Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

1000 LAN NAN MOND FÈNWA YO


1- Entwodiksyon


Chè frè ak chè zanmi, nou kontan pou mete a dispozisyon nou yon ekstrè de temwanyaj sa a ki kapab sanble enkwayab, men ki jistifye’l nan gade ansèyman sou Disèneman an ke Senyè a te ban nou an. Li se istwa yon moun ki te pase prèske 1000 (milan) nan mond fènwa yo, anvan pou rankontre Jezi Kris. Li te vini plizyè fwa sou tè a, selon misyon ke yo te konfye’l la. E chak fwa ke li te vin sou tè a, li te viv vi nòmal li, te mouri nòmalman, men te revini pa yon lòt nesans.


Temwanyaj sa a pral ouvri je nou sou kòman vrè Sèvitè Bondye yo se sib mond fènwa yo plizyè santèn ane anvan yo fèt. Temwanyaj sa a se yon zouti presye pou vrè Sèvitè Bondye yo. Non sèlman l’ap pèmèt yo pou byen konprann kòman lagè kont yo a te kòmanse anvan byen ke yo fèt, men li pral ede yo tou pou pi byen konprann antouraj yo, ak anviwònman espirityèl ak fizik yo. Kòm nou kapab konstate’l, tout temwanyaj sa yo yo sèlman fè konfime ansèyman sou Disèneman an ak Konba Espirityèl la ke nou te mete a dispozisyon nou genyen plizyè ane de sa.


Se tou senpleman manyifik pou konstate ke Bondye nan grandè enfini’L te chwazi pou revele nou mistè sa yo san tann temwanyaj sa yo. Nou priye nou pou li temwanyaj sa a trè atantivman pou tire ladann tout leson yo. Pran tan tou pou reli ansèyman sou Disèneman an ak Konba Espirityèl la, donk yo gen yon vrè min revelasyon. N’ap jwenn yo sou sit www.mcreveil.org a.


2- Kòmansman temwanyaj la


Premye fwa ke mwen te vini nan mond sa a, mwen te fèt an Ejip e mwen te yon gason nan tan sa a. Mwen te gen yon madanm ak kat pitit. Mwen te yon solda e nou te ale nan kan batay. Nou te prèske ven mil solda nan troup nou an, e konba a te tèlman difisil ke kòmandan nou an te mouri, e nou menm tou. Lòske nou te mouri, nou pat konnen ki kote pou nou ale. An fèt, si yon moun ki pa gen Lespri Bondye mouri, nanm li pral plane. Konsa, lespri nou t’ap plane an lè a. Toudenkou, te genyen bann demon ki te rele Magòg ki te parèt nan kan batay la avèk bann rezèvwa ke yo t’ap ranpli ak san. Lòske yo ta pral pati, yo te dekouvri ke nou t’ap plane an lè a. Yo te arete tout nanm nou e te mennen nou nan mitan gwo lanmè. Lòske nou te rive nan lanmè a, yo te kondwi nou nan palè rèn kot la. Yo te mete nou an ran e yo te inisye nou tout pandan yo te bann nou yon tas san.


Nou te bwè san sa a tankou yon alyans inisyasyon. Apre, yo te voye chache plan nou an pou yo ka ban nou yon tach. Nan wayòm fènwa yo egziste diferan nivo e tou diferan grad: Nivo lokal, nivo etatik, nivo federal, nivo nasyonal, nivo mondyal. Se senk nivo sa yo nan mond lan ke anpil moun rele senk etwal. Kèk moun kapab desinen’l nan legliz yo a, bann lòt moun nan kay yo. Yo pa konnen sa sinyifi senk nivo pouvwa mondyal e reprezante wayòm fènwa yo. Nivo sa yo egziste pa grad; lòske nivo lokal la trete avèk ou, yo kapab fè tout sa ke yo vle avèk ou san chache konnen plan direktè’w la. Genyen wayòm 333, 666, 777, 999 e plis. Nan wayòm 666 mond anba dlo a, anvan pou fè nenpòt sa’l ye sou ou, yo dwe mande plan direktè’w.


3- Plan direktè moun yo


Plan direktè sa a kapab jwenn sèlman nan wayòm fènwa yo ki rele 999 la kote demon entènasyonal yo demere. Anvan ke tout moun vini nan moud sa a, li pral rive dabò nan yon lye ki rele sant imigrasyon. Tou èt imen bloke nan sant sa a pou yo ka verifye plan direktè’l. Si yo wè yon dokiman blan nan men’w yo pral rekipere’l. E a pati la yo pral verifye plan direktè’w la. Plan direktè a se sa ke Bondye te voye’w akonpli nan mond sa a, depi nan premye rive nan dènye jou a. Li genyen dosye misyon lavi’w. Lòske yo dekouvri ke ou vin nan mond sa a pou fè volonte Bondye, yo pral manipile ak retire plan orijinal Bondye a pou lavi’w e ranplase’l avèk yon fo plan.


Konsa, lòske ou rive nan mond sa a, ou pral fè kontrè de volonte Bondye. Pa egzanp, si Bondye te voye’w sou tè a pou fèt Kanada, yo pral fè’w fèt nan Gana. Anj gadyen’w ak tout bon bagay nan lavi’w, Bondye te voye ap Kanada. Lòske yo manipile plan’w nan, tout program diven’w yo ak benediksyon’w yo yo pral Kanada pandan ke ou nan Gana. Anj gadyen lavi’w pap la avèk ou. Se poutèt sa nou wè bann moun ap soufri jis nan pwen pou mande tèt yo poukisa Bondye te fè yo fèt nan mond sa a. Non, zanmi’m, anj fènwa yo te ranplase plan Bondye pou lavi’w la pa yon fo plan. Ou te mal dirije. Se poutèt sa ou rankontre bann difikilte. Byen-neme, ou dwe priye avèk anpil pasyon. Avèk lapriyè, Bondye kapab toujou voye yon lòt anj pou relokalize ou.


Yo te ankò chache pou konnen plan direktè nou pou konnen misyon yo te konfye nou an. Lòske yo te vin a plan nou an, yo te bay nou chak yon pozisyon ak kote pou travay. Alòs, kan yo te rive sou mwen, yo te rasanble yo e te bloke’m. Pandan de semèn mwen te nan prizon yo a. Mwen pat konn poukisa ke yo te fèmen’m nan. Kan yo te retire’m mwen te mande poukisa yo te fèmen’m. Yo te di’m ke mwen pat fè yo okenn mal men ke yo te dekouvri nan plan’m nan ke Bondye te voye’m nan mond sa a pou’m yon profèt. Se pou rezon sa a ke yo te prepare yon misyon espesyal pou mwen ki pral nan opozisyon avèk plan orijinal Bondye a pou ke Bondye regrèt paske’L te voye’m nan mond sa a. Yo te di’m tou ke yo pral voye’m lekòl e ke mwen pral pase 300 lan lekòl. Mwen te tèlman sezi e te di tèt mwen kòman‘m kapab pase 300 lane lekòl? Sa vle di ke mwen dwe mouri ankò, yo te ri’m. Yo te di’ ke nan lye sa a pèsonn pa mouri e yo te montre’m kèk moun ki te viv depi prèske 3000 lan. Pita, yo te voye’m etidye nan lekòl nan lanmè a jis rive nan inivèsite.


4- Wayòm fènwa yo anba lanmè a


Lanmè a gwo e pi gwo pase tout mond lan nèt. Mwen pa konnen kòman pou’m dekri’l. Mond sa a ke nou trouve nou ladann lan reprezante petèt jis yon eta nan lye sa a. Lye sa a trè gran. Si nou wè estad pa yo nou pap kapab konpare’l ak sa ke nou genyen isi a. Si nou wè inivèsite pa yo, lopital pa yo, yo depase pa nou yo; yo pi sivilize e pi avanse pase nou. Anj dechi yo yo te desann soti nan Syèl la a koz rebelyon yo a. Yo te konnen sekrè ki dèyè tout planèt yo, e nan kreyasyon zannimo yo. Men lòske Bondye te vle kreye moun yo Li te soufle souf li nan moun e sekrè ki dèyè souf sa a se yon mistè nan je yo. Mwen te etidye anpil matyè nan wayòm fènwa yo anba lanmè a. Men pou matyè prensipal la ke mwen te ale se te teyoloji.


Kou sa a sou teyoloji a te pran’m 100 ane pou fini. Sa kapab siprann nou ke nan mond fènwa yo yo li Bib la. Bib la se pi gran liv. Nou pa gen yon lòt liv lalwa nan mond fènwa yo. Yo konnen ke se pa Bib sa a ke tout èt imen pral jije. Donk, si ou vle gran ou genyen yon promosyon, si ou dezire pou’w se yon polisye, yon avoka, yon jij, ou genyen yon gran estati nan wayòm fènwa yo, ou dwe li teyoloji nan lanmè. Ou dwe konnen Pawòl Bondye a donk li pisan nan wayòm fènwa yo. Menm jan ke Pawòl Bondye a souvan itilize nan limyè a, li egalman itilize nan fènwa yo. Sèl diferans se ke nan mond fènwa yo nou itilize’l pou kontredi Kretyen yo paske yo inyoran e pa konnen pisans pawòl la e kòman pou itilize’l.


Mwen te etidye anpil matyè nan lye sa a anba lanmè a ke mwa pa ka devlope. Nan sa ki konsène edikasyon, nou resevwa sèlman bann teyori. Vrè kote pratik tout matyè sa yo ke nou genyen lekòl la yo trouve yo nan lanmè. Yo pral kapab ban nou bann kou, sa vle di ke nou pral li bann liv, men fè pratike yon prodwi chimik, yon medikaman ou yon machin nan fen etid nou yo, malgre tout efò nou yo, yo pap rekonèt prodwi nou an. Men nou pral rankontre bann moun ki te fè egzatman menm bagay la avèk nou e ke prodwi yo a yo konnen’l. Nou pral mande tèt nou alò poukisa prodwi yo a meyè e se pa pa nou an!


5- Travay mwen nan Kalifoni


Gen yon sèk ki egziste ki rele okiltism syantifik mondyal. Moun ki rele jeni yo nan nenpòt kèl matyè se manm okiltis mondyal sa a. Se vre egziste bann jeni Bondye, men pa nan manyè mond la; Mwen te pran 300 ane pou fini etid yo. Yo te ofri’m kou sa a paske mwen te vle jij an chèf nan pi gran tribinal wayòm fènwa yo. E piske mwen te travay di, mwen te pase tout egzamen yo e pita mwen te vin jij an chèf nan pi gran tribinal fènwa yo. Se poutèt sa yo te voye’m Kalifoni.


Kalifoni se syèj ak biwo dyab la nan tout mond lan nèt. Dyab la gen 3 biwo nan mond lan: Yon biwo nan Kalifoni, youn an End, ak youn nan Nijerya. Biwo Nijerya a te fonde an 1977 nan epòk festival Festac 77 la. Festival sa a te entrodwi nan Nijerya pa youn nan ansyen prezidan nou yo. Nou kapab kwè ke se te yon senp festival. Festival Festac 77 la te yon program pou te kapab inisye ak pou fasilite mete kanpe wayòm fènwa yo ak pisans demonyak la nan Nijerya. Sekretarya biwo a te sitiye nan sant mache Obamham lan nan site Benen.


Yon fwa mwen te elve nan Kalifoni kòm jij an chèf, mwen te dwe sèvi yon manda 30 an. Kòm mwen te nan sèvis, mwen te travay sou plizyè ka, mwen te jije anpil sen. Mwen te kondane anpil nanm ke mwen pa ka eksplike nan konfesyon sa a. Mwen te la, t’ap fè trè byen travay mwen jis rive nan jou kote mwen te ale nan chanm mwen pou egzaminen dosye yo. Mwen te tonbe sou dosye yon moun ki gen pou fèt. Kòman yon moun ki poko fèt kapab gen yon prosè? Kòman m’ap kapab jije yon moun ki poko vin nan mond sa a? Mwen te konfi. Mwen pat konnen kòman pou trete yon ka konsa. Mwen te dwe rele grefye’m nan. Mwen te mande’l pou’l ban’m eksplikasyon pa rapò a ka sa a. Li te enkapab pou’l fè’l. Alò, mwen te voye chache avoka demon ki te pote afè a. Lòske mwen te entèroje’l, li te di ke se posib pou yon moun ki poko fèt nan mond sa a reponn a yon ka nan wayòm fènwa yo.


E mwen te di kòman? Li te reponn ke yo gen bann astrològ, mwen vle di moun k’ap obsève ast yo. Anvan ke yon moun fèt nan mond sa a, etwal li pral nan Syèl la panda anviwon 400 an byen anvan. Etwal li pral la kòmanse ap tann li, prepare’l pou jenerasyon l’ap vin ladann nan. Donk, genyen kèk anj dechi ki rele obsèvatè bann ast yo. Se bann demon ke nou rele astrològ bann fènwa yo. Yo li etwal yo prèske 400 zan anvan. Donk, lòske astrològ yo te nan misyon, yo te rankontre yon etwal etranj vlope nan yon kolòn dife. An plis, yo te remake depi anvan yon etwal konsa vlope nan yon kolòn dife – etwal Moyiz. Anvan Moyiz te fèt, wayòm fènwa yo te remake yon moun etranj ta pral vini, Se pou rezon sa a yo te fè lagè kont Moyiz. Yo pat vle ke li te reyisi nan misyon’l lan jiskaske pou touye tout ti gason ki pral fèt an Ejip.


Lòske yo te dekouvri ankò etwal sa a, yo te pran nòt de moun nan. Alò yo te vle fè yon program kont lavi’l, e yo te pote ka sa a devan’m. Byen ke timoun nan, ki pot ko fèt la, pat fè yo okenn mal, yo te vle reprograme lavi’l pou rekreye bann fay kont Bondye. Yo te pote afè a nan biwo’m pou konnen kòman reprograme pèsonalite ki gen pou fèt la. Mwen te mande avèk avoka a kòman pou wè moun ki pral jije a. Li te di ke li posib, men ke yo t’ap bezwen pèmisyon Syèl la pou sa. Li te di tankou dyab la te mande e te jwenn pèmisyon Bondye pou touche avèk tout sa ke Jòb te genyen, yo te kapab tou fè menm demand lan. Mwen te kwè se te blag e te ba yo randevou avèk retisans, pandan'm te di a dat sa a mwen t’ap etabli yon jijman pou li. Mwen pat konnen pa ki jan de jijman pou prononse kont moun enkoni sa a. Avoka a te fè’m konnen ke si’m pa trete ka sa a yo pral trayi’m. Menas sa a te fòse’m retounen nan bibliyotèk mwen pou plis rechèch. Alò, jijman ke mwen te prononse a se te ranje yon maryaj pou moun sa a.


Bebe ki te parèt devan’m nan se te yon adil, ki gen pou fèt. Alò, mwen te prepare yon demon reyenkane pou li tankou fanm e mwen te marye yo. An fèt, nan pli gran sipriz mwen, lòske ou te li done’l yo, non ke timoun nan te dwe genyen sou latè te nan plan direktè’l la e menm non paran’l yo ak lye kote li gen pou’l fèt la. Mwen vle di 300-400 zan anvan bebe a fèt. Menm paran’l yo pot ko fèt. Alò, mwen te dwe reprograme plan Bondye a pou lavi’l e prepare yon demon kòm madanm pou li.


Byen neme, si ou reyalize ke ou gen yon madanm ou yon mari espirityèl, chache rapidman delivrans ou e priye donk plizyè moun te inisye ou marye avèk demon anvan yo fèt. Plizyè te fiyanse anvan yo fèt. Alò, chache delivrans nou. Aprè’m te fin jije ka sa a, mwen te jije plizyè lòt ka. Mwen te fini 30 tan sèvis mwen yo nan pòs sa a nan wayòm fènwa yo. Apre sa, mwen te elve nan yon lòt wayòm fènwa ki rele wayòm anti-bondye.Egziste twa wayòm fènwa ki kontrole mond sa a: Wayòm anti-bondye, wayòm antekris ak wayòm satanik.


6- Wayòm anti Bondye


Nan wayòm yo a, yo te di’m ke yo pat preyokipe yo pou atake moun yo ou pou touye yo nenpòt kòman. Yo pa anpeche yo non plis pou prospere ou pou yo fè pitit. Brèf, travay yo se pa pou aflije moun yo sou tè a avèk bann maladi; se misyon wayòm lokal yo e pi piti pase wayòm pa yo a. Sèl misyon ke yo genyen nan wayòm yo a se mennen moun sèvi Bondye anba kòlè Bondye. Yo gen pou prensipal misyon pou kondwi moun yo nan Lanfè. Yo gen nivo ki pi elve a nan wayòm fènwa yo ki se anpeche moun antre nan Syèl. Yo te di’m ke deviz yo ak pisans yo se Pawòl Bondye a.


Yo te di’m ke deviz yo a trouve nan Deteronòm 5:7-9: "Ou pap genyen menm bann lòt bondye devan fas mwen. Pa janm fè imaj taye pou ou, nenpòt reprezantasyon bann bagay ki an wo nan syèl yo, ki anba sou tè a, e ki nan dlo yo ki pi ba ke tè a. Pa janm prostène devan yo, e pa janm sèvi yo menm; donk mwen menm Letènèl, Bondye’w la, mwen se yon Bondye jalou, ki pini inikite papa yo sou timoun yo jiska twazyèm ak katriyèm jenerasyon moun ki rayi’m yo."


Bagay sa yo pat di’m absoliman anyen e pat etranj pou mwen donk mwen te etidye yo nan lekòl lòske mwen te nan lanmè a. Mwen te mande yo kòman vèse sa a te kapab rann yo pisan. Yo te reponn ke yo te bann anj dechi; yo te viv avèk Bondye pandan bann milye ane anvan pou komèt peche ki te kondwi yo nan mond sa a. Yo konnen ke Bondye pap janm aksepte yon moun adore yon lòt Bondye. E si moun sa a mouri, yo trè sèten ke li pap janm wè favè Bondye. Se poutèt sa yo pouse moun yo pou adore Bondye anba kòlè Bondye, pou rezon sa a yo pran trè serye aspè konsènan idòl yo. Chak fwa ke Bondye di yon bagay, Li pap chanje. Donk, se sèlman lòske yon moun repanti’l li anpeche prosesis destriksyon an. Yo te di’m ke yo pa anpeche moun ale legliz ni pou adore Bondye. Yo itilize riz men yo pa itilize pisans pou programe lavi moun yo pou ka adore Bondye anba kòlè’L. Se poutèt sa yo kreye anpil legliz jodi a, ke laplipa ansenye sa ki pa ekri nan Bib la.


Konsènan fason ke yo sèvi avèk bann relijyon yo pou akonpli misyon yo a, yo te revele’m ke yo pouse moun ki vle adore Bondye pou adore idòl yo nan swiv legliz sa yo ki pa mete Bib la an pratik. Moun yo k’ap swiv yo ke nenpòt jistis yo ak bonte yo, Bondye pap janm aksepte yo menm. Depi yo mouri, demon yo ouvè vèsè sa a nan pòt Syèl la. Yo te di’m ke demon yo pa konbat moun yo sèlman sou tè a. Kan moun yo mouri, demon yo kanpe yo devan pòt Syèl la pou site kont yo bann bagay ke yo te fè sou latè. Se sa ke y’ap fè kont kretyen yo ki te panse yo te sen sou latè.


7- Entwodiksyon idolatri nan Legliz la


Yo te revele’m kòman yo te entrodwi kil bann idòl yo nan Legliz la. Apre lanmò Kris, apot yo te travay. Yo te ale nan tout lye, preche Levanjil la, fè revèy ak geri moun yo. Patou kote yo te ale te genyen gerizon, demonstrasyon pisans lan ak delivrans. Moun te kòmanse ap vin jwenn Senyè a e ap swiv apot yo. Alò, yo (wayòm anti-bondye a) te di: "Kòman nou pral anpeche moun sa yo?" Yo te eseye anpeche yo nan touye yo men plis yo t’ap touye yo plis nonb nan t’ap ogmante. Dyab la te reyisi entrodwi idolatri a nan Legliz la pa adorasyon rèn syèl la ke yo te rele Mari a. Vrè non idòl sa a se Venus. Demon yo di pa sa ke yo gen pouvwa pou mennen moun yo adore Bondye anba kòlè’L. Lòske moun rive nan pòt Syèl la nan yon kondisyon konsa apre lanmò yo, demon yo itilize vèsè sa a pou anpeche yo antre nan Syèl.


Nan sa ki konsène misyon’m avèk yo a, yo te di’m ke yo ta renmen itilize’m pou etabli bann lye sakre pou kil idòl yo. Mwen te fòme answit pou misyon sa a. Donk mwen te kòmanse ap vin nan mond sa a a travè grosès. Yon moun pral fè’m-mwen pral grandi e apre kèk ane, mwen mouri. Mwen pa ta mouri anvan lè’m. Pafwa, mwen ta mouri nan 70 a 80 zan. Mwen te grandi e te vin yon adil, mwen te konn marye e te konn genyen pitit. Men bi prensipal mwen nan chak peyi se te viv avèk moun peyi sa a, pou konnen sa ke yo renmen e pou konnen kòman fabrike bann bondye pou yo. Se konsa ke nou kreye idòl nou yo.


Si nou te vle kreye yon idòl, nou te viv nan mitan moun sa yo pou konnen maladi yo ak feblès yo. Si nou te vle fòse yon eta ou yon vil adore idòl yo, nou te provoke bann maladi nan mitan yo pou yo mouri kontinyèlman, nou te voye lespri Magòg nan yon lòt lye pou vin konbat yo e touye yo. E lòske yo wè moun yo ap mouri, yo pral kòmanse mache pou konsilte orak yo. Se nan moman sa a ke yo pral dirije vè yon moun patikilye ki pral ede yo pou rezoud problèm yo a. Yo pral dirije vè mwen. An retou, mwen pral di yo pou mete kanpe yon idòl ak pou kòmanse adore’l e kan yo te fè’l problèm yo te fini, e yo te lage yo vè kil idòl yo. Mwen te fèt nan plizyè peyi.


Nou ta kapab konteste avèk mwen sou baz de sa ki rezève pou moun mouri yon sèl fwa a. Se vre, Bib la pa manti. Li vrè ke li rezève pou moun mouri yon sèl fwa. Men pèmèt mwen di nou ke sa posib sèlman ak vrè pitit Bondye yo. Vrè pitit Bondye yo genyen Sentespri e lòske yo mouri, anj yo rele Anj Eskòt yo pral akeyi nanm yo, pral proteje yo e pral mennen yo nan repo a. Men moun ki pa viv yon vi sanntifikasyon, ke nou kwè’m ou pa kwè’m, genyen bann demon k’ap tann yo apre yo fin mouri. Demon sa yo pral rekipere nanm yo e mennen yo nan wayòm yo a. Nou konnen ke plizyè nan nou pap rive nan laj nou anvan nou mouri? Sèl bagay ki pral pouse yon moun ale nan peyi mò yo se lòske moun sa a mouri nan laj ki apropriye. Men si nou mouri anvan laj nou nou pa prale la ba a, nou prale nan wayòm fènwa yo e pral kòmanse sèvi yo.


Nan kèk tradiksyon, kan moun yo mouri, vizaj yo, men yo e/ou pye yo sakrifye anvan antèman yo. E si yo refèt, y’ap vini avèk menm sikatris yo sou kò yo, egzatman nan andwa yo kote mak yo te fèt la. Kèk tèlman konsyan apre nesans yo ke yo rekonèt rad yo ak soulye yo ke yo t’ap itilize anvan yo mouri.


8- Kòman nou antre nan kò moun?


Si nou vle vini nan mond sa a, nou pral vini dabò nan lespri. Nou pa gen chè. Nou pral chwazi yon fanm ou yon nonm ki gen jan de vizaj ak ten ke nou renmen an e nou bezwen an. Men si moun nan poko marye, nou pral programme rapidman maryaj li piske nou vle itilize kò’l. Menm si moun sa a te sen, nou te lache sou li yon pouse seksyèl ki ta fòse’l pou ale fònike e tonbe ansent. E si yon fanm konsa oze avòte, li pral mouri. Pandan rapò seksyèl yo, yon lespri pral kontrole espèm nan ki pral soti a. E pandan tanperati a ak chalè a, jis nan moman kote espèmatozoyid la ap kòmanse vin chè, lespri a pral antre. Chè a pral melanje li avèk lespri a e pral vin yon bebe e tout moun pral rejwi paske yon nouvo bebe fèt.


Se poutèt sa mwen bay konsèy sa a: Tout koup ki vle ansanm ou genyen relasyon seksyèl, ke yo dezire yon bebe ou non, yo dwe kouvri yo pa san Jezi Kris ak sanntifye kabann nan pa pisans Sentespri a. Nan fason sa a nou pap ka fè pitit demon nan mond sa a. Se pou rezon sa a nan plizyè fanmi kretyen genyen bann timoun ki pa sanble ni a papa a ni ak manman an. Ti moun sa yo genyen bann Konpòtman diferan de tout fanmi an. Se paske paran yo pat konnen ke te genyen bann lespri envizib programme kont relasyon yo a lòske yo te ansanm. Priyè’m se ke tout moun ki te retrouve yo nan kondisyon sa a ou te genyen yon moun konsa nan fanmi’l, ke Senyè a ki te touche ak chanje lavi’m nan touche egalman ak chanje lavi yo. E si sila yo ki te fèt nan fanmi yo se bann demon reyenkane, ke Senyè a detwi yo nan fanmi sa a nan non pisan Jezi Kris.


9- Reyinyon anyèl demon yo


Mwen te kòmanse mache de peyi an peyi pou kreye bann tanp demonyak. Mwen te travay pou wayòm sa a pandan bann ane. Mwen t’ap prospere patou kote’m te fèt yo. Mwen te akonpli byen tout sot tach e mwen te respekte kontra yo byen. Mwen te toujou genyen bann promosyon patou jiskaske mwen atenn nivo ki pi elve a, e mwen te vin youn nan manm egzekitif wayòm fènwa yo. Antanke manm egzekitif, nou te pran bann reyinyon chak ane pandan reyinyon sa a nou te fè bidjè anyèl yo. Previzyon bidjetè yo te toujou fèt vè Septanm ak Oktòb.


Nou reyini nou pou bay rapò yo e chak moun reprezante yon kontinan. Pandan youn nan reyinyon anyèl sa yo, yon moun ka leve e di: "A, nan kontinan’m nan, nan 2 000 000 moun ki mouri ane sa a nou te rann 700 malad, 300 moun te retrograde e anviwon 400 te gen fibròm, …" Moun resevwa plis pisans, promosyon ak demon an fonksyon de travay yo. Yo ka deside pou ba yo 20 000 demon pou travay avèk yo pou ka fasilite ak rann travay yo pi efikas. Lòt yo resevwa bann pouvwa, bann eskòpyon ak anpil zam ak flèch pou fasilite travay yo e yo bay tou yon rapò de tout moun ki te inisye nan 1 nan.


Pèmèt mwen di nou kèk bagay, si yon gouvènman lokal gen 10 ajan lougawou, ke nou kwè’l ou non, 10 ajan lougawou sa yo pral miltipliye pa 100 nan 1 nan. Wayòm fènwa yo toujou ap inisye e miltiplikasyon an se toujou misyon yo. Se sèlman nan kretyènte ke nou pa sousye nou de miltiplikasyon an. Sa a konstitiye pi gran misyon nan wayòm fènwa yo paske dyab la toujou raple nou chak ane ke anlèvman an pral fèt talè. Li te di ke li pat vle ke Jezi Kris gen yon kandida. Yo dezire ke pou pèsonn pa anlve.


10- Konbyen nanm ki antre nan Syèl pa ane?


Nan pase, anvan pou inisye yon moun, viktim nan te dwe pote kèk bagay pou konkli yon alyans. Men, nan jou nou yo, ke’w vle’l ke’w pa vle’l, se posib pou inisye nan yon sonj ou nan lekòl. Se sèlman gras Bondye ki kapab delivre’w. Yo inisye moun yo tou nan mache. Yo dwe rann kont de kantite moun ke yo inisye, sa ki kapab pèmèt yo elve nan pi gwo grad. Nou te kòmanse bay rapò nou an, youn pa youn. Se demon ki te rele "demon entènasyonal yo" ki bay rapò yo a an dènye. Se sa yo ki plase yo nan pòt antre Syèl la e ki te konnen kantite moun ki antre nan Syèl la pa ane. Se youn nan yo ki rele nan Danyèl la chèf wayòm Pès. Se yo menm ki te bloke priyè Danyèl la. Yo gen pouvwa pou yo akapare yon moun ou lavi’l apre lanmò.


Se yo menm ki resevwa moun kan y’ap vini nan mond sa a ak kan y’ap kite mond sa a. Yo konnen nonm moun ki pral nan Syèl ak nan Lanfè pa ane. Alò, jou sa a, yo te tou tris. Yo pat kontan. Nou tout te mande tèt nou poukisa moun sa yo pat kontan donk yo toujou jwaye. Yo gen yon gran aspè siperyorite kan yo vle pale. Yo te kòmanse pale, pandan y’ap di: "Ane sa a, anviwon 15 nanm te antre nan Syèl". Nou tout te sezi donk depi ke’m te rejwenn yo, okenn bagay konsa pat prodwi. Se te nòmal pou di "ey, ane sa a anviwon 2-3 nanm te antre nan Syèl." E pafwa menm yon nanm pat antre nan Syèl.


Nou konnen ke nan mond lan an nantye, plis pase 100 milyon moun mouri chak ane 100 milyon pral nan Lanfè chak ane? E pa gen pèsonn ki antre nan Syèl. Sepandan, rapò ane sa a te totalman diferan; tout bagay te nan dezòd e tout moun te an kòlè. Dyab la li menm te kriye, te gronde tankou yon lyon ki an kòlè, te gaye tout bagay, te voye dife, te blese ak te brile anpil moun. Li t’ap di, poukisa nou vle detwi wayòm mwen an, nou vle detwi’m? Kòman nou te kapab kite 15 moun al nan Syèl nan yon ane? Donk depi ke tout plas ke Bondye te rezève yo plen, anlèvman an pral fèt. Men poukisa anlèvman an poko fèt la. Si nonb nan konplè, tan nou an pral fini. Li trè nève e te konvoke astrològ yo pou ale fè bann rechèch sou entènèt.


Konsènan entènèt, li te egziste byen lontan anvan ke moun sou latè yo dekouvri’l. Alò, astrològ yo te gen pou tach chache koz problèm nan. Yo te dekouvri nan rechèch yo a ke baryè sa a te brize an Afrik nan Nijerya. Dyab la te voye yo answit verifye koz problèm nan. Men, rapò a te fè’m tranble. Yo te vini avèk rapò yon nonm kont li ke mwen te fè yon jijman nan wayòm fènwa yo lòske mwen te nan Kalifoni. Se te fondatè legliz apostolik Kris la. Si nou sonje, mwen te pale nou de yon nonm ki pat ko fèt e nan jijman an, mwen te programme yon demon reyenkane tankou moun avèk li li te dwe marye. Mwen te fè ke pou’l epouze demon sa a. Fanm nan ke nonm nan te epouze a pat repanti’l jiskaske’l mouri. Isi a se pa pou konnen si li te vle repanti’l ou non. Bondye pa t’ap aksepte’l menm si li te repanti’l, senpleman paske li te yon demon reyenkane. Si nou konnen istwa legliz sa a, n’ap konnen ke mwen pa manti. Nou te programme anpil bagay kont legliz sa a, men pa gras Bondye pastè sa a te venk pisans fanm sa a. Byen ke fanm sa a te toumante’l, li te antre nan Syèl.


Yo te di ke nonm sa a te brize baryè a, nan ogmante nonm moun pou Syèl la. Te genyen bann diskisyon sou kòman yon sèl nonm te kapab brize yon baryè konsa. Li trè fò? Èske se te mesaj la ki te si pisan? Ou èske se Onksyon an? Astrològ yo donk te di nou ke se pat ni mesaj la ni onksyon an. Se te paske li te mande avèk tout manm legliz yo pou yo pa pote zanno ak bijou. Nou te konprann donk kòman sa te kapab gen yon enpak sou wayòm syèl yo. Mwen te leve men’m pou di ke mwen te tonbe sou yon bagay konsa lòske mwen t’ap vizite demon entènasyonal yo nan pòt Syèl yo.


Se te yon fwa, mwen ta prale nan Lanfè pran yon dosye nan sible yon moun ke nou te vle touye. Nan nivo pa nou, nou pat touye pyès moun. Nou te ale sèlman nan dosye yon moun nan Lanfè. Non tout èt imen nan Lanfè a. De èt espirityèl te toujou parèt jou kote yo dwe bay yon timoun non. Premye èt espirityèl lan se yon demon Lanfè a. Dezyèm nan se yon anj Syèl la. Si non ke timoun nan pote a li gen rapò avèk yon idòl, anj Syèl la pral disparèt. Pèmèt mwen di nou kèk bagay, non yon idòl pap janm kapab antre nan liv lavi a. Bliye pozisyon nan lafwa nou an. Ou kapab se yon apot, yon evèk, ou tout sa ke ou vle, ou ka sen sou tè; travay ou ka menm akseptab; men si non’w gen trè avèk yon idòl, li pap anrejistre nan liv lavi a. Asire nou ke non nou gen trè avèk Bondye si nou vle vrèman antre nan Syèl. Men si non nou gen rapò avèk idòl yo, sa sinyifi ke nou fè pati linye idòl yo. Note sa e chanje non nou.


Si nou te vle atake moun yo, si nou te vle touye yo nan wayòm fènwa yo, nou te pase pa non sa a. Dezyèm demon sa a ki soti nan dife lanfè a ka ekri non tout moun. Nenpòt non’w genyen an, l’ap ekri’l. Li pral anrejistre’l nan chanm rejis yo a nan Lanfè a. Donk, si nou anvi, si nou komèt peche, san Jezi Kris pral kouvri non nou. Kan demon an pral verifye, non nou pral vid. Men san an pral efase e non nou pral parèt nan moman kote nou pral retrograde a ak retounen nan peche.


Si nou ale nan lanfè a e ke non an te parèt, nou pral frape’l a mò. Nou pa pral kite’l repanti’l anvan pou touye’l. Men kan nou rive la e ke san an toujou kouvri yon non, ke nenpòt si tèlman program nou an kont moun sa a enpòtan, nou pa pral touye moun sa a nan moman sa a, jiskaske nou wè’l nan peche. Se nan moman sa a ke nou kapab touye’l ou byen si nou touye’l san siye san Jezi Kris, li pral nan Syèl e nou pral pèdi kandida a. E wayòm fènwa yo pral pini nou paske nou pèdi kandida sa a.


11- Danje ki genyen nan pote bijou


Nan wayòm nou an, nou pat preyokipe nou pou touye, men pou voye moun yo nan Lanfè. Nou te mete anpil pyèj nan mond sa a pou asire nou ke pèsonn pa antre nan Syèl. Nou pa ta kwè ke moun yo kapab ankò antre nan Syèl paske nou te polye tout bagay sou tè a. E chak fwa ke yon moun antre nan Syèl, sa fè nou tèlman mal, e nou mande tèt nou kòman li fè reyisi malgre tout obstak yo. Yon jou, mwen te rann mwen nan Lanfè a pou verifye yon non. Mwen te deside pou’m rete kay demon entènasyonal yo pou salye yo. Pandan ke nou t’ap pale a, nou te remake yon fanm t’ap rive ki te krenn Bondye sou tè a. Se te madan yon pastè, e li te genyen anpil nanm pou Bondye. Men ajan nou yo sou tè a te reyisi tronpe’l. Fanm sa a te pote yon ti bouk zòrèy e te kwè ke lefèt ke ti zanno sa yo te tou piti, se pa yon peche. Li te rive nan pòt Syèl la e, nan pi gwo sipriz li, yo te di’l ke li pat kapab antre nan Syèl avèk ti zanno sa yo.


Avan ke’l te fin di: "Mwen dezole, mwen pat konnen", avan ke’l te fini pou bay eksplikasyon’l lan, yon fòs ki pa soti pyès kote e te vire vizaj li soti nan pòt Syèl la vè dife Lanfè a. Yon van etranj te pote’l e te anwoule’l seryezman e li te kouri rapidman vè Lanfè a. Pa panse ke nou pral mache majestyezman vè dife Lanfè ou ke kèk moun pral lage nou la ba a. Nou pral kouri rapidman avèk pye nou. Lòt fas tris istwa sa a se lefèt ke anj yo te pran tan pou montre fanm sa a kouwòn ak tout rekonpans yo ki te estoke nan Syèl la pou li. Gras avèk travay ke li te akonpli sou tè a pou Senyè a, li te gen yon bèl kouwòn nan Syèl la, yon kouwòn trè gloriye, ranpli ak etwal briyan patou avèk plis pase 500 etwal ak anpil bann lòt rekonpans, ke bèl chato. Kan mwen te mande demon entènasyonal yo poukisa kouwòn fanm nan te si gloriye konsa a, yo te di ke se kouwòn pou yon moun ki genyen nanm yo… e ke etwal yo ke mwen te wè yo sou kouwòn nan se te nonb nanm ke fanm nan te genyen pou Bondye.


Yo te di’m egalman pa gen kouwòn pou yon evèk ou yon pastè nan Syèl la. Tout tit ke nou bay tèt nou yo sou tè a pa gen rekonpans nan Syèl la, Se sèlman travay ke nou fè pou Bondye ki rekonpanse. Fanm nan te sèten de lavi’l; li te kwè ke li t’ap viv yon vi sanntifikasyon. Li te genyen anpil nanm pou Senyè a, li te gen yon kouwòn gloriye ki t’ap tann li nan Syèl, men li pat kapab antre. Kan anj lan te di’l nan pòt la ke li pap kapab antre, li te kòmanse ap diskite: "Non, mwen dwe antre, Jezi te menm parèt avèk mwen anvan’m te mouri, mwen sen", men demon yo te anpeche’l e di’l: "Fanm, ou pa ka antre nan Syèl la avèk ti zanno’w yo". Fanm sa a te kòmanse ap rele non Jezi. Li t’ap kriye Jeziiiiiiiiiii. Frè, se kan nou ankò an vi ke nou kapab rele non Jezi pou Sali a. Alò, aksepte Bib la jan’l ye a.


Fanm sa a te ale nan Lanfè a koz inyorans. Li pat kwè ke Bondye te deteste ti bouk zòrèy yo, menm si yo te piti. Se pi fasil pou yon gason antre nan Syèl ke yon fanm. Fanm yo trè ra nan Syèl la a koz atachman avèk bagay mond lan. Mwen sonje lòske Jezi Kris te mennen’m nan Syèl kan Li te rankontre’m. Kan Li te mennen’m nan sal fèt la, mwen te dekouvri ke gason yo te pi plis ke fanm yo. Nan Legliz la sou tè, fanm yo yo anpil, men nan Syèl la, yo trè ra, a koz de sa ke satan te programme pou yo.


12- Kisa Bib la di nan sijè bijou yo?


Jenèz 35:1-5 "Bondye di Jakòb: Leve, monte Betèl, demere la: la a, ou pral drese yon otèl pou Bondye ki te parèt avèk ou a, lòske ou t’ap kouri pou Ezawou a, frè’w la. 2Jakòb di a kay li e ak tout moun ki te avèk li yo: Retire bondye etranje yo ki nan mitan nou, pirifye nou, e chanje rad. 3Nou pral leve nou, e nou pral monte Betèl; la a, mwen pral drese yon otèl pou Bondye ki te reponn mwen an nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen pandan vwayaj mwen te fè a. 4Yo te bay Jakòb tout bondye etranje yo ki te nan men yo, e zanno yo ki te nan zòrèy yo.Jakòb te fouye yo anba pye terebent lan ki prè Sichem. 5Answit yo te pati. Lapèrèz Bondye te repann sou vil yo ki te antoure yo a, e yo pat pouswiv pitit Jakob yo menm ankò."


Egzòd 33:1-6 "Letènèl di Moyiz: Ale, pati kite isi a, ou menm ak pèp ou te fè soti nan peyi Ejip la; monte vè peyi ke mwen te jire pou bay Abraam, Izaak ak Jakòb la, kan’m te di yo: M’ap bay posterite’w la li. 2Mwen pral voye devan’w yon anj, e mwen pral chase Kananeyen yo, Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Evyen yo ak Jebizyen yo. 3Monte vè peyi sa a kote lèt ak myèl koule. Men mwen pap monte menm nan mitan’w, pou’m pa konsime’w nan chemen, donk ou se yon pèp ki gen kou rèd. 4Lòske pèp la te tande pawòl sevè sa yo, yo te nan dezolasyon, e pèsonn pat mete ònman yo a. 5E Letènèl di Moyiz: Di pitit Izrayèl yo: Nou se yon pèp ki gen kou rèd; si’m ta monte yon sèl ti tan nan mitan’w, mwen t’ap konsime’w. Retire kounye a ònma’w yo sou ou, e mwen pral wè sa ke’m pral fè avèk ou. 6Pitit Izrayèl yo te depouye yo de tout ònman yo a, pandan yo te elwanye yo de montay Orèb la." Pasaj sa yo montre nou pozisyon Bondye pa rapò avèk ònman yo, se klè.


Nan 1Korentyen 3:16-17, Bib la di ke kò nou se tanp Bondye. "Nou pa konnen ke nou se tanp Bondye, E ke Lespri Bondye rete nan nou? Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye ap detwi’l; donk tanp Bondye a sen, e se sa ke nou ye." Pa konsekan, anyen nan sa ki atire kòlè Bondye pa dwe rete ni nan kò nou, ni sou kò nou. Pa mete okenn bijou sou kò nou, ki se Tanp Bondye.


Kèk moun pral di: "Bondye pa gen anyen pou wè avèk kò nou, men sèlman avèk nanm nou ou kè nou." ... Se yon mansonj!!! Bondye sousye’l pou kò nou, pou lespri nou pou nanm nou. Kò nou se tanp Senyè a. Inikite yo pa gen dwa demere nan li. Nou dwe fè atansyon; kò nou se pou Bondye. Nou pa ka itilize’l jan nou vle. Nou dwe fè Bondye plezi avèk kò nou. Ann li Romen12:1 "Mwen ankouraje nou, frè yo, pa konpasyon Bondye, pou ofri kò nou tankou yon ofrann vivan, sen, agreyab a Bondye, sa ki pral yon kil rezonab k’ap soti nan nou."


Bondye pale de kò nou isi a, se pa de kè nou ou de nanm nou. Si Bondye vle pale de kè, L’ap pale de kè, e si Li vle pale de kò, L’ap pale de kò. Pa kite okenn predikatè satan tronpe nou. Pa pèmèt avèk okenn ajan Lanfè pou di nou ke Bondye entèrese’L sèlman avèk nanm nou, avèk kè nou Li pa entèrese’L avèk kò a. Kò nou, nanm nou ak kè a se pou Bondye. Si nou menm, kretyen, nou vle vrèman antre nan Syèl la, nou dwe debarase nou de tout bagay sa yo. Rezon sa a ki fè nou itilize yo nan legliz la jodi a san mouri, e san ke dife pa konsime nou, se paske Bondye elwanye’L nan mitan nou. Pou rezon sa a, dife ka pa touye nou nan legliz la jodi a; dife ka pa boule nou; men pa bliye ke gen yon jou k’ap vini kote nou pral mouri e fè fas a kòlè Bondye. Se pou nou pran mesaj sa a trè serye.


13- Desizyon pou voye’m nan Nijerya


Nan reyinyon nou an jou sa a, nou te rann nou kont ke abiman nou an ak fason nou fè moun yo anbeli yo a te detwi anpil nanm e nou te trè ere. Nou te sèvi avèk pisans pou nou avèk bi sa a ak pouvwa sa a nan wayòm nou an. Nan fen reyinyon an, donk nou te konkli ke nou dwe okipe nou de pastè sa a ak ministè’l la ki te brize baryè a nan kondwi moun yo nan Syèl konsa. Nou te voye answit anpil ajan nan Nijerya pou atake’l. Men glwa pou Bondye! Tout moun nou te voye yo pou atake pastè sa a te frape. Li te jis kanpe nan legliz la yon jou e te di: "Mwen lage dife Bondye, Anj Bondye a, pou arete lespri fènwa yo nan lye sa a", e yo te arete, e te kòmanse konfese. Yo te konfese ant yo e te repanti yo. Se te sèlman demon reyenkane yo ki pat repanti yo. Men veritab èt imen an ki te posede a ka repanti, e si yo priye pou li, lap delivre.


Dyab la te kòmanse pèdi anpil kandida. Pou sa, yon lòt reyinyon te òganize pou ka chache bann moun siperyè ki kapab akonpli misyon yo trè byen. Se konsa ke yo te jwenn mwen kèk ane pi ta. Yo te di ke mwen ta dwe se sila ki ta dwe ale nan Nijerya pou detwi doktrin danjere sa a ke nonm sa a te etabli a. Silvouplè, pa diskite avèk letènite nou. Sakrifye tout sa ki kapab anpeche nou antre nan Syèl. Si se bote nou, sakrifye’l. Nenpòt sa ke nou genyen isi a, nou pa kapab konpare’l avèk letènite a. Kèlke swa sa wayòm syèl yo pa renmen nan nou, sakrifye’l, pou antre nan Syèl.


14- Dwe gen yon diferans ant Debora ak Dalila


Nan reyinyon nou an, nou te resevwa misyon pou fè vini lagè kont Afrik a koz nonm Bondye sa a. Misyon’m nan nan Nijerya se te pou polye kretyènte a. Sa vle di mennen mond lan nan legliz la, e moun yo pa pral konnen diferans lan. Misyon’m se te pou bande je moun yo pou ke yo pa konnen diferans an Debora ak Dalila. Dwe gen yon diferans ant yo de a. Nou dwe konnen Debora kan li parèt konsa tankou Dalila. Nan legliz nan jou nou yo, nou pa konnen menm ankò diferans ant yon prostitiye avèk yon pitit Bondye, yo tou de abiye menm jan. Non, nou pa kapab antre nan Syèl avèk sa a; dwe gen yon diferans ant fènwa a ak limyè a. Ki rapò ki genyen ant fènwa yo ak limyè a?


Nou dwe fè trè atansyon. Pa kite dyab la tronpe nou. Ann li 2Koretyen 6:14-18, "Pa mete nou avèk enfidèl yo anba yon joug etranje. Donk ki rapò ki genyen ant jistis ak inikite? Ou ki sa ki gen an komen ant limyè ak fènwa yo? 15Ki akò ki genyen ant Kris ak Belyal? Ou ki pati fidèl la genyen ak enfidèl la? 16Ki rapò ki genyen ant tanp Bondye a ak idòl yo? Donk nou se tanp Bondye vivan an, Kòm Bondye te di’l: M’ap rete e m’ap mache nan mitan yo; m’ap Bondye yo, e y’ap pèp mwen. 17Se poutèt sa, soti nan mitan yo, e separe nou, Senyè a di; pa touche sa ki sa’l, e m’ap akeyi nou. 18M’ap yon papa pou nou, e n’ap pou mwen bann pitit gason ak bann pitit fi, Senyè Toupisan an di." Sa a sinyifi ke nou pa dwe gen okenn rapò avèk yo. Si abiman nou an sanble avèk pa yo a, si nou pale menm jan avèk yo, sa sinyifi ke nou ansanm.


Sa fè konprann ke, abiman nou dwe diferan ak mond lan menm jan ak Konpòtman nou. Si nou pa diferan avèk moun nan mond yo, sa sinyifi ke nou toujou nan mond lan, nou pa nan Kris. Donk, si atitid premye frè yo, diskou yo ak mòd de vi yo te vo non Kretyen, sa sinyifi ke vrè Kretyen yo konpòte yo yon fason, fason ke vrè Kretyen yo aji rann yo diferan. Nou dwe diferan avèk bann moun yo. Si nou pa mete Bib la an pratik, langaj k’ap vini an nan fen li pral langaj lanmò. E si nou pa obeyi nou avèk Pawòl Bondye e nou mouri nan peche, alò nou pral mouri pou toujou. Pa pèmèt ke temwanyaj sa a kondane nou apre lanmò.


Kòm mwen te di’l, misyon’m nan Nijerya se te pou polye kretyènte a. Yo te di’m ke mwen te dwe itilize abiman yo a pou chase prezans Bondye nan legliz la. Konnen ke egzistans kèk bagay nan legliz la anpeche prezans Bondye. Nou ka diskite avèk mwen ke nan legliz nou an genyen bann mirak, moun yo pale an lang, yo tande vwa Bondye … Pa gen problèm. Genyen bann milye bondye, sitou si nou di, nou tande vwa a, nou gen bann vizyon? Nou panse ke tout vizyon yo soti nan Bondye? Nou panse ke tout bagay ke nou tande soti nan Bondye? Bib la pa di ke menm demon yo degize yo tankou anj Bondye? Pa fè konfyans avèk bondye sa a k’ap pale avèk nou an nan peche a.


N’ap komèt peche, ou abiye tankou Jezabèl, ou abiye’w tankou bann demon yo e ou di ke Bondye pale avèk mwen. Mwen te abite avèk yo, mwen te renye avèk yo pandan bann ane. Mwen konnen kòman yo opere. Li pa posib ke yon fanm abiye’l tankou Jezabèl e ke Lespri Bondye Tou Pisan an demere nan li, se yon mansonj. Nou ka diskite avèk mwen, men nou pa pral janm diskite apre lanmò. Fè atansyon, si nou panse ke mwen manti e ke nou reyalize apre lanmò ke mwen pat di laverite, nou pral genyen yon lòt okazyon pou retounen nan lavi? Se poutèt sa fòk nou reflechi a de fwa anvan pou rejte mesaj sa a.


Avan pou’m ale an Afrik pou misyon’m nan, mwen te bezwen pou konsilte moun ki te sou tèt mwen yo e ki te la anvan’m yo, moun ki konprann sa k’ap pase nan wayòm fènwa yo. Mwen te bezwen pou konsilte rèn kot la. Mwen te konsilte anpil bann wayòm pou konsèy yo pou ka gide’m, pou’m ka pa fè erè. Misyon an Afrik yo yo trè difisil. Anpil te echwe. Yo te promèt mwen alò ke si mwen te reyisi, mwen t’ap elve nan yon pi gwo pòs. Kan mwen te konsilte yo, yo te ban mwen bann riz. Men nan wayòm fènwa yo, yo te di’m pou ale prepare propozisyon’m nan anvan ke yo aprouve misyon’m nan. Propozisyon an dwe genyen yon vèse biblik ki pral itilize kont tout moun ki pral tonbe nan pyèj ou a. Propozisyon’m nan te repoze sou vèse Romen 1:26 "Se poutèt sa Bondye te livre yo nan bann pasyon sal: Donk madanm yo te chanje izaj natirèl la pou fè sa ki kont nati a". Nou ka di, "kisa sa sinyifi?"


Sa sinyifi ke fanm yo chanje sa ki nòmal. Tout sa ki rele natirèl se natirèl; swa seksyèl swa yon pati nan kò yo. Li di ke "fanm yo chanje izaj natirèl la pou yo fè sa ki kont nati a", e Bondye prononse jijman’l lan sou yo nan vèse 32 "E, byen ke yo konnen jijman Bondye a, deklare ke yo merite lanmò moun ki komèt bagay konsa yo, e non sèlman yo fè’l, men yo aprouve moun k’ap fè yo." Note ke anvan dènye vèse sa a, anpil peche te mansyone. Nan estad sa a, mwen entèrese’m sèlman a sa ke mwen te bay nan propozisyon’m nan. Li di ke nenpòt moun ki fè’l, pi presizeman "nenpòt moun ki chanje natirèl la pou sa ki pa natirèl la, ke li se nan sèks ou rad, tout otan ke nou chanje kèk bagay ke Bondye te ban nou pou sa ki pa natirèl la, Bib la di ke ou merite lanmò."


E li di tou, yo "non sèlman yo fè menm bagay la, men yo pran plezi nan moun k’ap fè’l yo." Pati sa a a pale de moun sa yo k’ap di ke yo se kretyen, men yo pa fè’l; men yo gen yon salon kwafi. Si yon moun pote alonj ak grèf ou perik ou yon defrizan pèmanant, y’ap fè’l pou li. Si nou di ke nou pa fè’l e ke nou fè’l pou lòt yo, n’ap kondane. Se poutèt sa nou dwe separe nou de yo. Don, se vèse ke mwen te ekri nan propozisyon’m nan ak bann lòt vèse konsa, e yo te aksepte’l e donk yo te ban mwen kontra a. Mwen te kòmanse pou etabli bann fo legliz kan mwen te kòmanse ap polye kretyènte a. Avan pou te genyen bann fo legliz yo, nou dwe dabò genyen bann fo minis.


15- Pisans fo minis yo


Pèmèt mwen revele kèk bagay sou wayòm fènwa yo ak minis Bondye yo k’ap li sa a. Nou konnen kèk swadizan kretyen ak sèvitè Bondye yo movè, e pafwa nou reyini nou pou priye kont yo, frape yo a mò e mande Bondye pou kraze yo. Wi, Bondye ka reponn a priyè sa a, men pa jan nou vle’l la. Kite’m di nou verite a: Pouvwa ki itilize pou mirak yo nan mond fènwa yo pa soti nan yo. Se pouvwa yo te bay vrè minis Bondye ke yo pran a travè rapò seksyèl,e sere yo nan magazen yo a. Se menm pouvwa sa a ke yo itilize pou òdone fo minis yo. Sa eksplike poukisa nou wè yo travay menm jan pitit Bondye yo travay la, fè bann mirak tankou Jezi. Se poutèt sa chak fwa ke n’ap priye kont yo, yo pa afekte; y’ap itilize an fèt menm pouvwa Bondye a kont zèv Bondye a.


Nou gen bann fanm ki se bann ajan e kan yon minis Bondye pisan, kan onksyon Bondye a vrèman nan li, nou voye yo kont minis sa yo. Yo fè tèt yo pase pou bann travayè nan legliz la ou yo parenn Legliz la. Yo pral raproche yo sou pastè a. Yo pral tro bon moun e enb anvè pastè a. Pastè sa a pral gen yon enterè patikilye pou yo paske yo se bon moun. An plis, yo prè pou bay tout sa ke yo genyen pou ministè a. Sa pral raproche yo sou minis la. Nou profite de opòtinite sa a pou sedwi pastè sa a. E si li tonbe pa erè amoure ajan sa a e genyen rapò seksyèl avèk li, nou pran’l!


Nou te mete yon sèpan nan pati prive fanm sa yo. Si pastè a gen rapò seksyèl avèk yo, ke nenpòt si yo itilize ou pa itilize prezèvatif, vrè espèm nan pral dirèkteman nan kò fanm sa a e sèpan an ki nan pati prive a pral ouvri bouch li e pral vale espèm nan. Nan lannwit, sèpan an pral soti e ale nan laboratwa nan mond anba dlo a e pral vomi espèm nan la. Espèm nan pral eskane tankou yon mwayen pou konnen nivo glwa ak onksyon an. A tout moun k’ap li sa a, nou konnen ke glwa nou, richèch nou yo ak tout sa ke nou genyen sou tè a se nan espèm nou? Se poutèt sa, si nou amize nou nenpòt kòman, se avèk glwa nou ke n’ap amize nou. Onksyon an ak glwa a, yo tout yo estoke nan espèm nan. Si nou pratike fònikasyon anvan ke nou marye, nou kapab pa fè bon pitit; tout bagay gloriye ki nan espèm nou te bay ak fanm initil. Kan nou ap fònike, nou kapab vann lavi nou ak glwa nou.


Donk, nou pran onksyon bann minis a pati espèm yo. Nou sere yo pou prepare fo minis nou yo. Kan nou prepare fo minis nou yo, nou ba yo bann riz. Yo rize. Kite’m di nou kèk bagay. Genyen sa ke nou rele enpliyan mikro-pis. Fo minis Bondye sa a yo yo rich menm jan ak nou menm ki nan Pawòl Bondye a. Se paske odinatè a te enplante nan sèvo yo pa mikro-soft la, Nou te enstale nan sèvo yo tout vèse yo ak tout sa ki trouve nan Bib la. Nou pral wè yo site anpil bann pasaj biblik e entèprete yo. Kèk pale tankou bann machin, san vale saliv. Yo fè’l nan pwen ke vrè zòm Bondye yo sezi. Fè atansyon; retounen nan Bib nou yo. Bliye nan ki pwen yo elokan. Bondye la nan Bib nou yo. Pa fè yo konfyans, pa swiv yo.


Yo ka di sèt vrè pawòl Bondye e ajoute ladann de manti. Sèt verite yo ke yo di yo pral fè nou kwè nan de manti yo e nou pral tronpe. Donk, chak fwa ke n’ap koute ansèyman pa yo, retounen nan Bib la. Tout sa ke n’ap koute e ki pa koresponn avèk lafwa ke nou genyen nan Bib la, fè atansyon! Mwen te gen plis pase mil minis ke mwen te òdone nan wayòm anba dlo a e yo te kreye bann legliz nan mond sa a e yo se jodi a bann "sirentandan general". Y’ap opere ak fè bann mirak jodi a, e pèsonn pa ka kanpe yo sof Bondye. Mwen te ale vè kèk nan yo pou fè restitisyon, men yo te rele lapolis pou arete’m. Yo te di ke mwen se yon mantè e yon moun fou. Mwen te eseye pou sove yo men yo te refize paske yo te kwè ke se Bondye ki te rele yo.


16- Apèl fo minis yo


Men kòman mwen te konn rele yo nan rèv; mwen te ale kote yo e te pale avèk tankou Bondye. Si non an se Samyèl, mwen pral di: "Samyèl, koute vwa bondye, mwen se bondye tou pisan an, kreyatè Syèl la ak tè a. Mwen vle voye’w avèk yon mesaj. Pote kwa’w e swiv mwen. Mwen vle voye’w nan mond lan delivre pèp mwen an anba pisans fènwa yo, pou anpeche yo adore idòl yo, sove nanm yo. M’ap ba ou onksyon ak pisans gerizon, prosperite, benediksyon ak rekonfò pou pèp mwen an e m’ap onore’w, m’ap beni’w. M’ap ba ou pouvwa pou ale tout kote nan mond lan e m’ap avèk ou. Mwen se bondye tou pisan’w lan."


E kan nonm sa a pral reveye, li pa pral panse ke se te Bondye? Li pral kwè se Bondye ki pale avèk li a paske selon Bib la, se konsa Bondye te rele sèvitè’L yo. Yo te fòme nou pou imite Bondye ak anj Li yo. Si nou pa tronpe yo, kòman yo pral fè swiv nou? Donk, se konsa ke mwen te konn rele anpil moun e tout siy ki akonpanye vrè apèl yo, pral akonpanye moun sa a tou. Si yo refize, nou ka mete yo nan bann problèm. Yo kapab ap detounen, e tout afè yo ka echwe. Nou itilize menm sistèm ke Bondye itilize a pou rele fo minis yo.


Donk si nou tande yon apèl, ou si nou kwè nou te tande yon apèl, premye bagay pou nou fè se pa ale nan yon lekòl biblik, men priye. Kenbe yon fwa pou tout ke lekòl biblik pa fòme yon vrè sèvitè Bondye; Se Bondye ki fòme Vrè sèvitè’L yo. Priye pandan plizyè mwa, e pase anpil tan nan Bib nou, pou nou ka pa regrèt. Chache konnen si se vrè Bondye a ki te rele nou.


Kòm mwen te di nou li deja, sib la ak misyon apèl mwen an se te pou detwi senntete nan Legliz la. Nou te kwè ke si senntete a te kontinye nan legliz la, si yo te rete nan vrè pawòl Bondye e si nou pat tronpe yo nan ba yo fo a, yo t’ap kontinye antre nan Syèl la. Se pou rezon sa a nou te kòmanse kreye bann fo legliz, nou te genyen tou bann lòt domèn nou te travay ladan yo. Pa egzanp, preparatif pou mizisyen gospèl nou yo, fason ke nou te tronpe koral yo, zèv nou yo nan batèm nan ak nan sent kominyon an ak fason ke nou te travay pami travayè yo nan legliz la.


Lòske mwen te kòmanse misyon’m nan, nou te òdone dabò fo minis nou yo avèk dlo, espèm ak bann etwal ke nou te pran bò kote bann sèvitè Bondye wen yo. Chak fwa ke nou te voye fo minis nou yo kreye pròp legliz pa yo, yo pat kòmanse medyòkman, yo te kòmanse yon legliz nan fason grandyoz. Pa fwa, yo te kapab kòmanse tou nan fason penib, men tout te depann de nivo demon ki t’ap itilize yo a. Men si nivo demon k’ap itilize yo a soti nan nivo lokal la, yo kapab kòmanse pa povrete. Mwen pa di ke nenpòt moun ki kòmanse travay Bondye nan povrete soti nan Bondye. Pa gen sistèm ke dyab la pa ka itilize; men pandan misyon’m nan, nou te etabli fo minis nou yo nan bon fason an e te ba yo tou bon anplasman. Fo minis sa yo ke m’ap pale de yo a yo fòme ak prepare pou misyon pa yo a. Tip mesaj ke yo pral preche yo yo te ansenye yo’l. Mesaj sa a pat pou Sali a.


Nou te aprann yo sèlman pou ansenye lanmou Bondye, grandè Bondye, bonte Bondye, e pou konsidere Bondye tankou tou pisan an e ki toujou ap fè mirak, ki kapab beni moun e fè bann bagay mèveye. Nou te ansenye yo tou pou fè ke kongregasyon yo wè Bondye tankou yon zanmi, e non tankou yon moun trè agase pa mond peche sa a. Ke yo pa panse avèk destriksyon ki pral vini sou mond sa a. Kan y’ap preche, yo di moun yo pou pa komèt peche, men yo pa mete aksan sou peche yo ke y’ap komèt chak jou. Yo toujou fonde predikasyon yo a sou mirak yo, gerizon, siksè, prosperite, pouvwa ak lafwa. Yo pa preche sou senntete, lajistis ak krent Bondye. Se konsa ke nou te ansenye avèk fo minis nou yo kòman detwi krent Bondye nan kè moun yo.


An plis, tout sijè ou mesaj ke yo bay, toujou fini avèk benediksyon ak mirak. Silvouplè, koute’m: "Si nou wè yon pastè ap preche konsa, konnen ke li se youn nan ajan fènwa yo. Li se swa yon ajan anrejistre, ou yon ajan inyoran." Mwen di ajan inyoran se lefèt ke kèk moun ap travay pou dyab la pandan yo kwè se pou Bondye. Nou pap wè yo ale nan tanp ou nan mond fènwa yo pou jwenn pouvwa dyabolik yo ou fè yon alyans, men pa inyorans, y’ap travay pou dyab la paske mesaj yo a ak sistèm yo se menm sistèm avèk fènwa yo. Renmen Bondye se yon ak obeyisans. Se pa nan depanse ou nan bay lajan senpleman. Minis satan yo preche sèlman sa ki fè yo plezi. Predikasyon yo a fonde sèlman sou profi pèsonèl.


17- Benediksyon ak prosperite: Mesaj ajan satan yo


Nou te fòme fo minis yo pou preche kèk bagay sou Sali a, pandan y’ap tronpe moun yo sou langaj Sali a. Yo ansenye kongregasyon yo a ke si yo vin legliz, yo ta dwe konfese non Jezi Kris e aksepte’L kòm Senyè ak Sovè pèsonèl yo. Yo mande tou avèk fidèl yo pou yo vini legliz regilyèman, pou peye dim yo ak ofrann yo, pou fè bann don a legliz la. Yo pral di yo tou kèk lè se pa byen pou fònike ak pou bay manti, men yo pap janm mete aksan sou peche yo. Poutan legliz la te kreye pou yo ka raple fidèl yo peche yo chak jou. Nou vin legliz chak jou pou pastè yo ka pale nou de peche yo k’ap anpeche nou antre nan Syèl. Se kan yo repete kèk bagay nan zòrèy moun ke l’ap sonje’l. Men sa ke nou tande chak jou nan legliz nou yo jodi a, se benediksyon ak prosperite. Mesaj sa yo soti nan satan.


Si se vrèman Bondye Tou-Pisan an ki te rele nou e nou detounen nou e te kòmanse ap preche tankou bann lòt fo predikatè yo, Li pral rejte nou e pral ranplase nou. Vrè sèvitè Bondye yo dwe fè konnen avèk fidèl yo sa k’ap tann yo si yo refize viv yon vi sanntifikasyon. Legliz se pa yon sal espektak. Poukisa fidèl ou yo dwe aplodi kan y’ap preche? Si fidèl ou yo kontinye aplodi pou ou, sa sinyifi ke ou pa sou chemen an. Ou dwe preche ak chatye yo avèk pawòl Sali a otantikman. Kan Jezi t’ap preche, moun yo t’ap manje dan yo e te retire kò yo. Yo pat aplodi. Jan 6:60-67 "... Depi moman sa a, plizyè nan disip li yo te rale kò yo, e yo pat ale avèk li ankò menm. Donk Jezi te di avèk douz yo: E nou menm, nou pa vle ale tou?"


Nou refize preche laverite a paske nou pè pou pa pèdi manm yo. Nou pa sousye nou pou Sali yo. Bondye pèdi anpil nanm chak jou pandan ke nou kontinye ap genyen plis nanm nan legliz nou an. Legliz nou an ranpli alòske Syèl la vid. Kèl senaryo malere. Chè zanmi, Bondye desi de ou paske ou te abandone sèvis ou a. Si nou t’ap travay pou Bondye, nou t’ap sousye nou pou Sali nanm yo, e non foul la. Bondye sousye’l sèlman pou Sali. Se konsa fòk ou idantifye ak diferansye fo minis yo ak vrè minis Bondye yo.


Pafwa, moun mande tèt yo poukisa gran mirak yo yo ra nan Legliz sen e jis sa yo. Mirak yo yo ra paske demon akizatè frè yo ap akize yo grandman. Men nan fo legliz sa yo nou pral temwen de bann gran mirak, paske pèsonn pap akize yo. Si nou wè yon legliz peche ap debòde ladann, kote fanm yo abiye yo tankou Jezabèl, e nan yon sitiyasyon konsa Bondye pa avèti yo de peche sa a, pa korije erè yo a, men kontinye pito pou beni yo, konnen ke legliz sa a se pou satan. Bondye pa kapab nan okenn ka dèyè mirak sa yo. Bi Bondye pou legliz la se pa mirak yo, men Sali a. Mirak la se jis yon mwayen pou bati lafwa nou.


Tout sa ke moun yo kwè jodi a nan legliz la se sèlman mirak la. Ki pisans ki dèyè mirak yo ke nou pretann ke nou resevwa yo? Nou t’ap fè pi byen pou fè atansyon avèk pisans ke nou resevwa dèyè mirak yo, sinon n’ap regrèt li. Tout sa ke satan ban nou, nou dwe peye pou sa kounye a ou nan letènite. Se pou nou pa ensanse. Satan rize, men sèl Sentespri ki kapab rann nou pi saj pase satan.


18- Abiman satanik fanm yo


Mwen te patikilyèman devwe tan’m pou mòd la (rad). Nan bann fo legliz sa yo, nou te pèmèt fanm yo pou yo abiye yo nenpòt kòman paske nou te vle ke yo itilize rad yo ke nou te prodwi yo nan wayòm demonyak nou yo. Nan fo legliz yo, yo pa sousye yo de estil abiman fanm yo, donk yo te otorize yo pou yo abiye yo nenpòt kòman san yo pa sousye yo de sa ke Pawòl Bondye a di. 1Korentyen 11:6 "Donk si yon fanm pa vwale, ke’l koupe cheve’l tou. Donk, si se yon wont pou yon fi pou genyen cheve koupe ou pou li kale tèt li, ke li vwale tèt li." Bib la soulinye kòman fanm ki respekte Bondye yo dwe prezante yo devan Bondye. 1Korentyen 11:13 "Jije sa nou menm: Èske li konvènab ke yon fanm priye Bondye san li pa vwale?" Men fo legliz yo gen tandans pou prouve kontrè a nan jistifye tèt yo pa vèse 15 lan "men ke se yon glwa pou fanm nan pote’l, paske yo te ba li chevli a kòm vwal?" Vèsè sa a montre ke cheve long yo se pou laglwa ak bote fanm nan e dwe kouvri pa yon vwal kan l’ap priye Bondye.


Fanm afriken yo pa gen cheve long; men pou bote a, yo te deside pou itilize bann cheve long atifisyèl, yo opoze yo konsa avèk volonte pafè Bondye a. Yo genyen jodi a sa ke yo rele alonj ak grèf yo, perik ou pèmanant. Men nan legliz la, yo pote tout vètman atifisyèl sa yo pou louwe ak adore Bondye. Note ke doktrin legliz ou a ka chanje, men Bib la pa kapab chanje, paske li enfayib. Legliz ou a ak sistèm adorasyon’w lan ak sèvis ou a pou Bondye a ka chanje, men Bib la pa ka modifye.


Ke nou kwè’m ou non, se te konsa ke nou te fòme minis demon nou yo nan wayòm fènwa yo. Se pwen kle sa yo ke nou te enpoze e te bay ak pastè nou yo pou tronpe mond lan. Fanm yo itilize pa dyab la tankou yon zam pisan fènwa yo pou detwi legliz yo. Se diferan estrateji sa yo ak sistèm yo ke nou te itilize nan fo legliz nou yo pou detounen atansyon bann vrè legliz Bondye yo. Menm avèk tout seryezite yo a nan sèvis Bondye a, pat gen mirak; tandiske sa yo k’ap abiye yo tankou Jezabèl yo ap resevwa anpil mirak. Aksyon sa a pral gen tandans pou simen konfizyon pami vrè adoratè yo. Yo pral konfi e pa pral konnen nan kisa pou yo kwè e ki legliz ki fo ou vrè.


Se sa k’ap pase jodi a nan legliz yo. Laplipa nan moun yo fini pa doute nan abiye pi byen nan respè pou Bondye, paske moun ki abiye yo byen nan respekte Bondye ap soufri alòske moun ke Pawòl Bondye kondane yo, resevwa bann swadizan mirak chak jou. Sa te mennen anpil bann kwayan pou retrograde. Se konsa ke nou te planifye estrateji nou yo. Mwen se achitèk misyon sa a. Se mwen menm ki te ranpli misyon an nan epòk mwen an nan wayòm fènwa yo.


Si nou toujou anba sèvitid sa a, silvouplè, detache nou anvan nou mouri. San nou pa sou tèt mwen ankò menm paske mwen lib pa gras Bondye. Si nou genyen yon problèm ankò avèk abiman an, yo pa kapab mande’m san nou; paske mwen konfese ban nou verite a e nou dwe repanti nou kounye a e mande Bondye mizerikòd Li ak padon’L. Se konsa ke mwen te fouye mòd la ak abiman monden yo nan legliz yo. Mwen te trase plan misyon’m yo a travè propozisyon’m nan ke mwen te mansyone an wo a e ke mwen te remèt rèn kot la. Mwen te eksplike’l

ke mwen te vle bay Afriken yo yon bote atifisyèl e li te mennen’m nan laboratwa a kote mwen te vle kòmanse misyon’m nan nan bote cheve yo e se konsa ke yo te ban mwen ide pou fouye stretching cool la.


19- Kwafi satanik fanm yo


An Afrik, nou genyen bann cheve ki anwoule; donk stretching cool la pral transfòme an cheve rèd. Konsa, soti nan cheve anwoule yo tonbe nan cheve rèd yo, se pa natirèl ankò menm; kounye a se atifisyèl. Kan mwen te prezante’l nan mond lan, anpil moun te renmen’l e te itilize’l. Men pi ta, yo te kòmanse ap plenyen ke cheve yo t’ap koupe e yo pat genyen cheve long ankò menm. Sa te pouse’m tou pou retounen al jwenn rèn kot la e li te asire’m ke li pral ban mwen yon lòt ide. Pita, yo te mennen’m nan laboratwa a e defrizan an te antre. Pandan ke mwen te nan laboratwa satanik la, yo te prodwi defrizan an pou mwen e yo te rasire’m ke si sa te sou cheve anwoule yo, cheve sa yo t’ap vin rèd ou long e pa t’ap natirèl ankò menm. E si moun ki pote cheve fabrike sa yo mouri san repantans, yo pral kondane. Kan yo te di’m bagay sa yo; yo te bat bravo pou mwen e nou tout te rejwi. Se konsa ke nou te vin nan mond lan e te kòmanse prodwi bann defrizan.


Sepandan, ide defrizan yo te bay pa rèn kot la. Se li menm ki te ban’m ide a e se konsa ke nou te kòmanse pou prodwi’l. Men kan kèk moun t’ap plenyen ke cheve yo pat ase long ou rèd, mwen te retounen kote rèn kot la e li te di’m sèl fason pou li ede’m se te pou voye’m kote yon lòt demon ki rele Méduse, ki trouve’l nan wayòm bote a. Li te di’m ke Méduse se te yon bèl fanm ke metrès li te modi. An plis, li te pi bèl fanm nan mond lan, men li te modi e pita te transfòme an bèt. Li te mande’m pou’m ale nan tanp li a, ke l’ap ede’m. Kan mwen te rive nan tanp li a, li te salye’m e te mande’m tou bi vizit mwen an. Mwen te di’l ke mwen te vin chache yon bote atifisyèl pou pèp mwen an. Li te promèt pou ede’m. Tou swit, li te soti yon tas ranpli avèk san e te rapidman transfòme an mèki; mwen vle di kèk bagay tankou sibstans chimik. Genyen anpil bann izin nan lanmè a ki prodwi anpil bann prodwi ke nou ap achte chak jou sou mache a.


An swit, Méduse te ban mwen prodwi chimik la e te di’m ke kan mwen ta sou latè, mwen ta melanje’l ak aplike’l nan kawotchou òdinè e li t’ap vin yon ònman. Alyans ke nou te fè avèk bèt sa a ki rele Méduse la, se ke nenpòt moun ki itilize prodwi sibstans chimik sa a, apre lanmò yo, aparans yo ak cheve yo pral sanble egzatteman avèk pa’l la. [Méduse]. Mwen vle di, nenpòt moun ki livre li nan ònman yo ak bote a ou makiyaj, apre lanmò cheve’l yo pral tounen bann sèpan, e sèpan pap janm antre nan wayòm Bondye a.


Alyans sa a ke li te siyen pou mwen an e te mande’m pou komèsyalize prodwi’l la. Nan wayòm nou an, nou pa bay anyen gratis. Rekonpans lan se ke, apre ou fin itilize bote’l la sou tèt ou, apre ou fin mouri, imaj ak aparans tèt ou pral sanble avèk pa’l la e tout cheve’w yo pral transfòme an sèpan. Tou swit, mwen te dakò avèk li e nou te siyen dokiman an e yo te ban’m prodwi chimik la. Se konsa nou te kòmanse pou fabrike prodwi chimik e pou itilize’l nan fabrikasyon ònman pou konsomasyon tèrès. Nou dwe elwanye nou de atifisyèl e rete pito natirèl. Se natirèl nou an ki pral antre nan Syèl la e se pa atifisyèl la. Mwen se otè tout ònman sa yo, men mwen di nou kounye a ke mwen te abandone yo. Si n’ap itilize yo ankò, san nou pral tonbe sou nou.


Tout fanm k’ap itilize bann vètman satanik yo ak tout lòt prodwi satanik yo yo modi pa Bondye. Echèk nou an nan maryaj la se rezilta mari espirityèl la ke nou te mennen nan nou menm. An swit, nou pral blame lougawou yo ak mari espirityèl la. Problèm sa a te koze pa enplikasyon nou nan abiman monden nou yo. Kòlè Bondye a se eleman ki bay ak mari espirityèl yo; ak demon ansestral yo, ak gason ak fanm lougawou yo pouvwa pou aflije nou. . Bondye donk pral gade yo k’ap tòtire nou. Li fè silans paske nou nan chèn peche.


Kèk moun ka vle jistifye tèt li nan di: "Si Bondye te òdone pou pa pote zanno paske se abominab, alòs poukisa nou pèse zòrèy yo? Nou konnen kisa sa sinyifi pèse zòrèy yo? Nan peyi Izrayèl, se zòrèy esklav yo ki te pèse pou ka diferansye yo avèk moun ki lib yo. Deteronòm 15:16-17 "Si esklav ou a di’w: Mwen pa vle soti lakay ou, -paske li renmen’w, ou menm avèk kay ou, e ke li santi’l byen lakay ou,-alò w’ap pran yon pwenso e w’ap pèse zòrèy li devan pòt la, e l’ap toujou esklav ou. W’ap fè menm jan an pou sèvant ou a."


Pa konsekan, si ou vle pou se esklav pou toujou, kontinye pote zanno, men raple’w ke Syèl la, se pou pitit gason ak pitit fi Bondye yo, e se pa pou esklav yo. Si ou vle yon esklav pou toujou, ou ka kontinye mete zanno. Menm si ou te deja pèse zòrèy ou, Bondye ka padone’w ankò si ou sispann mete ou pote zanno yo. Poutan, kèk moun kontinye pèse zòrèy pitit yo pa inyorans, e yo mete pitit yo konsa yo menm anba joug esklavaj la ak Lanfè a. Donk, si nou nan peche sa a, vèsè an wo a se pou nou.


Mwen pa vle ke nou se yon lòt viktim ou yon kandida pou Lanfè a a koz mòd la. Se poutèt sa mwen bay gran avètisman sa a, raple nou konsa ijamman nan repantans e avèk yon chanjman mantalite. Mesaj sa a pral pote Sali avèk nanm nou si nou aksepte’l e pran bann mezi nesesè. Sepandan, se te konsa ke nou te prodwi ònman yo pou kondane moun yo pou Lanfè. Nou te evidamman di ke Bondye t’ap dezaprouve e t’ap deteste tout fòm sistèm mòd monden an. Bondye deteste bote atifisyèl la: Koulè nou mete sou nou yo, ònman yo ak abiman monden an avèk yon vrè èn.


20- Fanm k’ap pote pantalon


Mwen ta vle mete aksan sou fanm k’ap pote pantalon yo. Yon jou pa aza, Mwen te koute yon entèvyou televize de yon swadizan sèvant Bondye; li te pastè e madam…! Moun ki t’ap poze’l kesyon an te poze’l yon kesyon: "Madam kèk kretyen di ke se pa byen pou yon fanm pote pantalon, kòman ou wè sa? Li te di: "Bib la di ke pèp mwen an ap peri paske’l manke konesans. Silvouplè pa koute yo. Yo pa konnen ke gen yon diferans ant pantalon pou fanm ak pantalon pou gason. Nou gen pantalon pou gason ak pantalon pou fanm. Si ou pote pantalon pou fanm e non pantalon pou gason, se pa yon peche." Sa ke fanm satan sa a te di a se yon mansonj. Pat gen pantalon pou fanm. An plis, se mwen ki te fabrike ak envante bann pantalon pou fanm yo pandan reyinyon nou an nan wayòm fènwa yo.


Deteronòm 22:5 "Yon fanm pap pote menm yon abiman gason, e yon gason pap mete menm vètman fanm yo; donk nenpòt moun ki fè bagay sa yo li an abominasyon a Letènèl, Bondye’w la". Sa rive paske nou te li ekriti yo; e te dekouvri ke Bondye te deteste sa. Bondye di ke Li deteste; donk nou ka fòse ou pèswade Bondye pou renmen’l? Bondye te di ke Li deteste sa e Li te deja di yon fwa. Prochen fwa a se pral nan moman jijman an akonpanye avèk yon pinisyon etènèl nan Lanfè. Se poutèt sa nou chache e li Bib la anvan ke lanmò frape. Si nou deside pou sedwi tèt nou pa fo ansèyman bann pastè satan yo, n’ap pase letènite nou nan Lanfè.


Yon moun te di’m yon fwa nan kilti yo a, gason yo atache e pote pay. Mwen te mande’l, kilti’w la se yon demon ki te fè’l ou Bondye? Laplipa nan kilti nou yo se demon ki te fè yo e mete yo. Menm fason ke nou reyaji yo ak mennen aktivite nou yo yo prensipalman te fèt pa bann demon ki dèyè tradisyon nou yo. Menm si nou kwè ke gason yo ta dwe atache ak pay, mande tèt nou: Èske se biblik? Nan moman kote nou konnen ke pay la se pou fanm yo li te fèt, meyè bagay la se pou separe nou de li. Silvouplè, bliye tout sa ki konsène kilti e kite Bib la kilti nou.


Kèk moun te menm di’m nan mond oksidantal la, se te kilti pou fanm blanch yo pote pantalon. Sepandan, mwen te prouve yo ke se te yon mansonj. Fè yon rechèch sou Google e gade ansyen fim oksidantal yo. Nou pral wè kòman fanm blanch yo te pote bann ròb long ki te sanble avèk bann ròb maryaj, trè laj tankou yon parapli. Yo te mete tou chosèt oswa gan nan men yo avèk yon ti chapo sou tèt yo. Se te sa estil abiman yo, e yo pat pote pantalon. Se pi ta nan epòk modèn nan ke fanm yo te kòmanse ap pote pantalon. Pote pantalon an pa mond oksidantal la te fenk entrodwi pou yo enpoze yo avèk plan Bondye a. Donk pa sedwi tèt nou menm ankò.


Men sa ki te pouse nou mete pantalon an nan legliz la. Jodi a, se regretab pou wè swadizan fanm kretyen, ke kèk di tèt yo profetès oswa pastè, yo abiye yo an pantalon, pote bann makiyaj ak bann lòt fòm penti nan legliz la tankou Dalila. Menm kèk nan pati nan entimite nan kò yo ekspoze. Pou prensipal rezon an ke nou te fè bann ròb mwatye toutouni, se pou ke ajan nou yo sedwi gason yo. Donk si nou abiye nou tankou yo, nou fè pati yo. Kèk fanm te travay ròb yo a, yo pote yon jip long e fè yon ouvèti bò kwis yo, tandiske bann lòt pral fè jip yo a kout e kole sou kò yo, konsa yo montre kilòt yo pou yo sedwi gason yo.


Konsa, si nou vle rete nan Legliz la, silvouplè se pou nou bon. E si nou pa vle’l, pito nou kite ke pou nou montre nou tankou yon ajan fènwa ou pou sèvi ajan pou wayòm fènwa yo. Nou pa ka nan Legliz la e an menm tan deyò Legliz la. Nou dwe chwazi youn, si non Syèl la ap vomi nou. Silvouplè fè trè atansyon; si nou chwazi wayòm syèl la, se pou nou pou wayòm syèl la; e si nou vle kanpe nou kont wayòm syèl la, mete nou kanpe kont li e se pou nou prè pou fè fas a jijman an. Dezòmè, si nou pa konnen ki chemen pou nou swiv ou ki wayòm pou nou sèvi, temwanyaj sa a ban nou yon apèsi pou swiv.


Mwen pa sèl moun ki ka pale de verite sa a. Genyen anpil ki te mouri e ki te tounen nan lavi apre e te temwanye de rankont yo swa nan Syèl swa nan Lanfè. Yo pat ajan fènwa e yo pat non plis nan wayòm fènwa yo, men Bondye te revele yo fè sa yo. Poukisa nou pa ka kwè e koute temwanyaj yo a? Ou n’ap tann ke Jezi Kris ki pou desann sot nan Syèl la e di nou menm bagay la? An plis, konsènan abiman monden sa a nan legliz la, nou te itilize’l pou detwi e voye plizyè kretyen ak minis Bondye nan Lanfè. Anpil nan yo pat fònike, vòlè, te touye moun ou avòte, men ti bagay sa yo ke m’ap pale yo te kondwi yo nan Lanfè a koz de inyorans yo.


Se poutèt sa Bib la di nan Oze 4:6 "Pèp mwen an detwi, paske li manke konesans. Piske ou te rejte konesans..." Se pou rezon sa a nou genyen Sentespri a e nou dwe asire nou ke nou genyen’L. Sentespri a sipoze revele nou tout bagay sa yo. Prensipal travay Sentespri a se pou gide nou vè Syèl la. Sentespri sa a ke nou genyen an e ki toujou ap fè bann mirak yo, e ki toujou ap pale an lang lan, men ki pa di nou sa k’ap anpeche nou antre nan Syèl la, se yon fo sentespri. Prensipal travay veritab Sentespri a se pou gide nou vè Syèl la e se pa pou fè bann mirak chak jou.


21- Danje kan ou ale nan fo legliz yo


Nan fo legliz nou yo, nou te egalman programme men fo pastè nou yo. Nou te dwe enfòmatize men yo avèk bann gan espirityèl. Tout moun ke yo mennen pou batèm dlo; nan moman kote yo plonje’w la nan dlo a, yo dedye’w konsyamman e inisye’w nan wayòm maren an, nan men rèn kot la. Donk, nou ka egalman inisye a travè batèm dlo a, paske men yo te programme pou inisyasyon an, konsa yo mare nou a rèn kot la.


Chak fwa ke nou ale nan legliz yo a, tout bagay ka rive nou. Kan yo enpoze nou lamen, nou inisye paske men yo te programme. Inisyasyon yo a trè fò e trè pisan. Si nou ale la pou mirak yo a, sa sinyifi ke nou ale la pou inisyasyon. Toujou raple nou sa; dyab la bay e pran tou, se konsa ke li fonksyone, silvouplè, fè trè atansyon. Nou ka egalman inisye a travè sent kominyon an. Menm si se nou menm ki te pote diven an, senp fè enpoze men yo sou li ka kontamine’l. Alò, konnen ke sent sèn nan (san an ak pen an) ke yo ban nou yo se pa san ak chè Jezi Kris. Se san ak chè yon antikris. Se pou rezon sa a nou dwe fè trè atansyon.


Sèl vre Sentespri a ki abite nan nou an, ki pral ede nou pou disène bon pastè a ou bon legliz la. Si nou vle vrèman ale nan Syèl, depi nou resevwa Kris, premye bagay la ta dwe se pou chache kòman pou genyen veritab Sentespri a. Si nou pa chache veritab Sentespri a, genyen anpil bann sediktè nan legliz la ki pral tronpe nou e ki pral atire nou nan peche a koz de inyorans nou. Yo ka tronpe nou nenpòt kòman, men Sentespri a pral vin dousman di nou bon chemen an si n’ap viv nan obeyisans.


Nou ka egalman inisye pandan fèt yo k’ap òganize pa legliz la. Ajan nou yo pral mete yo avèk moun ki nan kizin yo pou okazyon an, donk yo konnen ke plizyè moun pral asiste program nan. Pafwa, si legliz la aranje li pou touye yon bèf pou yon fèt, anvan jou a parèt, ajan nou yo pral transfòme bèf la an moun. Nou pral inisye alò nan mond fènwa yo a travè sa ke nou te manje a. Mwen vle itilize mwayen sa a pou sipliye nou, pastè yo; si nou vle fè yon fèt nan legliz nou yo, nenpòt sa ke yo pote pou seremoni an, asire nou pou pran tan nou pou priye sou li. Sanntifye tout bagay pa san Jezi Kris pou anile plan dyab la e anpeche pou moun yo pa inisye nan legliz la. Anpil moun te inisye tou nan lopital yo, lekòl yo, krèch yo ak inivèsite yo e menm nan bank yo.


22- Rankont mwen yo avèk Jezi Kris


Mwen pral eksplike kounye a kòman mwen te rankontre Kris. Jou kote mwen te rankontre Jezi Kris la, mwen te an misyon pou verifye yon dosye nan Lanfè. Pandan mwen te nan wayòm fènwa yo, nou te kwè ke Lanfè a pat yon andwa tèrib. Antanke ajan satan espesyal, li te fasil pou nou te ale ladann antre ak soti. Flanm Lanfè yo pat ka boule nou ni chalè a pat ka fè nou mal, a koz bann pouvwa satanik yo ke dyab la te ban nou yo. Pèmèt mwen pou atire atansyon nou sou divès temwanyaj bann moun ki te ale nan Lanfè e te retounen sou tè avèk yon mesaj espesyal ranpli bagay tèrib. Zanmi’m, si w’ap reflechi ankò sou egzistans Lanfè a ou petèt ke ou pa kwè ke Lanfè a egziste, tanpri, Lanfè a egziste e se reyèl.


Si ou se youn nan asosye’m yo ou ko-ajan satanik nan epòk la e ke ou santi Lanfè a toujou pa anyen, tanpri, mwen deyò wayòm ou an. Reyalite a sou Lanfè a se ke Lanfè a egziste. Mwen te tronpe yon fwa tankou’w, men mwen rekonesan a Bondye pou pisans delivrans Li a nan vi’m. Pale de Lanfè a, genyen diferan lye, diferan lye ak depatman nan Lanfè a. Tout moun ki kondane nan Lanfè a nan moman sa a yo jis nan antre Lanfè a tandiske veritab Lanfè a pi fon. Pati ki pi fon nan Lanfè a rele lak dife a. Non tout moun ki fèt sou tè a ekri nan Lanfè.


22.1- Premye rankont mwen avèk Jezi


Yon jou trè fatige mwen te ale nan Lanfè verifye non yon frè entèg, ki krenn Bondye ak obeyisan avèk Bondye. Jou sa a, mwen te dekouvri ke jou nesans ak nominasyon tout moun, anviwon 70 demon te atribye avèk li. Nou pa ka peche diskrètman san ke demon yo pa konnen. Frè sa a te komèt yon peche e demon yo ki te ozalantou’l yo e ki t’ap siveye’l yo te voye rapidman pou nou yon siyal. Frè a te yon diplome, men li te fristre, pa gen travay, pa gen madanm, pa gen kay, pa gen pitit pandan bann ane. Nou te rann li initil senpleman paske li te entèg e te krenn Bondye. Nou te toumante ak fristre frè a pandan nou te bloke tout projè finansye’l yo, relasyon’l yo ak prosperite’l paske li te refize pou konpromèt tèt li. Depi ke li te konpromèt tèt li a, yon siyal te voye nan tout mond lan nèt paske mwen te okipe’m de kontinan afriken an.


Mwen te rapidman al fè bann rechèch nan vi pèsonèl li pou’m ka touye’l anvan repantans li. Mwen te ale trè vit nan Lanfè pou misyon sa a. Tou swit, mwen te tande yon mou rele’m. Mwen te genyen sèlman de non ke yo te konn rele’m. Fizikman sou tè a, fanmi’m te konnen yon non tandiske nan mond espirityèl la mwen te konnen sou yon lòt non. Pandan ane sa yo, mwen te gen abitid pou parèt sou de fòm diferan. Nan kay la, fanmi’m te konnen’m tankou yon bon timoun alòske mwen te danjere sou plan espirityèl.


Alò, mwen te sezi pou tande non fizik mwen an nan mond espirityèl la e mwen te mande tèt mwen kiyès ki te ka konnen’m pa yon non konsa. Okenn nan ko-ajan’m yo la pat janm konn rele’m avèk non fizik mwen nan mond espirityèl la. Pou rezon sa a, mwen te trè fache. Vwa a te rele yon dezyèm fwa men mwen te refize pou koute. Li te rele twazyèm fwa avèk kòlè e mwen te retounen pou wè ak gronde moun nan, men mwen te totalman sezi kan’m te wè pèsonalite etranj la. Mwen pa ka dekri vrèman a kisa Li te sanble paske Li te trè bèl. Mwen pat janm panse ke mwen te ka yon jou rankontre yon moun avèk yon bote kon sa. Mwen te etone donk a sa ke nou te konnen e apre dekouvèt nou, nou te panse ke se te lisifè ki te bèl sou latè.


Kòm mwen t’ap reflechi mwen te raple’m ke yon fwa yo te ansenye nou sou bèl bote Pitit Propriyetè a; nan wayòm nou an, Nou pa site non Jezi. Mwen te mande tèt mwen si se te Pitit Propriyetè a. Men poukisa Li si Gloriryezman gen yon bote konsa? Pandan ke mwen t’ap reflechi toujou, Li te rele non’m e te di’m: Mwen arete’w paske Mwen vle ba’w yon mesaj. Mwen te tèlman sezi, mwen te ri e te di ou vle ban’m yon mesaj, men pawòl ou di ke ou konnen pèp ou a e ke pèp ou a konnen’w. Li te di: "Se pou Letènèl tè a ye ak tout sa ki ladann..." Sòm 24:1. Alò mwen di, men pawòl ou di ke pèsonn pa ka sèvi de mèt. Matye 6:24. Li te reponn: "... pou Bondye tout bagay posib." Matye 19:26.


Mwen te vle bay yon twazyèm sitasyon, men mwen te vin sonje ke yo te ansenye nan mond fènwa yo ke chak fwa w’ap pale de pawòl avèk yon kretyen fò ou yon pèsonalite fò, si li genyen’w premye fwa a e dezyèm fwa avèk Pawòl la, e l’ap fini pa genyen’w nan twazyèm tantativ la, w’ap vin esklav yo anba pouvwa mo yo. Mwen pat vle pou Li te genyen’m ankò. Donk mwen te fè sanblan e mwen te di dakò si se konsa, di sa ke’w vle di a. Epi Li te di, Ou vle ale nan Lanfè verifye dosye yo? Mwen di wi. Li te di, pa gen problèm, si se la a kote ou vle ale a, mwen pèmèt ou pou ale ladann. Anvan ke Li te fin pale avèk mwen, yon fòs etranj te vire figi’m vè Lanfè a e mwen te akselere avèk vitès ke mwen pat janm eksperimante anvan.


Kòm mwen te di’l, depi ke mwen t’ap vwayaje nan Lanfè, mwen pat janm santi dife tèrib lanfè a. Men jou sa a, alò ke mwen t’ap kouri avèk gran vitès vè Lanfè a, chalè a t’ap ogmante. Mwen te santi tèribman chalè a; se te vrèman gwo e tèrib. Mwen pat ka sipòte menm ankò chalè a paske prèske tout nanm mwen t’ap boule e t’ap transfòme an chabon. Kan soufrans lan te si grav e si tèrib, mwen te sonje ke pandan ke mwen t’ap etidye ankò nan wayòm fènwa yo, profesè satanik nou an te aprann nou ke yon solda ki pa mouri, ap viv sètènman pou konbat yon lòt jou. Pa konsekan, li pi bon pou’m ta fè sanblan e soumèt mwen avèk nonm sa a pou ke li pa touye’m, alò mwen ta pral prepare’m pou’m konbat li yon lòt jou.


Sepandan, mwen te pretann mwen soumèt mwen a Jezi e mwen te kriye avèk gwo vwa; dakò mwen prale kote ou vle ke mwen ale, tanpri voye’m, mwen prale. Depi’m te kriye a e te proklame akò sa a, nan yon bat je fòs rapid la ki te transpòte’m nan Lanfè a te rete menm moman an e te mennen’m nan pye Jezi. Vizaj mwen te bese devan‘L, Men mwen te fòse’m pou kontanple ankò vizaj Li pou’m te ka renonse avèk volonte’m nan e di’L pou ban’m mesaj Li a, men mwen pat kapab. Se gras Li ke te ban’m pouvwa pou kontanple vizaj Li pandan premye dyalòg mwen an avèk Li. Mwen pat konnen ke se pat fasil pou wè vizaj Jezi. Poutan, avèk anpil efò, mwen te eseye gade’l. Chè frè’m yo, reyònman ak ekla limyè a, bann pisans ki t’ap vire nan je’L yo te 100 fwa pi gran ke limyè reflechi solèy la.


An swit, mwen te dekouvri ke fòs pisan limyè ki t’ap soti figi’L la te detwi anpil bagay nan kò’m, paske chak pati nan kò’m te gen bann zam demon ki genyen bann milye sèpan. Cheve’m, lestomak mwen elatriye. Mwen te posede tout zam danjere yo. Tout te detwi pa fòs pisan ki t’ap reyone nan vizaj Jezi Kris la, ak tout pouvwa ke mwen te toujou konn itilize pou vwayaje nan mond astral la. Mwen te vin enpisan e vid. Epi Li te di, koute mesaj la ak tach ke Mwen ba ou a. Retounen nan mond lan e di a pèp mwen an ke m’ap vini pou yo ke anlèvman an ap fèt talè. Tan an fini. Di pèp Mwen an pou’l prepare’l e pou’l pa gade dèyè.


Kòm Li t’ap prononse dènye fraz la, mwen te reveye. Depi’m te reveye a, chè frè’m yo, se pat fasil avèk kò’m. Chalè tèrib dife Lanfè sa a ki te seche nanm mwen, venn mwen yo, kote’m yo ak miskl mwen yo nan mond espirityèl la te afekte’m anpil. Kan mwen te reveye, mwen te dekouvri ke san’m te seche e ke tanperati’m te tèlman elve. Te genyen bann doulè tout kote nan kò’m e mwen te vin malad. Pandan’m t’ap rele, paran’m yo te vin bò kote’m pou mande’m pou kisa m’ap vèse anpil dlo, men mwen ba yo manti ke vant mwen t’ap fè’m mal. Mwen pat vle ekspoze yo sekrè a. Paran’m yo te sezi e te pita mennen’m lopital paske yo pat janm wè’m nan eta sa a.


Nan pi gran sipriz mwen, mwen pat konnen ke wayòm fènwa yo te deja o kouran de rankont mwen an avèk Jezi Kris ak difikilte’m nan. Yo te deja ranje kòman pou voye yon mesaj pou mwen. Youn nan ajan nou yo, yon fanm nan kò medikal la te tonbe malad lakay mari’l pou vin pale avèk mwen. Kan mwen te rive lopital la, mwen te rankontre’l nan menm chanm lopital la kote’m te ye a. Apre ke tout moun te kite pyès la, li te kòmanse ap pale avèk mwen, menm si ou te nan pyès la, ou pa tap konnen ke li t’ap pale avèk mwen. Li te di’m: "Vrèman dezole, nou tout te wè rankont lan e sa ki te pase nan kò’w la tou". Mwen te tèlman agase e mwen te reponn, "Donk nou tout te wè’m, men nou te refize pou vin pote’m sekou, poukisa nou pat vle vin sove’m e si nonm sa a te touye’m?" Li te eklate ri e di: Li pa ka touye’w. Mwen te di menm Li te detwi tout pouvwa’m yo. Li te reponn: "Wi, Nou konnen ke Li te detwi tout pouvwa’w yo, Se pou rezon sa a ke yo te voye’m pou ba ou bann pouvwa ki pral pèmèt ou vin nan reyinyon nou an." Mwen te trè fache men mwen te aksepte pouvwa a.


Aprè kèk jou, mwen te ale nan reyinyon an, men mwen te trè fache kont yo. Te gen yon ekran pisan nan wayòm nou an ki te revele chak aktivite. Pat gen sekrè kache nan mond lan an nantye ki pa ekspoze nan ekran an. Mwen te di, "donk nou tout te isi a ap gade’m a travè ekran an e te refize pou ede’m, e si nonm sa a te touye’m?" Yo tout te ri: "Li pa ka touye’w paske Li se yon Bondye mezerikòddye, Li te volontèman te vle ba ou yon mesaj. Tanpri pa koute’l donk Li enpisan, Li pa gen okenn pouvwa." Mwen te replike yo: "Se konsa ke nou te tronpe’m, nou te di’m ke nonm sa a pat gen okenn pouvwa, kòman Li te fè reyisi pou detwi tout pouvwa yo alò ke nou te afime’m ke nou te ban’m yon pi gran pouvwa ke pyès moun pa ka defye?" "Nou te di’m ke pouvwa’m nan se pi gran pouvwa nan tout mond lan nèt. Kounye a, di’m, kiyès nonm sa a te ye ki te toumante’m nan fason si dezastre, ki te itilize pisans Li a pou seche tout fòs mwen?"


Yo te reponn: "Pa koute’l e pa janm swiv li donk Li enpisan, si’w swiv li ou pwal pèdi." Alò mwen te di: "Nan moman kote Li gen plis pouvwa ke nou, m’ap swiv li." Yo te reponn: "Si ou gen lentansyon pou swiv Li, Ou pa konnen konbyen nan sèvitè’L yo ou te touye? Ann sipoze ke li genyen pouvwa, poukisa Li pat kapab delivre yo nan men’w? Sa sinyifi ke Li enpisan, se konsa ke Li toujou fòse yo pou swiv Li e abandone yo pita pou ke ennmi an touye yo. Si ou swiv Li, ou pral egalman mouri pa menm fason an ke ou te konn touye sèvitè’L yo." Se konsa ke yo te konvenki’m pou’m pa swiv Li pake mwen te touye plizyè sèvitè’L yo.


Mwen te di: "Si vrèman nonm sa a te gen pouvwa, poukisa Li pa delivre yo nan men’m? Non, mwen pap swiv Li". An swit, mwen te gen plis pouvwa ke anvan an, mwen te vin pi pisan. Anvan, mwen pat konn atake legliz yo, mwen te konn fè enfiltre polisyon an nan legliz la sèlman, fouye mondalite a nan legliz yo e sal li. Men, apre rankont sa a avèk Jezi, mwen te konsantre atak mwen yo kont pastè yo ak minis Bondye yo. … Bondye te konnen ke pèsonn pat ka preche’m pou’m repanti. Tout anpil bann mesaj revelasyon divin yo sou Syèl la ak Lanfè a ak temwanyaj moun ki te sèvi satan nan pase yo, yo volontèman chwazi pa Bondye pou konvenk nou e tou pou mennen limanite nan repantans. Si tout revelasyon sa yo ak temwanyaj divin sa yo pa mennen kè nou nan repantans, e si nou refize kite mechanste nou yo, dife Lanfè a pral chanje nou, men lap fèt tro ta. Repantans nan Lanfè a pral yon touman etènèl ak yon kondanasyon etènèl tandiske repantans jodi a sou tè a l’ap pote Sali. Syèl la ak Lanfè reyèl, nou avèti.


22.2- Dezyèm rankont mwen avèk Jezi


Dezyèm rankont lan ki te kondwi a Sali’m nan te prodwi nan rèv mwen. Nan rèv sa a, Syèl la ki te kòmanse ap kontrakte’l e ap retresi tankou yon moun ki t’ap pliye yon tapi. ... Tou swit anj yo te sonnen tronpèt e mwen te wè yon bann moun monte nan Syèl. Lòske mwen te apèsi sa, mwen te choke paske mwen te byen aprann nan wayòm fènwa yo ke tout rèv yo reyèl e gen yon sans, swa pozitif, swa negatif. Se poutèt sa mwen te aksepte verite a sou anlèvman an paske okenn demon pat ka degize’l pou tronpe’m nan rèv mwen, donk mwen te konnen nivo’m ak ran’m nan wayòm fènwa yo. Mwen te gen yon ran ase elve pou ke yo manipile’m e tronpe’m. … Kan Syèl la te fèmen, yon bann pil moun t’ap lamante; o non, anlèvman an reyèl ...! Donk anlèvman an reyèl ...! Mwen te konkli pou retounen nan kay la e enfòme fanmi’m, men mwen te dekouvri ke manman’m te anlve.


Epi, menm moman an, mwen te reveye. Kan mwen te reveye, mwen te tèlman touche e mwen te kòmanse ap kriye. Manman’m ak frè’m yo te kouri nan chanm mwen an e te poze’m bann kesyon e te mande repons yo. Lapèrèz tèrib ak chòk te pouse’m pou te rakonte yo tout istwa a. Lefèt ke mwen te tèlman touche ak lapèrèz ke mwen te resanti a, te mennen’m rapidman pou retire tout zanno ki te nan zòrèy mwen yo, chèn mwen yo ak tout rad mond lan sou kò’m. Alò mwen te fè sanblan mwen te konvèti, byen ke mwen pat konvèti, mwen te fè sanblan an paske mwen te trè choke e mwen te pè tout rèv la, e te fache tou kont kòlèg mwen yo nan wayòm fènwa yo. Yo te konnen ke anlèvman an te reyèl, men yo te kache nou li.


Sa te pouse’m pou’m soumèt mwen a Kris nan epòk sa a, men mwen pat kite pouvwa’m yo. Tout pouvwa’m yo te toujou aktif e entak nan mwen paske mwen te vle konnen plis bagay sou Jezi Kris ak kretyènte a. Mwen te pèse ke te genyen yon mistè dèyè yon sekrè konsa ak yon pou yon rezon ki te fè yo kenbe nou nan mond fènwa yo pou pa konnen sekrè anlèvman an, de Jezi Kris ak de krisyanis. Mwen te kòmanse asiste nan etid biblik yo, nan aktivite ak reyinyon ebdomadè legliz la, poze bann kesyon pou’m ka jwenn plis konesans sou kretyènte a.


Sepandan, apre kèk semèn, mwen te retounen nan reyinyon satanik mwen an pou’m te ka rakonte rèv chokan ke’m te fè a paske yo te di nou tou rèv yo reyèl e genyen yon sinyifikasyon. Alò, se te pou anlèvman an? "Nou te di nou ke anlèvman an pa reyèl. Men poukisa mwen te wè’l nan rèv mwen? Kisa ki pase?" Demon yo te totalman sezi. Yo te kòmanse ap bay manti nan eseye pou defann tèt yo; men mwen te dekouvri mansonj yo a. Mwen te trè firye anvè yo menm paske yo pat ka tronpe’m ankò menm.


"Nou te di’m tout rèv yo reyèl e gen yon sinyifikasyon; poukisa nou pa ka eksplike’m sinyifikasyon anlèvman an? Kòman anlèvman an fè vin nan rèv mwen?" Te genyen bann altèkasyon ak bann kerèl ant nou paske yo te kache’m verite a. Aprè’m te fin fache kont yo, mwen te deklare yo ke moun ke mwen te wè a sou tròn sa a nan rèv mwen an li rele "Jezi". Ou pa ka oze mansyone non Jezi nan wayòm fènwa yo, dayè nou te seryezman avèti pou pa janm mansyone non Jezi nan mond nou an; men mwen te fè eksprè mansyone Non Jezi nan bi pou fè yo mal. Depi mwen te mansyone non "Jezi", tout plas la nèt te dispèse avèk yon gran ajitasyon, bann kout loraj, tanpèt dife, ak yon pisan tranblemann tè ki te eklate avèk yon ond chòk, blese anpil nan yo.


Demon yo te tèlman fache e te pita arete’m e mete’m nan prizon yo a. Yo te anchennen’m e t’ap toumante’m jou ak lan nwit nan prizon espirityèl yo. Fizikman sou latè mwen te malad e paran’m yo t’ap swanye’m pa bann medikaman. Yo te panse ke mwen te gen tifoyid. Maladi a te si grav e yo te panse ke se te jis yon maladi òdinè; men yo pat konnen pinisyon ak afliksyon ke’m t’ap sibi nan prizon demon yo se te rezon ki te fè’m toumante fizikman sou tè a pa maladi sa yo ak sentom sa yo.


22.3- Twazyèm rankont mwen avèk Jezi


Aprè plizyè mwa, demon yo te libere’m nan prizon espirityèl yo a e te òdone’m pou kontinye nan antrepriz satanik mwen yo, ke mwen te oblije fè. Mwen te aksepte. Apre 6 mwa, mwen te gen yon lòt rankont. Mwen te temwen de gran jou Senyè a selon Revelasyon 16:1-21, gran jou sa a rive sou mond lan an nantye, an patikilye moun ki nan pratik dyab lougawou yo, satanis, okiltis, wayòm satanik yo ak moun ki pa kwè yo, moun k’ap fè rityèl yo ak moun k’ap bwè san yo.


Revelasyon 16:1-6 "E mwen te tande yon vwa fò ki te vin nan tanp lan, e ki t’ap di avèk sèt anj yo: Ale, e vide sou latè sèt gode kòlè Bondye a. Premye a te ale, e li te vide gode’l la sou latè. E yon ilsè mechan e ak anpil doulè te frape moun yo ki te gen mak bèt la e ki t’ap adore imaj li a. Dezyèm nan te vide gode’l la nan lanmè a. E li te tounen san, tankou san yon mò; e tout èt vivan te mouri, tout sa ki te nan lanmè a. Twazyèm nan te vide gode’l la nan flèv yo ak nan sous dlo yo. E yo te tounen san. E mwen te tande anj dlo yo ki t’ap di: Ou jis, ou menm ki la, e ki te la; ou sen, paske ou te egzèse jijman sa a. Donk yo te vèsè san bann sen yo ak bann profèt yo, e ou te ba yo san pou bwè: yo merite sa."


Jou sa a ap vini talè. Tout moun ki sou tè a an patikilye nou menm ki nan lougawou, rityalis ak okiltis, nou pral souse anpil san. Nan jou sa a, Bondye ap ranpli tout mond lan nèt avèk san, nou pral souse san e nou pral fatige ak san. Mechan an pral tranpe nan san, jou sa a refrijeratè nou yo, douch nou yo, twalèt nou, so nou yo, asyèt nou, goutyè ak rezèvwa dlo nou yo pral ranpli avèk san, e nou pral nan yon gran wont.


Kounye a nou kwè ke Bondye pa pisan; se yon move pèsepsyon ki pouse nou pou nou livre nou nan bann efizyon san ak bann sakrifis moun. Se pito domaj pou nou genyen yon panse konsa. Bondye te volontèman mete sou kote, yon peryòd, yon jou e yon kalandriye pou jijman nou an e Li pral jije san mizerikòd. Nan jou jijman Bondye a, tout sekrè nou yo pral manifeste. Nou ta fè pi byen pou chache mizerikòd Li pandan li ankò tan e pandan ke li ankò aksesib, paske demen ka tro ta.


Zanmi’m, sa ke mwen te wè a nan kot lanmè a te si tèrib donk li te ranpli ak san. Menm demon yo ki t’ap viv anba lanmè a, byen ke yo pa kapab mouri, te tèlman pè ke yo te dwe soti nan lye yo te kache a. Tout lanmè a te tèlman ranpli ak san ke li te vin difisil pou demon yo ak zannimo ki t’ap viv nan dlo yo rete ladann. Tout tè a nèt te ranpli ak lapèrèz, ajitasyon e ak panik. Mwen te tèlman agase kan mwen te wè rèn kot la soti nan wayòm li an e ap mache sou sifas tè a, byen ke li pa ka mache nan fason majeste, donk mwatye nan kò’l se pwason avèk bann kal, tandiske lòt mwatye a se yon èt imen. Rèn kot la t’ap kouri ranpli ak lapèrèz, pè ak panik pou lavi’l.


Kan mwen te wè sa, mwen te di byen fò; donk kèk bagay ka prodwi e fè’w kouri nan fason efreyan sa a? Mwen te trè choke, agase ak sezi. Sa te mennen’m pou disène ke kèk bagay pisan vrèman sou pwen pou li prodwi, kèk bagay ki pi gran ke mond lan an nantye, e pi gran tou ke rèn kot la pa ka sipòte. Mwen te wè rèn syèl la tonbe soti nan tròn li nan wayòm li an. Li te pouse pa van yo e li t’ap kouri nan fason dezòdone. Mwen te tèlman sezi, men mwen te mande tèt mwen: "Èt espirityèl sa a ka ebranle e terorize pa yon pouvwa pi pisan? Non, mwen bezwen pou chache plis pouvwa."


Kan mwen te reveye nan rèv mwen an aprè’m te fin genyen tout kè sote nan malè sa yo e pandan’m te nan yon gran lapèrèz, mwen te finalman te pran konsyans. Mwen te di, "se tèrib, donk moun sa yo se pa èt ki pi siperyè nan mond lan yo ye?" Sa te trouble’m e te pèse kè’m, mwen te tèlman konfi. Answit, mwen te ale nan rankont nou an nan wayòm fènwa yo e mwen te afronte yo; mwen te eksplike yo sa ke’m te wè a. "Nou te di’m ke nou pi pisan e pi fò ke Pitit Propriyetè, men mwen te wè nou tout nèt nan yon panik e yon dezespwa total".


Aprè mwen te fin pataje vizyon gran tribilasyon an, yo pat ban’m okenn veritab jistifiksyon, sa ki te fè’m afime ke demon sa yo yo chaje ak tronpri e ke yo te tronpe’m pandan tan sa a. Sa te pouse’m pou pran yon desizyon pèsonèl e pi ta, mwen te lanse nan yon ankèt delivrans ak yon lye kote mwen anrasine’m nan divin pawòl Bondye. Men, alò ke mwen t’ap chache yon vrè lye kil, mwen te vle konnen plis davantaj sou anlèvman an, gran tribilasyon an, jijman Bondye, jistis la, senntete anndan an ak sou deyò a, modesti a ak pirifikasyon an, ke’m te resevwa yon kou a koz bann jan de mesaj ke pastè yo ak lòt minis Bondye yo t’ap preche yo pandan peryòd sa a kote mwen te dezire Levanjil sen Senyè a. Se te trè medyòk.


Pastè yo te mete davantaj aksan sou prosperite a, benediksyon finansye yo ak posesyon materyèl yo. Yo refize pou preche ak pou konseye’m sou kòman pou’m anlve, kòman pou’m korije move chemen’m yo ak move aksyon’m yo ak kòman pou fè restisyon an ak rete nan Jezi. Si ou se yon predikatè Levanjil, pa kwè tout moun ou wè nan legliz ou a gen pou fado bezwen finansye yo ou ap chache bann mirak, men pito Sali a. Kèk moun vini pou Sali a paske yo te goute ak te apresye richèch la, pouvwa ak bagay pèvè yo nan mond sa, men pat jwenn satisfaksyon ou lapè.


22.4- Katriyèm rankont mwen avèk Jezi


Aprè katriyèm rankont sa a, mwen te deside pou soumèt lavi’m totalman a Bondye. An swit, mwen te kòmanse ap frekante plizyè legliz ak chache delivrans pèsonèl. Chak fwa ke mwen te rakonte istwa’m nan ak yon minis delivrans ou ak yon pastè, li te respire profondman e li te di byen fò, e mande’m pou vini demen ou semèn apre a. Malerezman, nan jou fikse a, pastè a te refize pou prete atansyon, men mwen te rankontre madanm li ki te enfòme’m ke pastè a te vwayaje. Alò se te klè pou mwen ke li pat vle koute siplikasyon’m nan pou delivrans lan, alò mwen te pati nan yon lòt legliz.


Aprè mwen te fin pataje istwa’m nan avèk yon lòt group pastè, yo te reponn franchman "Dezole, nou pa panse n’ap ka ede’w." Sitiyasyon an te kontinye san èd pou delivrans mwen. Plis pase 20-50 pastè te kouri apre yo te tande istwa’m nan. Pa gras Bondye, mwen te rankontre yon nonm Bondye sensè. Apre mwen te fin pataje istwa’m nan avèk li, li te reponn vivman: "Pitit fi’m, mwen pa ka tronpe’w, pa gen pastè ki kapab delivre’w paske atrosite’w yo yo anpil, se Bondye sèl ki kapab padone’w. E si vrèman ou te gen yon rankont avèk Kris, se sèlman Kris sa a ki ka delivre’w.”


Pandan ke mwen t‘ap chache delivrans lan, mwen te pèdi tout bagay. Wayòm fènwa yo te atake’m sevèman paske yo te detekte entansyon’m yo pou soumèt mwen avèk Jezi e volonte pou’m delivre soti nan wayòm fènwa yo. Mwen te rine finansyèman, trennen nan dezespwa. Mwen te tann Senyè a avèk pasyans pandan anviwon si mwa; pat resevwa ni vizyon, ni revelasyon, ni rèv ki endike ke Li te avèk mwen ou ke Li vle itilize’m. Men olye pou genyen ministè divin an mwen te toujou rankontre plizyè atak satanik, bann feblès ak opresyon nan rèv yo. Bondye te pèmèt mwen pou sibi eprèv sa yo paske si mwen te asiste, t’ap genyen tandans pou polye pa bann ajan satan yo. Mwen panse ke Bondye pat kite’m chache èd bann lòt moun pou’m te ka fòtifye nan priyè yo e ke pou’m te ka serye avèk Li. Byen ke Li te refize pou koute siplikasyon yo, mwen te prefere mouri rankontre’L nan Syèl la pito ke pou’m abandone.


Aprè 6 mwa sa yo, Jezi Kris te parèt avèk mwen ak yon konsolasyon divin e te revele’m bann mistè. Li te montre bann pouvwa dyabolik nan kò’m ki te kache pou mwen e te enstwi’m tou sou kòman pou priye kont yo. Li te mande’m pou’m kòmanse priyè’m nan nan yon semèn espesyal e pou priye kont bann pouvwa ki te depoze nan sèvo’m, lang mwen, je’m yo, anba zesèl mwen yo ak divès kote nan kò’m ke mwen pat konnen. Li te revele tout sekrè ki te konsene’m yo, menm sistèm sangen’m tou e progresivman delivrans lan te kòmanse ap fèt. Pèsonn pat enpoze’m la men, ni priye pou delivre’m, sof Bondye pa delivrans pèsonèl la. Mwen trè rekonesan a Bondye. [Fen Temwanyaj la].


23- Leson pou Aprann


Temwanyaj 1000 lan an nan Mond fènwa yo tankou Temwanyaj Revenan an, prezante bann aspè etonan, ke tout moun ka trouve etranj, menm yon vrè kretyen. Sa te pouse nou pou nou pa kontante nou pou aksepte’l tankou temwanyaj òdinè yo ki pale swa de Èks-Satanis, swa de Syèl ak Lanfè a. Pou sa, nou te ale nan Bib la wè si genyen eleman ki ka ede nou pou konprann pwen difisil sa yo pou konprann pou moun chanèl. Pwen sa yo ke nou te jwenn pi byen pou verifye konsènan premyèman, lefèt ke kèk moun an mezi pou fè prèske 1000 lan ou menm plis nan mond fènwa yo, e pèmèt li fè ale tounen sou latè; dezyèmman’ nosyon etwal moun yo; twazyèmman, lefèt ke mond fènwa yo dekouvri vrè sèvitè Bondye yo bann santèn ane anvan yo fèt; Katriyèmman, nosyon Plan Direktè a, e senkyèmman, lefèt ke mond fènwa yo ka chanje plan ke Bondye te prevwa pou imen yo.


23.1- Yon moun ka kite mond fènwa yo e vini sou tè a?


Premye pwen sa a te deja fè objè tout yon ansèyman nèt ke mwen te mete a dispozisyon nou gen plis pase de deseni, e ki rele "Disèneman an". Temwanyaj sa a te vin sèlman konfime Disèneman an, e tout moun ki te deja li ansèyman sa a, pa ka etone menm ankò pou aprann ke yon moun nan mond fènwa yo vini sou tè a, ke nenpòt nonb fwa a. Ansèyman sou Disèneman an te deja trete an detay aspè sa a, nou pa pral rete sou li ankò menm. Moun ki poko li’l ankò ap jwenn li sou sit www.mcreveil.org a, nan ribrik Ansèyman an. Repons pou premye kesyon sa a ke nou te poze tèt nou an, donk se WI.


23.2- Nosyon etwal moun yo


Si fòk nou pale de nosyon etwal moun yo an jeneral, ak pitit Bondye yo an patikilye, nou gen plizyè ka konsa nan Bib la, menm si trè souvan nou sanble wè yon sèl egzanp, pa Jezi Kris la nan Matye 2:1-2. "Jezi te fèt nan Bètleyèm an Jide, nan tan wa Eròd, men maj Oryan yo te rive nan Jerizalèm, 2e te di: Kote wa Jwif yo ki sot fèt la? Donk nou te wè etwal li an Oryan, e nou vini pou adore’l."


Bib la di nou nan Revelasyon 22:16 ke Jezi se etwal maten ki klere a. "Mwen menm, Jezi, Mwen te voye anj mwen pou ateste nou bagay sa yo nan Legliz yo. Mwen se ti kreyòl la e posterite David la, Etwal Maten ki Klere a." Sa ke Jezi ye a, se sa ke vrè pitit li yo ye, eksepte estati Kris Li a. Si donk Jezi se Etwal Maten ki Klere a, li pa etonan ke vrè pitit li yo se bann etwal klere tou.


Gen anpil bann lòt egzanp, byen neme. Bondye nan plizyè repriz te pale de Pitit Li yo nan fè alizyon ak etwal yo. Si ou te toujou kwè ke sete jis yon manyè pale, ou konprann kounye ke vrè Pitit Bondye yo se tankou etwal yo, e yo se anreyalite bann etwal, e yo chak gen etwal yo.


Jenèz 15:1-5 "Aprè evènman sa yo, pawòl Letènèl te adrese ak Abram nan yon vizyon, e li di: Abram, pa krenn menm; mwen se boukliye’w, e rekonpans ou ap gran. … 3E Abram di: Men, ou pa ban’m posterite, e sila ki te fèt nan kay mwen an pral eritye’m. 4Alò pawòl Letènèl te adrese ak li konsa: Se pa li menm k’ap eritye’w menm. Men se sila ki pral soti nan zantray ou yo k’ap eritye’w.5E aprè’l te fin kondwi’l deyò, li di: Gade nan syèl la, e konte etwal yo, si ou ka konte yo. E li di’l: Sa yo ap posterite’w."


Neyemi 9:23 "Ou te miltipliye pitit gason yo tankou etwal nan syèl yo, e ou te fè yo antre nan peyi a ke ou te di ak papa yo ke yo t’ap pran an posesyon an."


23.3- Mond fènwa yo ka dekouvri vrè sèvitè Bondye yo anvan yo fèt?


Nan tout Bib la li prezante nou resi ak lavi plizyè pitit Trè Wo a, ki te vin sou tè fè travay Papa selès yo a. Nou pral egzamine lavi kèk Sèvitè Bondye sa yo, pou wè si temwanyaj ke nou sot li a konfime tèt li. Nou pral nan ka Sèl Pitit Bondye a, Jezi Kris li menm, ak ka kèk moun ke Bondye te voye avan, pandan, ou apre ministè Jezi Kris sou tè.


23.3.1- Ka Jozèf la


Jenèz 37:3-28 "3Izrayel te renmen Jozèf pi plis pase tout lòt pitit li yo, paske li te genyen’l nan vyeyès li; e li te fè pou li yon tinik plizyè koulè. 4Frè’l yo te wè ke papa yo te renmen’l plis pase yo tout nèt, e yo te gen èn pou li. Yo pat ka pale ak li nan amitye. 5Jozèf te gen yon sonj, e li te rakonte’l ak frè’l yo, ki te rayi’l plis ankò. 6Li te di yo: Donk koute sonj sa a ke mwen te genyen! 7Nou t’ap mare jèb yo nan mitan jaden yo; e men, jèb mwen an te leve e te kanpe, e jèb nou yo te antoure’l e yo te prostène yo devan’l. 8Frè’l yo te di’l: Èske ou pral renye sou nou? Èske ou pral gouvène nou? E yo te rayi’l ankò plis, a koz de sonj li yo e akoz pawòl li yo. 9Li te gen yon lòt sonj ankò, e li te rakonte’l ak frè’l yo. Li di: Mwen te gen yon sonj! E men, solèy la, lalin nan ak onz etwal te prostène yo devan’m. 10Li te rakonte’l ak papa’l e ak frè’l yo. Papa’l te reprimande’l, e te di’l: Kisa sonj sa a sinyifi ke ou te genyen an? Fòk nou vin, mwen menm, manman’w ak frè’w yo, nou prostène nou atè devan’w? 11Frè’l yo te gen anvi kont li, men papa’l te sere souvni bagay sa yo. 12Frè Jozèf yo te ale a Sichem, pou fè troupo papa yo a manje, 13Izrayèl di Jozèf: Frè’w yo pap fè troupo yo manje a Sichèm? Vini, mwen vle voye’w kote yo. E li te reponn: Men mwen! 14Izrayèl di’l: Ale, tanpri, e wè si frè’w yo an bon sante e si troupo a li an bon eta; e wa pote nouvèl yo ban mwen. Li te voye’l konsa nan vale Ebron an; e Jozèf te ale a Sichèm. 15Yon nonm te rankontre’l, kòm li te pèdi nan jaden yo. Li te poze’l kesyon, pandan li te di’l: Kisa w’ap chache?


16Jozèf te reponn: m’ap chache frè’m yo; di’m, tanpri, kote y’ap fè troupo yo manje. 17E nonm nan te di: Yo te pati kite isi a; donk mwen te tande yo di: Ann al Dothan. Jozèf te ale dèyè frè’l yo, e li te jwenn yo Dothan. 18Yo te wè’l byen lwen; e, anvan li te prè yo, yo te konplote pou fè’l mouri. 19Yo te di youn lòt: Men moun ki renmen fè sonj yo ap vini. 20Vini kounye a, ann touye’l, e ann jete’l nan youn nan sitèn yo; n’ap di ke yon bèt feròs te devore’l, e nou pral wè kisa sonj li yo ap tounen. 21Riben te tande sa, e li te delivre’l nan men yo. Li di: Pa retire lavi‘l. 22Riben di yo: Pa repann san menm; jete’l nan sitèn sa a ki nan dezè a, e pa mete men sou li. Li te gen desen pou delivre’l nan men yo pou fè’l retounen kote papa’l. 23Lòske Jozèf te rive bò kote frè’l yo, yo te depouye’l nan tinik li a, nan tinik plizyè koulè a, ke li te gen sou li. 25Yo te chita answit pou manje. Yo te leve je yo, yo te wè yon karavàn Izmayelit soti nan Galaad; chamo yo te chaje bann aromat, bom ak mir, ke yo t’ap transpòte an Ejip. 26Alò Jida di frè’l yo: Kisa n’ap genyen pou touye frè nou an e pou kache san’l? 27Vini, ann vann Izmayelit yo li, e ann pa mete men sou li, donk li se frè nou, chè nou. E frè’l yo te koute’l. 28Nan pasaj bann machann madyanit yo, yo te rale’l e te fè Jozèf remonte soti nan sitèn nan; e yo te vann li pou ven sik lajan ak Izmayelit yo, ki te mennen’l an Ejip."


Pasaj Jenèz 37 sa a revele nou ki jan yo te konbat Jozèf. Lavi ‘l te konnen bann santèn ane anvan, e yon apèsi nan vi sa a te revele ba li pa sonj. Mond fènwa yo pat ka touye’l, te pran pou vann li tankou esklav, nan espere konsa fè sonj li yo silans. Men kòm toujou, sa ke mond fènwa yo te kwè ki te dènye viktwa yo sou Jozèf la, te parèt reyèlman dènye defèt yo. E yon fwa an plis, konfizyon an te ekstrèm nan kan satan an.


23.3.2- Ka Moyiz la


Egzòd 1:15-22 "15Wa Ejip la te pale tou ak fanm saj Ebre yo, nonme youn Schiphra, e lòt la Pua. 16Li te di yo: Kan n’ap akouche fanm Ebre yo e ke nou pral wè sou syèj yo, si se yon gason, fè’l mouri; si se yon fi, kite’l viv. 17Men fanm saj yo te krenn Bondye, e pat fè menm sa ke wa Ejip la te di yo a; yo te kite timoun yo viv. 18Wa Ejip la te rele fanm saj yo, e te di yo: Poukisa nou te aji konsa, e nou te kite timoun yo viv? 19Fanm saj yo te reponn Farawon: Se ke fanm Ebre yo yo pa tankou fanm Ejip yo; yo fò e yo akouche anvan fanm saj la vini. 20Bondye te fè byen ak fanm saj yo; e pèp la te miltipliye e te vin trè nonbre. 21Paske fanm saj yo te gen krent pou Bondye, Bondye te fè kay yo prospere. 22Alò Farawon te bay lòd ak tout pèp li a: N’ap jete nan flèv la tout gason ki pral fèt, e n’ap kite viv tout fi yo."


Egzòd 2:1-10 "Yon nonm nan kay Levi a te pran pou madanm yon fi Levi. 2Fanm sa a te vin ansent e te fè yon pitit gason. Li te wè ke li te bèl, e li te sere’l pandan twa mwa. 3Pat ka sere’l ankò menm, li te pran yon kès jonk, ke li te badijonnen’l ak bitim ak pwa; li te mete timoun nan ladann, e te depoze’l pami rozo yo, sou bò flèv la. 4Sè timoun nan te rete nan kèk distans, pou konnen sa ki t’ap rive’l. 5Pitit fi Farawon an te desann nan flèv la pou’l benyen, e kamarad li yo te pwomennen yo tout bò flèv la. Li te apèsi kès la nan mitan rozo yo, e li te voye sèvant li a pou pran’l. 6Li te louvri’l, e te wè timoun nan: se te yon ti gason ki t’ap kriye. Li te gen pitye pou li, e li te di: Se yon timoun Ebre yo! 7Alò sè timoun nan di pitit fi Farawon an: Ou vle ke male chache yon nouris fanm Ebre yo, pou bay pitit sa a tete? 8Ale, pitit fi Farawon an te reponn li. E jèn fi a te ale chache manman timoun nan. 9Pitit fi Farawon an di’l: Pran timoun sa a, e ba’l tete pou mwen; m’ap ba ou salè’w. Fanm nan te pran timoun nan, e te ba’l tete. 10Kan li te grandi, li te mennen’l bay pitit fi Farawon an, e li te pou li tankou yon pitit gason. Li te ba’l non Moyiz, donk, li di, mwen te sove’l nan dlo."


Pasaj Egzòd 1 e 2 sa a revele nou ki jan yo te konbat Moyiz. Nesans li te konnen bann santèn ane anvan. Satan ak ekip li a te òganize yo otan ke yo te kapab, pou anpeche nesans li. Yo te rann yo kont nan mond yo a ke li te enposib pou yo pou anpeche nesans li, yo te achane yo ak raj kont lavi’l ak ministè’l la. Yo te menm reyisi pou fè’l rate tè promiz la, anvan pou yo rann yo kont pita ke viktwa yo a sou Moyiz la te non sèlman gen yon dire tou kout, men te tou san objè. Donk se byen Moyiz sa a ki, avèk Eli, te vin fòtifye Jezi pandan ministè’l la, kòm nou ka li’l nan Matye 17.


Matye 17:1-5 "Sis jou aprè, Jezi te pran ak li Pyè, Jak, ak Jan frè li a, e li te kondwi yo a leka sou yon gwo montay.2Li te transfigire devan yo; vizaj li te resplandi tankou solèy la, e rad li yo te vin blan tankou limyè a. 3E men, Moyiz ak Eli te parèt sou yo, yo t’ap pale ak li. 4Pyè, pran lapawòl, di Jezi: Senyè, li bon ke nou isi a; si ou vle, m’ap drese isi a twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz, ak youn pou Eli. 5Kòm li t’ap pale ankò, yon nyaj limen te kouvri yo. E men yon vwa te fè tande’l nan nyaj la pawòl sa yo: Sila sa a se Pitit byen neme’m nan, nan li mwen te mete tout afeksyon’m: koute’l!"


23.3.3- Ka Jeremi an


Jeremi 1:4-5 "4Pawòl Letènèl te adrese ak mwen, nan mo sa yo: 5Anvan ke ou te fòme nan vant manman’w, mwen te konnen’w, e anvan ke ou te soti nan sen’l, mwen te konsakre’w, mwen te etabli’w profèt nasyon yo."


Pasaj Jeremi 1:4-5 sa a revele nou ke nesans Jeremi tankou ministè’l la tou te konnen pa Bondye ki te voye’l la, a mond fènwa yo ki te gen pou misyon pou konbat Bondye, pou konbat tout sa Bondye fè, ak tout sa ke Bondye voye. Lavi’l te yon vrè mizè tankou jan nou te li’l nan liv li a. Satan ak ajan li yo te konbat tèribman ministè li a, espere anpeche’l pou travay. Men kòm abitid, yo te echwe, donk Bondye nan gras li te pèmèt Jeremi fini ministè’l la, nan pi gran konfizyon ajan Lanfè sa yo.


23.3.4- Ka Jezi Kris la


Matye 2:1-23 "1"Jezi te fèt nan Bètleyèm an Jide, nan tan wa Eròd, men maj Oryan yo te rive nan Jerizalèm, 2e te di: Kote wa Jwif yo ki sot fèt la? Donk nou te wè etwal li an Oryan, e nou vini pou adore’l. 3Wa Eròd, te aprann sa, te trouble, e tout Jerizalèm ak li. 4Li te asanble tout prensipal sakrifikatè yo ak eskrib pèp la yo, e li te enfòme’l bò kote yo kote Kris la te dwe fèt. 5Yo te di’l: Nan Bètleyèm nan Jide; donk men sa ki te ekri pa profèt la: 6E ou menm. Bètleyèm, tè Jida, sètènman ou pi piti nan prensipal vil Jida yo, donk se nan ou yon chèf pral soti ki pral pran swen Izrayèl, pèp mwen nan. 7Alò Eròd te fè rele an sekrè maj yo, e te mennen ankèt swanyezman bò kote yo depi konbyen tan etwal la t’ap briye. 8Epi li te voye yo Bètleyèm, pandan’l di yo: Ale, e pran enfòmasyon egzat sou ti pitit la; kan nou jwenn li, fè’m konn sa, pou ke mwen menm tou ale adore’l. 9Aprè yo te fin tande wa a, yo te pati. E men, etwal la ke yo te wè a an Oryan t’ap mache devan yo jiskaske li te rive sou lye kote ti pitit la te ye a, li te rete.


10Kan yo te apèsi etwal la, yo te sezi nan yon gran lajwa. 11Yo te antre nan kay la, te wè ti pitit la ak Mari, manman’l, yo te prostène yo e te adore’l; answit yo te ouvè trezò yo, e te ofri’l an kado lò, lansan ak mir. 12Epi, divinman te avèti nan sonj pou yo pa retounen kote Eròd, yo te retounen nan peyi yo pa yon lòt chemen. 13Lòske yo te pati, men, yon anj Senyè a te parèt nan sonj a Jozèf, e di: Leve, pran timoun nan ak manman’l, kouri an Ejip, e rete la jiskaske mwen pale ak ou; donk Eròd t’ap chache ti moun nan pou fè’l peri. 14Jozèp te leve, te pran lan nwit la ti moun nan ak manman’l, e te ale an Ejip. 15Li te rete la jiskaske Eròd te mouri, pou te ka akonpli sa ke Senyè a te anonse pa profèt la: Mwen te rele Pitit gason’m nan kite Ejip. 16Alò Eròd, te wè ke li te jwe pa maj yo, te mete’l nan yon gran kòlè, e li te voye touye tout ti moun soti nan de zan rive pi ba ke de zan ki te nan Bètleyèm ak nan tout tèritwa’l yo, selon dat ke li te swanyezman mennen ankèt li a bò kote maj yo. 17Alò te akonpli sa ki te anonse pa Jeremi, profèt la:


18Yo tande bann kri nan Rama, bann rèl ak bann gran lamantasyon: Rachèl ap kriye pou timoun li yo, e pat vle konsole, paske yo pa la menm ankò. 19Kan Eròd te mouri, men, yon anj Senyè a te parèt nan sonj a Jozèf, an Ejip, 20e di: Leve, pran ti moun nan ak manman’l, e ale nan peyi Izrayèl la, donk sila yo ki te vle detwi lavi ti moun nan yo mouri. 21Jozèf te leve, te pran ti moun nan ak manman’l, e te ale nan peyi Izrayèl la. 22Men, te aprann ke Archélaüs t’ap renye sou Jide nan plas Eròd, papa’l, li te krenn pou li te rann li la; e, divinman te avèti nan sonj, li te ale nan tèritwa Galile, 23e te vin demere nan vil ki rele Nazarèt la, pou ke li ka akonpli sa ki te anonse pa profèt yo: L’ap rele Nazareyen."


Pasaj Matye 2 sa a revele nou ki jan yo te konbat Jezi Kris. Nesans li a te konnen bann santèn ane anvan. Satan ak ekip li a te òganize yo otan ke yo te kapab, pou anpeche nesans li a, yo te achane yo ak raj kont lavi’l ak ministè’l la. Yo te menm reyisi touye’l, anvan pou yo rann yo kont ke lanmò Jezi Kris te sinyifi defèt etènèl yo. Satan ak ajan’l yo donk yo pèdi pou letènite. Alelouya!


23.3.5- Ka Jan Batis la


Lik 1:5-17 "5Nan tan Eròd, wa Jide, te gen yon sakrifikatè, ki rele Zakari, nan klas Abya a; madanm li te ant fi Aawon yo, e te rele Elizabèt. 6Tou lè de te jis devan Bondye, nan obsève yon manyè ireprochab tout kòmandman ak tout òdonans Senyè a. 7Yo pat gen pitit menm, paske Elizabèt te esteril; e yo te youn ak lòt avanse nan laj. 8Donk, pandan li te nan fonksyon’l yo devan Bondye, selon kout klas pa’l la, 9li rele pa pozisyon, daprè règ sasèdòs la, pou antre nan tanp Senyè a pou ofri pafen an. 11Alò yon anj Senyè a te parèt a Zakari, e te kanpe adwat otèl pafen yo. 12Zakari te trouble kan’l te wè’l, e lapèrèz te kouvri’l. 13Men anj lan di’l: Pa krenn menm, Zakari; donk priyè’w la te egzose. Madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason pou ou, e w’ap ba’l non Jan 14Li pral pou ou yon sijè de jwa ak alegrès, e plizyè pral rejwi pou nesans li. 15Donk li pral gran devan Senyè a. Li pap bwè ni diven, ni likè k’ap fè moun sou, e li pral ranpli avèk Sentespri depi nan sen manman’l; 16li pral mennen plizyè nan pitit Izrayèl yo bay Senyè a, Bondye yo a; 17li pral mache devan Bondye avèk lespri ak pisans Eli a, pou mennen kè papa yo vè timoun yo, e rebèl yo nan sajès jis yo, pou ka prepare pou Senyè a yon pèp byen dispoze."


Mak 6:14-29 "14Wa Eròd te tande pale de Jezi, ke non’l te vin selèb, e li di: Jan Batis te leve pami mò yo, e se pou sa ke bann mirak ap fèt pa li. 15Bann lòt t’ap di: Se Eli. E bann lòt t’ap di: Se yon profèt tankou youn nan profèt yo. 16Men Eròd, nan aprann sa, t’ap di: Jan sa a ke mwen te fè dekapite a, se li menm ki leve pami mò yo. 17Donk Eròd li menm te fè arete Jan, e te fè mete’l nan prizon, a koz de Erodyas, madanm Filip la, frè’l, paske li te epouze’l, 18e ke Jan te di’l: li pa pèmèt ou pou genyen madanm frè’w. 19Erodyas te fache kont Jan, e te vle fè’l mouri. Men li pat ka; 20donk Eròd te krenn Jan, te konnen’l pou yon nonm jis e sen; li te proteje’l, e, apre li e fin tande’l, li te souvan pèplèks, e te konn koute’l avèk plezi. 21Sepandan, yon bon jou te rive, lòske Eròd, nan fete fèt nesans li, te bay yon festen a gran li yo, a chèf militè yo e ak prensipal Galile yo. 22Pitit fi Erodyas la te antre nan sal la; li te danse, e te fè Eròd ak konviv li yo plezi. Wa Eròd di jèn fi a: Mande’m sa ke w’ap vle, e m’ap ba’w li.


23Li ajouta avèk sèman: Sa ke w’ap mande’m nan, m’ap ba’w li, li te mèt mwatye wayòm mwen an. 24Li te soti, li di a manman’l: kisa’m ta mande? E manman’l te reponn: Tèt Jan Batis. 25Li kouri pou rantre menm moman an kot wa, e te fè’l demann sa a: Mwen vle ke ou ban’m kounye a, sou yon plat, tèt Jan Batis. 26Wa a te atriste; men, a koz de sèman’l yo ak konviv li yo, li pat vle fè’l yon refi. 27Li te voye sou plas yon gad, avèk lòd pou pote tèt Jan Batis. Gad la te ale dekapite Jan nan prizon an, 28e te pote tèt la sou yon plat. Li te bay jèn fi a li, e jèn fi a te bay manman’l li. 29Disip Jan yo, te aprann sa, te vin pran kò’l, e te mete’l nan yon sepilk."


Pasaj Lik 1 ak Mak 6 sa yo revele nou ki jan yo te konbat Jan Batis. Nesans li a te konnen bann santèn ane anvan, e te konbat pa satan. Nan rann Elizabèt manman’l esteril, mond fènwa yo te panse bloke nesans Jan an. Kan plan yo a te echwe, yo te pito òganize dekapitasyon’l, pou mete fen ak ministè’l la. Kòm abitid, se byen pi ta ke yo te rann yo kont ke pretandi viktwa yo sou Jan Batis la te nil, donk li te pafètman fini ministè’l la, swit tach pou akonpli a rezève a Eli ki te dwe vini an pita a, tankou anonse nan Malachi 4.N’ap trete ka sa a prochènman, si Senyè pèmèt li.


Malachi 4:1-6 "Donk men, jou an ap vini, tèrib tankou yon founèz. Tout gwo kòlèt yo ak tout mechan yo pral tankou pay; jou k’ap vini an pral boule yo, Letènèl tout lame yo di, li pap lèse nan yo ni rasin ni ramo. 2Men pou nou menm ki krenn non’m, solèy lajistis la ap leve, e lagerizon ap anba zèl li yo; nou pral soti, e nou pral sote tankou ti bèf ki nan abri’l, 3e nou pral foule mechan yo, donk yo pral tankou sann anba pla pye nou, nan jou ke mwen prepare a, Letènèl tout lame yo di. … 5Men, m’ap voye Eli pou nou, profèt la, anvan ke jou Letènèl la rive, jou gran ak fè pè sa a. 6Li pral mennen kè papa yo bay ti moun yo, e kè ti moun yo a papa yo, pou’m ka pa vin frape peyi a nan entèdiksyon."


23.4- Nosyon "Plan Direktè" Imen yo


Sòm 139:14-16 "14Mwen louwe’w dèske mwen se yon kreyati si mèvèye. Zèv ou yo yo admirab, e nanm mwen rekonèt li byen. 15Kò’m pat kache menm devan’w, lòske mwen te fèt nan yon lye sekrè, aranje nan profondè latè. 16Kan mwen te sèlman yon mas ki pat gen fòm, je’w te wè’m; e sou liv ou a tout jou ki te destine pou mwen yo te enskri, anvan ke youn nan yo te egziste."


Efezyen 1:3-5 montre nou ke Bondye te eli nou anvan fondasyon mond lan, e ke Li donk gen yon plan pou nou byen anvan nou te fèt sou tè a. "3Benediksyon pou Bondye, Papa Senyè nou an Jezi Kris, ki te beni nou nan tout sòt benediksyon espirityèl nan lye selès yo nan Kris! 4Nan li Bondye te eli nou anvan fondasyon mond lan, pou ke nou ka sen e ireprochab devan’l, 5te predestine nou nan lanmou’l lan pou nou ka pitit adopsyon’l pa Jezi Kris, selon plezi volonte’l."


Bib la di byen ke Bondye te eli nou anvan fondasyon mond lan. Nou panse ke eleksyon nou an li si kache nan je satan? Non! Si donk satan konnen ke Bondye te eli nou, poukisa nou dwe etone ke mond fènwa yo konnen plan Bondye a pou nou, e ke li konbat pou detwi plan sa a, ou pou chanje’l?


23.5- Mond fènwa yo ka chanje plan ke Bondye te prevwa pou imen yo?


Byen-neme, si nou sanble pat jwenn jan de ka sa a nan Bib la, se paske nou pat ase medite sou diferan ka ki ta konfime byen senaryo sa a. Yo anpil.


23.5.1- Ka Moyiz la


Travay 7:20-23 "20Nan epòk sa a, Moyiz te fèt, ki te bèl nan je Bondye. Li te nouri twa mwa nan kay papa’l; 21e, kan li te ekspoze, pitit fi Farawon an te akeyi’l, e te leve’l tankou pitit gason’l. 22Moyiz te enstwi nan tout sajès Ejipsyen yo, e li te pwisan nan pawòl ak nan zèv. 23Li te gen karantan, lòske li te vin nan kè’l pou vizite frè’l yo, pitit Izrayèl yo."


Pou egzamine de prè, nou konprann ke plan ke Bondye te prevwa pou Moyiz la te chanje. Moyiz te prevwa pou libere pèp Izrayèl la, li te retrouve’l ap leve nan yon kilti diferan ak pa Bondye’l la, e nan yon sajès diferan ak pa Bondye’l la. Tankou jan nou sot li’l la, Moyiz pat konnen anyen de Bondye ke li te poutan sèvitè’l la, de Bondye sa a ki te poutan voye’l nan misyon sou la tè.


Kan tan pou libere pèp Bondye te rive, liberatè a te inyore tèt li, li pat rekonèt li se liberatè, e li pat rekonèt Bondye pèp ke li te dwe libere a. Li te finalman fòk li te kite Ejip pou rankontre Bondye ki te voye’l nan misyon sou tè a, e pou aprann tout bagay de Bondye sa a, e menm misyon’l lan. E nou konnen konbyen tan sa te pran’l, karant bon ane, tan ke Bondye reprograme "Plan Direktè’l la". E pandan ke Bondye t’ap reprograme "Plan Direktè’l la", pèp la te kontinye nan soufrans la ap tann liberatè’l la. Men reyalite a, byen neme. Si nou ta doute ankò de gran pouvwa nwizans satan an, mwen sot ban nou yon lòt prèv de sa.


23.5.2- Ka Raab la


Jozye 2:1-24 "Jozye, pitit Nun, te fè pati sekrètman kite Sitim de espyon, nan di yo: Ale, egzamine peyi a, e an patikilye Jeriko. Yo te pati, e yo te rive nan kay yon prostitiye, ki te rele Raab, e yo te kouche la. 2Yo di ak wa Jeriko a: Men, bann moun nan pitit Izrayèl yo rive isi a, nan lan nwit sa a, pou eksplore peyi a. 3Wa Jeriko a te voye di Raab: Fè soti moun ki vin lakay ou yo, ki te antre nan kay ou a; donk se pou eksplore tout peyi a ke yo vini. 4Fanm nan te pran de mesye yo, e te kache yo; e li e di: Li vre ke mesye sa yo te rive lakay mwen, men mwen pa konn ki kote yo te soti; 5e, kòm pòt la te dwe fèmen lan nwit, mesye sa yo te soti; mwen pa konnen ki kote yo ale: prese swiv yo e n’ap atenn yo. 6Li te fè yo monte sou do kay la, e te kache yo anba twal len yo, ke li te ranje sou do kay la. 7Moun sa yo te pouswiv chemen yo ki mennen nan ge Jouden an, e yo te fèmen pòt la apre ke yo te fin soti. 8Anvan ke espyon yo te kouche, Raab te monte kote yo sou do kay la 9e di yo: Letènèl, mwen konnen’l, te ban nou peyi sa a, lapèrèz ke nou enspire nou an te sezi nou, e tout abitan yo nan peyi a ap tranble devan nou.


10Donk nou te aprann kòman, kan nou t’ap soti Ejip la, Letènèl te mete dlo lanmè Rouj la sèk devan nou, e kòman nou te trete de wa Amoreyen yo lòt bò Jouden an, Siyon ak Og, ke nou te devwe pa entèdi. 11Nou te aprann li, e nou te pèdi kouraj, e tout lespri nou tonbe devan aspè nou an; donk se Letènèl, Bondye nou an, ki se Bondye an wo nan syèl yo ak anba sou la tè. 12E kounye a, mwen priye nou, jire’m pa Letènèl ke n’ap gen pou kay papa’m menm bonte ke mwen te gen pou nou an. Ban’m asirans 13ke n’ap kite papa’m, manman’m, frè’m yo, sè’m yo, ak tout sa ki pou yo viv, e ke n’ap sove nou nan lanmò. 14Mesye sa yo te reponn li: Nou prè pou mouri pou ou, si’w pa divilge sa ki konsène nou; e kan Letènèl ban nou peyi a, n’ap aji avè’w ak bonte e fidelite. 15Li te fè yo desann ak yon kòd nan fenèt la, donk kay la ke li te rete a te sou miray vil la. 16Li te di yo: Ale nan kote montay la, pou ke moun k’ap pouswiv nou yo pa rankontre nou; kache nou la pandan twa jou, jiskaske yo retounen; aprè sa, na swiv chemen nou. 17Mesye sa yo di’l: Men kèl fason n’ap kite sèman ke ou te fè nou fè a. 18Pandan n’ap antre nan peyi a, atache kòdon fil kramwazi sa a nan fenèt la ke ou te fè nou desann nan, e mete bò kote’w nan kay la papa’w, manman’w, frè’w yo, ak tout fanmi papa’w.


19Si kèk nan yo soti kite pòt kay ou a pou ale deyò, san’l pral tonbe sou tèt li, e n’ap inosan nan sa; men si yo mete men sou nenpòt nan moun k’ap avèk ou yo nan kay la, san’l ap tonbe sou tèt nou. 20E si ou divilge sa ki konsène nou, n’ap kite sèman ke ou te fè nou fè a. 21Li te reponn: Ke li selon pawòl nou yo. Konsa li te kite yo, e yo te ale. E li te atache kòdon kramwazi a nan fenèt la. 22Yo te pati, e te rive nan montay la, kote yo te rete twa jou, jiskaske moun ki t’ap swiv yo a te retounen. Moun ki t’ap swiv yo a te chache yo tout kote nan chemen an, men yo pat jwenn yo. 23De mesye yo te retounen, te desann nan montay la, e te pase Jouden an. Yo te vin bò kote Jozye, pitit gason Nun an, e te rakonte’l tout sa ki te rive yo. 24Yo te di Jozye: Sètènman, Letènèl te livre tout peyi a nan men nou, e menm tout abitan peyi a ap tranble devan nou."


Matthieu 1:1-16 "Jeneyaloji Jezi Kris, pitit David, pitit Abraam. 2Abraam anjandre Isaak; Isaak anjandre Jakob; Jakob anjandre Jida ak frè’l yo; 3Jida anjandre nan Tama Farès e Zara; Farès anjandre Esrom; Esrom anjandre Aram; 4Aram anjandre Aminadab; Aminadab anjandre Naason; Naason anjandre Salmon; 5Salmon anjandre Boaz nan Raab; Boaz anjandre Obèd nan Rit; Obèd anjandre Izayi; 6Izayi anjandre David. Wa David anjandre Salomon nan madan Iri; ...16Jakòb anjandre Jozèf, epou Mari, nan li menm Jezi te fèt, ki rele Kris."


Pou egzamine de prè, nou konprann ke plan ke Bondye te prevwa pou Raab la te chanje. Raab te prevwa pou fè, pati linye Senyè Jezi Kris, te retrouve’l nan Jeriko ap viv yon vi diferan de sa ke Bondye te prevwa pou li a. Li te retrouve’l malgre li menm nan prostitisyon. Tankou jan nou sot li’l la, nan je moun Jozye te voye yo, lespri Raab te vit rekonèt lespri vrè frè espyon’l yo. Li pat bezwen sonj ak vizyon pou konprann ke li te dwe kache ak proteje frè’l yo. Lespri Bondye ki nan li a te kominike’l li. Li te sipliye de espyon yo pou epanye lavi’l ak lavi tout gran fanmi’l. Pandan li t’ap fè rekèt sa a, li te kwè ke li t’ap mande yon favè ak yon pèp etranje, alòske se vrè "Plan Direktè’l la" ke Bondye t’ap restore, pou retounen’l nan mitan vrè pèp li a. Fòk li te finalman ke nan vil ke satan te oryante’l la te detwi, pou ke li retrouve vrè pèp li a ak plas li a nan linye Sovè pèp li a.


E nou konnen sa ke sa te koute’l, yon vi devègondèz ak nan mizè ke li pat inisyalman destine a. Men reyalite a, byen neme. Si nou ta doute ankò nan ròl nwizans satan kont pitit Bondye yo, mwen sot ban nou yon lòt prèv de sa.


23.5.3- Ka Rit la


Deteronòm 23:3-6 "3Amonit ak Mowabit pap janm antre menm nan asanble Letènèl la, menm nan dizyèm jenerasyon e pou tout tan, 4paske yo pat vini devan nou ak pen ak dlo, sou chemen an, pandan nou t’ap soti Ejip la, e paske ke yo te fè vini kont ou pou pri lajan Balaam, nan Pethor nan Mezopotami, pou ke li modi’w. 5Men Letènèl, Bondye’w la, pat vle koute Balaam menm; e Letènèl, Bondye’w la, te chanje pou ou malediksyon an an benediksyon, paske Letènèl renmen’w, Bondye’w la. 6Pa janm gen sousi menm ni pou prosperite yo ni pou byenèt yo, tout tan ke w’ap viv, pou tout tan."


Rit 4:13-17 "13Boaz te pran Rit, kite vin madanm li, e li te ale vè li. Letènèl te pèmèt Rit ansent, e li te akouche yon gason. 14Medam yo te di Naomi: Se pou Letènèl beni, ki pat lèse’w menm jodi a san yon nonm ki gen dwa racha, e ke non’l pral selèb an Izrayèl! 15Pitit sa a pral restore nanm ou, e pral soutyen vyeyès ou; donk bèl fi’w la, te akouche’l, li menm ki vo pi byen ke sèt pitit gason pou ou. 16Naomi te pran pitit la e te mete’l sou sen li, e se li menm ki te veye’l. 17Vwazin yo te ba’l yon non, pandan yo t’ap di: Yo fè yon pitit gason pou Naomi! E yo te rele’l Obèd. Se te papa Izayi papa David."


Pou egzamine de prè, nou konprann ke plan ke Bondye te prevwa pou rit la te chanje. Rit te prevwa pou fè pati linye jeneyalojik Senyè Jezi Kris, te retrouve’l nan peyi Moab, nan mitan pèp Moabit la ke Letènèl te bani nan asanble’L la. Li te retrouve’l, malgre li, vèv yon nonm ki, byen ke li te soti nan Jida, pat mari inisyal li a.


Rit 1:1-22 "Nan tan jij yo, te gen yon famin nan peyi a. Yon nonm Bètleyèm nan Jida te pati, ak madanm li e de pitit gason’l yo, pou fè yon sejou nan peyi Moab. 2Non nonm sa a se te Elimelèk, pa madanm li a Naomi, e de pitit gason’l yo te rele Machlon ak Kiljon; yo te Efratyen, nan Bètleyèm nan Jida. Rive nan peyi Moab, yo te fikse demè yo la. 3Elimelek, mari Naomi, te mouri, e li te rete ak de pitit gason’l yo. 4Yo te pran fanm Moabit, ke youn te rele Opa, e lòt la Rit, e yo te abite la anviwon dizan. 5Machlon ak Kiljon te mouri tou yo tou de, e Naomi te rete san de pitit gason’l yo ak mari’l. 6Epi li te leve’l, li menm ak bèl fi li yo, pou ka kite peyi Moab, donk li te aprann nan peyi Moab la ke Letènèl te vizite pèp li a e te ba’l pen. 7Li te soti nan lye ke li te abite a, akonpanye ak de bèl fi li yo, e li te mete’l nan wout pou retounen nan peyi Jida. 8Naomi di alò ak de bèl fi’l yo: Ale, retounen nou chak nan kay manman’l! Ke Letènèl gen bonte anvè nou, tankou jan nou te fè anvè sila yo ki mouri yo ak anvè mwen!


9Ke Letènèl fè nou chak jwenn repo nan kay yon mari! E li te bo yo. Yo te leve vwa, e te kriye; 10e yo te di’l: Non, nou pral ak ou nan pèp ou a. 11Naomi, di: Retounen, pitit fi’m yo! Poukisa n’ap vini ak mwen? Mwen gen ankò nan sen’m pitit gason ki ka vin mari nou? 12Retounen, pitit fi’m yo, ale! Mwen tro granmoun pou’m remarye. E kan mwen ta di: Mwen gen esperans; kan lan nwit sa a menm mwen ta ak yon mari, e ke mwen ta akouche pitit gason, 13n’ap tann pou sa pou ke yo grandi, n’ap refize pou sa pou nou marye? Non, pitit fi’m yo! Donk a koz de nou menm mwen nan yon gran afliksyon dèske men Letènèl te lonje kont mwen. 14E yo te leve vwa yo, e te kriye ankò. Opa te bo bèl mè’l, men Rit te atache’l ak li. 15Naomi di Rit: Men, bèl sè’w la retounen vè pèp li a e vè bondye’l yo; retounen, tankou bèl sè’w la. 16Rit te reponn: Pa fòse’m pou kite’w, pou retounen lwen’w! Kote’w prale mwen prale, kote’w w’ap demere m’ap demere; pèp ou a ap pèp mwen, e Bondye’w la ap Bondye’m; 17kote w’ap mouri m’ap mouri, e m’ap antere la. Ke Letènèl trete’m nan tout rigè’l, si lòt bagay ke lanmò vin separe’m ak ou! 18Naomi, te wè’l deside pou ale ak li te sispann enstans li yo. 19Yo te fè vwayaj la ansanm jiskaske yo te rive Bètleyèm.


E lòske yo te antre nan Bètleyèm, tout vil la te trouble a koz de yo, e medam yo t’ap di: Èske se Naomi sa? 20Li te di yo: Pa rele’m Naomi; rele’m Mara, donk Toupisan an te ranpli’m amètim. 21Mwen te nan abondans kan’m t’ap deplase a, e Letènèl mennen’m tounen ak men vid. Poukisa n’ap rele’m Naomi, apre ke Letènèl te fin prononse’l kont mwen, e ke Toupisan an te aflije’m? 22Konsa Naomi ak bèl fi’l, Rit Moabit la te kite Moab. Yo te rive Bètleyèm nan kòmansman mwason òj yo."


Kòm nou sot li’l, lespri’l te akroche ak bèl mè’l Naomi, e li te jire pou pa separe ak li. Li te deklare, menm san konprann profondè sa ke li t’ap di yo, ke pèp bèl mè’l la t’ap pèp li, e Bondye bèl mè’l la Bondye’l. Lespri Bondye ki nan li a te fè’l konnen vrè Bondye’l la ak vrè pèp li a. Pa angajman sa a ke li te pran an pou se sèlman lanmò ki pou separe’l ak bèl mè’l, se vrè "Plan Direktè’l la" ke Bondye t’ap restore. Donk fòk li te gen fidelite eksepsyonèl sa a ke li te fè montre pa rapò ak bèl mè’l la, pou ke li te retrouve vrè pèp li a ak plas li a nan linye Sovè a.


23.5.4- Ka Pòl la


Galat 1:13-16 "13Nou te konnen, en fèt, ki kondwit mwen otrefwa nan jidayis, kòman mwen te konn pèsekite ak egzajerasyon e te konn ravaje Legliz Bondye a, 14e kòman mwen te plis avanse nan jidayis la ke anpil moun nan laj mwen ak nasyon’m nan, kòm mwen te anime ak yon zèl demezire pou tradisyon papa’m yo. 15Men, lòske li te fè plezi a sila ki te mete’m a pa depi nan sen manman’m, e ki te rele’m pa gras li, 16pou revele nan mwen Pitit li a, pou mwen ka anonse’l pami payen yo, menm moman an, mwen pat konsilte ni lachè ni san."


1Timote 1: 12-14 "12Mwen rann gras a sila ki te fòtifye’m nan, a Jezi Kris Senyè nou an, dèske li te jije’m fidèl, nan etabli’m nan ministè a, 13mwen ki te oparavan yon blasfematè, yon pèsekitè, yon nonm vyolan. Men mwen te jwenn mizerikòd, paske mwen t’ap aji pa inyorans, nan enkredilite; 14e gras Senyè nou an te monte an gran kantite, ak lafwa e charite ki te nan Jezi a."


Pou egzamine de prè, nou konprann ke plan ke Bondye te prevwa pou Pòl la te chanje. Pòl te prevwa pou li se minis Bondye, te retrouve’l fawouch pèsekitè Bondye sa a ki te poutan mete’l a pa depi nan sen manman’l. Kan tan ministè a te rive, Bondye te reprograme "Plan Direktè’l la", nan fè’l sa ke li te sipoze ye a, Apot Jezi Kris pou payen yo. Men nou konnen tout sa ke projè satanik sa a kont lavi’l te koute. Si nou ta doute ankò de mechanste satan an kont Minis Bondye yo, mwen sot ban nou yon lòt prèv de sa.


24- Apèl pou Repantans


24.1- Mesaj pou ajan dyab yo ak lòt satanis yo


A nou tout ki nan bagay dyab lougawou, nan okiltis, ak nan sèk satanik yo tankou fran-mason, roz-kwa ak lòt lòj ezoterik yo, nou menm k’ap pase tout nwit nou yo nan simetyè yo, nan bann reyinyon abominab nan mond satan an, konnen ke fen nou an pral tris. Lisifè ke nou ap sèvi pou moman an, konnen trè byen ke se Lanfè k’ap tann nou pou letènite. Se yon pyèj ke li tann pou nou pou nou ka sibi menm sò ak li. Pa tonbe nan pyèj li a. Sispann kwè ak manti’l la. Nou pral san dout tante pou mande tèt nou si li pa fè tro ta pou nou, ou si’l ankò posib pou nou libere de pak ke nou te siyen ak lisifè a, e pou nou padone apre tout abominasyon yo ke nou te antre nou yo. Repons lan se wi. Jezi Kris prè pou padone nou tout krim nou yo, ke nenpòt gravite a. Ba’L lavi nou kounye a, e chache refij nan Li. Si nou vle aksepte Jezi Kris tankou Senyè nou, Sovè pèsonèl nou ak nouvo Mèt nou, ale sou jenou nou e envite’L sensèman nan kè nou. L’ap aksepte nou e ap kondwi nou sou chemen total delivrans nou. Nou lib pou kontakte nou.


24.2- Mesaj pou vrè pitit Bondye yo


Konnen byen neme, ke satan ak ajan’l yo yo te toujou achane yo kont vrè pèp Bondye a. Byen si mwen pap pale de pèp abominab sa a ki okipe tè Izrayèl yo kounye a. Mwen ap pale de vrè pèp Bondye a. Gè feròs sa a ki te kòmanse depi nan kreyasyon an li toujou la, e ap pran fen nan tan make a. E tan make sa a li pa lwen, erezman. An natandan, vrè pitit Bondye yo dwe kontinye pou sanntifye lavi yo.


Pou nou menm, vrè pitit Bondye yo, fè konfyans a Jezi Kris sèl vrè Bondye a. Lagè ke satan livre’L la, se yon gè pèdi depi nan kreyasyon an, e konfime genyen 2000 lan. Tankou jan nou ka li’l nan liv Èste a, kan satan a travè Aman te pran desizyon pou ekstèmine pèp jwif la, se te pou li sèten ke ni profèt Bondye yo anvan Jan Batis, ni Jan Batis li menm, ni Jezi, ni disip yo anvan nou, ni nou menm, pat rive sou tè a. Men kòm nou konstate’l, li te echwe, kòm li te echwe ak tout tantativ yo ke li te fè yo kont pèp Bondye a. E se pa kounye a ke li pral reyisi. Defèt li a an fas Jezi Kris la, Wa tout wa yo, li etènèl e irevèsib selon dekrè Syèl la. Menm dènye gè sa a ke l’ap mennen kounye a kont vrè pèp Bondye a, se pou echèk li. Defèt satan an ak tout ajan’l yo devan Jezi Kris li irevokab.


Estè 3: 8-11"8Alò Aman di wa Asyeris: Genyen nan tout provens wayòm ou an yon pèp dispèse e a pa pami pèp yo, ki gen bann lwa diferan ak pa tout pèp yo e ki pa obsève lwa wa yo. Li pa nan enterè wa a pou kite’l an repo. 9Si wa trouve’l bon, ke nou ekri lòd pou fè yo peri; e m’ap peze di mil talan lajan nan men fonksyonè yo, pou ke yo pote yo nan trezò wa a. 10Wa a te retire bag li a nan men’l, e te remèt li ak Aman, pitit Amedata a, Agagit, ennmi Jwif yo. 11E wa a di Aman: Yo ba’w lajan an, ak pèp sa a tou; fè sa ke w’ap vle ak yo."


25- Konklizyon


Tout analiz sa a ke nou sot fè a, prouve nou ke temwanyaj 1000 lan an nan Mond Fènwa yo, li jistifye byen pa Bib la. Ke se swa ka bann demon yo ki vini nan mond lan sou fòm moun yo, ou posiblite pou mond fènwa yo dekouvri vrè sèvitè Bondye yo anvan yo fèt, ou posiblite pou mond fènwa yo chanje plan ke Bondye te prevwa pou imen yo, ou nosyon Etwal chak pitit Bondye yo, tout sa konfime pa Bib la. Li sèlman rete pou nou pran Bondye oserye, pou pran Bib la oserye, e pou mete lavi nou nan lòd devan Bondye. Si ou poko bay Jezi Kris lavi’w ankò, men moman pou fè’l la. E si ou deja fèt yon lòt fwa, batize nan dlo nan non Jezi Kris ak batize nan Sentespri, men tan pou asire’w ke ou gen de pye’w fèm nan Senyè Jezi Kris, e non yon pye nan dyab la, e yon lòt ki pretann nan Legliz la. Kenbe nan lespri’w ke Lanfè a brile reyèlman, e li etènèl. Priye anpil pou ke Bondye reprograme plan direktè’w la.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF