache nan direksyon Lanfè a. Mwen mande l': "Kijan li fè ke y’ap mache nan direksyon Lanfè a kote sa a?" Li te reponn: "Mwen pral montre’w". Li te montre’m yon tinèl plen ak moun. Moun sa yo te mare soti nan men yo rive nan pye yo. Yo te abiye an nwa e yo te pote yon chay sou do yo. Jezi te di: "Gade, pitit fi mwen, mond sa a ou wè a pa ankò konnen’M. Sa yo pote sou do yo a se peche, men ale di yo pou yo ban M' chay yo epi mwen pral ba yo repo. Di yo se Mwen menm ki moun ki padone tout peche mond lan ... Pitit fi mwen, ale di yo pou yo vini jwenn Mwen; M’ap tann yo ak bra louvri. Fè yo konnen ke yo sou wout Lanfè."


Pandan mwen te wè yo ap mache, mwen rekonèt kouzen mwen an, kouzin mwen an, fanmi mwen. Mwen pran rele: "Senyè, fanmi mwen sou wout pou Lanfè a!" Li reponn: "Pitit fi m', yo ap mache nan direksyon Lanfè, men ale avèti yo. Ale di yo ke yo ap mache nan direksyon Lanfè a. Ale di yo ke Mwen te chwazi ou kòm mesaje mwen; sa vle di ou pral di verite a. Ou dwe di tout sa Mwen te montre ou. Si ou pa di anyen e yon bagay pase moun sa yo, Mwen pral mande ou pou san yo. Men, si ou avèti yo epi ke yo pa repanti, lè sa a, ou ap libere nan tout responsablite e san yo pral tonbe sou tèt yo." (Ezekyèl 3:18).


Jezi di mwen ke anpil selebrite ap mache nan direksyon Lanfè a, moun ki pi popilè yo e enpòtan yo. Pa egzanp Michael Jackson. Li te pi popilè nan tout mond lan men li te yon satanis. Malgre ke pifò moun pa wè l' nan ang sa a, men se verite. Li te siyen yon akò avèk dyab la; akò sa a te pou pèmèt li gen gwo renonme pou ka atire anpil fanatik.


Mwen te wè demon yo ap mache sou moun yo nan Lanfè a nan yon fason ki sanble avèk etap dans li te konn fè sou latè a. Yo tap glise tounen e pa devan pandan yo t’ap rejwi nan angwas yo ke yo te koze viktim yo. Kite m' di nou ke Michael Jackson nan Lanfè. Senyè a te montre m' li apre lanmò l'.


Li te ban m' opòtinite pou wè Michael Jackson ap toumante nan dife a. Mwen rele nan pye Senyè a: "Poukisa?" Li pa t' bèl pou wè l' ap toumante anpil e ki jan li t'ap rele pouse bann kri detrès. Ou menm k’ap koute chante Michael Jackson oswa k’ap chante yo, oswa ki se fanatik li, mwen avèti ou; dyab la pyeje ou nan twal li pou ke ou fini nan Lanfè a. Koulye a menm abandone sa a nan non Jezi Kris! Jezi vle mete ou lib pou ke ou pa pèdi.


Senyè a te di m': "Pitit fi mwen, gen moun tou ki konnen M' ki sou wout Lanfè a." Mwen te mande: "Senyè, ki jan li posib ke moun ki konnen Ou ale nan Lanfè?" Li te reponn: "Moun ki abandone chemen Mwen e moun k’ap mennen yon lavi doub." Li te montre m' moun ki te sou wout Lanfè a. Yo te mare soti nan men rive nan pye.


Yo chak te mete yon rad blan, men chire, tache ak fwase. Jezi di: "Pitit fi mwen, gade ki jan pèp mwen an te vire do ban mwen. Pitit fi mwen, mwen fè ou konnen ke mwen pa vini pou kalite moun sa yo. Mwen vini pou yon pèp ki sen, pare, san tach, san pli, san salte... Ale di yo pou yo retounen nan ansyen chemen an." (Efez 5:26-27). Mwen te kòmanse wè anpil nan tonton mwen yo ak anpil moun ki te abandone Senyè a. Epi Senyè a te di’m: "Ale di yo ke Mwen ap tann pou yo dechaje chay yo sou mwen e mwen pral ba yo repo." Jezi t'ap kriye lè Li t’ap di m' pawòl sa yo: "Pitit fi mwen, yo ap vini isit la. Ale di tonton ou yo, manm fanmi ou ke yo ap dirije nan Lanfè a! Pitit fi mwen, anpil p'ap kwè ou, men Mwen se temwen fidèl ou, Mwen se temwen fidèl ou. Mwen p'ap janm abandone ou. Pitit fi mwen menm si yo pa vle kwè, ale di yo verite a paske Mwen avèk ou. Pitit fi mwen, Mwen pral montre’w tou ki jan moun yo rive kote sa a."


Nou te ale nan yon tinèl kote te gen yon miltitid moun ki t’ap tonbe nan gwo twou san fon an. Pa mil, pa de mil men anpil tankou sab ki nan lanmè a. Yo t’ap tonbe chak segonn, tankou yon men plen ak sab ke yo t’ap vide. Nanm yo t’ap tonbe byen vit. Jezi t'ap kriye lè Li t’ap di m': "Pitit fi mwen, sa a se ki jan limanite ap peri, sa a se ki jan l’ap pèdi!... Pitit fi mwen, li fè’m tris pou wè limanite ap peri."


Jezi te di: "Demon yo rasanble kote sa a tou." Apre sa, mwen di: "Demon yo nan reyinyon?" Jezi di: "Wi pitit fi mwen, yo rankontre pou yo planifye sa yo pral fè nan mond lan. Yo fè reyinyon sekrè chak jou." Konsa sa di, Jezi te mennen m' nan yon selil kote mwen te wè yon tab an bwa ak chèz yo tout otou. Te gen demon tout kalite. Jezi te eksplike: "Pitit fi mwen, yo ap planifye kounye a pou detwi fanmi Pastè yo, Misyonè yo, Evanjelis yo ak tout moun ki konnen’m. Pitit fi mwen, yo vle detwi yo; yo gen anpil flèch."


Demon yo t’ap ri e ap moke epi di: "Ann detwi mond lan epi pote’l isit la." Jezi te di: "Ale di yo ke Mwen avè yo. Se pou yo pa kite okenn pòt louvri, se pou yo pa kite plas pou satan paske li tankou yon lyon ki move, k'ap chache moun pou l' devore." (1Pyè 5:8). Men, Ekriti a di: "Li mache tankou", paske sèl vrè lyon ki nan branch fanmi Jida a, Jezi Kris de Nazarèt. (Revelasyon 5:5). Jezi te di: "Pitit fi mwen, yo sitou vle detwi fanmi pastè yo." Mwen te mande: "Poukisa yo vle detwi fanmi pastè yo?" Epi Jezi reponn: "Paske yo an chaj dè milye moun ki se mouton Senyè a. Demon yo vle pou moun sa a yo retounen nan mond lan ankò; pou yo gade dèyè e fini nan Lanfè… Ale di pastè yo di verite a. Ale di yo pou yo preche verite a epi di tout sa Mwen te di yo epi pou yo pa kenbe pou tèt yo sa Mwen te di yo."


Lè nou te kite kote sa a, Li te di m': "Mwen vle montre’w yon bagay... Genyen timoun isit la tou." Epi mwen te di: "Senyè, timoun nan Lanfè? Poukisa yo isit la? Pawòl ou di: "... Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini. Paske, Peyi Wa ki nan syèl la, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye." (Matye 19:15). Jezi reponn: "Pitit fi m', se vre, Wayòm Syèl la se pou moun sa yo ki konsa, men timoun sa a dwe vin jwenn mwen, paske moun ki vin jwenn Mwen pap rejte li." (Jan 6:37). Nan moman sa a menm, Senyè a te montre m' yon ti gason 8 ane k’ap toumante nan dife a. Ti gason an te rele: "Senyè, gen pitye pou mwen, soti’m nan kote sa a; mwen pa vle la a." Li te kontinye kriye epi rele. Mwen te wè demon yo ozalantou ti gason sa a ki te sanble ak imaj desen anime yo (Tikomik). Te gen "Dragon Ball Z", "Ben 10", "Pokemon", "Dora", elatriye. "Senyè poukisa ti gason an isit la?" Jezi te montre’m nan yon ekran jeyan lavi timoun sa a. Mwen te wè ki jan li te pase tout lavi’l devan televizyon ap gade desen anime sa yo (Tikomik).


Jezi te di: "Pitit fi mwen, desen anime sa yo, fim sa yo, feyton sa yo k’ap pase chak jou sou televizyon yo se enstriman satanik pou detwi mond lan ... Gade, pitit fi Mwen ki jan li te pase." Mwen te wè jan ti gason an te rebèl e li te dezobeyi paran’l. Lè paran l' t’ap pale l', li te soti ap kouri, li t’ap chavire bagay yo e t’ap dezobeyi paran yo. Apre sa, yon machin te kouri sou li epi te kraze’l e se te fen lavi’l sou latè. Jezi te di’m: "Depi lè sa a, li te isit la nan Lanfè."


Mwen t’ap gade ti gason an ki jan li te tòtire. Jezi di: "Pitit fi mwen, ale di paran yo pou yo anseye pitit yo nan limyè pawòl Mwen." (Pwovèb 22:6). Pawòl Bondye a vivan; Li ansenye nou kijan pou korije timoun ak fwèt, men se pa tout tan; sèlman lè timoun nan dezobeyi paran li yo. (Pwovèb 22:15). Senyè a te di m' yon bagay trè tris e douloure: "Gen anpil timoun isit la a koz desen anime yo e a koz rebelyon an." Mwen te mande’L: "Senyè poukisa nou dwe blame desen anime yo?" Apre sa, li te eksplike: "Paske desen anime yo se move lespri ki transmèt rebelyon, dezobeyisans, amètim ak rayi nan timoun yo; lòt move lespri posede timoun sa yo pou ke yo pa fè anyen ki bon, pou ke yo fè sèlman sa ki mal. Tout sa ke timoun yo wè nan televizyon, yo vle repwodui’l nan lavi reyèl." Lanfè a egziste e li reyèl e menm timoun yo dwe deside ki kote pou yo ale. Mwen di: "Senyè, di m', poukisa timoun yo isit la?" Jezi te reponn: "Le pli vit ke yon timoun konnen ke gen Lanfè ak paradi, lè sa a, li gen yon chwa pou fè."


3- Wayòm Syèl yo


Gen anpil bagay pou’m di sou Lanfè, kounye a kite’m pataje sa’m te wè nan Syèl la. Jezi te di: "Pitit fi mwen, koulye a, Mwen pral montre’w sa m' pare pou pèp Mwen an." Nou te kite Lanfè a atravè tinèl la. Kòm nou t’ap mache nan tinèl la, toudenkou nou te rive kote ki te gen yon limyè fò. Jezi te di: "Pitit fi mwen, mwen pral montre’w tout bèl pouvwa Mwen." Nou te kòmanse monte nan Wayòm Syèl yo! Imedyatman, nou te rive devan yon pòt sou li te ekri nan gwo lèt an lò: "Byenvini nan Wayòm Syèl la."


Jezi te di: "Pitit fi m' ale la, paske Mwen se pòt la e moun ki antre pa Mwen, pral antre epi pral jwenn bann patiraj." (Jan 10:9). Apre Li fin di pawòl sa yo, pòt la louvri epi nou te antre. Mwen te wè zanj yo ki t'ap fè lwanj, onore, adore Papa nou ki nan Syèl la! (Revelasyon 7:11-12). Nou te kontinye mache e apwoche yon tab; tab ke ou te kapab wè nan kòmansman an, men pa fen an. (Revelasyon 19:9). Mwen te remake yon gwo twòn, epi bann lòt pi piti ki te antoure pa dè milye chèz. Ant chèz yo te gen rad ak kouwòn.


Jezi te di: "Pitit fi mwen, kouwòn lan ke ou te wè a se kouwòn lavi a." (Revelasyon 2:10). Li te ajoute: "Pitit fi mwen, se sa Mwen prepare pou pèp Mwen an." Mwen te wè ke tab la te kouvri ak yon twal blan avèk pwent dore. Te gen asyèt, gode an lò, fwi; tout bagay te sèvi. Li te bèl bagay. Te gen yon gwo resipyan nan mitan tab la ki gen diven pou dine a. Jezi di: "Pitit fi mwen, tout bagay pare pou resevwa Legliz Mwen an."


Nou te ale nan yon lòt plas kote mwen te wè anpil moun nan yon jaden. Yo te moun ki byen koni nan Bib la, men yo pa vyeyi; yo tout jèn. Te gen yon jenn gason ak yon mouchwa nan men l' ki t’ap danse pou glorifye Senyè a. Jezi te di: "Pitit fi mwen, jenn gason sa a ou wè a se David, sèvitè M' nan." Li te glorifye Papa a. Imedyatman, lòt jenn gason yo te parèt e Jezi di m': "Pitit fi mwen, se Jozye, Moyiz, Abraram." Jezi rele yo pa non yo, men yo tout te gen menm figi, mwen pa t' kapab diferansye yo, pou mwen tout te menm. Lè sa a, Jezi te montre m' fanm yo e di m': "Pitit fi mwen, fanm sa a ou wè a se sèvant mwen Marie moun lavil Magdala a, e men sèvant mwen an Sara."


Epi li di: "Pitit fi mwen, men Mari, sila ki te akouche Jezi k’ap pale ak ou a. Pitit fi mwen, mwen enfòme ou ke li pa okouran de bagay sa yo k’ap pase sou latè a. Ale di nan mond lan, a moun ki idolat yo ke Lanfè a reyèl e ke moun ki idolat yo pa pral eritye Wayòm mwen an. Ale di yo ke si yo repanti, yo pral antre nan Paradi Mwen an. Ale di yo ke mwen renmen yo e ke Mari pa okouran de anyen (nan sa k’ap pase sou latè yo). Sèl moun yo dwe glorifye se mwen paske ni Mari, ni sen Grégoire, ni okenn lòt sen pa ka ofri sali. Se mwen menm sèl moun ki bay sali a e apa de mwen pèsonn, pèsonn, pèsonn lòt moun pa bay sali a!" Li te repete twa fwa ke pèsonn lòt moun pa ka bay sali a. Li se sèl Sovè.


Mond lan viktim sediksyon an kwè ke gen yon sèten sen, ki se an reyalite sèlman yon demon, k’ap opere nan yon zidòl fèt pa èt imen. Kite m' di nou ke Senyè a vle ba nou pi bon an, li vle nou eritye Wayòm Syèl la, ke nou repanti epi kite idolatri a. Paske idolatri pa ka sove nou. Jezi Kris, moun Nazarèt la se sèl moun ki sove, ki te bay lavi Li pou nou menm ak pou mwen e pou tout limanite. Pandan Li t'ap kriye, Li te di m': "Tanpri, pitit fi Mwen, pa rete an silans, ale di verite a. Ale di yo sa Mwen te montre ou."


Mwen te wè ki jan Mari t’ap glorifye Senyè a. Mwen te wè fanm ki gen bèl cheve trè long. Mwen di: "Gade jan yo bèl." Li te di m': "Pitit fi, di fanm yo pran swen vwal la ke Mwen te ba yo." Apre sa, Li di m': "Mwen gen yon bagay enpòtan pou montre ou." Mwen voye je’m nan distans la e mwen te wè yon vil eklatan, yon vil an lò! Mwen di: "Senyè, sa sa ye? Mwen vle ale la." Li te reponn: "Pitit fi mwen, mwen pral montre’w sa ki gen la. Sa ou wè a se domèn selès la, palè selès yo ki pare pou pèp mwen an."


Nou te kòmanse mache, jiskaske nou rive nan yon pon an lò. Apre fin travèse li, nou te rive sou yon wout an lò! (Revelasyon 21:21). Tout bagay te bèl, klere tankou yon vè eklatan. Li te reyèlman sinatirèl, ineksplikab! Nou te wè palè selès yo, e gade dè milye zanj k’ap konstwi yo. Gen kèk nan zanj ki t’ap konstwi trè vit, lòt t’ap konstwi dousman e lòt pat konstwi ankò. Mwen te mande Senyè a: "Poukisa gen kèk zanj k’ap konstwi rapidman, pandan ke lòt yo pi dousman, epi gen kèk ki sispann konstwi?" Senyè a te eksplike: "Pitit fi mwen, se jan pèp Mwen an travay, zanj Mwen yo travay nan ritm pèp Mwen an ki sou latè a... Pitit fi mwen, pèp Mwen an pa pataje Levanjil la ankò. Pèp Mwen an pa jene ankò. Pèp Mwen an pa ale ankò nan lari pou distribye feyè ki anonse laverite a. Pèp Mwen an kounye a wont. Ale di yo pou yo retounen nan ansyen chemen an. Zanj sa yo ou te wè yo ki pa fè anyen yo, yo pou moun ki te abandone M' yo. Pitit fi mwen, di yo pou yo retounen sou bon chemen an." (Jeremi 6:16) e konsa te di, Li te kòmanse kriye.


Mwen te tande lòt moun ki t’ap chante epi’m mande Senyè a: "Senyè, mwen vle ou mennen m' kote moun k’ap chante yo." Jezi t’ap gade m', mwen konnen Li t’ap gade m' menm si mwen pa t' kapab wè figi L'. Mwen te kapab sèlman wè mouvman figi L' yo. Lè Li t’ap gade m', dlo nan je Li te mouye rad Li, mwen mande L' poukisa Li t’ap kriye. Men, Li pat reponn mwen. Pita, nou te rive nan yon bèl jaden. La, nan mitan palè selès yo, mwen te wè flè k’ap bouje. Se yo menm ki t'ap chante a. Senyè a te pwente ak dwèt Li e Li te di: "Pitit fi mwen, koute, y’ap glorifye mwen, adore mwen! Pèp Mwen an pa fè sa yo te konn fè a ankò, pèp Mwen an pa adore Mwen ankò, yo pa glorifye Mwen ankò, yo pa chèche M' ankò tankou anvan."


"Se poutèt sa mwen di ou ale epi di yo pou chache M' paske Mwen pral ale, Mwen pral ale, Mwen pral ale pou yon pèp k’ap chache m' nan lespri ak nan verite a, pou yon pèp ki pare, pou yon pèp sen!" Li t'ap kriye li kontinye: "Mwen vini, Mwen vini!" Lè sa a, mwen konprann poukisa Li t’ap kriye a; paske Li vini men se pa pou moun ki kwè an pati. Li pral vini sèlman pou moun k’ap chache L' nan lespri ak nan verite. Lè sa a, Senyè a te di m' ke mwen dwe retounen sou latè. Mwen di: "Senyè, mwen pa vle tounen sou latè! Kisa sa vle di! Ale tounen sou latè? Mwen vle rete ak Ou. Ou mennen m' isit la epi mwen pa vle kite Ou! "


Jezi di li: "Pitit fi mwen, ou bezwen retounen sou tè a pou temwanye ke laglwa Mwen reyèl, ke sa Mwen te montre ou yo yo reyèl, sa ke ou te wè a reyèl, pou ke mond lan vin jwenn Mwen, repanti epi yo pa peri." M' tap kriye mwen tonbe nan pye l'; lè sa a, mwen te wè blesi yo la. Mwen te mande: "Senyè, ki sa blesi sa yo ye?" Li te reponn: "Pitit fi mwen, li se mak yè a lè mwen te bay lavi Mwen pou limanite."


Li te montre m tou sikatris sou men Li. Mwen te mande: "Seyè, poukisa ou toujou gen sikatris sa yo?" Li te di’m': "Pitit fi mwen, se sikatris la ki te rete." Lè sa a, mwen te mande: "Èske li pral disparèt?" Li te reponn: "Pitit fi mwen, li pral disparèt lè tout pèp Bondye yo ap rasanble isit la... Pitit fi mwen, Mwen dwe pote ou tounen sou latè: Fanmi ou ak nasyon yo ap tann ou." Mwen te eseye reziste men Li pwente latè ak dwèt li epi Li di: "Gade, moun sa yo ou wè se manm nan fanmi ou, kò sa a ke ou wè la, ou pral retounen la... Li lè pou kite kote sa a." Lè sa a, Li te mennen'm atravè yon rivyè klè kòm dlo nan wòch e di "Gade, plonje nan dlo a." Anvan mwen te antre nan larivyè sa a nan dlo lavi a, mwen te santi yon lajwa endeskriptib, epi aprè’m te fin ploje nan dlo a mwen te pote ale ak kè kontan. Mwen te panse mwen pa ta gen okenn ankò pou retounen sou latè, men Senyè a di m': "Pitit fi mwen, ou dwe retounen sou latè..." (Fen Temwayaj la).


4- Apèl pou Repantans


4.1- Edikasyon timoun yo


Anpil pitit Bondye te tonbe nan pyèj lwa satanik yo ki te kreye jodi a. Nan anpil peyi oksidantal, yo te deja kreye bann lwa ki anpeche paran yo korije pitit yo. Konnen ke lwa sa yo se lwa piman satanik, ki te kreye pa demon yo, pou mennen moun opoze yo ak Bondye.


Se Bondye ki te kreye moun. Se Bondye ki ba nou timoun yo. Bondye konnen timoun pi byen pase nou, epi Li metrize edikasyon yo. Bondye renmen timoun yo pi plis pase nou. Epi se Li ki mande nou pou nou korije timoun yo.


Demon yo, sèlman la pou opoze ak Bondye, yo mande nou pou pa korije timoun yo, nan pwen pou fè li yon lwa. E sa ki boulvèsan an, se ke menm sa yo rele kretyen ki fèt yon lòt fwa obsève lwa dyabolik sa yo. Yo kite timoun yo vin enkorijab, sou pretèks ke yo ap soumèt tèt yo a otorite yo kòm Bib la rekòmande.


Kèl foli! M’ap poze nou yon kesyon, reponn mwen! Ant Bondye ak moun, ki otorite ke nou panse ki pi gran? Bib la di nou nan Rom13:1 "Tout moun dwe soumèt devan otorite k'ap gouvènen peyi a, paske nanpwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo."


Pale de otorite ki pi wo, sonje ke Bondye rete otorite ki pi wo a. Se poutèt sa li evidan ke Bondye pa mande pou nou soumèt ak otorite sa yo ki te enstitiye pa Li, nan pwen pou meprize L'. Ann li vèsè sa yo nan Matye 10:28-33 "28Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè. ...32Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la. 33Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'."


Ann li pasaj sa a nan 1Korent 15:20-28 "...27Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l', paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la. 28Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va dominen nèt sou tout bagay."


Kòm nou aprann nan lekti pasaj la ki anwo a, Bondye te soumèt tout bagay a Kris, poutan Kris Li menm soumèt li a Bondye. Se poutèt sa, pa gen okenn rezon ki fè nou ta dwe soumèt a moun ki te kreye pa Bondye nan pwen pou meprize lwa Bondye yo. Li pa fè okenn sans, epi nou pa bezwen m' ansenye nou sa. Li se yon kesyon bon sans, pou nenpòt ki vrè pitit Bondye. Bondye pa ka mande nou pou soumèt a demon yo ki yo menm pa soumèt a Bondye, men ki okontrè ap konbat Bondye ak tout kè yo. Si nan sediksyon nou nou abandone lwa Bondye yo pou swiv Antikris la, lè nou sèvi avèk kèk vèsè biblik pou jistifye foli nou an, Lanfè ap tann nou.


Pou tout moun ki meprize Bondye paske nou gen krentif pou moun mòtèl, konnen ke nou pral jwenn nou devan jijman Bondye a nan jou kap vini yo. Medite avèk mwen sou pasaj sa yo nan Bib la:


"Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekòmanse ankò." Pwovèb 22:15.


"13Ou pa bezwen pè bat yon timoun. Yon bèl kal, sa p'ap touye l'. 14Okontrè, si ou bat li, w'a sove nanm li pou l' pa mouri." Pwovèb 23:13-14.


"Baton ki korije timoun ap ba yo bon konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont." Pwovèb 29:15.


"Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan." Pwovèb 29:17.


"Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'." Pwovèb 13:24.


"Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men, pa bat yo jouk ou touye yo." Pwovèb 19:18.


Nou tout wè ke mond lan te konplètman detèryore. Nou ap viv nan yon jenerasyon kote tout bagay kòwonpi, kote tout bagay pouri. Krent pou Bondye te konplètman disparèt. Timoun yo pa gen okenn respè menm ankò pou granmoun; Konpòtman yo pa gen anyen pou wè ak konpòtman yon timoun. Nou kounye a jwenn yo enplike nan tout kalite krim, nan kadejak, nan vyolans, nan tout fòm abominasyon seksyèl. Pifò ti fi jodi a vin manman anvan laj 14 zan. Timoun ki poko gen laj 10 ane yo enplike nan dwòg. Anpil moun pa pare ankò menm pou aksepte pwofesyon pwofesè, poutèt karaktè ensipòtab timoun yo.


Men nan ki mond n’ap viv? Tout bagay sa yo rive paske paran yo pa gen okenn dwa ankò pou yo korije pitit yo. Ki sosyete nou ka bati ak kalite lwa sa yo? Nou pa bezwen m' di nou ke yon sosyete san Bondye kondane pou pèdisyon. Tout moun pa ka sipòte. Polis yo pa ka sipòte, pwofesè yo pa ka sipòte, paran yo pa ka sipòte, e politisyen yo menm ki vote lwa sa yo yo pa ka sipòte, oswa omwen bay enpresyon ke yo pa ka sipòte. Men pèsonn pa fè anyen. Yon sitiyasyon komik, se pa vre?


Sonje byen ke nou gen dwa ak devwa pou korije epi redrese pitit nou yo, epi ke moun ki pa korije pitit yo peche kont Bondye. Si pitit nou yo malelve, nou pral rann kont bay Bondye. Lè pitit nou yo pa byen konpòte, se prèv klè ke nou irèskonsab. Pou moun nan nou menm kretyen ki vle vin Ansyen yo nan Legliz la, sonje ke youn nan kondisyon ke Bondye mande pou yo vin yon ansyen se ke nou kenbe pitit nou nan soumisyon ak nan onètete pafè. Se poutèt sa, nou dwe gen timoun fidèl, pafètman onèt ak konplètman soumèt, si nou dwe gen nenpòt tit nan yon asanble pèp Bondye a.


Edikasyon timoun se yon etap enpòtan nan lavi tout paran an jeneral, e nan tout paran kretyen an patikilye. Edikasyon timoun yo se pa yon bagay nou ka pran alalejè enpiniman. Edikasyon timoun yo daprè Bondye, se yon kòmandman Bondye. Tout pitit Bondye yo, ak tout moun ki pretann yo nan Bondye gen devwa ak obligasyon pou elve ak edike pitit yo daprè Bondye, ki vle di daprè Bib la. E ansèyman Bondye a sou edikasyon timoun yo endike aklè nan Bib la, jan nou te jis wè.


Kòm yon eleman disèneman, konnen ke sa yo rele paran kretyen, ki pa korije pitit yo sou pretèks renmen yo, oswa sou pretèks soumèt a lwa satanik yo, se tou senpleman ajan satan. Li pa ni paske yo renmen timoun yo. Li se pito paske yo te chwazi Lanfè, e yo vle ale la ansanm ak pitit yo. Kenbe sa trè byen nan tèt nou. Tout vrè pitit Bondye konnen kijan pou’l soumèt devan Bondye, e li renmen soumèt devan Bondye.


4.2- Televizyon ak Entènèt


Kòm nou te etidye nan lòt ansèyman yo, televizyon se youn nan enstriman yo ke satan itilize pou polye jenerasyon sa a. Avèk imaj abominab sa yo k’ap defile tout lajounen sou ekran televizyon, jenerasyon sa a pèdi jan nou ka wè. Si televizyon deja pa bon pou granmoun, pa atann li bon pou timoun yo. Si gen anpil vyolans, krim, touye moun, itilizasyon dwòg, ak lòt abominasyon seksyèl pami timoun yo jodi a, se a koz televizyon.


Televizyon sal moun, e satan ak ajan li yo te ranje tèt yo pou ke pwogram li yo de pli zan plis sal. Nou pa kapab donk pretann ap chèche sanntifikasyon e pase tan nan kontamine tèt nou ak televizyon. Televizyon absoliman enkonpatib ak lavi sanntifikasyon ke pitit Bondye yo sipoze mennen an. Se konsa, nou dwe pwoteje tèt nou ak pwoteje pitit nou yo kont televizyon. Se menm jan an pou Entènèt la. Si òdinatè a te tounen yon zouti travay nan jou nou yo, menm pou timoun yo tou, nou dwe asire yo ke pou yo pa gen aksè a entènèt la. Gen sa yo rele kretyen ki ranpli kay yo ak televizyon, nan pwen pou mete yo menm nan chanm timoun yo, se konsa ke chak timoun gen pwòp televizyon yo. Yo pretann yo renmen timoun yo, tankou si mennen timoun nan Lanfè se yon siy lanmou. Nou dwe kouri byen lwen televizyon, ki gen ladan sa nou rele pa erè, televizyon kretyen.


Mwen ta renmen fè nou sonje ankò ke pa gen okenn televizyon kretyen. Pa tonbe nan pèlen sediksyon ankò. Si Legliz Bondye a pouri e sal konsa jodi a, se an gran pati a koz de sa yo rele televizyon kretyen yo. Tout ajan satan sa yo, ke nou rele pa inyorans sèvitè Bondye yo, olye pou sèvi ak sa yo rele televizyon kretyen an yo twonpe inyoran yo ak moun ki fèb yo, epi devye yo soti nan pawòl Bondye a.


Nan wè tout lougawou sa yo ki te pran tit pastè, evanjelis, doktè, pwofèt ak apot, chak fwa sou televizyon tèt yo san vwal, nan pantalon, avèk makiyaj, bijou ak lòt abiman satanik, kretyen fèb yo te fini kwè ke Bondye tolere kalite foli sa a, epi kòmanse kopye yo.


Lefèt nan wè ajan satan sa yo nou rele pa inyorans sèvitè Bondye, chak fwa nan televizyon, avèk kou yo, men yo ak dwèt yo ki te ranpli avèk chèn ak tout kalite bag, ak lòt demon sa yo rele chant yo ak lòt lidè gwoup lwanj avèk cheve long pafwa mare dèyè tèt yo, nan abiman satanik ak tout kalite bijou, kretyen avèg e inyoran yo ki kwè ke moun sa yo se moun Bondye, te vin kwè ke si Bondye aksepte yo nan fason sa a, se ke pa gen okenn mal pou kopye yo. Se poutèt sa nou tande yo tout ap di chak fwa Bondye pa gade nan aspè eksteryè. Kèk nan demon sa yo ki rele sèvitè Bondye yo, menm mete zanno e gen cheve yo trese. Si nou vle sove, kouri byen lwen yo vit. Mwen konseye nou li ansèyman sou "Disèneman an". N’ap jwenn li sou sit entènèt la www.mcreveil.org.


Pwoteje pitit nou yo kont televizyon ak Entènèt. Pou nou tout pitit Bondye yo ki deja pwoteje pitit nou yo kont televizyon, konnen ke entènèt la pouri tankou televizyon an, si se pa plis. Si nou ba yo aksè ak entènèt, yo pral wè tout sa nou te evite yo wè sou televizyon. Pa pèmèt timoun yo gen aksè ak entènèt, sinon nou pral pèdi yo.


4.3- Jwèt videyo


Jwèt videyo yo se piman satanik. Atravè jwèt videyo, satan posede timoun yo, epi kenbe yo prizonye pou Lanfè. Paran ki gen krentif pou Senyè a pa dwe janm achte abominasyon sa yo pou pitit yo. Timoun yo yo menm, ki vle ale nan Syèl la, dwe kouri lwen tout jwèt videyo, e abandone yo nèt.


4.4- Desen anime yo (ti komik) ak bann ti komik yo


Kòm nou te jis li nan temwayaj sa a, bann ti komik ak desen anime yo se demon ki posede lib e trè fasilman timoun k’ap gade oswa li yo. Demon sa yo transmèt swa maji, oswa vyolans, oswa rebelyon, oswa dezobeyisans, oswa delenkans, oswa amètim ak rayi, elatriye. Bay timoun yo.


An reyalite nou pa t' menm bezwen temwayaj sa a pou konprann ke bann ti komik ak desen anime yo yo satanik, epi yo se yon pèlen pou timoun yo. Nou sèlman dwe gade sou yon bò imaj etranj sa yo ke yo souvan itilize yo, ak sou lòt bò a mesaj yo k’ap transmèt yo. Bib la avèti nou kont mond lan ak bagay ki nan mond lan. Se pa paske nou pa wè mo "desen anime" oswa "bann komik" nan Bib la ke nou pral kwè Senyè a pa di anyen sou li. Senyè a pa bezwen nonmen tout ti bagay nou dwe kouri lwen yo. Li konnen ke Li te ban nou minimòm disèneman ke nou bezwen pou avanse. Nou dwe donk kouri lwen tout bann komik ak desen anime yo, menm sa yo di ki pou kretyen yo.


Kite m' fè nou sonje ke pa gen okenn desen anime oswa bann ti komik kretyen. Pa tonbe nan pèlen sediksyon an. Tout pèsonaj etranj sa yo ki nan desen anime oswa bann komik yo se bann mons, bann demon. E jan nou ka konprann li a, pa gen ni mons kretyen, ni demon kretyen. Se konsa, pa gen okenn rezon pou gen bann komik ak desen anime kretyen. Se pou nou kouri lwen sediksyon an pandan gen tan toujou.


4.5- Mesaj pou timoun yo


Mwen ta renmen timoun yo konprann trè byen ke okenn timoun dezobeyisan pap antre nan Syèl la. Tout timoun ki pa renmen Jezi Kris, epi ki pa mache daprè lalwa Jezi Kris la, pral nan Lanfè. Nou tout ki se timoun sèlman lè li konsène pawòl Bondye a, e ki fin granmoun lè li konsène bagay nan mond lan, Bondye pral voye nou nan Lanfè kèlkeswa laj nou.


4.6- Mizik monden oswa satanik


Anpil kretyen poko konprann danje mizik monden yo. Konnen ke chak fwa ke nou koute mizik monden, nou envite nan nou tout demon yo ki kontwole mizik sa yo, e demon sa yo posede nou. Nou dwe abandone mizik monden an konplètman pou moun ki toujou rete kole sou li, debarase de tout estòk kalite mizik sa yo ke nou toujou gen nan kay la. Nou dwe boule tout. Pa tante sitou pou eseye bay payen yo bagay sa yo, sou pretèks ke yo ka koute yo, paske yo se payen.


Kòm nou te sot li nan temwayaj sa a, lè nou koute mizik monden yo, non sèlman nou fè demon yo posede nou, men nou tou ogmante touman otè mizik sa a nan Lanfè a. Se konsa, nan lòt mo, pandan n’ap "rejwi" avèk mizik yo, yo nan Lanfè a ap sibi doub tòti. Fè ti favè sa a a pòv nanm yo ki ap toumante yo: Pa jwe mizik yo ankò, pa ogmante ankò soufrans yo ak touman yo nan Lanfè a.


Se pou tout moun ki rele tèt yo Chantè ak Vedèt, konprann trè byen ke si yo pa repanti epi yo pa bay pwofesyon satanik sa a vag ke y’ap egzèse a, yo pral pase letènite nan Lanfè a ap danse nan dife a anba tèrib tòti. Michael Jackson, Selena, Whitney Houston ak lòt moun deja la ap tann nou. Yo te deja kite laglwa mond lan, gwo kay yo ak gwo machin yo sou latè, epi yo nan dife a nan Lanfè ap boule chak jou. Letènite yo te kòmanse. Sa a se vanite nan lavi.


4.7- Relijyon katolik


Byen souvan li difisil pou pwouve lanmou Bondye ak moun yo. Chak fwa nou di yo verite a pou byen yo, yo fache, epi yo pran nou pou lènmi yo. Plizyè fwa mwen te prèske te frape pa katolik yo pou te eseye sove yo. Kite m' ba nou yon egzanp:


Mwen te envite pou bay yon konferans nan yon inivèsite ameriken. Odyans lan te majorite katolik. Akòz lanmou pou yo, mwen eksplike pwen pa pwen devyasyon yo ki nan relijyon katolik la. Mwen te di yo ke relijyon katolik la pat janm yon legliz, e ke li te an reyalite pi gwo sèk nan mond lan. Mwen te di yo ke nonm ke yo rele pa abi "papa sen" an te jis yon demon ki ta boule nan Lanfè nan jou kap vini yo. Nan tan sa a pap Jan Pòl II te toujou vivan. Mwen te di yo ke Lanfè t’ap tann Jan Pòl II, e ke li pa ta chape anba li.


Pandan mwen t’ap ansenye, moun yo t’ap manje dan yo nan sal la. E yo te sitou entèlektyèl ak inivèsitè, yo pa t' kapab aksepte ke fyète yo dwe fwase nan pwen sa a. Nou konnen ke pi entèlektyèl yo, yo twò fyè de tèt yo ke yo kwè ke yo dwe swa ti bondye oswa ti frè Bondye, an tèm de konesans. Yo toujou panse yo konnen tout bagay, epi yo pa ka imajine ke nou ka ansenye yo anyen.


Mwen te di yo ke mwen te choke wè gwo akademik yo, ak bann doktora, bann metriz ak lòt, pa kapab konprann bagay elemantè yo. Mwen te pran tan pou eksplike yo kijan nosyon vyèj mari a te tankou yon gwo sotiz. Mwen ekspoze devan je yo, Bib nan men, doktrin sèk katolik la nan tout sibstans li.


Pandan ke gen kèk ki te frape pa sajès la e avèk otorite ke mwen t’ap ansenye a, paske pèsonn pat janm oze pale yon fason konsa sa anvan, lòt moun yo te wouj ak kòlè, epi yo te pare yo pou eksploze tankou bonm. Atmosfè sal la te si chofe. Gen kèk ki te kòmanse bougonnen nan sal la, ki di ke yo pa t' envite m' pou vin ensilte yo.


Mwen te di yo ke mwen pap benefisye anyen nan ensilte yo, e ke mwen te jis ap eseye pou di yo la verite a, pou pwòp byen yo. Mwen te di yo ke menm si mwen te pèdi tèt mwen, mwen pa ta pran risk pou vwayaje plis pase 10,000 kilomèt, ak tout sa ke sa te koute m', jis pou vini ensilte yo. Kèk te konprann e te kalme yo, pandan ke lòt moun yo te plis pase chen ki anraje. Finalman sal la te divize an de blòk. Yon kote, blòk sa ki te gen imilite pou admèt ke sa m' t’ap ansenye yo te klè e enkontounab, e sou lòt kote a, blòk sa yo ki pa t' vle konprann anyen, epi ki te gen yon sèl langaj: "Nou pa t' envite l' pou li vini ensilte nou".


Le pli vit ke mwen te reyalize ke pwen ke anpil nan yo te rete pou fè kòlè a se te lefèt ke yo pa t' envite m' pou vini ensilte yo, mwen te sispann yo, epi’m te poze yo kesyon sa a: "Konbyen tikè avyon m' nan te koute nou, frè otèl mwen yo, ak lòt depans vwayaj nan vil la?"


Apre kesyon mwen an, tout moun te vin kalm yon ti jan e te kòmanse poze tèt yo kesyon an. Anpil nan yo pa menm konnen ke mwen pèsonèlman te anchaje’m de tikè avyon mwen an, ak tout depans mwen yo, e ke mwen pat pran anyen nan men okenn nan yo. Yo te anbarase. Lè sa a, mwen te di yo ke mwen ta yon malad mantal, si mwen peye yon tikè avyon nan plizyè santèn dola, ak tout lòt depans yo, modifye pwogram mwen, pran risk nenpòt aksidan avyon, epi vwayaje prèske 10,000 kilomèt, jis pou ensilte moun.


A sa, diferans ki genyen nan opinyon te ogmante nan sal la. Moun ki te gen kouraj pou rekonèt verite a yo te sevè pou opoze a ajan satan yo ki te vle goumen avè m' malgre tout eksplikasyon yo. Atmosfè a te tèlman elektrik ke yo te oblije eskòte m' anba pwoteksyon deyò sal la. Apre mwen, de blòk yo te rete nan sal la pandan plizyè èdtan ap diskite.


Kite m' pran opòtinite sa a pou fè nou sonje ke chak fwa mwen envite nan bay konferans, mwen refize aksepte ke depans mwen yo pa pran an chaj pa moun ki envite’m yo. Se pou evite ke mesaj ke Bondye mande’m pou bay la ka pa melanje a koz de don ak kado yo, ke mwen fè sa. Pozisyon sa a pèmèt mwen preche epi ansenye libreman, san mwen pa kwè mwen reskonsab ak anyen ke li ye a, oswa ak okenn moun.


Epitou, chak fwa gen omwen yon ti plas nan kay yon frè oswa yon moun pou akeyi’m, mwen kontante’m ak ti plas sa a, olye ke ale nan yon otèl tankou yon monden. Sonje ke nou ta dwe sèlman ale nan otèl lè nou pa gen okenn lòt chwa, epi se pa pa anvi ak lanmou pou mond lan.


Pou fini ak chapit sa a sou relijyon katolik la, mwen ta renmen fè nou sonje ke pa gen sèlman Jan Pòl II nan Lanfè a. Tout pap yo, kadinal yo, prèt katolik yo, ak tout katolik yo ki te mouri san yo pat aksepte Jezi Kris kòm Senyè ak Sovè, ale tou dwat nan Lanfè. Se konsa, si nou toujou katolik, konnen ke si nou pa renonse relijyon katolik la kounye a, epi si nou pa aksepte Jezi Kris kòm Senyè pèsonèl ak Sovè nou, nou pral pase letènite nan Lanfè. Relijyon katolik la se pa yon legliz. Li se pi gwo sèk satanik nan mond lan. Nou pa ka ale la epi pou sove. Epi nou pa ka rete la, epi chape Lanfè a.


Si nou vle sove, nou dwe soti la, aksepte Jezi Kris kòm Senyè ak Sovè pèsonèl nou, epi fè batize nou nan dlo pou padon peche nou yo. Se sèlman lè sa a nou ka sove.


4.8- Senyè a k’ap Kriye


Mwen konnen ke nou te sezi lè nou te li nan temwayaj sa a ke Senyè a devan moun k’ap soufri nan Lanfè yo, te kòmanse kriye anpil fwa. Nou pral sètènman mande poukisa Senyè a ap kriye lè Li se tou-pwisan an e kapab pran moun sa yo soti yo nan Lanfè a. Bagay yo pa senp tankou jan nou panse a. Sa nou pa konnen se ke Senyè a limite. Mwen konnen gen kèk pitit Bondye ki pral kwè ke m’ap blasfème, lè mwen di ke Senyè a limite a.


Koute mwen trè byen. Kontrèman ak sa nou panse a, oswa sa ke yo te toujou ansenye nou, Bondye limite. Sa a se yon ansèyman ke mwen pral devlope nan jou kap vini yo, si Senyè a pèmèt mwen. Antretan, mwen pral rezime li pou nou isit la. Bondye, malgre omnipotans Li, Li limite pa pawòl Li. Li pa pral fè kontrè a sa pawòl Li di. Se poutèt sa nou dwe fè tout efò pou’n konfòme nou ak pawòl Li. Bondye pap konpwomèt tèt li pita pou pwouve lanmou Li pou nou. Li te deja pwouve lanmou Li lè Li sakrifye sèl Pitit Gason li a pou delivre nou. Moun ki pa vle delivrans sa a pa pral genyen li, e tout moun ki meprize sakrifis Jezi Kris la, yo pa pral chape anba Lanfè, malerezman.


Chè zanmi, ou menm ki jis sot li ansèyman sa a, repanti, epi rekonsilye ak Bondye pandan ke gen tan toujou. Aksepte Jezi Kris kòm Senyè ak Sovè pèsonèl ou, epi batize nan dlo, sa vle di, plonje nan dlo, pou padon peche ou yo. E pou ou menm ki di ke ou deja yon kretyen batize nan dlo, renonse tout peche ou yo ak tout move fason ou, si ou vle antre nan Syèl la. Sinon, Lanfè a ap tann ou. Epi pa bliye ke Lanfè a reyèl, epi li etènèl.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF