Liv sa a gratis e pa ka nan okenn ka konstitiye yon sous komès.
Nou lib pou kopye Liv sa a pou predikasyon nou yo, ak pou distribiye’l, oswa pou Evanjelizasyon nou sou Rezo Sosyal yo, a kondisyon ke kontni li nan okenn ka pa modifye ou chanje, e ke sit mcreveil.org a site kòm sous.
Malè ak ajan satan renmen lajan yo ki pral tante pou vann ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo!
Malè ak nou, pitit satan yo ki pran plezi pou pibliye ansèyman sa yo ak temwanyaj sa yo sou Rezo Sosyal yo nan kache adrès sit Entènèt www.mcreveil.org a, oswa pou chanje kontni yo!
Konnen ke nou kapab chape nan jistis lèzòm, men nou pap chape sètènman nan jijman Bondye a.
Sèpan, ras koulèv! Kòman nou pral chape nan chatiman lanfè a? Matye 23:33
DENYE REVÈY LEGLIZ LACREATION
(Vizyon Tommy Hicks)
Chè frè nan Kris, nou vle pataje avèk nou yon vizyon de yon ansyen sèvitè Bondye ke yo pa trò konnen nan milye relijye yo. Se yon Evanjelis kanadyen Tommy Hicks, pa li menm Bondye te provoke yon gran revèy espirityèl nan Ajantin an 1954. An 1961, òm Bondye sa a te gen yon vizyon konsènan Legliz Jezi Kris la ak dènye ministè fen tan yo. Nan vizyon sa a, li te wè tris eta Legliz la nan fen tan yo, e kòman Bondye te dwe reveye pèp Li a anvan son tronpèt la. Glwa pou Bondye!
Vizyon sa a te kòmanse 25 jiyè, vè 2h30 nan maten, a Winnipeg, nan Kanada. Mwen te apèn dòmi lòske mwen te resevwa nan men Senyè a yon vizyon ak yon revelasyon. Vizyon an te retounen twa fwa nan maten 25 jiyè 1961, e li te koresponn egzatteman jis nan ti detay ki pi piti a. Mwen te si boulvèse e si trouble pa revelasyon an ke sa te chanje konplètman ide ke mwen te fè ak Kò Kris la, konsa ke nan dènye ministè fen tan yo. Pi gran bagay ke yo pat janm bay Legliz Jezi Kris la ap vini.Li si difisil pou ede gason ak fanm yo pou reyalize ak pou konprann sa ke Bondye vle bay pèp Li a nan fen tan yo.
3- Vizyon Kò Kris la
Mwen panse’m pat reyalize nèt ni konprann totalite vizyon sa a jiskas ke mwen li pasaj Jowèl 2:23 a: "E nou menm, pitit Siyon yo, fè nou ge e rejwi nou nan Letènèl, Bondye nou an; donk li ban nou premye lapli nan mezi li a, e fè desann sou nou premye lapli a ak dènye lapli a, nan kòmansman sezon an." Vèsyon Darby. Li pa pral sèlman fè tonbe premye ak dènye lapli a, men li pral bay pèp Li a nan dènye jou sa yo, yon doub pòsyon pisans Bondye.
Kan vizyon an te parèt avèk mwen, mwen te trouve’m menm moman an nan yon wotè trè gran. Mwen pa ka di ki kote mwen te ye a; men, pandan’m gade anba vè latè, mwen te ka wè tout mond lan nèt. Chak nasyon, chak ras, chak lang, depi nan Lès rive nan Lwès ak depi nan Nò rive nan Sid. Mwen te rekonèt chak peyi ak plizyè vil kote’m te ale a. Mwen te tankou sezi nan krent ak tranbleman nan gade sa ki te la anba je’m yo. Nan moman sa a, lòske mond lan te parèt, li te soti nan syèl la bann eklè e yon kout loraj trè pisan.
Kòm eklè yo t’ap briye sou fas tè a, mwen te tounen rega’m vè Nò; e tandiske yon eklè pi gwo t’ap klere tout tè a, mwen te gade anba, e menm moman an, mwen te wè sa ki te resanble avèk yon gwo tonton jeyan. Alò ke mwen te fikse’l e te gade’l, mwen t’ap toufe pou jan’m te wè’l la. Jeyan an te manyifik. Pye’l yo te sanble touche pol Nò a, e tèt li pol Sid la. Bra’l yo te ouvè de yon lanmè ak yon lòt. Nan kòmansman, mwen te mande tèt mwen si se te yon montay ou yon jeyan. Pandan’m t’ap gade, mwen te wè menm moman an ke se te byen yon jeyan. E mwen te apèsi pou mwen ke li t’ap debat li pou senpleman kontinye viv. Kò’l te kouvri ak debri depi nan pye rive nan tèt e te sanble trè mare. E pafwa, gran jeyan sa a te bouje kò’l e te aji tankou li te vle leve kanpe. Kan li te fè’l, bann milye ti kreyati, nan yon aspè degoutan, te chape yo byen lwen’l. Kan li te vin imobil, yo te retounen. Yo te demontre’m trè klèman ke ti kreyati sa yo se te bann enstriman siplis ki te mare Kò Kris la pandan anpil syèk.
Menm moman an, gran jeyan sa a te leve yon men vè syèl la, epi li te leve lòt men an. Kan li te fè sa, kreyati sa yo pa milye te kouri byen lwen’l e te disparèt nan fènwa lan nwit la yo. Lantman, jeyan an te kòmanse ap leve, e kòm li t’ap leve, tèt li ak men’l te penetre nan nyaj yo. Kanpe sou pye’l, bann dechè yo ak salte ki te sou li yo te soti sou li, li te vin pròp. Epi li te kòmanse ap leve men’l vè syèl la tankou pou louwe Bondye. Kòm li te leve men’l, yo te penetre nan bagay anwo yo. Nan menm moman an menm, chak nyaj te vin lajan, pi bèl lajan ke’m pat janm konn wè. Pandan’m t’ap obsève fenomèn nan, se te si mèveye mwen pat kapab konprann sinyifikasyon an.
Alò, konplètman boulvèse, mwen te kriye bay Senyè a: "Ki sa tout sa sinyifi?" Li di’m: "Mwen vle rann nou ane yo ke krikèt yo, eskabo yo, vèmin yo ak vòlè yo, ke Mwen te voye pou nou yo, te devore yo nan gran troupo’M nan. Timoun piti yo, Mwen te ban nou trezò’M yo. Nou pou Mwen. Se pou Mwen nou ye. Mwen te renmen nou nan yon lanmou etènèl. Kounye a, fòs Mwen dwe penetre nou. Don ke Mwen te fè nou yo dwe sèvi pou yon mond ki mouri e pèdi. M’ap travay pou rekonstitiye nou ankò."
Mwen te konprann ke mwen te vrèman nan domèn Lespri, si byen ke, menm nan dòmi, mwen te ka santi prezans Senyè a. Nan nyaj sa yo, menm moman an, bann gran gout limyè likid te tonbe sou pisan jeyan sa a. Lantman, dousman, fòmidab jeyan sa a te kòmanse ap fann, tankou pou’l antre nan tè a menm. Nan moman kote fòm manyifik li a t’ap fann sou fas tè a, se yon gran lapli ki te kòmanse ap tonbe. Gout limyè likid te neye tout tè a nèt. Alò, tandis ke mwen t’ap obsève jeyan sa a ki te kòmanse ap disparèt, mwen te wè’l menm moman an ap transfòme an bann milye moun sou tout sifas glòb la. Tout moun sa yo te kanpe sou mond lan, men yo leve, ap louwe Senyè a.
Nan moman sa a te eklate yon gran loraj, li t’ap woule nan syèl la. Mwen te tounen rega’m anwo e te wè menm moman an gwo Èt blan sa a, yon pèsonaj abiye an blan, yon blanchè eklatan. Se te bagay ki pi gloriye ke mwen pat janm wè nan vi’m. Mwen pat ka disène vizaj la, men mwen te konprann ke se te Senyè Jezi Kris. Li te lonje men’L sou pèp mond lan. E te pwente dwèt Li sou youn ak sou lòt. Alò, pa jès Li a, limyè likid la te repann sou yo, sou fòm yon pisan onksyon divin, kòm yon pisans likid. Depi’l te touche yon moun, men moun sa a te ranpli ak pisans likid la. E kan moun sa yo te resevwa "bom selès" sa a, yo te ale nan lopital yo, nan ri yo ak nan azil moun fou yo; yo te travèse peyi yo nan tout longè yo ak tout lajè yo. Mwen te wè yo travèse oseyan yo, dife ak fè fas viktoryezman ak tout sòt pèsekisyon, yo soulve kite tè a pa Lespri, e yo kòmanse nan anpil andwa.
Yo te plase la kote Bondye te vle yo. Yo te prè e ame an konsekans pou konba a. Mwen te tande yo t’ap pale konsa: "Selon pawòl mwen, geri"; tandis ke fòs likid sa a t’ap jayi nan men yo, chak moun ke yo te touche te geri imedyatman e te rejwenn yon sante ekselan. Mwen te rekonèt ke vizyon sa a t’ap manifeste demonstrasyon Wayòm Bondye a pou tout moun ki te aksepte swiv Li. Mwen te wè moun yo t’ap avanse konstamman tankou yon flèv; mwen te wè moun yo geri, avèg yo te ouvè je yo, soudè yo te tande. Mwen te wè konkrètman kòman bann milye moun akeyi pisans Gran revelasyon an. Pisans sa a te aji anndan yo menm nan fason koagile. Okenn moun pat glorifye, men sèlman senp mo sa yo te repete konstamman: "Selon pawòl mwen, geri".
Mwen pa konn konbyen tan mwen te gade sa. Li te sanble ke li te dire bann jou, bann semèn ak bann mwa. Mwen te wè’L kontinye ap lonje men’L. Men te gen yon trajedi. Anpil moun ke Jezi te lonje men’L ba yo te refize apèl la e onksyon Bondye a. Mwen te wè bann moun ke mwen te konnen, bann moun ke mwen te kwè ke yo te sètènman resevwa apèl Bondye. Kòm Jezi te lonje men’L vè sila sa a, e vè lòt sila a, yo te senpleman bese tèt yo e te kòmanse ap retire kò yo, glise vè fènwa yo. Mwen te wè soufrans sou vizaj yo: Pri a te trò gran. Li te sanble trò enpòtan pou yo kenbe pròp vi yo a. Yo pat vle avanse. Pri a te pi gran ke sa yo te ka sipòte. E nan dènye lye, yo te voye yo nan lan nwit sonm etènèl la. Fènwa a te parèt vale yo nan tout kote; mwen te boulvèse pandan’m t’ap gade sa.
Men moun ki te resevwa onksyon an te kouvri latè. Te genyen bann santèn, bann milye moun patou nan mond lan, an Afrik, an Azi, an Risi, an Chin, an Amerik. Onksyon Bondye te repoze sou yo, kòm yo ta prale nan non Senyè a. Mwen te wè yo, Pitit Bondye sa yo, te kòmanse ap mache, nan tout ran sosyal, bann rich ak bann pòv. Mwen te wè bann moun ki te paralize, lòt malad, avèg ou soudè, e kòm Senyè a te lonje men’L pou ba yo onksyon sa a, yo te geri e yo te ale yo menm tou.
Men mirak la, gloriye mirak la: Moun sa yo te lonje men yo tankou jan Senyè a te fè’l pou yo a, men yo te genyen menm dife likid la. Pandan yo te pouse’l sou moun yo, yo te di: "Geri, selon pawòl mwen!" Tandiske yo t’ap avanse yo nan pisan ministè sa a nan fen tan yo, mwen pat reyalize plènman sa ki t’ap pase a. Donk pandan’m t’ap gade Senyè a, mwen te mande’L: "Kisa sa sinyifi?" Li te reponn: "Se sa ke mwen pral fè nan fen tan yo. Mwen pral reban nou sa ke vè yo, ti papiyon yo ak cheni te detwi yo. Pèp Mwen an, sa nan dènye tan yo pral avanse, tankou yon lame pisan, yo pral kouvri latè".
Kòm mwen te nan gran wotè sa a, mwen te ka kontanple tout mond lan nèt. Mwen te obsève moun yo ta prale isit e lòt bò, sou fas mond lan. Menm moman an, yon nonm te parèt an Afrik e nan yon ti tan, Lespri Bondye te transpòte’l an Risi, ou an Chin, ou an Amerik, ou lòt kote, e vise vèsa. Patou nan mond lan kwayan yo t’ap avanse. Yo te pase a travè dife, lapès, famin. Ni dife, ni pèsekisyon pat kanpe yo. Bann fou an kolè avèk bann epe ak bann kanon te vin sou yo, men tankou Jezi, yo te pase tou senpleman nan mitan miltitid la e pèsonn pat kapab jwenn yo. Yo t’ap avanse nan non Jezi e patou kote yo te lonje men yo, malad yo te geri, avèg yo te wè, san long priyè.
Yon bagay te frape’m: Aprè’m te fin repase vizyon an plizyè fwa nan memwa’m e te reflechi anpil sou li, mwen te reyalize ke mwen pat wè yon sèl fwa kwayan sa yo pale de legliz ou de denominasyon. Yo te ale nan non Letènèl tout lame yo, sèlman sa. Alelouya! Nan mach yo a, yo te fè tout bagay selon ministè Kris la nan fen tan yo; yo te sèvi miltitid yo sou sifas tè a. Bann dizèn milye te vin jwenn Senyè Jezi Kris, tout tan ke lame a t’ap avanse pandan yo t’ap proklame mesaj Wayòm ki vini nan tan lafen sa yo, ou nan fen tan sa a; se te absoliman gloriye. Moun ki te fè rebèl yo te mete yo an kolè, e te eseye atake moun ki t’ap bay mesaj la.
Bondye nan dènye lè sa a pral, bay mond lan yon demonstrasyon ke li pat janm wè. Pitit Bondye sa yo te nan tout ran sosyal, diplòm yo pat gen okenn enpòtans. Mwen t’ap obsève yo tandiske yo t’ap gaye nan tout mond lan nèt. Kan youn nan yo te sanble tonbe, yon lòt te vini e te leve’l. Pat genyen yon "gran mwen menm" e yon "ti ou menm". Yo te gen yon bagay an komen: Yon lanmou diven, ki t’ap kominike a pati nan yo, tandiske yo t’ap avanse ansanm, t’ap travay ansanm, t’ap viv ansanm.
Se te bagay ki pi gloriye ke mwen pat janm konn wè! Jezi se te tèm lavi yo. Yo te kontinye e li te sanble ke jou yo t’ap pase alò ke mwen te kanpe e ke mwen te wè espektak sa a. Mwen pat kapab fè lòt anyen ke kriye – e pafwa mwen t’ap ri. Se te si mèveye pou wè moun sa yo pakouri tout sifas tè a pou montre pisans Bondye nan dènye tan lafen sa a.
Pandan’m t’ap obsève tout depi nan syèl la, mwen te wè ke pafwa flèv limyè likid la t’ap tonbe sou bann gran kongregasyon ki te reyini. Alò, moun sa yo t’ap leve men yo e t’ap louwe Bondye pandan bann lè ak menm bann jou, tout tan ke Lespri Bondye t’ap desann sou yo. Bondye te deklare: "Mwen pral repann Lespri’m sou tout chè". Se egzatteman sa ke Li te fè. Alò, pou tout moun ki te resevwa onksyon an, pat gen limit pou mirak Bondye yo.
Mwen te wè egalman bann moun nan tout nasyon konplètman transfòme: Nan Siberi, nan Kanada ak an Afrik, epi sou tout sifas tè a. Mwen te wè literalman Lespri mennen yo nan bann bagay anwo yo e te kondwi yo nan pròp peyi pa yo. Alò mwen te wè yon aparisyon etonan ki t’ap soti nan nyaj yo. Vizibman, li t’ap ba yo bann lòd, e yo te ale la kote li te òdone yo pou yo ale: A lwès, a lès e nan lòt direksyon.
4- Rezireksyon an
Men an menm tan ke kwayan yo t’ap kouvri latè, yon gran pèsekisyon te soti tout kote. Briskeman, yon nouvo kout loraj te gronde tout ozalantou tè a. Mwen te tande tou yon vwa ki t’ap di: "Se pèp Mwen an sa, epouz Mwen renmen anpil la". Kan vwa sa a te fè tande’l, mwen te gade atantivman mond lan, mwen te ka distenge lak yo, montay yo. Tonbo yo te louvri, e sen yo nan tout tan yo ak nan tout laj yo te soti nan tonbo yo. Li te soti nan tout direksyon – nan kote solèy leve ak nan kote solèy kouche, nan nò ak nan sid, e te fòme ankò yo tout ansanm Kò etonan sa a.Se te tèlman mèveye; depase tout sa ke mwen te ka panse ou reve!
Epi, tandiske kò sa a, pi plis toujou, t’ap repran fòm, menm moman an li te rejwenn aspè gran jeyan an. Men fwa sa a, se te diferan; li te abiye manyifik, nan yon eklatan blanchè. Rad li yo te san tach ni salte, tandiske kò’L t’ap pran fòm. Moun nan tout laj te rasanble yo pou fòme Kò sa a. Lantman, nan syèl yo, Senyè Jezi te vini et vin tèt la. Chak èt te nan plenitid Pèfeksyon. Mwen te tande yon nouvo kout loraj ki di: "Sa se epouz Mwen renmen anpil la ke M’ap tann. Li pral rive, eprouve pa dife menm. Se sila a ke Mwen te renmen depi orijin tan yo".
Alò ke mwen te la ap gade, menm moman an, je’m yo te vire vè ekstrèm Nò, e mwen te apèsi tankou yon destriksyon, bann gason ak bann fanm t’ap kriye, viktim angwas; bann imèb t’ap tonbe. Epi mwen te tande pou katriyèm fwa vwa ki t’ap di: "Kounye a, kòlè’M nan ap tonbe sou Latè".Nan tout bout mond lan kòlè Bondye t’ap repann, kòm si li t’ap rive an toran sou fas tè a. Kòlè a ak jistis Bondye a t’ap jayi a travè bann gran soufrans ineksprimab: Pèp tout latè yo ki te rejte Kris te resevwa yon koup plen kòlè. Mwen te pè e pandan’m t’ap tranble devan espektak efreyan sa a nan vil yo ak nan tout nasyon devaste nan destriksyon. Mwen t’ap tande rèl ak jemisman yo; mwen t’ap tande moun yo k’ap soufri. Yo t’ap kriye pandan yo t’ap chache refij nan trou wòch yo, men kavèn yo ak montay yo te ouvri. Yo te lage kò yo nan dlo, men dlo a pat anglouti yo. Anyen pat ka aneyanti yo. Yo t’ap chache pou touye tèt yo, men yo pat kapab fè’l.
Mwen te tande vwa a yon fwa ankò, sanblab avèk yon pisan loraj: "Gade, Epou a k’ap vini, soti, vin rankontre’L, donk Li se Bondye Majeste a. Pòt yo bese nou ak lento yo, koube fas nou, prostène nou, adore antre Bondye tout glwa a".Nan ti tan presi sa a te sonnen tankou pa yon siyal ki soti nan Bondye, amoni yon mizik selès yo. Mizik sa a te karakterize pa bann son ak bann eko chaman ak yon pisans inegalab, nan yon richès enkonparab ke okenn zòrèy moun pat janm konn pèse ou menm imajine, tèlman li te mèveye Chan Timouton an, ajoute a Kantik Moyiz la.
Atansyon’m te atire ankò pa Kò gloriye a, abiye avèk manyifik rad blan e briyan an. Mwen te wè Kò gloriye a ki te anlve nan lye selès yo. Mwen te sot kontanple ministè fen tan yo, dènye lè a. Nou pral rekouvri nan pisans ak nan onksyon Bondye. Nou pa pral preche mesaj. Nou pa pral depann de moun, ni bann eko denominasyon, men nou pral genyen pisans Bondye vivan an! Nou pap krenn moun, men nou prale nan non Letènèl tout lame yo!
Depi mèveye moman sa yo e jis ka jou sa a, pawòl sa yo ap sonnen nan nanm mwen: "L’ap vini talè – L’ap vini!" [Fen Vizyon an].
Byen-neme pitit Bondye yo, si vizyon frè Tommy Hicks sa a ki sot reyalize a, se ta yon soulajman pou pèp Bondye a ki, kòm nou sot li’l, e kòm nou konstate’l nou menm, li aktyèlman mare, e rive menm pa ka fè mouvman ankò. Kòm m’ap chante’l nan zòrèy nou depi plizyè ane, satan akapare Legliz Jezi Kris la; ajan’l yo enstale yo ladann, e ap renye an mèt. Tout abominasyon yo, menm sa ki pi inimajinab yo, yo enstale yo nan Legliz la. Kite’m ban nou kèk egzanp nan yo:
Ajan dyab lougawou yo te pran bann tit sèvitè Bondye, e pase tan yo pou fè piblisite pisans ke yo te ba yo a depi nan mond satanik la. Bann gason divòse ak bann chen divòse e remarye, fè tèt yo toujou rele sèvitè Bondye. Bann Jezabèl ak lòt sirèn nan dlo tout vin bann swadizan sèvant Bondye e yo chak gen yon ministè. Satanis yo ki fè tèt yo pase pou bann ansyen satanis e pretann yo te aksepte Jezi Kris ap ansenye e ap pratike satanis nan mitan kil la, konsa y’ap inisye fidèl yo nan dyab. Chak kil transfòme an seyans satanik ki rele delivrans. Batèm repantans lan pa pase nan tèt yo menm, yo bliye’L. Fanm yo swadizan kretyen konvèti pote bann pantalon ak lòt abiman abominab ke yo di ki se abiman seksi. Fo cheve, fo zong, makiyaj, bijou, ak lòt abominasyon yo ki soti tou dwat nan mond fènwa yo, vin glwa bann swadizan kretyen nan jou nou yo. Gwoup sediksyon yo ki rele koral yo te òganize pou byen sedwi nostalji kafe yo, diskotèk yo. Ansèyman yo fikse sèlman sou ranmase lajan sou fòm dim, ofrann, divès don, bann ve ak lòt angajman satanik. Benediksyon materyèl, prosperite, sa yo pretann ki se delivrans lan, elatriye. Se sèl mesaj ke pastè ajan dyab lougawou yo bay chak jou. Kiryezman, kretyen yo k’ap koute yo a, yo tout gen Bib, e konn li. An reyalite, Legliz Jezi Kris la pa anyen ke lonbraj li li menm.
Pandan yon seminè gen plis pase yon ventèn ane de sa, alò ke mwen t’ap eksplike sa ke Legliz Jezi Kris la tounen, yon pitit Bondye te pale pandan’l te di ke satan te chita sou Legliz la. Mwen te reponn li: "Non byeneme, satan pa chita sou Legliz la; satan pito kouche sou Legliz la." Si depi prèske yon trantèn ane mwen te deja di a pitit Bondye yo ke satan te literalman kouche sou Legliz Jezi Kris la, nou kapab vit imajine nou sa ke Legliz la tounen jodi a: Yon vrè azil moun fou; yon kavèn vòlè, bann sèpan ak lòt lespri sal ekstrèmman mechan. Y’ap fè fèt ladann chak jou, nan blasfème ak nan defye avèk yon gran arogans e avèk yon etonan siksè Bondye vivan an, e pandan y’ap mande pitit Bondye yo, donk kote Bondye yo a? Pou kounye a, se yo menm ki gen kontròl la, e yo konsyan de sa. Men sa ke yo inyore, se ke dominasyon yo a sou pèp Bondye a pral talè rive nan fen’l.
Senyè a donk te abandone Legliz Li a nan men satan depi plizyè ane. Se pou rezon sa a ajan satan yo ap prospere, e parèt pa ka gen anyen. Yo fè pèp Bondye a sa ke yo vle. Y’ale de viktwa an viktwa sou pèp Bondye a, tèlman e si byen yo dakò ke yo vin tou pisan. Se pou sa ke mwen te di nou nan ansèyman sou "Delivrans lan" ki sou sit mcreveil.org a, ke si nou menm, Pitit Bondye yo, pa sipliye Senyè a pou ke Li akonpli promès Li a nan Malachi 4:6, pou akòde nou dènye Gran Revèy Espirityèl sa a ki anonse a, Li pap gen lòt chwa ke detwi jenerasyon sa a.
Malachi 4:5-6 "5Men, mwen pral voye Eli, profèt la, anvan ke jou Letènèl la rive, jou gran e ki fè pè sa a. 6Li pral mennen kè papa yo bay pitit yo, e kè pitit yo bay papa yo, pou’m ka pa vin frape peyi a nan entèdiksyon."
Pou fini, mwen pral fè nou yon konfidans. Si Letènèl tout Lame yo pa akonpli promès Li a nan akòde a pèp Li a dènye Gran Revèy Espirityèl sa a ki anonse pa Malachi a, Anlèvman an ke Legliz la ap tann nan, pap yon evènman. Nan lòt tèm, si pa gen dènye Revèy Espirityèl, aprè Anlèvman an, mond lan pap menm konnen ke yon evènman te prodwi.
Benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezi Kris, Senyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini!
Chè frè ak sè,
Si nou te kouri pou fo legliz yo e nou vle konnen sa ke nou dwe fè, men de solisyon ki ofri ak nou:
1- Gade si bò kote nou pa gen kèk lòt pitit Bondye ki krenn Bondye e ki dezire viv selon Sèn Doktrin nan. Si nou jwenn, nou lib pou nou mete ak yo.
2- Si nou pa jwenn e dezire pou rejwenn nou, pòt nou yo ouvè, Sèl bagay ke nou mande nou pou fè, se pou li dabò tout Ansèyman yo ke Senyè te ban nou yo, e ki sou sit nou an www.mcreveil.org, pou rasire nou ke yo konfòm ak Bib la. Si nou jwenn yo konfòm ak Bib la, e nou prè pou nou soumèt nou a Jezi Kris, e pou viv selon egzijans pawòl Li, n’ap akeyi nou avèk lajwa.
Se pou gras Jezi Senyè a toujou la avè nou!
Sous & Kontak:
Sit Entènèt: https://www.mcreveil.org
E-mail: mail@mcreveil.org