Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

KONDISYON POU ETID BIBLIK YO


1- Entwodiksyon


Senyè a nan pawòl li mete nou an gad kont sa ke Li te Chwazi Li menm pou rele "... vye diskisyon moun kòronpi nan bon sans e san laverite..." 1Timote 6:5.


Byen ke yo rele nou pou fè tout sa ke nou kapab pou pote Levanjil Jezi Kris la bay moun yo pou yo sove, e byen ke yo rele nou pou manifeste tout pisans nesesè pou ede tout moun pou konprann pawòl Bondye a, yo pat rele nou nan oken ka pou diskite pawòl Bondye. Nou dwe evite tonbe nan pyèj ajan satan yo tann pou nou, nan kreye bann diskisyon pa pou konprann pawòl Bondye a, men jis pou distrè nou. Nou dwe egalman kouri pou tout diskisyon ki pap edifye nou nan anyen.


2- Pyèj satan yo


Kòm Senyè a te deja revele nou’l, kan ajan satan yo pa ka reyisi pou pran nou nan pyèj peche yo ke yo tann pou nou yo, yo fè efè pou tann yon lòt pyèj pou nou, pyèj pou distrè nou, pou nou ka pa konsantre sou Sali nou, ak sou travay Bondye a. Donk nou dwe trè vijilan.


Kounye a ke nou konnen ajan Lanfè yo te jire pou pa janm aksepte laverite a, e kounye a ke nou konnen ke misyon yo se fè tout bagay pou detounen nou nan chemen Bondye a nan bi pou mennen nou nan Lanfè, gen bann dispozisyon ke nou dwe pran chak fwa ke nou vle lanse nou nan nenpòt deba ou nan nenpòt diskisyon avèk moun yo ozalantou Bib la.


Nou pa ka a koz bann ajan satan yo, fèmen pòt pou moun k’ap poze nou kesyon pou pi byen konprann pawòl Bondye a. Men piske nou pa ka konnen davans kiyès k’ap poze kesyon pou aprann ak kiyès k’ap poze’l pou distrè, nou dwe ouvè, pasyan, e prè pou reponn avèk lanmou ak dousè a tout moun ki vle aprann.


Pou pa tonbe nan pyèj ajan satan yo ki gen pou misyon pou detounen nou nan pawòl Bondye a, men yon sekrè ke nou mete a dispozisyon nou. Se sèt kondisyon ke fòk nou enpoze a moun yo anvan chak deba, ou anvan chak diskisyon, kan nou panse ke deba sa a ou diskisyon sa a pral ka pote kèk fwi.


3- Bib sèk yo


Gen bann sèk satanik ki, dakò ke yo pap an mezi pou jistifye fos doktrin yo a pa Sent Bib la, yo te oblije fabrike pròp Bib pa yo. Se ka Katolik yo, Temwen Jewova yo, Mòmon yo a kèk lòt groupiskil satanik. Katolik yo te fabrike sa ke yo rele "Bib Jerizalèm", ak "Bib TOB". Yo gen plis ke sa, kèk lòt maniskri ak lòt brochi ke yo sèvi avèk yo pou jwe fidèl yo. Temwen Jewova yo te fabrike sa ke yo rele "Tradiksyon mond nouvo". Yo sèvi tou avèk anpil brochi pou egare kwayan yo a. Se egalman ka pou Mòmon yo, ki te fabrike sa ke yo rele "Liv mòmon".


Nou pa janm dwe aksepte deba ou diskisyon avèk moun k’ap itilize bib sèk sa yo. E si nou vle debat avèk yo, egzije yo ke mete sou kote fo bib yo a, e ke yo soufri pou sèvi avèk vrè Bib la diran deba nou an.


Nou te site anwo a bib katolik TOB la. Li enpòtan pou presize ke TOB vle di Tradiksyon ekimenik (œcuménique, an franse) Bib, yon tradiksyon fabrike menm pou fè plezi a tout relijyon; yon tradiksyon fabrike pou aranje tout kwayan yo. Donk la a nou genyen, vrè prostitisyon Bib la, yon prostitisyon sal ak san vègòy nan pawòl Bondye a.


4- Sèt (7) kondisyon yo


Ke nou an nafè ak sèk sa yo ki site piwo a oubyen ak yon lòt sèk ki pa site, prensip ke nou dwe aplike a se menm nan. Anvan pou nou angaje nou nan tout etid biblik, ou nan nenpòt diskisyon ou nenpòt deba ozalantou Bib la avèk nenpòt moun nan, nou dwe dabò mete nou dakò sou sèt (7) kondisyon sa yo.


1- Se dakò sou lefèt ke Bib la, se Pawòl Bondye.


2- Se dakò sou lefèt ke sèl Bib la ki se Pawòl Bondye, sa vle di ke, pyès lòt liv, pyès lòt dokiman, pyès lòt maniskri, ni menm yon kòmantè nan Bib la, pa reprezante Pawòl Bondye.


3- Se dakò sou lefèt ke Bondye se sèl otè Bib la, sa vle di ke pa gen nan Bib la pawòl Pyè ou Jan ou Pòl, elatriye.


4- Se dakò sou lefèt ke tout Bib la adrese avèk nou, sa vle di ke pa gen nan Bib la mesaj pou Korentyen yo, ou pou Efezyen yo, elatriye.


5- Se dakò sou lefèt ke vrè Bib la ki kite a dispozisyon nou pa Bondye a, genyen 66 liv. 66 liv sa yo dwe genyen non liv Sent Bib yo ke nou Konnen an, e klase nan lòd nòmal bib yo menm jan ke Sent Bib la prezante yo a.


6- Se dakò sou lefèt ke Bib la vrè.


7- Se dakò sou lefèt ke sa ki pa ekri, pa konsène nou.


Sèt kondisyon sa yo dwe absoliman respekte si nou dezire fè yon etid biblik ou yon pataj ozalantou Bib la, ki onore Bondye. Nou pa dwe nan oken ka lanse nou nan yon deba biblik, avèk moun ki nye Otorite Bib la. Se t’ap dezobeyi a Bondye. Nou pa dwe janm ale pi lwen ke sa ki ekri a, kòm Senyè a kòmande’l nan pasaj sa a 1Korentyen 4:6 "Se akoz de nou menm, frè, ke mwen te fè bagay sa yo yon aplikasyon a moun mwen ye a … pou nou ka aprannpou pa ale pi lwen ke sa ki ekri a, …" Aprann pou rete sou Bib la, sou tout Bib la e anyen ke sou Bib la!


Vrè Bib la genyen 66 liv, klase nan lòd sa a:


5- Ansyen Testaman


Jenèz, Egzòd, Levitik, Resansman, Deteronòm, Jozye, Jij, Rit, 1Samyèl, 2Samyèl, 1Wa, 2Wa, 1Kronik, 2Kronik, Esdras, Neyemi, Estè, Jòb, Sòm, Provèb, Ekklezyas, Pi Bèl Kantil la, Ezayi, Jeremi, Lamantasyon, Ezekyèl, Danyèl, Ose, Jowèl, Amòs, Abdias, Jonas, Miche, Nawoum, Abakik, Sofoni, Aje, Zakari, Malachi. Total 39 liv.


6- Nouvo Testaman


Matye, Mak, Lik, Jan, Travay, Romen, 1Korentyen, 2Korentyen, Galat, Efezyen, Filipyen, Kolosyen, 1Tesalonisyen, 2Tesalonisyen, 1Timote, 2Timote, Tit, Filemon, Ebre, Jak, 1Pyè, 2Pyè, 1Jan, 2Jan, 3Jan, Jid, Revelasyon. Total 27 liv.


7- Remak


Sepandan, mwen vle fè nou sonje ke vrè Bib la te sipoze pi rich nan ansèyman ak revelasyon pase sa nou jwenn nan Bib la kounye a nan 66 liv yo. Men, satan, ki ak ajan li yo mennen yon lagè san rete kont pawòl Bondye a, te fè tout bagay pou ke sèten ansèyman ak revelasyon ki te dwe jwenn nan Bib la, pa trouve ladann finalman. Se poutèt sa, li etabli ke Bib 66 liv ke nou genyen kounye a, pa konplè.


Kèk nan nou ka mande poukisa mwen ensiste pou ke ansèyman nou yo ak etid biblik yo dwe baze sèlman sou 66-liv Sent Bib la ke nou genyen kounye a, lè mwen konnen ke li pa konplè. Repons lan se sa byen-neme:


Premyèman, si nou ta baze ansèyman nou yo ak etid biblik nou yo sou maniskri ki pa disponib pou tout moun, e ke nou pa menm sèten yo apwouve pa Bondye, li ta pratikman enposib pou nou antann nou sou pawòl Bondye a. Nan lòt mo, li ta trè difisil pou konnen ki moun ki vrèman ansenye verite a ak ki moun ki ansenye manti a, oswa konnen ki ansèyman ki vrèman vre ak ki ansèyman ki fo.


Donk, Senyè a te asire ke malgre absans ansèyman ak revelasyon satan ak ajan li yo te ekstrè nan Bib la, esansyèl nan sa nou bezwen konnen yo dwe konsève. Se poutèt sa, sa vle di ke absans ansèyman ak revelasyon ke satan ak ajan li yo ekstrè nan Bib la, pa ka lakòz nou rate Syèl la. Senyè a nan souverènte li, pran swen pou konpanse mank sa a oswa absans revelasyon sa a, pou nou pa soufri ak sa, epi pou nou pa vrèman dezekilib espirityèlman.


8- Konklizyon


Se poutèt sa, byen-neme, nou dwe kontante nou ak Bib sa a ki gen 66 liv nou genyen kounye a, pou ansèyman nou yo ak etid biblik nou yo. Byenke Bib sa a pa konplè, li gen bagay esansyèl nan sa nou bezwen pou nou konnen Bondye e pou nou sèvi’L.


Travay ajan satan yo ap fè nan kreye pwòp bib pa yo, se sèlman kontinyasyon lagè ke kan satan an ap fè depi plizyè syèk, kont pawòl Bondye a, fè tout sa yo kapab, pou fè disparèt laverite a nèt anba solèy la. Malerezman pou ajan Lanfè yo, e erezman pou nou, Pitit Bondye yo, nenpòt lit kont pawòl Bondye a se yon batay pèdi. Satan ak ajan li yo pap janm reyisi ni detwi pawòl Bondye a oswa fè laverite a disparèt.


Jan mwen te di nou nan ansèyman sou Disèneman an, verite a pap janm sispann. Pawòl Bondye a se verite a, e Bondye te pwomèt pou’L veye sou Pawòl li a epi pwoteje’l. Tout moun k'ap konbat verite a yo pito ap koupe yon pye mapou ak yon jilèt. Wi, moun fou sa yo ap mete lanmè a vid ak yon tas. E nan sòt yo, yo kwè yo pral yon jou rive la. Alelouya!


Si Senyè a pèmèt, m’ap devlope sijè sa a nan plis detay pou nou nan yon lòt ansèyman.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF