Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.
Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.
Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!
Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!
Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.
Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33
RESTITISYON
Nan ansèyman sou Konba Espirityèl la, nou te defini vòl la kòm yon doub peche: Vòl la pou tèt li, e mechanste a. Li klè ke nan ansèyman sa a ke lè nou vòlè bagay yon moun, nou prive moun sa a de bagay li a, epi nou mete moun sa a nan yon sitiyasyon de detrès, nan soufrans, ak nan gwo pwoblèm. Nou konsa fè tèt nou koupab devan Bondye nan yon peche mechanste ak yon peche enjistis. Si peche mechanste a ka jis konfese tankou lòt peche yo, Bondye estime ke peche enjistis la pa dwe sèlman limite nan senp konfesyon, li dwe repare. Bondye, pou rezoud pwoblèm enjistis sa a, te etabli sa ke Bib la rele Restitisyon an.
Restitisyon an daprè Bib la, se zak ki konsiste nan retounen bay vrè pwopriyetè a, oswa benefisyè yo, yon bagay ki te vòlè volontèman, oswa yon bagay ki kenbe ilegalman, oswa yon bagay ki te jwenn oswa ranmase, men ke pwopriyetè a pa t' voye jete. Letènèl, ki te chwazi prezante tèt li bay pèp Li a kòm Bondye Jistis la, pa t' manke pou bay enstriksyon klè sou jesyon bagay ki te vòlè yo ak/oswa jwenn yo. Pou nou ka sèten nou pa fè ni plis ni mwens pase sa Bondye te mande a, li enpòtan pou nou egzamine Bib la.
Nan Bib la, espesyalman nan Ansyen Kontra a, Bondye te mande restitisyon objè ki te vòlè yo, osi byen ke objè sa yo ki te pèdi men ki te jwenn jan nou ka li nan pasaj sa yo:
Resansman 5:5-8 "5Senyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 6-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Lè yon gason osinon yon fanm pa kenbe pawòl l' ak Senyè a, l' al fè yon bagay mal kont yon moun, li antò. 7Moun ki antò a va rekonèt devan tout moun li te fè yon bagay mal, epi li va remèt tout sa l' te pran an bay moun li te fè tò a plis ven pou san (20%) lavalè.8Men, si moun li te fè tò a mouri san li pa kite yon fanmi pre ki pou resevwa sa y'ap remèt li a, y'a pran sa l'ap remèt la, y'a ofri l' bay Senyè a pou prèt yo. Apre sa, moun lan ap toujou gen pou l' ofri bay Bondye yon belye mouton pou repare sa l' te fè ki mal la."
Levitik 6:1-5 "1Senyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2-Si yon moun fè peche, si li fè bagay Senyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l', ou ankò si li twonpe l', 3ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pa t' jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann. 4Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, epi se pou l' remèt sa l' te vòlò a, osinon lajan li te fè sou tèt lòt la, osinon depo yo te ba l' kenbe a, ou ankò bagay pèdi li te jwenn lan, 5ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' remèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la."
Egzòd 22:1-4 "1Si yon moun vòlò yon bèf osinon yon mouton, si li touye l' epi li vann li, li gen pou l' bay senk bèf pou bèf li pran an osinon kat mouton pou mouton li pran an. ...4Men, si yo jwenn bèt li te vòlò a vivan nan men l' toujou, kit se bèf, kit se kabrit, kit se bourik, l'a remèt de pou yonn."
Nouvo Kontra a pa t' retounen sou pratik sa a, byenke yo te wè Zache te volontèman ofri pou repare domaj li ta fè a tout moun. Sa a se sa nou li nan Lik 19:8 "Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè."
Nou sot li sa Bib la di sou restitisyon an. Kounye a ke nou ap pirifye tèt nou ak prepare nou pou retou Jezi, li enpòtan ke nou pa kite anyen ki ka bloke nou nan dènye moman. Li enpòtan tou pou nou pa kite zèl anmè ak inyorans fè nou miltipliye erè. Pou sa, yon bon konpreyansyon sou nosyon restitisyon sa a esansyèl. Nou pral fòmile kèk kesyon esansyèl, ke repons yo pral ede nou konprann sijè sa a.
4- Kesyon Esansyèl yo
- Poukisa Letènèl te egzije restitisyon an?
- Ki moun ki te dwe benefisye li?
- Ki jan li te dwe fèt?
- Èske nou dwe toujou aplike lwa restitisyon sa a?
- Kisa nou dwe fè kounye a?
Sa yo se tout kesyon ki entèrese nou, e repons yo pral ede nou pou nou an lòd ak Bondye sou sijè sa a, konsa pou nou pa viv nan kilpablite menm ankò.
4.1- Poukisa Letènèl te mande restitisyon an?
Se pou retabli jistis nan mitan pèp la, ke Senyè a te etabli restitisyon byen ki te vòlè yo oswa ki te jwenn yo. Enkyetid Bondye a, se te pou pa wè yon moun ap soufri paske yon lòt moun te wete kichòy li nan men’l, swa pa vòl, oswa pa riz, swa nan jwenn bagay sa a epi yo pa retounen l' bay pwopriyetè li. Sa a se sa ki soti byen klè nan pasaj sa yo nou te sot li yo.
4.2- Ki moun ki te dwe benefisye li?
Nan lalwa konsènan restitisyon an, Bondye pale de "prochen" nou. Li evidan ke sa Bondye rele prochen nou an, se pa ni yon enstitisyon, ni yon nasyon, ni yon òganizasyon, men yon moun.
Kesyon "Ki jan restitisyon an te dwe fèt?” Te reponn nan pasaj Resansman 5:5-8, Levitik 5:20-24, ak Egzòd 22:1-4 ke nou te sot li yo.
4.4- Èske nou dwe toujou aplike lwa restitisyon sa a?
Repons lan se WI. Nou dwe toujou obeyi kòmandman sa a, menm si aplikasyon li pa ta ka fè ankò tankou anvan an, kote li te nesesè pou remèt swa tout objè a nan ajoute yon senkyèm, oswa doub objè ki te vòlè a, oswa kat fwa, oswa senk fwa, sa depann de objè ki te vòlè a. Lefèt ke Senyè a te chwazi pa pale sou sa ankò nan Nouvo Kontra a pa anile lwa sa a, piske pozisyon Bondye pa rapò ak jistis la pa chanje.
4.5- Kisa nou dwe fè kounye a?
Premyèman: Fè efò pou nou pa vòlè menm ankò. Pa vòlè ankò. Pa mete tèt nou nan pozisyon kote nou pral jennen ak pwoblèm restitisyon sa a. Nou konnen nou menm ke restitisyon an se yon zak trè anbarasan. Evite vòlè, pou nou pa janm fè fas ankò a sa.
Dezyèmman: Tout sa nou te vòlè nan tan lontan dwe kite kay nou. Pa kite okenn objè ki te vòlè lakay nou, mwen di okenn. Nenpòt objè ki te vòlè ke nou kenbe nan kay nou ka toujou yon pòt louvri pou satan. Se konsa, nou dwe triye tout objè sa yo. Sa yo ki pou moun, sa vle di moun fizik ke nou konnen e ki toujou vivan, nou dwe mande yo padon, epi remèt sa ki pou yo. Si moun sa yo pa vivan ankò, epi nou konnen pitit yo, bay timoun yo byen sa yo oswa bagay sa yo. Men, si pa gen okenn timoun oswa lòt fanmi pre pou ba yo bagay sa yo, ale epi bay yo ak vrè sèvitè Bondye a, ki va konnen ki sa pou fè ak yo selon enstriksyon ke li pral resevwa nan men Senyè a.
Pa egzanp, si nou kenbe tè, kay, machin, oswa nenpòt ki lòt byen ke nou te pran pa fòs nan men pòv yo ak pi fèb yo, oswa ke nou te konfiske, oswa ke nou te vòlè, oswa ke nou te resevwa nan fè tèt nou pase kòm vrè pwopriyetè a, oswa ke nou te itilize riz pou pran li, oswa ke nou te abize pouvwa nou oswa otorite nou pou genyen yo, nou dwe retounen tout bagay a moun nan si li toujou vivan, oswa fanmi li nan ka kontrè. Sonje byen ke si nou rete nan posesyon byen sa yo, Lanfè ap tann nou. E si aprè nou fin mouri manm fanmi nou pa remèt byen sa yo a vrè mèt yo, se tou Lanfè k’ap tann yo. Anvan pou nou akroche nou nan byen ki pa pou nou, donk konnen trè byen ke se nan Lanfè ke nou pral pase letènite nou.
Men la tou si pa gen pèsonn nan fanmi li pou resevwa pwopriyete sa yo, ale kote yon vrè sèvitè Bondye avèk yo, epi li pral wè ki sa li pral fè ak yo devan Senyè. Sitou pa pran chemen kout la nan ale kote sèvitè Bondye a avèk bagay sa yo lè vrè pwopriyetè yo yo aksesib.
Nan ka kote nou te vòlè objè moun, e ke moun sa yo, yo toujou la, men ke nou pa gen okenn objè sa yo ankò, nou dwe ale epi mande padon a moun sa yo, epi ofri yo restitisyon an. Si yo aksepte restitisyon an, men prefere valè bagay yo an lajan, olye pou yo ba yo bagay la, nou dwe ba yo sa yo mande a. Et si yo dakò pou padone nou, men refize restitisyon an, ale epi bay valè objè a ki te vòlè a a Bondye, sou fòm yon ofrann. Si moun sa yo pa vivan ankò, restitisyon an pral fèt bay fanmi yo, si yo te gen youn.
Anjeneral, pandan restitisyon an, si viktim nou yo mande yon fòm konpansasyon paske nou te prive yo de objè yo a, nou dwe aksepte kondisyon an. Men, si yo di ke objè yo a ize, e yo vle objè sa yo nan eta inisyal yo, nou dwe konfòme nou avèk kondisyon yo a, donk sa nòmal devan Bondye. Lè nou dwe retounen atik ki te vòlè yo, se a nou menm ki pou lapriyè pou Senyè a kalme kè viktim nou yo.
Konsènan objè ke nou te vòlè nan enstitisyon, òganizasyon, oswa konpayi pa egzanp, nou pa oblije retounen nan konpayi sa yo. Ale kote yon vrè sèvitè Bondye, konfese zak sa a epi ba l' tout bagay sa yo. Li pral priye pou nou, epi li pral bay bagay sa yo a moun ki nan bezwen yo.
5- Moun pou pa ale kote yo pou restitisyon an
Gen bann moun ke li pa pridan pou ale kote yo pou restitisyon an, menm kan ke yo toujou vivan. Se notamman ka ajan dyab lougawou yo, marabou yo, ak tout satanis yo. Si nou te gen malè vòlè kèk bagay pou yon ajan dyab, yon marabou, ou tout sèvitè satan, li danjere pou retounen kote li pou restitisyon an. Chache pito kontakte yon vrè sèvitè Bondye pou li ede nou jere sa. Sitou pa pran risk pou kenbe nan men nou kèk bagay ki te vòlè pou yon ajan dyab ou yon pratikan okiltism. Si nou fè li, konnen ke lavi nou an danje.
6- Ki moun ki konsène pa restitisyon an?
Tout vòlè ou tout tronpè konsène pa restitisyon an. Nenpòt moun ou ye a, ke ou deja kretyen ki fèt yon lòt fwa ou non, si ou te enplike nan zak vòl, tronpe moun, detounman, ou koripsyon, pa rapò ak moun fizik ou bann endividi, ou konsène pa restitisyon an. Donk ansèyman sa a pa konsène sèlman Kretyen ki fèt yon lòt fwa yo. Li konsène tout moun. Payen yo yo menm tou dwe konprann ke tout zak mechanste konstitiye yon malediksyon. Vòl, tronpri, detounman, kòripsyon, ak tout kalite abi, yo se zak mechanste, e konstitiye pou sa, bann vrè sous malediksyon nan lavi tout moun ki rann yo koupab de sa.
Kèk metye ekspoze moun k’ap egzèse yo a, a jan de peche mechanste sa yo. Yo tout anba malediksyon, e yo konsène pa restitisyon an, e dwe, si yo vle libere anba malediksyon ki peze sou yo a, restitiye tout sa ke yo te swa vòlè, swa estoke, swa yo te pran nan tronpe moun, swa detounen, elatriye.
Tout moun ki abize ak pouvwa yo pou yo rich de pòv viktim yo a, yo tout anba malediksyon, e si pa malè yo mouri san yo pa repanti e san restitiye ak viktim yo byen yo te vòlè yo ou detounen yo, se nan Lanfè ke yo pral konprann ke Bondye ki te sanble ki pat yon Bondye jistis, e ki te obsève yo t’ap fè foli yo a libreman, se byen e bèl Bondye jistis la. Se aprè lanmò yo ke yo pral konprann ke lajistis egziste.
Donk si w’ap egzèse youn nan metye sa yo ke mwen sot site yo, ou si w’ap egzèse nenpòt lòt metye ki pèmèt ou pou abize nan feblès bann pòv yo ak bann fèb yo, ou pou pran avantaj de inyorans bann inyoran yo, konnen ke restitisyon an ap tann ou. Anvan pou nou lanse nou a lajwa nan kè nou nan kòripsyon ak detounman byen pòv yo ak fèb yo, kenbe nan lespri nou ke nou pral restitiye tout, sinon se nan Lanfè ke nou pral pase letènite nou. E si nou tankou bann Temwen Jewova yo ki pa kwè nan Lanfè a, fè tèt di; kan nou rive ladann, n’ap kwè’l.
Nan kèk ka, si paran yo ki te rann yo koupab nan vòl, tronpri ak detounman pa fè restitisyon an anvan yo mouri, pitit yo pral kontrenn pou fè’l. Donk si nou gen paran pèvès e mechan ki pran plezi pou yo anrichi yo sou san bann pòv inosan e pou nouri nou ak leve nou ak fwi zak mechanste yo a, konnen ke nou anba malediksyon, e pral ka, nan kèk ka, kontrenn pou restitiye tout sa ke paran nou te vòlè, ou te tronpe moun, ou te konfiske, ou estoke.
6.1- Dwanye ak kolektè enpo yo
Dwanye yo ak kolektè enpo yo k’ap abize fonksyon yo pou tronpe ak detwi moun pòv yo ak yo ke yo dwe rann sèvis nòmalman e gratis, yo anba malediksyon, e yo tout konsène pa restitisyon an. Yo dwe restitiye a viktim yo a tout sa ke yo te estoke pou yo; sinon, Lanfè a ap tann yo.
6.2- Jij yo ak majistra mechan yo
Jij yo ak majistra mechan yo ki kite yo kòwonpi yo pou rann bann jijman mechan, yo anba malediksyon, e yo tout konsène pa restitisyon an. Yo dwe restitiye ak viktim yo a tout sa ke yo te detounen pou yo; sinon, Lanfè a ap tann yo.
6.3- Polisye, jandam, ak lòt ajan sekirite yo
Polisye yo, jandam yo, ak lòt ajan sekirite yo, ki sou wout yo eksplwate pozisyon yo pou tronpe ak detwi taksimann yo, kondiktè yo ak pòv ti chofè yo k’ap bat dlo pou fè bè pou yo kontinye viv, yo anba malediksyon, e yo tout konsène pa restitisyon an. Yo dwe restitiye ak viktim yo a tout sa ke yo te detounen pou yo; sinon, Lanfè a ap tann yo
Avoka yo ki kite yo kòwonpi pa advèsè kliyan yo a pou fè kliyan yo a pèdi, yo rann yo koupab de yon doub krim, mechanste ak gwo trayizon. Demon sa yo pral peye yon fason ou yon lòt, pou krim abominab yo a. Yo tout konsène pa restitisyon an. Yo dwe restitiye ak viktim yo a sa ke yo te vòlè pou yo, ak tout sa ke yo te fè yo sibi yo
6.5- Moun k’ap abize tit yo a, pouvwa yo a, oswa otorite yo a
Tout moun ki abize de tit yo, de pouvwa yo, de otorite yo ou de pozisyon elve yo pou tronpe ou detounen byen moun yo, yo tout konsène pa restitisyon an. Yo dwe restitiye ak viktim yo a sa ke yo te detounen pou yo, si yo gen lentansyon pou yo sove.
6.6- Fi k’ap tronpe ak fèt magwouyè sou gason yo
Fi ki tronpe ak fè magouy sou gason yo e fè moun sa yo finanse yo nan promèt yo fosman maryaj, e nan fè pase pou fiyanse yo, yo tout konsène pa restitisyon an. Yo dwe restitiye ak viktim yo a sa ke yo te detounen pou yo, si yo gen lentansyon pou yo sove.
6.7- Gason k’ap tronpe ak fè magwouyè sou fanm yo
Gason yo ki tronpe ak fè magouy sou fi yo e ki fè moun sa yo finanse yo nan promèt yo fosman maryaj, e nan fè pase pou fiyanse yo, yo tout konsène pa restitisyon an. Yo dwe restitiye ak viktim yo a sa ke yo te detounen pou yo, si yo gen lentansyon pou yo sove.
6.8- Moun k’ap detounen fon piblik yo
Kontrèman a sa ke mwen te eksplike pi wo a nan ensiste sou le fèt ke se bann fòfè ki te koze ak endividi yo ki egzije restitisyon an, konnen ke genyen bann ka vòl ak detounman konsènan gouvènman yo, ki egzije restitisyon an tou. Kan zak nou an gen pou konsekans la mizè ak soufrans anpil bann viktim, nou pap chape ni anba kòlè ni anba chatiman Bondye. Nou anba malediksyon, e nou konsène pa restitisyon an. Nou dwe absoliman restitiye tout fòtin piblik ki te vòlè yo, sinon Lanfè a ap tann nou. E tout timoun nou yo ke nou okipe ak elve gras ak fòtin vòlè e detounen sa a, yo tout anba malediksyon. Nou avèti!
6.9- Politisyen pouri, malonèt ak renmen lajan yo
Tout politisyen pouri yo ak lòt malonèt ak jesyonè renmen lajan yo nan fòtin piblik la, ki gaspiye kès gouvènman yo pou yo anrichi yo pou kont yo pandan ke bann milyon moun ap peri nan yon povrete repinyan bò kote yo, donk yo tout anba malediksyon, yo tout konsène pa restitisyon an. Yo dwe restitiye a pèp la tout sa ke yo te vòlè yo, sinon, Lanfè a ap tann yo. E si nou gen pou paran jan de demon sa yo, e mennen yon bon vi sou san bann pòv yo, nou pap chape. Nou avèti egalman!
7- Pran prekosyon nou ak Ipokrit yo
Sonje byen-neme, ke tout sa nou fè, nou fè’l pou Senyè a, e non pou moun. Nou pa fè spektak; dezi nou se pa pou moun wè nou. Nou vle aprobasyon Senyè a. Pou sa, nou dwe toujou aji ak bon sans, e daprè pawòl Bondye a. Se konsa, pa imite farizyen yo ki nan ipokrizi yo, ba nou lenpresyon ke yo pi jis pase tout lòt moun, e ki mande nou pou fè sa ke yo menm yo kapab fè pou tèt yo, e pouse nou nan erè pou satisfè ego yo. Ipokrit sa yo pretann ke yo twò jis. Kite’m ban nou kèk egzanp:
Premye a se pa yon jèn ti fi ki te rete nan yon peyi Ewopeyen, e pat ko jwenn papye li. Farizyen pastè li a, ki te pretann li pi jis pase tout lòt moun, e ki te kwè li se youn nan ra moun ki te pratike ansèyman sou restitisyon an byen, te di li ke li ta dwe fè restitisyon, e ke Bib la mande pou yo fè restitisyon. Sè a lè sa a, te mande l' ki sa pou li remèt, e ki jan. Farizyen sa a te mande l' pou li ale wè otorite imigrasyon yo, e di yo ke li t’ap viv ilegalman nan peyi a.
Sè nayif la te swiv konsèy abominab sa a. Nan inyorans li, li te obeyi. Li te ale fè sa ajan dyab lougawou a te mande l' fè a, e ofisye imigrasyon yo te arete l' imedyatman, epi te retounen li nan peyi orijin li, san yo pa kite l' pran anyen. Apre plizyè ane aletranje, yo te voye’l tounen nan peyi’l tankou yon vòlè, a vid.
Kite m' di nou ke li pral trè fasil pou yon fanm konsa sa, pou madichonnen Bondye nan soufrans li yo ak nan enkonpreyansyon’l. Li prale jiska pou kwè ke Bondye te sètènman mete yon pèlen pou li. Ki sa li pa pral konprann se ke, se farizyen pastè sa yo ki te twonpe l'. Men dezavantaj la pou’w nan fo legliz yo, e nan swiv pastè inyoran yo e avèg yo, ki pou laplipa bann ajan dyab lougawou.
Dezyèm egzanp lan se yon lòt fanm farizyen ki te di ke pou pase yon egzamen li te triche, epi lè li te kòmanse travay, Bondye te mande li pou ale restitiye. Se konsa, li te ale wè otorite yo pou renonse ak travay li a, nan di yo ke li te triche nan yon egzamen. E otorite yo te di l' ke yo pat janm jwenn yon moun ki jis konsa. Fè atansyon a sediksyon!
Move entèpretasyon nosyon restitisyon sa a gaye toupatou nan sèten sèk pentkotist ki pa konprann pawòl Bondye a, epi ki pa gen panse Kris, e kwè ke se avèk pwòp jistis yo ke yo pral antre nan Syèl la. Ann egzamine pasaj sa yo: Matye 5:20 "Donk m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la." Eklezyas7:16 "Pa chache twò bon, ni gen twòp lespri. Sa ou bezwen touye tèt ou fè?"
Nou aprann nan pasaj sa yo ke nou dwe chèche jistis, epi viv nan jistis. Senyè a ap tann nan men nou ke jistis nou an pi gran pase pa moun ki nan mond lan. Anplis, li di tou nan Revelasyon 22:11 ke nou ki moun ki jis, dwe kontinye pratike jistis. Se poutèt sa li klèman etabli ke Senyè a tache a jistis. Se ankò menm Senyè a ki di nou pa dwe jis depase. An reyalite, li pa menm posib pou jis depase. Nou deja pa jis, nan pwen pou jis depase. Ki sa Senyè a vle di isit la se ke nan ògèy nou, nou pa dwe kwè ke nou pratike jistis pi byen pase nenpòt lòt moun, e ke nou pa dwe imite farizyen yo ki chache pratike jistis pou moun ka wè yo. Yo chaje pèp la ak bann chay ke yo pa ka pote yo menm (Lik 11:46).
Nou pa dwe imite moun ipokrit sa yo ki pa kapab fè ti bagay, men ki pretann yo fè gwo bagay. Obsèvasyon pawòl Bondye a depase yo, men yo bay enpresyon ke yo twò jis devan moun. Ansèyman sou restitisyon an pa difisil pou konprann; se ipokrit yo ki twò jis nan pwòp je yo ki fè li konplike.
Gen de kategori vòlè dim ak ofrann: Moun ke Senyè a rele vòlè paske yo pa bay dim yo ak ofrann, ak moun ki kareman pèmèt tèt yo vòlè dim yo ak ofrann ke pitit Bondye yo te bay. Si pou premye kategori a nou ka pale de vòl senp, oswa renmen lajan, dezyèm kategori a ale pi lwen pase bann senp peche ke yon pitit Bondye nòmal ka komèt, e revele pito yon eleman disèneman. Ann pale sou de kategori sa yo:
Nou tout pitit Bondye yo ki fè tèt nou koupab nan vòl devan Bondye nan chwazi pa bay ladim oswa ofrann nan kay Bondye a, konprann ke vòl tankou lòt peche yo, ap mennen nou tou dwat nan Lanfè si nou pa repanti. E repanti isit la vle di remèt tout sa nou te deja vòlè. Pa jwe ak sali nou. Pa pran risk pou kite tèt nou simonte pa renmen lajan, pou nou jwenn nou nan dife Lanfè a pou letènite. Si nou se youn nan moun ki chak fwa jwenn kèk rezon pou vòlè lajan Bondye, konnen ke nou sou wout Lanfè a. Fè yon efò remèt tout bagay nou te deja vòlè, epi sispann vòlè Bondye.
Si chak fwa nou pa bay dim nou ou ofrann nou yo a Bondye, nan pretèks ke nou te jis prete ak lentansyon pou ranbouse, konnen ke nou se bann vòlè nan je Bondye. Sispann sedwi tèt nou. Nou pa gen okenn dwa pou itilize bagay Bondye san pèmisyon, menm si se pou ranbouse. Kanpe renmen lajan an, e sispann genyen je pou konvwate sou bagay ki destine a Bondye. Fè efò pou restitiye rapidman tout sa ke nou te deja vòlè yo. Si nou fè tèt di pou nou pa repanti, e ke lanmò siprann nou, Lanfè a te kòmanse pou nou.
E nou tout ajan satan yo, sa yo rele pitit Bondye yo, k’ap defye Bondye nan vini jis nan kay Bondye a pou vòlè, pran mesaj sa a oserye. Satan te vrèman konvenk nou ke Lanfè a pa egziste, e ke li pral pataje rèy li a avèk nou. Mwen vle fè nou sonje satan ap twonpe nou. Li pa gen okenn rèy pou pataje avèk nou. Se Lanfè k’ap tann li, e bèl rèy sa a ke li gen entansyon pataje avèk nou an se dife Lanfè a. Anvan pou swiv li, nou ta fè pi byen pou reflechi.
Sonje byen ke pou nou padone, si nou gen entansyon pou nou padone, nou dwe remèt tout lajan nou te vòlè a, san yon santim an mwens. Si nou gen entansyon chape anba Lanfè, chak pyès lajan nou te vòlè dwe ranbouse. Men, si nou vle wè anvan pou aksepte, kontinye fè tèt di pa ranbouse, epi nou pral konprann li nan jou kap vini yo.
Pou nou menm lòt, Pitit Bondye yo, mwen pran opòtinite sa a pou ban nou yon eleman disèneman. Konnen ke pa gen okenn vrè pitit Bondye ki kapab pèmèt tèt li ale vòlè nan kay Bondye a. Pa gen okenn vrè pitit Bondye ki kapab pèmèt tèt li vòlè nan kès Senyè a. Se konsa, tout moun sa yo ki rele pitit Bondye oswa lidè ki pèmèt tèt yo sèvi nan kès Senyè a paske yo kwè ke pa gen moun ki wè yo, yo se swa demon oswa moun posede. Menm si kretyen nòmal la nan moman li nan feblès ka vòlè, okenn nan yo pa ka pèmèt tèt li ale nan kay Bondye a, pou vòlè swa ofrann pitit Bondye yo, oswa nenpòt ki lòt objè.
9- Moun k’ap vòlè objè nan Kay Bondye a
Kit li se lajan oswa nenpòt ki lòt objè ke yon fwa nou te vòlè nan kay Bondye a, sonje ke nou dwe remèt tout bagay, epi mande delivrans nou, nan ka kote nou pa ta yon demon. Gen sèlman de kategori moun ki ka vòlè nan kay Bondye a: demon yo ak moun posede yo. Si nou jis posede, repanti byen vit, retounen tout bagay yo ke nou te vòlè yo, epi mande delivrans nou.
An konklizyon, sonje ke restitisyon an diferan de reparasyon pou tout peche yo ki te fèt nan pase yo. Restitisyon an konsène peche vòl la, epi pa dwe jeneralize nan lòt peche yo. Pa janm tonbe ankò nan pèlen ajan satan sa yo tann pou nou an ki di nou ale e remèt ansyen diplòm yo ke nou te genyen pa triche yo, pòs travay yo ki te jwenn pa koripsyon, papye imigrasyon ki te jwenn pa deklarasyon enkòrèk, elatriye.
Konnen trè byen ke nou tou senpleman pa ka pretann nou ka repare tout erè ke nou te fè nan pase yo. Ap eseye tòde siyifikasyon pawòl Bondye a epi jeneralize nosyon restitisyon an nan bagay ke Bondye pa t' ansenye, se yon pèlen pou moun k’ap ansenye manti sa yo, ak pou moun k’ap swiv yo. Nan fè sa, nan kontèks bann objè ke yo vòlè ak objè ki jwenn, nou dwe mete an pratik restitisyon an jan nou jis sot etidye’l la. E pou lòt peche yo, nou dwe repare sa ki ka toujou repare, oswa sa ki ankò nesesè pou repare.
Donk si gen bann fot nan pase ke nou ka repare san kreye bann lòt problèm, fè’l. Kenbe ke objektif nou se pou kouri pou problèm, ak pou evite tout problèm. Konsa, chak fwa ke nou kapab repare yon problèm san kreye bann lòt, fè’l. Pa tonbe sitou nan pyèj pou vle rezoud bann ti problèm nan kreye pi gwo.
Si nou gen kesyon konsène sijè sa a, ou si nou konsène pa restitisyon an e nou pa konn kòman pou’n pran li, nou lib pou kontakte nou, e n’ap ede nou. E si ou posede, si w’ap viv ankò anba enfliyans bann lespri sal yo, si ou ankò koube anba kèk malediksyon li ta ye a, e chache delivrans, rasire’w dabò ke ou pa gen yon ka restitisyon pou regle nan lavi’w, anvan pou mande ke frè yo priye pou delivrans ou an. Mwen rekòmande nou ansèyman ki rele "Delivrans lan", ke n’ap jwenn sou sit la https://www.mcreveil.org.
Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!
Chè frè ak sè,
Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:
1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.
2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.
Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!
Sous & Kontak:
Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org