Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

AVÈTISMAN TEMWANYAJ YO


Chè frè ak chè zanmi, se avèk jwa ke nou mete divès temwanyaj a dispozisyon nou. Nou trouve yo itil pou avansman espirityèl nou e pou edifikasyon nou. Kèk nan resi sa yo soti nan bann moun ki te sèvi satan, e bann lòt, moun ki te wè Syèl la e/ou Lanfè a. Nan ansanm, resi sa yo ranfòse disèneman nou, e ouvè je nou sou Konba Espirityèl la. Donk, yo ede nou pou nou pi byen ekipe nou kont atak yo ke nou toujou ap viktim nan men satan ak ajan’l yo.


Temwanyaj sa yo pa dwe nan okenn ka pran pou Pawòl Levanjil, sa vle di pou absoliman vrè, e yo pa dwe ranplase Bib nou non plis. Pa janm kite Bib, pou mete yon temwanyaj an pratik. Se pa sou baz yon kèlkonk temwanyaj ke Bondye pral jije nou pi ta, men se bèl e byen sou baz Bib la. Kenbe tou ke chwa nou an pou pibliye temwanyaj sa yo pa konstitiye menm yon kèlkonk rekonsiderasyon nan men otè yo a.


Tankou jan nou te deja di nou nan ansèyman sou Disèneman an, Bondye itilize moun Li vle, pou fè eklate glwa Li, ou pou pale ak pitit Li yo. Senp fè pou yon moun rann yon temwanyaj, pa fè’l yon pitit Bondye pou sa. Ke temwanyaj la bay pa yon moun ki te sèvi satan, ou pa yon moun ki wè Syèl la e/ou Lanfè a, nou dwe jis resevwa sa ke Bondye vle ban nou an tankou revelasyon a travè resi sa yo, san pou otan tonbe nan pyèj pou kwè ke moun yo ke Senyè a te itilize yo pou ban nou yo a, soti nan Bondye.


Konnen trè byen ke Bondye pou fè pase mesaj Li yo, li ka sèvi menm ak bann objè ak bann zannimo. Nou gen pou egzanp bourik Balaam nan. Kite’m rafrechi memwa nou ak pasaj sa a nan Resansman 22. "... 27Femèl bourik la te wè anj Letènèl, e li te jete’l sou Balaam. Kòlè Balaam te anflame’l, e li te frape femèl bourik la ak yon baton. 28Letènèl te ouvè bouch femèl bourik la, e te di Balaam: Kisa’m te fè’w, pou te frape’m twa fwa deja? 29Balaam te reponn: Se paske’w te moke’m; si mwen te gen yon epe nan men’m, mwen t’ap touye’w kounye a. 30Femèl bourik la di Balaam: Èske’m pa femèl bourik ou, ke’w te konn monte tout tan an jis jodi a? Èske’m gen abitid pou fè’w konsa? E li te reponn: Non. ..." Resansman 22:1-33.


Si nou dakò ak mwen ke bourik ke Bondye te itilize a pou pale ak Balaam nan pat ni yon vrè sèvitè Bondye, ni yon pitit Bondye, konprann ke pa moun Bondye pase pou ban nou diferan temwanyaj ke n’ap li yo, pa nesesèman ni vrè sèvitè Bondye, ni vrè pitit Bondye. Fòk avètisman sa a klè pou nou kounye.


Plizyè moun apre te fin li temwanyaj yo ke nou te pibliye yo, te ale sou entènèt fè yon ti rechèch sou otè temwanyaj yo. Sa ke yo te wè te eskandalize yo. Yo te rann yo kont ke otè temwanyaj sa yo pa gen anyen pou Bondye nan manyè y’ap viv yo. Otè sa yo yo tout prèske yon ansanm, yon vrè pale mal pou Levanjil Jezi Kris la. Yo tou senpleman bann sijè eskandal. Prèske tout swadizan èks-satanis yo, gason kou fanm, yo te proklame tèt yo sèvitè Bondye. Yo chak te bay tèt yo tit ki fè yo plezi. Kèk fè tèt yo rele Pastè, bann lòt Evanjelis, bann lòt Profèt. Bann lòt te menm gen odas fè yo rele yo Apot.  Kèk te kòmanse tankou Pastè, e kèk mwa apre, yo te vin Apot, e kounye a yo vin sa ke yo rele "Bishops" la.


Yo lanse yo nan yon levanjil ki pa gen anyen pou wè ak sèn doktrin Kris la. Pou wè kèk pami yo, ou mal pou kwè ke yon jou yo te konnen Jezi Kris; yo pa diferan ak monden yo. Yo anbeli yo ak bijou ak tout sòt makiyaj. Fanm yo pote bann perik sou tèt yo, bann alonj ak grèf ak lòt kwafi abominab. Byen ke yo di yo te rankontre Jezi Kris Senyè a, yo sanble pa konnen ke yon fanm pitit Bondye dwe vwale tèt li, sa vle di pou’l kouvri tèt nan prezans Bondye. Yo sanble pa konnen ke yon fanm pitit Bondye dwe abiye desamman, kouri pou makiyaj yo, bijou yo, abiman satanik yo tankou pantalon yo ak lòt vètman sediksyon yo.


Fanm sa yo prèske yo tout bay tèt yo tit Ansyen Legliz, sa vle di ke yo tout vin bann pastè, bann evanjelis, bann profèt, bann doktè, bann apot, meprize pawòl Bondye a ki entèdi fanm pou ansenye ak pou pran otorite sou gason. Yo vin tou bann vrè enstriman satan pou egare pèp Bondye a, donk plizyè kretyen inyoran pran yo pou pitit Bondye, a koz de temwanyaj yo a. Nou menm, Pitit Bondye yo, ke sa pa siprann nou menm ankò. Se jis yon lòt plan satan pou simen konfizyon nan travay Bondye a. Ann beni Bondye pou Disèneman an. 


Youn nan swadizan èks-satanik yo nan temwanyaj li a, devwale nou klèman ke satan te pwopoze’l l’ap ouvri yon magazen bijou pou li, pandan’l t’ap eksplike’l nan vann bijou yo, li te dwe pèmèt satan pou toujou jwenn san imen ak bann nanm. Se li menm ki te di nou ke satan te revele’l ke tout moun ki achte bijou yo vin dirèkteman viktim satan ak demon li yo. Li revele nou ke bijou yo, gras ak miltip degre maji ki fèt sou yo depi nan mond fènwa a, genyen bann demon, e ke kan yon moun achte yon bijou, se anreyalite bann demon ke li achte, e ke yon fwa nan kay moun ki achte bijou a, demon sa yo rale san tout moun ki nan kay la pandan lan nwit. Donk li konnen pi byen pase nou menm ak mwen, ke bijou yo genyen bann demon ki, non sèlman posede moun ki pote bijou yo, men posede menm moun ki abite nan menm kay la ak moun ki pote bijou yo. Men kan nou wè swadizan èks-satanik sa a, nou eskandalize. Li toujou anbeli ak tout sòt bijou, menm pi ekstravagan yo. Se sa ki vrè pale Levanjil la mal la. Pa bliye ke youn nan misyon bann ajan satan yo se pale Levanjil la mal, simen konfizyon nan lespri moun yo, pou ke moun ki vle swiv Senyè a, ka anbouye.


Moun ki li temwanyaj sa yo e ki eskandalize nan wè otè yo sou Entènèt, ekri nou pou mande nou kòman li fè posib ke yon moun ki pretann li te wè Syèl la e/ou Lanfè a, e ki te menm rankontre Senyè Jezi Kris, ap viv kontrè a sa ke pawòl Bondye a ansenye a. Repons lan senp: Yo pa soti nan Bondye. Donk fèt atansyon ak ekspresyon "èks-satanik yo" ou "ansyen satanis yo" ki itilize pou kalifye moun ki te sèvi satan yo e ki pretann yo konvèti nan Jezi Kris. Se posib kèk nan konvèsyon sa yo ka vre; men swadizan èks-satanik yo yo sèlman anjeneralman pa lòt anyen ke bann satanis. Donk pa kite nou sedwi menm ankò pa ajan satan degize an pitit Bondye sa yo. Itilize ansèyman sou "Disèneman an" ke n’ap jwenn sou sit www.mcreveil.org a.


Donk konnen, byen neme, ke plizyè nan temwanyaj sa yo de Syèl, Lanfè, mond fènwa yo, elatriye. Yo vrè. Si otè yo a pa soti nan Bondye ou si yo chwazi pou yo detounen yo nan Bondye, sa pap envalide temwanyaj sa yo poutan. Konprann tou senpleman li konsène bann bourik ke Bondye te itilize pou revele nou sa ke Li te vle revele nou. Mesaj ke bourik la te bay Balaam nan te soti nan Bondye. Lefèt ke mesaj sa a soti vrèman nan Bondye, pa fè bourik la yon pitit Bondye ou yon sèvitè Bondye. Bourik la te bay Balaam mesaj li a, e li te rete bourik. Balaam te resevwa mesaj Bondye a, e li te lib pou obeyi ou pou pa obeyi. Se ka pou nou menm jodi a. Apre nou fin resevwa temwanyaj sa yo ke Bondye ban nou a travè bourik sa yo, nou lib pou nou repanti nou e krenn Bondye, ou pou kontinye pou nou amize nou ak Bondye.


Chè frè ak chè zanmi, kenbe yon fwa pou tout, ke lefèt ke ou te wè Syèl la e/ou Lanfè a pa fè pyès moun yon pitit Bondye. Lefèt paske’w te sèvi satan e pa laswit te rankontre Kris, pa fè pyès moun yon pitit Bondye. Plizyè sèvitè satan ki pretann yo te abandone’l pou swiv Jezi, yo fini toujou pa tonnen al jwenn vrè mèt yo satan. Donk pran sa ki edifye nou nan temwanyaj yo, men pa okipe nou de otè yo. Fè tankou jan Jezi te rekòmande nou li an nan Matye 23:1-3 "Alò Jezi, pandan li t’ap pale ak foul la e ak disip li yo, 2di: Eskrib yo ak farizyen yo yo chita nan chè Moyiz la. 3Fè donk e obsève sa ke yo di nou; men pa aji selon zèv yo. Donk y’ap di, e yo pa fè."


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF