Li te reponn: Èske nou pa li ke kreyatè a, nan kòmansman, te fè gason ak fanm e ke li te di: Se poutèt sa gason an ap kite papa’l ak manman’l, e li pral atache’l ak madanm li, e yo de a pral vin yon sèl chè? Konsa yo pa de ankò menm, men yo vin yon sèl chè. Donk ke moun pa separe sa ke Bondye ini. Matye 19:4-6

MARYAJ LA

Maryaj la: Ansèyman 




Donk poukisa, yo di’l, Moyiz te preskri pou bay fanm nan yon lèt divòs e pou repidye’l? Li te reponn yo: Se a koz kè di nou an ke Moyiz te preskri nou pou repidye madanm nou yo; nan kòmansman, li pat konsa. Men mwen di nou ke sila ki repidye madanm li, sof pou enfidèlite, e ki marye ak yon lòt, komèt yon adiltè. Disip li yo di’l: Si se kondisyon sa a pou gason pa rapò ak fanm, li pa avantaje pou marye.  Li te reponn yo: Tout pa konprann pawòl sa a, men ak moun yo te bay sa. Matye 19:7-11