Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

MEDSIN NATIRÈL REPONN A KOWONAVIRIS LA


1- Entwodiksyon


Chè frè ak chè zanmi, gwo batay ke nou te pase anpil dizèn ane ap mennen an, li finalman pote fri. Tout manipilasyon ajan Lanfè yo k’ap dirije mond lan mete toutouni; gran riz sèpan yo e lòt rèptilyen ki domine mond sa a ekspoze, e konfizyon nan kan yo vrèman anpil. Vanpi dirijan nan planèt sa a, ki manje sèlman vyann kò ak san pòv imen, te panse a yon plan ki te dwe asire yo yon rezèv nesesè vyann kò ak san moun. Pi bon solisyon yo te jwenn, se te kreyasyon OMS.


Ki sa ki OMS? OMS (Òganizasyon Mondyal Satanik) ke ipokrit sa yo te chwazi pou rele Òganizasyon Mondyal Sante, se yon òganizasyon mafya ki vize asire ke moun ki rete sou latè ap viv tout tan nan maladi. Pou reyalize objektif yo, dabò yo fabrike pwazon nwizib e trè danjere pou sante, e mete nan pakèt pwazon sa yo anba etikèt medikaman oswa vaksen, ke yo enpoze sou popilasyon an. Answit, yo goumen ak pi gran raj nenpòt rechèch syantifik ki ka mennen nan yon solisyon reyèl pou amelyore sante, e yon system rijid pou entèdi tout remèd ki ka reyèlman geri maladi yo. Finalman, yo asasinen, oswa anprizone, oswa radye nan Konsèy Medsen yo, tout doktè yo e chèchè yo ki dèyè dekouvèt remèd reyèl yo.


Bann lidè fou dirijan mond sa a ki te kreye OMS la, benefisye nan de fason: Premyèman, yo regilyèman gen ase vyann kò moun e san aprè anpil moun mouri kòm rezilta pwazon yo lakòz, e dezyèmman, yo leve anpil lajan nan vann divès kalite pwazon yo rele medikaman, vaksen, ak lòt prodwi famasi. Richès ekzajere sa a pèmèt yo etabli siperyorite yo e dominasyon yo sou rès moun yo.


Tout Doktè ak Chèchè konpetan yo e ki eklere yo angaje yo pou fè zèv pou sante popilasyon yo, yo nòmalman retire yo nan konsèy satanik yo rele Konsèy Medikal la. Konsèy Medikal sa yo kontwole pa yon bann moun fou ki sòti nan divès kalite lòj satanik, regroupe yon kote, tout doktè-mouton ki sèmante pou resite a yon gwo vwa tankou jako, anpil slogan vid san konprann anyen, e yon lòt kote, doktè mechan ki te vann nanm yo a lisifè pou ba li vyann kò moun ak san moun an abondans. Anba a mwen livre nou deklarasyon sa a ki sòti nan youn nan vrè doktè yo ki nan retrèt, ki rezime trè byen sa m’ap dekri la a.


"Kòm yon doktè retrete, mwen ka onètman di ke sof si’w ta patisipe nan yon aksidan grav, pi bon chans ou pou viv jiska nan yon laj avanse, se pou evite doktè ak lopital, e aprann nitrisyon, medsin plant yo e lòt fòm medsin natirèl, sof si ou gen chans pou genyen yon doktè botanik a dispozisyon’w. Prèske tout medikaman yo nwizib e yo fèt pou trete sentòm sèlman, e pa pou geri pyès moun. Vaksen yo trè danjere, yo pa janm te byen etidye ni pwouve efikasite yo, epi yo gen yon ba rapò risk/randman. Pi fò entèvansyon operasyon yo se initil epi pi fò liv medikal yo pa kòrèk e twonpè. Prèske tout maladi yo, sa yo rele idyopatik (san yo pa konnen kòz li) oswa jenetik - byenke se swa se pa vre. Nan ti bout tan, sistèm prensipal medikal nou an li dezespereman enkonpetan e/oswa fin pouri. Tretman kansè e maladi k’ap dejenere se yon eskandal nasyonal. Pi bonè nou aprann li, li pi bon ke pote youn lòt. "Dr Alan Greenberg.


Konfesyon Dr Alan Greenberg sa a, dayè li pa sèl. Se sa an reyalite ke tout Doktè ak Chèchè onèt konfime. Yon fwa ou konprann li, li vin pi fasil pou nou konprann ke solisyon sante nou se pa ni nan lopital, ni nan doktè yo ki nan medsin sa a k’ap touye nou volontèman, konsyamman, e fè esprè, nan ban nou lenpresyon ke y’ap trete nou, medsin sa a ke yon ekspè te rele “Medsin C”: “C comme Conventionnelle, C comme Chimique, et C comme Criminelle” Medsin konvansyonel, Chimik e Kriminel. N’ap jwenn ansèyman sa rele: “Medsin K: Yon Jenosid Òganize”, sou sit mcreveil.org, nan Ribrik Sante a. konnen, silvouplè, ke solisyon maladi nou yo yo trouve swa nan Bondye (gerizon divin), oswa nan lanati (gerizon pa plant natirèl yo) oswa nan yon bon alimantasyon. Li ansèyman ki rele: “Maladi e Alimantasyon”, ki trouve sou sit mcrevil.org, nan Ribrik Sante a.


Pou retounen nan ka Kowonaviris la ki te vin tounen yon enstriman chantaj pou lisiferen sa yo a yon popilasyon nayif e ki gen lapèrèz, nou vle mete a dispozisyon nou kèk nan solisyon natirèl yo pou pwoblèm kowonaviris la, ki te pwopoze pa Medsen Fèy Afriken yo. Plizyè nan tretman sa yo te konpile pa yon Afriken yo rele Mbah Mekem, ki soulinye yon lòt kote ke tretman sa yo efikas pou tout kalite grip, e ke yo tout bon pou terapi prevantif kòm pou terapi medisinal.


2- Tretman Prevantif


Pa bliye ke “Prevwa pi bon ke geri”. Ki donk pa tann pou tonbe malad pou kouri ale nan gerizon, fèmen pòt pou maladi yo, pa prevansyon. Tretman prevantif la gen pou bi ranfòse system iminitè a.


2.1- Yon Bon Ijèn Alimantè


Pou fèmen pòt pou maladi yo, nou dwe adopte yon bon ijèn alimantè, ki gen pou evite tout prodwi ki rekonèt kòm nwizib pou sante. A propo sa a, nou rekòmande nou ansèyman ki rele “Konba Espirityèl la” ki trouve sou sit mcrevei.org, nan ribrik Ansèyman an, ak “Maladi ak Alimantasyon”, ki te rekòmande pi wo a.


2.2- Ji Sitwon + Kraze Jenjanm


• Plonje yo nan dlo bouyi;
• Pran yon tas cho sikre ak siwo myèl, maten ak aswè;
• Mete yon ti kras mentòl nan twou nen yo ak sou bouch ou anvan ou ale nan maten; fè menm bagay la anvan ou ale nan kabann nan lannwit.


2.3- Ji Sitwon + Poud Jiwòf


• Plonje yo nan dlo bouyi;
• Pran yon tas cho sikre ak siwo myèl, maten ak aswè;
• Mete yon ti kras mentòl nan twou nen ou ak sou bouch ou anvan ou sòti nan maten; fè menm bagay la anvan ou ale nan kabann nan lannwit.


2.4-Dlo + Sèl (propoze pa Doktè Zhong Nanshan)


• Mete sèl la nan dlo a;
• Rense gòj ou lè ou souke li ak dlo sale anvan ou kite kay la nan maten; fè menm bagay la lè ou tounen nan kay la;
• Mete yon ti kras mentòl nan twou nen ou ak sou bouch ou anvan ou ale nan maten; fè menm bagay la anvan ou ale nan kabann nan lannwit;


Li enplike mete dlo sèl nan yon vè; mete li nan bouch ou; kage tèt ou pou kite dlo sèl la benyen tout zòn gòj la; louvri bouch ou yon ti kras epi souke dlo sèl ki nan bouch la pou kèk segond epi krache dlo a. Repete pwosedi a twa a senk fwa ankò.


3- Tretman Medisinal


3.1- Tretman Propoze Pa Doktè François Bingono


Gous lay, jenjanm, sitron an rondèl, pase tout nan blenndè ou graj ou pilon pou jwenn ji a, pase ji a nan paswa e melanje’l a siwo myèl, epi bwè. Li alafwa pou prevansyon e pou swanye tout lafyèv e pou kowonaviris la tou.


3.2- Lay + Jenjanm + Sitron Vèt (Propoze pa Doktè Peyon Marlyse


Premye Metòd:


Pran demi kg lay, demi kg jenjanm, demi kg sitron vèt: byen netwaye e koupe tout separeman;
• Kraze jenjanm nan ansanm avèk sitron vèt la;
• Kraze lay la pou kont li e kite’l poze pandan 10 minit pou pèmèt prodwi fò ki landan’l lan sòti;
• Melanje tout avèk yon ti dlo e siwo myèl;
• Mete’l nan frijidè e pran yon kiyè ou konn bwè soup 3 fwa pa jou pandan 10 jou.


Dezyèm metòd:


• Byen netwaye e lave jenjanm nan, lay la e 4 sitron vèt: koupe tout tikal pa tikal e kraze tout ansanm avèk nenpòt bagay ki ka fè sa;
• Mete 3 lit dlo bouyi:
- Retire dife a, mete malanj lan ladann, brase byen brase avèk yon ti bout bwa, kouvri’l e kite’l frèt;
- Pase’l nan paswa;
- Ajoute siwo myèl ladan pou gou;
• Konsève’l nan frijidè;
Pran yon ka vè (6,5 cl) maten e aswè pandan 10 jou.


3.3- Mantòl (Ou Sitronèl) + Zonyon + lay (Propoze pa Mbah Tacheteug)


• Koupe 2 zonyon, koupe lay;
• Mete yo bouyi nan 5 lit dlo, e retire dife a;
- Mete ladann yon kiyè mantòl ou Sitronèl.
- Mete zonyon a lay la ladann.
• Chita sou yon ti chèz tab, mamit la nan mitan janm ou, kouvri’w avèk yon dra e rale souf ou fò epi pouse souf ou sòti pandan 20 a 30 minit, maten e aswè pandan 10 jou.


3.4- Tretman Propoze pa Doktè Noumessi


Yon kiyè ou konn bwè soup plen siwo myèl;
• Demi kiyè gwo sèl;
• 4 sitron;
• Yon kiyè ou konn bwè soup plen jenjanm;
• Melanje tout nan yon vè dlo;
• Pase melanje lan nan yon paswa, bay adil yo yon kiyè ou konn bwè soup ou bay timoun yo yon ti kiyè pipiti, 3 fwa pa jou.


Grip la avan 5h tan pral pèdi tout pouvwa li, e nan yon jounen yo pa’p pale menm de grip ankò. Sepandan fòk ou bwè’l pandan 3 a 4 jou omwens.


Si pa gen bon siwo myèl, pran ji 4 zoranj dous, avèk men melanje nou te fè anwo a. E si pa gen zoranj, nou ka itilize yon ti men fenouy kraze, avèk menm melanj la.


3.5- Kan tous la fenk kòmanse: Vinèg + Siwo Myèl


• 3 gwo kiyè vinèg + 1 gwo kiyè siwo myèl;
• Melanje byen nan yon tas dlo;
• Bwè tout;
• Fè li maten ak aswè;
• Pou yon timoun, yon gwo kiyè vinèg ak yon gwo kiyè siwo myèl ase;
• Kontinye pandan 10 jou.


3.6- Fèy Ekaliptis + Fèy Sitwonèl (Fever Grass)


• Bouyi nan senk lit dlo;
• Fè beny vapè kouvri pa yon dra oswa sèvyèt avèk mamit la nan kwis ou, chita sou yon ti chèz piti: respire avèk fèmte epi rann souf vapè a pandan 20 a 30 minit;
• Fè li twa fwa pa jou pandan dis jou.


3.7- Lalwa + Sitwonèl


• Pran 2 gwo fèy lalwa, retire pati pikan an, lave yo byen, epi koupe an moso;
• Pran yon ponyen fèy sitwonèl, lave epi koupe yo;
• Mete tout bagay yo nan 5 lit dlo;
• Marinen byen pou 3 a 5 minit;
• Kouvri epi kite pou 24 èdtan;
• Pran yon vè maten ak aswè pou 10 jou.


3.8- Po Anana + Sitwon+ Jenjanm


• Lave tout bagay byen epi koupe an ti moso;
• Plonje tout bagay nan 5 lit dlo bouyi;
• Pran yon vè maten ak aswè pandan 10 jou.


3.9- Zonyon + Lay


• Netwaye lay la byen: mete nan bouch ou, moulen, fèmen bouch la, respire e rann souf pandan 3 a 5 minit, retire lay la e jete’l;
• Koupe yon moso zonyon, mete l' sou twou nen yo: pran yon gwo souf rann souf (10 a 12 fwa);
• Repete de pwen yo pi wo a nan maten ak aswè;
• Koupe 2 bout zonyon:
- Mete l' tou pre kabann malad la nan tout lannwit lan (sou bò tèt li);
- Fè menm bagay la nan tout lòt chanm yo;
- Jete zonyon yo nan fatra nan maten;
- Swiv tretman sa a pou 10 jou.


Remak: Zonyon yo se yon leman ekstraòdinè pou bakteri, e menm plis pou viris ke lè a te ka pote.


3.10- Amwaz (Artemisia)


• Pran yon bon kantite: lave byen epi koupe sou yon planch pwòp, jan nou fè pou legim;
• Plonje nan 5 lit dlo bouyi: pèmèt yo refwadi ase, e separe;
• Bwè yon vè maten ak aswè pandan 10 jou.


Remak: Dr. Jérôme Munyangi, chèchè Kongolè te demontre ke Amwaz la pa sèlman efikas nan tretman malarya, men ke plant sa a konplètman elimine plasmodyòm nan san an, bagay ke okenn medikaman kont malarya pwopoze nan famasi pa ka fè. Li te tou demontre ke pran yon Amwaz bouyi de fwa nan yon semèn te yon bon remèd prevantif kont palidism.


4- Konklizyon


Anplis nan tretman sa yo, gen lòt remèd efikas tankou Apivirine 500 Dr Valentin Agon an nan Benen nan Lafrik, e tizàn kovid-ògani Prezidan Andry Rajoelina nan Madagascar nan Afrik. Nou te pale sou sa a nan atik ki rele "David Icke: Konspirasyon Kowonaviris la", ke w’ap jwenn sou sit la www.mcreveil.org, nan Seksyon Sante.


Ou menm pèp oprime nan mond lan, reveye. Epi ou menm pèp blese Afrik la, ou menm ki lontan anba pye malad mantal sa yo k’ap dirije mond lan, leve kanpe epi libere nou nan tout lyen esklavaj. Yon nonm nòmal ka sèlman fè volonte sila ki te kreye la. Si ou kwè ke ou te kreye pa sèpan, fè volonte sèpan sa yo; e si ou kwè ou te kreye pa malad mantal sa yo, fè volonte malad mantal sa yo; e si ou kwè ou te kreye pa idyo ki nan Òganizasyon Mondyal pou Satan an, fè volonte OMS. Men, si ou kwè ke ou te kreye pa Bondye, libere tèt ou nan tout esklavaj ajan satan yo ki pran tèt yo pou bondye sou latè.


Si nou vle konnen ki moun ki demon sa yo ki ap touye nou nan bay lenpresyon renmen nou e vle sove nou, fè efò sa a li atik ki rele "Ka Gbagbo a: Pòt Revèy Afriken", ke n’ap jwenn sou sit entènèt www.mcreveil.org a.


Kèk alyene fou te gen nè akize nou ke n’ap ansenye yon medsin ilegal, paske nou ta, selon yo menm, propoze moun yo chèche Medsin Natirèl la ki pa prezante okenn efè segondè, epi ki aksesib a tout moun, gratis, oswa prèske. Mande idyo sa yo ti kesyon senp sa a: pou pale sou Medsin ilegal, illegal pa rapò a ki sa? Ilegal pa rapò a ki moun? Ilegal pa rapò a ki lwa? Nan ki liv nou te li ke lavi lòt moun depann de kapris nou yo? Ki moun ki tabli nou bondye sou rès moun ki sou latè a?


Se konsa, fè bon chwa a, chè frè ak chè zanmi yo. Sove tèt nou sòti nan swisid kolektif yo rele vaksen kont Kovid-19 la ke ajan Lanfè yo fabrike. Se pa pou geri nou ke yo fè li, se pou touye nou. Asasen nou yo pa ka toudenkou vin moun ki vle sove nou nan lanmò. Epitou kouri lwen sòti nan sa yo rele tès Kovid-19 la ke y’ap ofri nou yo. Sonje trè byen, yon fwa pou tout, ke nou pa janm ka resevwa anyen ki bon nan men vanpi ki depann sèlman sou san nou pou viv e kontinye viv.


Sof si nou chwazi touye tèt nou, touye tèt nou e touye timoun nou yo, pa rejte remèd natirèl e efikas pwopoze pa Medsen fèy yo, pou kouri nan direksyon pwazon yo rele vaksen an. Nan ka kote nou chwazi rejte pwazon sa a ki rele vaksen an, e kèk sèpan ki zele eseye enpoze l' sou nou pa fòs jan yo souvan fè nan kèk peyi, defann tèt nou. Trete yo tankou nou trete koulèv. Sa rele lejitim defans.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF