Avètisman

 

Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.

 

Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.

 

Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!

 

Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!

 

Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.

 

Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33

 

MEDSIN K: YON JENOSID ÒGANIZE


1- Entwodiksyon


Chè frè ak chè zanmi, nou mete nou pou nou mete a dispozisyon nou yon lòt istwa osi vrè ke sa yo ke nou te pataje avèk nou nan pase, ki pale de danjerozite Medsin K a. Pa pèdi tan ale nan diksyonè medikal yo pou chache espresyon Medsin K. Nou pap jwenn. Medsin K se tou senpleman medsin sa a k’ap touye nou volontèman, konsyamman, e delibereman, pandan yo ba nou lenpresyon y’ap swanye nou. Se medsin sa a ke ajan dyab yo k’ap dirije mond lan enpoze tout moun nan mond lan, pou rasazye enterè sonm ak efreyan yo a. Pou sousi etik, bann kriminèl sa yo bay a medsin sa a yon mask tronpè "Medsin konvansyonèl", vrè mask la ki dwe "Medsin Chimik" ou "Medsin Krimenèl". Nou konprann kounye a sa ki Medsin K a. Wi nou konprann li, K kom konvansyonèl, K kòm Kriminèl.


Istwa ke nou propoze nou anba a, se istwa yon medsen ki te gen tout problèm mond lan, pandan li ale nan prizon jiskaske yo radye’l nan lòd medsen yo. Erè li, se paske li te nayivman kwè ke medsin konvansyonel la te gen pou bi geri malad yo. Krim li a, se te travay nan sans geri kansè, e malè li, se te reyisi jisteman geri tout malad ki te atenn kansè ki te ale kote’l, pa metòd senp li a e natirèl, pandan li te prive konsa jenosidè katèl famasetik yo de anpil kliyan.


Medsen alman an Ryke Geerd Hamer, piske se de li menm n’ap pale, te dekouvri ke kansè te kapab geri, e te demontre dekouvèt li a pa bann prèv syantifik ki pa ka kontre kare. Li te ale jiskaske li te konseye ak pasyan li yo ki te gen kansè yo pou yo kanpe tout chimyoterapi yo, tout radyoterapi ak tout operasyon, e avèk metòd li a li te geri tout pratikman. Nou envite nou dekouvri istwa li a atravè resi anba a, ki anfèt se yon transkripsyon fim "Sèl kont tout" reyalize pou onore li pa reyalizatè Jean-Jacques Crévecoeur.


2- Doktè Hamer: Sèl kont Tout


Kay arete de Fleury Mérogis (rejyon parizyèn), janvye 2006. Pi gran prizon an Eròp. 6000 detni an mwayèn ladan. Fòk yo ta di: 6000 detni ap kwoupi ladann. A chak repriz, etablisman penitansyè sa a te montre dwèt li pou kondisyon detansyon inimèn li yo. Nan kè lanfè karesal sa a, depi 16 mwa, yon nonm sibi chak jou imilyasyon ki pi mal yo, atak gadyen yo ak prizonye yo, bann brimad, maltretans, san konte mokri yo paske li pat byen konnen lang franse a. Ki sa nou vle? Se yon alman, yon Boch tankou jan yo di an fransè.


Nonm sa, "kriminèl" sa a siveye nan katye nan gwo sekirite a ki rele Hamer, Dr. Hamer. Hamer, sa vle di mato. Dr. Mato, ankò yon okazyon pou yo moke li. Nan kèlke mwa, an me 2006, li pral gen 71 zan. Krim li an, ke l’ap peye pou li a li jis e nòmal, e pa ekri li yo pouse nan egzèsis "ilegal" medsin nan. Se antouka sa ki ekri sou òdonans jijman li an.


An reyalite, fot li a se deklare ke kansè a te kapab geri e non konbat. Problèm nan se paske li pwouve’l syantifikman. Foli li, donk fòk ou Mato pou fè sa, se te konseye ak pasyan li yo ki te fè kansè kanpe tout chimyoterapi, tout radyoterapi, tout operasyon pou konbat maladi tèrib yo a. Yon lòt problèm, sè ke li te pratikman geri tout. Enkonsyans li, se paske li te kenbe tèt ak tout establisman syantifik e ak lobbys mediko-famasetik yo. Yon lòt problèm ankò, sè ke a li menm sèl sa ke bann milye chèchè pat kapab rive eklèsi, malgre bann milya dola te envesti nan rechèch medikal.


Depi 1981, depi 25 an, anvè e kont tout, anvè e kont tout, "Einer gegen alle" tankou jan li di’l nan biyografi ke li te fè sou tèt li a ki te pibliye an 2004 jis anvan li antre nan prizon, sèl kont tout…


Sèl kont tout, e poutan pandan livè 2005-2006, 3 fanm te enstale karavàn yo nan antre prizon li an yo t’ap distribiye chak maten bann trak bay gadyen yo ak bay siveyan Fleury Mérogis yo. De tanzantan, yo te retounen nan plen kè Pari kenbe reveye konsyans andòmi yo. Men kòman sò yon chalatan danjere ta ka entèrese mond lan? “Lajistis te fè travay li, soti la, pa gen anyen yo ka wè ankò menm.”


Sèl kont tout, e poutan nan 18 mwa, ant septanm 2004 ak fevriye 2006, dat liberasyon li, plizyè milye lèt temwanyaj, nan soutyen ak nan pwotestasyon te voye bay anpil dirijan ak òm politik, an patikilye fransè ak alman.


Sèl kont tout, e poutan kèk kote an Frans, an Itali, an Espagn, an Almagn, bann manifestasyon nan soutyen te òganize an favè bann travay Dr. Hamer ak liberasyon li. Kòm isi a Tübingen, yon vil alman nan wo bavyè sitiye yon tikras nan sid de Stuttgart, manifestasyon pasifik ki vle proteste kont yon pouvwa syantifik òne ak arogan ke li konnen. Manifestasyon bon timoun ki opoze nan efè avèk vyolans ekstrèm fè yo ki pètibe depi 25 an nan tout enpinite. Jou sa a, te soti nan tout Almagn, nan Otrich, nan Laswis, nan Itali, nan Lafrans pou manifeste nan pòt fakilte medsin nan nan Inivèsite nan Tübingen nan. Pami manifestan yo, bann medsen, bann emeyopat, bann natiropat, bann psikoterapet menm bokou pasyan ki te geri natirèlman nan kansè yo a gras ak travay Dr. Hamer. Isi ak lòt bò, bann papa ak bann manman fanmi t’ap reklame libète chwa terapetik pou yo ak pou pitit yo. Revandikasyon yo a, rekonesans ofisyèl Medsin Nouvèl Gèmanik, teyori ki soti nan travay Dr. Hamer yo.


Se pa premye fwa ke nan listwa yon syantifik te pèsekite paske l’ap defann bann teyori ki boulvèse kwayans ak enterè yo nan epòk li a. Pou nonm senpatizan li yo, afè Hamer a raple yo firyezman yon lòt afè ki te lontan reprodwi nan lespri yo te fè yo gen pasyon pou verite ak libète. Se te nan 1633, 350 an anvan afè Hamer a.


Sila ki te kondane a te rele Galileo Galilei. Nan epòk sa a, konsepsyon inivèsite a te fonde sou filozofi natirèl Aristote (384-322 anvan J-K) ki te mete planèt tè a nan sant mond lan. Se te nan 4èm syèk anvan Jezi Kris. Pi ta, Ptolémé (90-168) te propoze nan 2èm syèk aprè Jezi Kris, yon modèl geyosantrik nan sistèm solèy la. Modèl sa a te aksepte kòm referans nan mond oksidantal yo ak arab yo pandan plis 1400 an. Li te eksplike menm gras ak yon modèl trè konplike, poukisa laplipa planèt yo te genyen bann mouvman ki gen aparans k’ap retounen. Vizyon jeyosantrik sa a te soutni pa klèje Ròm nan tankou se sèl konpatiblite avèk lafwa kretyen. De tout fason, konsil trant lan te dekrete ozalantou ane 1550 yo ke entèpretasyon rezilta syantifik ki te revini yo a legliz la sèlman. Dayè, pap la te atribiye a inivèsite ki te pi selèb la nan epòk sa a, kòlèj romen an ki te dirije pa jezwit yo, monopòl entèpretasyon syantifik yo. Poutan, apròch jeyosantrik sa a te kole de mwens an mwens ak reyalite obsèvasyon yo ki t’ap fè li anpil pi plis. Pami sa yo, mouvman tach eskolè yo, faz lalin nan ak Venis, obsèvasyon satelit Jipitè yo. Tout sa yo pat antre nan konpatiblite menm ankò avèk teyori jeyosantrism lan.


Nan menm epòk la ke Konsil trant lan, Copernic an menm tan chanwàn, medsen e astronòm polonè te propoze yon modèl elyosantrik nan sistèm solèy la. Modèl sa a te gen gwo avantaj pou senplifye nan anpil eksplwatasyon relativ mouvman aparan planèt yo. Men Copernic te gen pridans pou pibliye travay yo sèlman sou kabann l’ap mouri a, byen konsyan ke konklizyon syantifik li yo ta sibi lopozisyon farouch pouvwa relijye ak syantifik anplas yo. Ròm pat tronpe tèt li nan sa kan li te aksepte sèlman teyori li a tankou ipotèz travay, e non tankou verite syantifikman etabli.


60 an aprè, Kepler, yon astronòm alman nan relijyon Stuttgart te etidye e te konfime teyori elyosantrik Copernic la. Pou li menm, non sèlman planèt yo te tounen tout otou solèy la, men li te kalkile ke trajektwa yo a pat sikilè, men lejèman eliptik. Lwa Kepler yo te tèlman presi ke pi ta yo te sèvi baz nan teyori Newton yo sou graviyasyon inivèsèl, teyori ki toujou valab nan XXèm syèk. Men Kepler li menm tou te gen pridans pou rete diskrè kan a dekouvèt li yo.


Nan menm epòk Kepler a, yon fizisyen e astronòm italyen ki gen non Galilée (1564-1642), jete baz mekanik clasik la. Nan menm mouvman an, li ploje kò ak nanm nan defans opinyat bann travay Copernic ak Kepler yo. Se atitid sa a ki te fatal pou li.


Nou nan Tübingen, nan fen ane 60. Nan epòk sa a, Geerd Hamer se youn nan kanserològ ki pi konnen nan Almagn. Chèf sèvis onkoloji nan lopital inivèsite espesyalize nan kansè fanm, li resevwa bann fanm soti nan Eròp an nantye. Kreyatè jeni, li depoze plizye brevè pou bann envansyon medikal anplis yon eskapèl revolisyonè ankò itilize jodi a nan operasyon estetik. Li te reyisi avèk tout, li vrèman rich; li rekonèt pa pasyan li yo ak tout moun ki egal avèk li yo; li t’ap viv yon vi ere avèk madanm li Sigrid, li se medsen tou, ak 4 pitit yo.


Yon dizèn ane pita, vi bonè sa a e reyisit sa a baskile britalman. Pitit gason li a Dirk, alò te gen 19 an, ap pase vakans pezib avèk pi gran sè li a Birgit ak kèk zanmi. Lan nwit 17 a 18 dawou 1978, sou lil Cavallo nan laj Lakos, li gravman blese nan atè femoral e nan vant pa yon bal tire pa prens Victor-Emmanuel de Savoie, pitit gason dènye wa Itali a. Victor Emmanuel de Savoie te arete imedyatman. Li te plase nan detansyon pwovizwa nan yon prizon Corse nan Ajaccio pandan 6 semèn. Malgre yon rekonesans nan kilpablite li te siyen avèk men li, prens Itali a pap janm kondane pa swit pou ak li a. Dirk li menm, te antre nan ijans klinikmam mouri. Aprè reyanimasyon li in ekstremis e yon premye operasyon pou te kanpe san an, yo te oblije koupe janm dwat li. Aprè 110 jou nan soufrans e 19 operasyon chirijikal, Dirk mouri nan bra papa li 7 desanm 1978 nan lopital Heidelberg. Dr Geerd Hamer alò te genyen 43 an. Li te dekri jou sa a tankou jou ki te pi sonm nan vi li. Sigrid li menm tou te efondre menm jan ak li. Yo sot pèdi sa ke yo te genyen ki pi presye: Chè ki soti nan chè yo.


Twa mwa pi ta, yo dyagnostike Kay Geerd yon kansè nan testikil e kay Sigrid yon kansè nan ovè. Aprè 2 operasyon chirijikal mennen rapidman, Geerd repran travay. Pou li, aparisyon menm kansè a kay madanm li ak lakay li se pa yon fwi aza. Li dwe gen yon lyen avèk lanmò brital pitit yo a. kounye a, sistematikman, Dr. Hamer enteroje chak pasyan li yo ki te atenn kansè. Li te espere pi plis 30 a 40% repons ki etabli yon lyen ant chòk emosyonèl e aparisyon kansè yo a. Ke li pat sipriz pou li lòske li te konstate ke yo tout deklare yo te sibi nan semèn yo ou nan mwa yo ki te presede yo, yon chòk brital e entans ki te mete yo nan eta blokaj ak sou anpil estrès.


Ant 1979 ak 1981, Hamer rekòlte konsa temwanyaj 6.500 moun ki gen kansè ak malad. Nan temwanyaj sa yo ak bann analiz ke li te fè, li tire bann konklizyon ki te pi siprenan ke li verifye yo nan 100% ka yo, sa ki pat janm konsa nan medsin anvan li.


Premye konklizyon: Kansè yon ògàn patikilye toujou gen menm konsekans a tip emosyonèl la. Yon menm ògàn donk li toujou relye a menm resantiman emosyonèl. Sa ki pèmèt li etabli yon katografi presi nan chak kansè an rapò avèk chòk resanti yo. Se konsa li te obsève pa egzanp ke yon kansè nan tete goch kay yon fanm ki dwatye, li toujou pwovoke pa sa ke li rele yon konfli nich an relasyon avèk yon timoun, reyèl ou vityèl. Kansè testikil yo ou ovè yo li nan relasyon avèk yon konfli nan pèt brital. Kansè zo yo li menm pa egzanp, li toujou deklanntche pa yon grav konfli devalorizasyon.


Dezyèm konklizyon: Li rive wè sou eskanè yo nan sèvo a tras estrès ki depase te pwovoke pa chòk emosyonèl. Li dekouvri konsa ke a chak tip chòk toujou koresponn menm zòn sèvo a, ki toujou nan relasyon avèk menm ògàn nan. Se sa ke li verifye. Nan menm egzanp yo ke talè a, konfli nich la manifeste li tankou yon fwaye nan sèvelè dwat literal la, konfli pèt nan pati oksipital sèvo a, tandis ke kansè zo yo nan mwèl sèvo a. Konsa, egzamen presi e minisye yon kansè sèvo, pèmèt Dr. Hamer detèmine avèk sètitid kèl ògàn ki te touche pa kansè a.


Twazyèm konklizyon: Relasyon an triyad sa yo ant chòk psichik la, zòn serebral la ak ògàn ki te touche a prouve non sèlman ke maladi a pa ka deklanntche li menm pa aza, men ke devlopman li a li antyèman kòmande pa sèvo a.


Soti la, Hamer teste avèk pasyan volontè li yo yon nouvèl apròch terapetik. Rezònman li a se sa a: Si yon chòk brital prodwi yon resantiman emosyonèl tromatik, e si resantiman sa a deklanntche nan sèvo a mete nan wout yon program byolojik ke yo rele yon maladi, alò si yo rezoud sitiyasyon an ki orijin chòk la e ou si yo rezoud tromatis emosyonèl la ki relye avèk li, sèvo a ta dwe nan tout lojik kòmande e kontrole regresyon menm maladi sa a. Se ke li obsève nan fason prèske sistematik. Konsa li vin temwen disolisyon, nekròz ou dezagregasyon natirèl timè kanserez yo nan kèlke semèn, san chimyoterapi, san radyoterapi e san chiriji.


Lè’n gade bann rezilta pozitif li yo an matyè gerizon, Geerd Hamer ekri nan ijans yon tèz nan pòs doktora ke li depoze nan fakilte medsin nan inivèsite nan Tübingen an oktòb 1981. Bi li a se pou jwenn kalifikasyon profesè inivèsite e pou fè rekonèt ofisyèlman medsin nouvèl li a, pou sa kapab ansenye nan tout fakilte medsin nan Almagn ak nan mond lan. Bi li a egalman pou founi rezita li yo a inivèsite a pou yo ka teste yo pi rapidman ke posib nan benefis tout pasyan yo. Nan tèz li a, Dr. Hamer enonse premye lwa byolojik yo nan yon teyori k’ap genyen 5 an total e ke li batize nan epòk la: Medsin nouvèl.


Premye lwa li a etabli lyen releye e pèmanan ki egziste ant resanti psichik lye ak yon chòk, zòn serebral kote yon fwaye obsèvab e ògàn ki touche a korespondan. Lwa sa a donk nou sot pale de li a gen kèk enstans batize pa Hamer, lwa eren kansè, paske li konsidere’l tankou solid tou menm jan ak yon lwa fizik, yon lwa ki ta vo pou li menm sèl yon pri Nobèl nan medsin.


Dezyèm lwa li a dekri kòman chak nivo triyad psichism-sèvo-ògàn nan evolye natirèlman selon 2 faz byen distenkt. Premye faz la rele senpatikotoni se li menm pandan ke endividi a anba yon gwo estrès. Se pandan premye faz sa a ke yon fwaye Hamer te parèt nan sèvo a ke maladi a enstale li nan ògàn nan. Dezyèm faz la kòmanse kanta li menm nan segond menm kote endividi a tonbe a koz gwo estrès la; swa pandan y’ap rezoud konkrètman sitiyasyon dramatik la, swa pandan y’ap geri tromatis emosyonèl la ki te asosye avèk li. Se pandan faz sa a ki rele vagotomi ke fwaye Hamer a nan sèvo a ranpli ak likid gliyal e ke prosesis natirèl reparasyon yo manifeste yo nan ògàn ki te touche a.


Chache pa lefèt ke yon kansè lestomak ou nan fwa pa evolye ditou nan menm manyè avèk yon kansè nan zo ou nan po, Hamer konprann ke diferans sa yo depann eksklizivman nan orijin anbyolojik ògàn ki te touche a. Sè ke li enonse nan twazyèm lwa li a ke li ta jistifye li menm tou yon lòt pri Nobèl. Li klase la pati kansè yo ak maladi yo selon ke ògàn konsène a debouche nan andodèm nan, nan mezodèm ansyen an, nan mezodèm nouvo a ou nan ektodèm nan. Gras a sa a, sa ki ta sanble konfi, konplike e ililojik nan manifestasyon fizyolojik sa yo, vini yon sèl kou nan yon senplisite liminez e koyeran.


Nan 4èm lwa li a, Dr. Hamer demontre ke lòske faz reparasyon an, sa ke li rele faz vagotomi an, sèvo a itilize espesifikman mikròb prezan yo nan kò a pou ede ògàn ki touche a tounen nan eta nòmal li. An plis, li dekouvri ke chwa mikròb enplike a li pa fèt aleyatwaman. Pou ògàn ki debouche nan andodèm nan tankou lestomak la, fwa a, trip la, gland mammè yo ou poumon yo pa egzanp, sèvo a rele chanpignon yo, mikobakteri yo ak basil yo. Misyon yo: demanbre, dekonstwi, koupe timè yo pou pèmèt evakasyon natirèl yo. Pa kont, pou ògàn ki debouche nan ektodèm nan tankou zo yo, gonad yo, atè yo ou po a, se viris yo ou kèk bakteri ki mobilize pou repare, rekonstwi, rekonstitiye tisi andomaje yo. Donk konsa, avèk lwa senp sa a, fondman viroloji yo e iminoloji yo tonbe pou fè plas a yon vizyon nouvèl kote chanpignon yo, bakteri yo, ak viris yo aji anba kontwòl konplè sèvo a pou ede kò a reekilibre li.


Senkyèm lwa a, li enonse li kèlke ane pi ta. Li batize’l lwa kentesans donk se li menm ki bay sans profon a manifestasyon lavi sa yo ke yo rele: Maladi yo. Selon lwa sa a, nan lwen pi odasye nan tout, maladi a se yon program ki byen fonde nan nati ki pote yon repons an ijans ak yon sitiyasyon kote kontinite vi byolojik la li an danje. Yon lòt fason pou’n di, daprè Dr. Hamer, nan yon ògàn detèmine, yon selil kansè ranpli egzatteman menm fason ak yon selil nòmal men nan fason an trè bon fòm. Yon fwa danje a ekate, òganis lan pa bezwen menm ankò mòd fonksyònman nan gwo rejim sa a. Sèvo a mete fen a premye faz program nan e baskile alò nan dezyèm faz la: Sa pou retounen nan nòmal la, kote timè a vin pa itil dezagreje, gate ou anfonse natirèlman selon bann prosesis previzib e obsèvab.


Lòske li depoze tèz li a, Dr. Hamer te mete 200 dosye konplè ki te soti nan 6500 dosye pasyan ki te gen kansè yo ke li te egzamine e te swiv. Li sèten ke kominote syantifik la pa pral fè lòt bagay ke pou rekonèt pasyans travay li yo, piske tout dosye sa yo konfime a 100% enonse 4 lwa byolojik sa yo. Kòm repons, inivèsite Tübingen refize li ofisyèlman e egzamine travay li a, evennman ki trè ra nan mond syans lan. A jou sa a, inivèsite Tübingen te kondane 3 fwa pa tribinal sivil yo: An 1986, an 1992 e an 2006. Malgre bann enjonksyon sa yo ak bann kondanasyon sa yo, li pat aksepte toujou pou egzamine tèz Dr. Hamer a 25 an pi ta. Poutan, an 1992, a demann yon avoka Hamer, lòd medsen yo kontrenn pou verifye to sèvis nan 6500 pasyan ki te swanye pa Hamer avèk metòd orijinal li a. Kòm dosye yo te pèkizisyone, li te fasil pou yo retrase tout moun sa yo. Rezilta a te etonan: 92% nan pasyan yo ki te swanye pa Hamer te ankò an vi plis pase 5 an aprè dyagnostik kansè a. To ofisyèl medsin lekòl la te atenn apèn 30% sèvis yo aprè 5 an.


Depi 1981, teyori nouvèl medsin yo te verifye a 100% pa bann group medsen ak kanserològ endepandan a 28 repriz, nan plizyè peyi eropeyen.


An desanm 1988 pa egzanp, a Vyèn nan Otrich, pap kanseroloji otrichyèn nan, profesè Birkmayer te reyini 3 lòt medsen ozalantou Dr. Hamer e verifye lwa eren kansè a nan 100% ka yo sou 7 pasyan ke papa medsin nouvèl la pa konnen.


Nan me 1990, a Nami an Bèljik, yon karantèn medsen ak pratisyen nan verifye verasite medsin nouvèl la sou ansanm pasyan yo ki te prezante a Hamer.


An jwen 1992, anndan fakilte medsin nan nan Düsseldorf, nan Almagn, profesè e Dr. Stemmann prezide yon konferans medikal pandan tan sa a 24 ka te egzamine; chak te konpoze 4 a 5 maladi. 24 ka yo te devlope maladi sa yo: Kansè, lesemi, psikoz, eskloroz miltip, dyabèt, alèji, epilepsi, timè nan sèvo, maladi enfektye, tibèkiloz ak sakòm. A travè nan maladi sa yo, lwa medsin nouvèl yo te verifye nan 100% ka yo.


An septanm 1998, enstiti kataloji inivèsite nan Trnava an teknik envite Dr. Hamer pou li soumèt li a yon verifikasyon lwa medsin nouvèl yo sou 7 ka admèt yon ventèn maladi an total. A chak fwa, tout syantifik yo ki te aksepte pou verifye lwa Hamer yo te dakò, san eksepsyon, nan pètinans yo ak nan verasite yo. Jodi a, bann santèn medsen te entegre apròch sa a nan pratik chak jou yo avèk siksè, men yo te oblije kache yo pou yo pa sibi menm sò avèk Hamer. Donk, boulvèse teyori yo ak kwayans syantifik yo nan epòk li a e pat fèt san risk, pou sila ki gen pètinant odas pou soutni tè li a, sèl kont tout. Anpil Galilée tankou Hamer te eksperimante sa ki te koute yo pou propoze yon nouvo modèl nan yon domèn kote anje pouvwa yo anpile.


An 1610, pandan li te pibliye liv li a: Mesaje selès la, Galilée te pote yon vizyon nouvèl nan astronomi an, nan sistèm planetè ak bann lwa ki te gouvene’l. Teyori li a te etabli rigourezman selon lwa objektivite yo ak reprodiktivite yo an vigè nan mond syantifik la. Tout sa ki di la yo te ka demontre matematikman.


An 1981, pandan li t’ap depoze tèz doktora li a, Dr. Hamer te pote li menm tou yon nouvèl vizyon nan evolisyon e nan gerizon maladi yo. Teyori li a li menm tou te rigourezman etabli e reprodiktib selon menm prensip yo ki an vigè nan mond syantifik la. Poutan, yon dekrè nan 1616 kondane teyori Copernic yo e deklare teyori Galilée yo estipid e fo donk enkonpatib avèk ekri Sent Bib la. Men li menm li pa enkyete gras a entèvansyon kèk nan zanmi trè enfliyan li yo.


Dirèkteman aprè depo tèz li a an 1981, yo te mete Hamer nan pòt sèvis onkoloji a nan lopital inivèsitè Minich ke li chèf li. Men yo te pèmèt li pou pouswiv rechèch pèsonèl li yo, pou swanye pasyan li yo an prive e pou entèveni nan medya Almagn, Otrich e Swis yo.


An 1633, yo te mete Galilée ankò sou syèj anba kesyon swit piblikasyon dyalòg li a: Premye esèy yon fizisyen nan listwa e chèf dèv lojik agimantè. Yo trennen’l devan tribinal enkizisyon e jije pa sen ofis la. Pou pa sibi menm sò avek Jordano Bruno ke yo te boule tou vivan a koz travay li yo sou materyalis ak pliralite mond yo, Galilée renye, renonse piblikman a teyori li yo e mande padon ajenou. Se te 16 jwen 1633.


An 1986, devan refi pou renonse a konviksyon syantifik li yo, tribinal la retire dwa pou egzèse medsin nan pou Hamer, yo konsidere’l tankou danje e fou.


Ant 1986 e 1996, Hamer chape nan jistès a 4 tantativ pou yo entène li nan psikyatrik.


Ant me 1997 e me 1998, yo mete li nan prizon nan Cologne poutèt bay rensèyman ak 3 malad alò ke li pat genyen lisans medsin menm ankò.


De septenm 2004 a fevriye 2006, yo mete li nan prizon a Fleury Mérogis poutèt ensiste a egzèsis iligal nan medsin.


Nan diferan repriz, lòd medsen yo ak tribinal sivil yo te sipliye Dr. Hamer pou renonse a teyori li yo. Sila sa a pat janm aksepte pou mete yon jenou a tè, kontrèman a Galilée, e li te pèdi tout bagay: Karyè li, repitasyon li, richès li, dwa li pou egzèse medsin nan e menm lavi madanm li ki te mouri nan yon kriz kadyak an 1985.


Enkizisyon an pa mouri. Li te sèlman fè chanje fòm ak vizaj. Galilée pral fini 9 dènye ane yo nan lavi li avèg e fèmen nan yon rezidans siveye nan rejyon Florence.


Aprè li te refijye li nan sid Espagn jiska an mas 2007, Dr. Hamer te fòse kouri ankò nan direksyon yon destinasyon ki te rete sekrè, lwen Eròp. Nan tout fason, sa fè lontan ke yo entèdi li pou mete pye li an Frans ou an Almagn, ou pou bay konferans piblik.


Fòk yo tann 1983, 350 an pi ta, pou ke legliz katolik rekonèt pa vwa Jean Paul II, erè li a nan prosè Galilée a. Konbyen fòk yo tann pou ke mond syantifik la rekonèt erè li a lega bann dekouvèt Dr. Hamer yo?


Panse de Hamer: E pouki sa mwen, m’ap gen konesans sa a e ke li, dam a kote a, mesye sa a ki la a dwe mouri? Pouki sa li, li dwe vale chimi jiskaske li malad, jiskas ke pou chimi an touye’l envantyèlman? Se pa nòmal sa.


Nan afè Galilée a tankou nan afè Hamer a, nou ka mande tèt nou poukisa yon veritab deba syantifik pa posib. Nan 17èm syèk la, motivasyon sen ofis la gade Bib tankou se sèl mwayen pou konesans. Fòk anvan yo te kenbe kretyen yo nan yon eta inyorans pou yo te favorize sipèstisyon an ak soumisyon ak yon lwa divin siperyè ak tout lwa syantifik. Copernic, Kepler ak Galilée fè pati mouvman sa a ke yo te rele Renesans lan e ki te vle remete lòm nan sant inivè a e non pa Bondye ankò. Pandan y’ap klase latè nan senp estati planèt an òbit ozalantou solèy la, yo klase an menm tan planèt la kreye e eli pa Bondye nan periferik mond lan. Pou bann rezon ideyolojik ak pouvwa, pozisyon sa a te enkapab pou legliz la.


Nan 20èm syèk la, kisa ki ta motivasyon bann syantifik yo pou refize travay sisseptib yo pou sove bann milyon vi chak ane? Èske se ta lapèrèz pou pèdi fas pandan y’ap rann kont a kèl pwen yo te afime fèmen bann propo ki pat finalman se te bann ipotèz ki pa verifye? Èske se ta lapèrèz pou vin initil donk yo pa bezwen konprann mekanik jenetik yo menm ankò ou pou trouve yon vaksen pou geri kansè a? Èske se ta presyon nan konplèks mediko-famasetik ki pa gen di tou enterè pou kansè a geri fasilman konsa san gwo depans lajan ni byolojik eksesif? Se vre ke chak pasyan ki fè kansè rapòte sistèm nan an mwayèn 180 000 dola. Ou se ta tou senpleman lapèrèz pou pèdi pouvwa pandan y’ap wè pasyan yo retounen reskonsab nan pwòp prosesis gerizon yo, pandan y’ap aprann pou rezoud konfli yo ki nan orijin kansè yo a?


Fot Galilee a se te remete lòm nan sant mond lan. Fot Hamer a se te remete lòm nan sant gerizon li. Nan 2 ka yo, li pa bon pou rebay pouvwa a a endividi k’ap detwi nenpòt ki enstitisyon ke li ye. Nan syans, tankou nan lòt domèn yo kote anje pouvwa yo fò, li pa bon pou se ou menm sèl ki pou gen rezon kont tout. Galilée te fè eksperyans doulourez sa a. 350 an pi ta, Dr. Ryke Geerd Hamer te fè eksperyans sa a ankò nan lè kote dokimantè sa a reyalize.


Jodi a ankò, anyen ke an Almagn, 1500 moun atenn kansè mouri chak jou san ke yo pa propoze yo veritab altènatif nan soufrans moral yo e fizik yo ke y’ap andire. [Fen Resi a]


3- Konklizyon


Avèk sa ke nou sot li a, nou konprann pi fasilman ke kalifye medsin ke yo di ki konvansyonèl la an medsin kriminèl pa konstitiye nan anyen nan difamasyon. Nou tou senpleman mete anfas tris reyalite a. Tout prèv bann krim mafya kriminèl yo k’ap dirije medsin nan ke yo di konvansyonèl la yo la. Pou pa rann ansèyman sa a initilman long, nou rekòmande nou lekti atik sa yo ki rele "Maladi ak Alimantasyon", "Vaksen: Yon pwazon danjere", ak "Verite sou SIDA a". N’ap trouve yo sou sit www.mcreveil.org, nan ribrik Sante a.


Si Dr Hamer te yon Afriken ou yon Nwa, Yo ta ka kwè ke pèsekisyon li an ta lye a koulè po li. Li pa Afriken, e li pa gen po nwa. Li se blan; li se Alman; li se Eropeyen. Konprann alò trè byen ke gè kont demon yo k’ap jere medsin kriminèl la ke nou rele medsin konvansyonèl la, pa gen anyen pou wè avèk koulè po. Se pi to yon gè ke satan ak ajan li yo ap mennen kont rès moun ki sou tè a.


Atik sa tankou plizyè lòt nan sa ke nou deja te mete a dispozisyon nou, prouve nou e konfime nou ke medsin konvansyonèl la se yon medsin ki vrèman kriminèl, ki pa gen pou objektif geri ou swanye, men pi to pou touye. Se pou rezon sa a tout remèd ki geri yo yo entèdi yo, e tout medsen k’ap travay nan sans pou geri malad yo yo radye yo nan lòd medsen yo, e yo retire lisans yo. Yo asasinen kèk, yo mete lòt nan prizon, yo entèdi lòt pou egzèse metye a.


Chak fwa ke yon moun leve vwa kont krim òganize ki se medsin K a ak pratik abominab li yo, yo òganize asasina yo rapidman. Fè yon ti rechèch sou entènèt e nou pral wè ke plizyè nan sa yo ki te denonse vaksen yo ou lòt mansonj medsin Konvansyonèl la ak bann katèl famasetik yo, yo touye yo nan kondisyon biza. Chak fwa ke yo asasinen yo, yo akize yo ke yo touye tèt yo.


Medikaman ki te propoze yo pa demon sa yo k’ap kontrole konpayi famasetik yo pa remèd ki pou geri maladi nou yo, men pito bann pwazon pou kenbe nou kaptif pa maladi, e pou touye nou answit. Lisiferyen yo k’ap tire profi nan katèl famasetiko-mistik sa yo, pat janm te travay nan sans pou fè byen a lòm. Dayè se pou rezon sa a, konnen ke plizye pami nou pap janm tonbe malad, yo planifye maladi yo kont nou, nan enpoze nou bann vaksen ki pa lòt ke bann pwazon ki pral rann nou malad pita. E dèske nou malad, nou ale dirèkteman nan medikaman anpwazonen yo ke yo fabrike. E rezilta a se lanmò, apre’w fin depanse ti kras lajan ke ou te genyen an, nan medikaman pwazon sa yo. Men reyelite a.


Pis ke yo vle touye tout malad yo e pa vle ke yon sèl chape, yo bloke tout lòt mwayen pou yo swanye yo, e di ak mond lan an antye ke sèl medsin ki rekonèt e aksepte, se medsin pa yo a, ke yo rele medsin konvansyonèl. Tout lòt medsin selon yo menm, yo ilegal, e medsen yo ki oze propoze ak pasyan yo solisyon ki geri sibi sò ki dekri anwo a. Sa vle di ke yo swa asasine, swa trennen nan jistis e jete nan prizon, swa radye nan lòd medsen yo avèk entèdiksyon pou egzèse metye a.


Medsin nan vin yon zam pou destriksyon anpil moun, e medikaman yo vin pou asasen sa yo yon vrè sijè chataj ak entimidasyon. Nou te wè demonstrasyon de sa ke m’ap eksplike nou la a an 2010 kan bann malad mantal sa yo gran dirijan mond sa a ki te vle reyisi kou deta yo a kont prezidan Laurant Gbagbo nan Côte d’Ivoire. Nou te viv espektak odye sa a an dirèk e an mondovizyon.


Bann swadizan dirijan nasyon yo ke yo di demokratik e sivilize, te nan basès yo ak nan gran dezespwa, te prouve mond lan an antye ke medsin kriminèl yo a, yon zouti enperyalis, nan dominasyon, ak nan asevisman pi fèb yo. Pou konfime ke yo pat bann vilgè malonèt, bann asasen san fwa ni lwa, yo te pran desizyon ki te trè lèd pou plase yon anbago sou medikaman k’ap antre nan Côte d’Ivoire, san okenn enkyetid nan konsyans ak san okenn jèn.


Se tou ansouri ke voryen sa yo te anonse devan medya yo nan mond lan an antye te òdone jenosid plis pase 30 milyon Afriken nan Côte d’Ivoire, kote yo te prive yo de tout medikaman. Sila sa yo ki enpoze nou chak fwa bann medikaman ak lòt vaksen sou pretèks yo vle sove nou, te montre nou vrè vizaj yo e te revele nou vrè bi medikaman yo a. Nou konprann kounye a eta lespri sa yo ki kache dèyè medsin kriminèl la ki rele abizivman medsin konvansyonèl, e nou kapab pi fasilman konprann a ki sa medsin sa a sèvi reyèlman. Mwen bezwen di nou plis?


Pami viktim yo nan anbago enpoze pa dirijan ki di yo sivilize yo sou medikaman yo, te genyen bann gason, bann fanm, bann moun aje, bann timoun, bann ti bebe, bann fanm ansent, bann fanm ki t’ap bay tete, moun ki te andikape, elatriye. Men dirijan ki pi sivilize yo nan mond lan, moun k’ap bay leson demokrasi ak bann diferan dwa yo te genyen tou dwa abominab yo ak zannimo yo, moun k’ap enpoze vaksen gratis yo ak lòt swadizan prèv yo nan sivilizasyon, pat gen tretman medikal.


Ann pale yon ti kras de legalite. Bann sèpan sa yo ki pran yo pou bann dye pale nou de medsin yo a tankou se sèl li menm ki legal. Legal pa rapò a ki sa? Nou nan dwa pou nou poze kesyon sa a. Zam ke ipokrit sa yo itilize pou chase, mete nan prizon, e menm jistifye asasina bann vrè medsen imen tankou Doktè Hamer, se akize yo egzèse ou ankouraje egzèsis "ilegal" medsin nan. Senp kesyon ke nou dwe poze nou se pou konnen kiyès moun sa yo ye ki sanble renmen nou plis pase ke nou menm nou renmen nou. Yo renmen nou tèlman ke se yo menm ki enpoze nou medsin yo a, ke yo atribye yo dwa kalifye legal. Legal pa rapò a ki sa?


Gen yon bagay ke nou dwe absoliman konprann. Ke nou kwè nan Bondye ou non, li etabli ke Bondye egziste. E ke nou kwè nan Bondye ou non, li etabli tou ke se Bondye ki te kreye moun, eksepte petèt Darwin ki, li, ta soti nan makak. Bondye kreyatè syèl yo ak tè a, Sila sa ki te kreye moun yo e ki genyen tout pouvwa sou moun yo, pa enpoze anyen ak moun. Byen ke Bondye sa a pale nou de Lanfè etènèl ou de Paradi etènèl tankou sèl opsyon ki ap tann chak moun aprè lavi sou tè, Li pa enpoze nou anyen. Li prezante nou bonè etènèl nan paradi a ak touman etènèl nan Lanfè a, men lèse nou chwazi, san enpoze nou anyen.


Si Bondye ki te kreye nou an e ki gen tout pouvwa yo sou nou nan tout chwa nou, donk kiyès moun sa yo ye ki plase yo sou Bondye kreyatè a, e atribye dwa pou enpoze nou volonte yo, e pou fè chwa nou yo nan plas nou? Nou pa trouve sa dwòl? Bib la di nou nan Deteronòm 30:19 " ... Mwen te mete devan’w lavi ak lanmò, benediksyon ak malediksyon. Chwazi lavi, pou’w ka viv, ou menm ak pitit pitit ou yo." Bondye ki konnen delis lavi etènèl yo ak soufrans dife etènèl la, chwazi pou konseye nou chwazi bonè etènèl, men san li pa enpoze nou li. Kòman fè ke kèk demon kwè yo an mezi pou retire libète chwa nou an ki si presye nan je Bondye kreyatè a?


Èske li pa tan ke pou nou mete fen a foli sa a? Si nou kapab pou di non ak Bondye, alò ke nou t’ap genyen tout bagay pou di Li wi, poukisa se a moun ke nou pa kapab di non? Konnen ke sante nou dwe depann de nou e de nou sèl. Si nou malad, se a nou menm ki pou chwazi kote n’ap fè swanye nou, e ki medikaman ou remèd n’ap pran, si nou vle li. Medsin legal pou nou, se sa ke nou trouve ki legal la, sa vle di sa ki legal nan je nou e selon jijman nou, e non sa yon lòt moun enpoze nou kòm legal. Kounye a ke nou konnen trè byen sa medsin K a kache, se di Kriminèl, ou Konvansyonèl, an franse (Médecine C: C comme Criminelle, C comme Conventionnelle, C comme Chimique) n’a fè chwa nou nan konesans de koz.


Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!

 

Envitasyon

 

Chè frè ak sè,

 

Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:

 

1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.

 

2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.

 

Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!

 

Sous & Kontak:

Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org

Klike isi a pou telechaje Liv sa a an PDF