| Pa travay pou manje k’ap gate, men
travay pou sa k’ap rete pou lavi ki pap janm fini an, e ke Pitit moun
nan pral ban nou; donk se Li menm ke Papa a, ke Bondye te
make ak so’l. Jan 6:27 Konsa, frè byen neme m’ yo, se pou nou fèm, pa brannen, travay progresivman pi byen nan travay Senyè a, nou konnen ke travay nou an pap an ven nan Senyè a. 1Korentyen 15:58 |
|
Senyè a bezwen tradiktè pou Ansèyman sa a.
Kontakte
nou si ou vle rann ou itil a Jezi Kris e fè travay sa a. Pa
bliye ke: "... Rekòt la gran, men gen yon ti kras travayè."
Matye 9:37 Si
ou gen talan nesesè pou fè travay sa a, e ou chwazi pou pa fè’l,
konnen ke ou chwazi estati sèvitè mechan an ke Jezi te dekri nan
parabòl talan
yo nan Matye 25 la. Li anba a sa k’ap tann sèvitè mechan yo. "24Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman yon talan an pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekolte kote ou pa t' simen, ou ranmase kote ou pa t' plante. 25Mwen te pè, se sak fè mwen te al sere talan’w nan anba tè. Men, pran sa ki pou a. 26Mèt li a reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante. 27Enben, se pou ou te mete lajan m' labank. Lè m' ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. 28Wete talan an nan men l', pran l' bay sa ki gen dimil talan an. 29Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; konsa la gen depase sa l' bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an. 30Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l' deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan." Matye 25:24-30 Ke Senyè a kreye zèl nan nou pou travay Li a!
Kontak: mail@mcreveil.org |
|